-
Li anseye yon leson sou imilite nan dènye fèt Pak laJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 116
Li anseye yon leson sou imilite nan dènye fèt Pak la
MATYE 26:20 MAK 14:17 LIK 22:14-18 JAN 13:1-17
JEZI MANJE MANJE PAK LA AK APOT LI YO YON DÈNYE FWA
LI LAVE PYE APOT LI YO POU L ANSEYE YON LESON
Pyè ak Jan suiv enstriksyon Jezi ba yo, yo deja rive Jerizalèm pou yo fè preparasyon pou fèt Pak la. Annapre, Jezi ak dis lòt apot yo met tèt pou Jerizalèm nan aprèmidi. Pandan solèy la ap kouche nan lwès, Jezi ak disip li yo ap desann Mòn Oliv. Se dènye fwa nan lajounen Jezi ap gade vil la detan l sou mòn sa a anvan rezirèksyon l.
Nan yon ti tan, Jezi ak apot li yo rive nan vil la e y al nan kay kote yo pral manje manje Pak la. Yo monte yon eskalye pou y al nan gwo pyès aletaj la, kote yo jwenn tout bagay gentan pare pou yo manje manje Pak la, e yo poukont yo. Jezi t ap tann okazyon sa a, li di: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje manje Pak sa a ansanm avèk nou anvan m soufri.” — Lik 22:15.
Plizyè ane anvan sa, koutim pou moun pase plizyè koup diven bay youn lòt nan fèt Pak la te deja egziste. Kounye a, apre yo fin ba l yon koup, Jezi di Bondye mèsi epi li di: “Pran l, bwè ladan l, e pase l youn bay lòt. Paske, m ap di nou sa: Apati kounye a, mwen pap bwè bwason ki fèt ak rezen ankò jiskaske Wayòm Bondye a vini.” (Lik 22:17, 18). Li klè, lanmò li t ap pwoche.
Pandan y ap manje manje Pak la, gen yon bagay ki pa abitye fèt ki rive. Jezi leve, li depoze rad li met pa anlè rad ki sou li a sou kote epi li pran yon sèvyèt. Li mete dlo nan yon kivèt. An jeneral, se moun k ap resevwa moun lakay li a ki aranje l pou yo lave pye moun l ap resevwa a. Petèt, se yon sèvant oswa yon sèvitè ki te konn fè sa (Lik 7:44). Piske nan okazyon sa a, pa gen moun k ap resevwa yo, Jezi pran desizyon fè travay sa a. Nenpòt nan apot yo te ka pwofite okazyon an pou yo fè sa. Men pa gen youn ladan yo ki fè sa. Èske se paske yo toujou gen lespri konpetisyon lakay yo? Antouka, pou kèlkeswa rezon an, yo santi yo jennen pou yo wè se Jezi k ap lave pye yo.
Lè Jezi rive sou Pyè, Pyè reponn: “Jamè, ou pa gendwa lave pye m.” Jezi di: “Si m pa lave pye w, mwen pap annafè avè w.” Pyè pale ak santiman, li di: “Seyè, se pa pye m sèlman pou w lave, ou mèt lave men m ak tèt mwen tou.” Kidonk, se pa ti sezi pawòl Jezi di annapre yo dwe te fè l sezi. Men sa Jezi di: “Yon moun ki benyen deja, se sèlman pye l li bezwen yo lave, paske tout kò l pwòp. Nou menm, nou pwòp, men se pa nou tout.” — Jan 13:8-10.
Lè Jezi fin lave pye toule 12 apot yo, menm pye Jida ki pral livre l la, li met rad la sou li ankò e li retounen chita bò tab la. Epi li mande yo: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? Nou rele m ‘Anseyan’, nou rele m ‘Seyè’, e nou gen rezon, paske se sa m ye. Kidonk, si mwen menm, aktout mwen se Seyè e mwen se Anseyan, mwen lave pye nou, nou menm tou, youn dwe lave pye lòt. Paske, mwen ban nou egzanp, yon fason pou nou menm tou, nou fè menm jan mwen fè pou nou an. Anverite m ap di nou sa: Yon esklav pa plis pase mèt li, e moun yo voye a pa plis pase moun ki voye l la. Piske nou konnen bagay sa yo, n ap byennere si nou fè yo.” — Jan 13:12-17.
Ala yon bèl leson Jezi anseye lefètke li aksepte fè travay imilyan sa a! Disip Jezi yo pa dwe chèche premye plas, yo pa ta dwe panse yo tèlman enpòtan pou se lòt moun ki ta dwe ap sèvi yo. Okontrè yo dwe suiv egzanp Jezi bay la. Sa pa vle di yo dwe fè yon seremoni lavman pye. Men li ba yo egzanp pou l montre yo jan yo dwe dispoze sèvi youn lòt avèk imilite e san paspouki.
-
-
Soupe Seyè aJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 117
Soupe Seyè a
MATYE 26:21-29 MAK 14:18-25 LIK 22:19-23 JAN 13:18-30
YO WÈ JIDA SE YON TRÈT
JEZI TABLI MEMORYAL LA
Nan kòmansman sware a Jezi te lave pye apot li yo pou l anseye yo yon leson sou imilite. Kounye a, sanble apre yo fin manje manje Pak la, Jezi site pawòl pwofetik David yo ki di: “Menm bon zanmi mwen te fè konfyans ki te konn manje ansanm avè m nan vire kont mwen.” Apre sa, men sa l esplike: “Gen youn nan nou ki pral livre m.” — Sòm 41:9; Jan 13:18, 21.
Apot yo gade youn lòt, e yo chak mande: “Seyè, se pa mwen, pa vre?” Menm Jida Iskaryòt mande sa tou. Pyè ankouraje Jan ki chita toupre Jezi bò tab la pou l chèche konn kiyès. Donk Jan apiye sou Jezi epi l mande l: “Seyè, kiyès sa a?” — Matye 26:22; Jan 13:25.
Jezi reponn: “Se moun m ap bay moso pen mwen tranpe a.” Li tranpe yon moso pen nan youn nan koup ki sou tab la epi li lonje l bay Jida, li di l: “Pitit lòm nan pral kite nou, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun sa a ki livre Pitit lòm nan! Li t ap pi bon pou moun sa a si l pa t fèt.” (Jan 13:26; Matye 26:24). Satan antre nan Jida. Jida, ki te deja kòwonp, lage kò l nèt kounye a pou l fè volonte Dyab la e konsa li vin tounen “pitit destriksyon an”. — Jan 6:64, 70; 12:4; 17:12.
Jezi di Jida: “Sa w ap fè a, fè l pi vit.” Lòt apot yo panse kòm se Jida ki gen kès lajan an nan men l, Jezi di l pou l “achte sa yo bezwen pou fèt la, oswa pou l bay pòv yo yon bagay”. (Jan 13:27-30.) Olye Jida fè sa, li soti e l al livre Jezi.
Nan menm nuit yo te manje manje Pak la, Jezi tabli yon lòt soupe. Li pran yon pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li bay apot li yo pou yo manje, li di: “Sa a reprezante kò m mwen pral bay pou nou. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” (Lik 22:19). Apot yo pase moso pen an epi yo manje ladan l.
Kounye a Jezi pran yon koup ki gen diven, li priye sou li pou l di Bondye mèsi epi li pase l ba yo. Yo chak bwè ladan l. Men sa Jezi di konsènan koup la: “Koup sa a reprezante nouvo alyans lan ki fèt grasa san m ki gen pou koule pou nou.” — Lik 22:20.
Kidonk Jezi tabli yon memoryal pou lanmò l disip li yo t ap gen pou yo selebre chak ane nan dat 14 Nizan an. Sa t apral fè yo sonje sa Jezi ak Papa l te fè pou pèmèt moun ki gen lafwa yo libere anba kondanasyon peche ak lanmò. Li pi enpòtan toujou pase fèt Pak juif la paske li mete aksan sou vrè liberasyon moun ki obeyisan yo pral jwenn.
Jezi di san l pral “koule pou anpil moun [...] jwenn padon pou peche yo”. Apot fidèl yo ak lòt moun ki fidèl tankou yo pami anpil moun ki pral jwenn padon pou peche yo. Yo se moun ki pral ansanm ak Jezi nan Wayòm Papa l la. — Matye 26:28, 29.
-
-
Y ap fè diskisyon pou yo konnen kiyès ki pi enpòtanJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 118
Y ap fè diskisyon pou yo konnen kiyès ki pi enpòtan
MATYE 26:31-35 MAK 14:27-31 LIK 22:24-38 JAN 13:31-38
JEZI BAY KONSÈY SOU ZAFÈ POZISYON AN
JEZI FÈ KONNEN PYÈ AP NYE L
LANMOU DISIP JEZI YO GENYEN PÈMÈT YO REKONÈT YO
Nan dènye sware Jezi t ap pase ak disip li yo, li te anseye yon bèl leson sou imilite lè l te lave pye apot li yo. Poukisa sa l te fè a te byen tonbe? Se paske apot yo te montre yo te gen yon feblès lakay yo. Yo te gen atachman pou Bondye, men, yo te toujou ap chèche konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan (Mak 9:33, 34; 10:35-37). Feblès yo te genyen an te vin parèt ankò nan sware sa a.
Apot yo te pete “yon gwo diskisyon tou pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan”. (Lik 22:24.) Se pa ti tris sa dwe te fè Jezi tris lè l wè y ap fè gwo diskisyon ankò! Ki sa l fè?
Olye pou Jezi reprimande apot yo pou atitid ak konpòtman yo te genyen an, li rezone avèk yo ak pasyans, li di yo: “Wa nasyon yo domine sou moun yo, e moun ki gen otorite sou yo, yo rele yo “papa bon kè”. Men nou menm, nou pa dwe konsa. [...] Paske, kiyès ki pi enpòtan, moun k ap manje a oswa moun k ap sèvi a?” Apre sa, pou l fè yo sonje egzanp li te toujou ba yo, li di: “Epoutan, mwen menm, mwen nan mitan nou antanke moun k ap sèvi nou.” — Lik 22:25-27.
Malgre apot yo enpafè, yo toujou ret ak Jezi nan tout sitiyasyon difisil yo. Se sa k fè li di: “Menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen pou yon wayòm, mwen fè yon alyans avèk nou tou pou yon wayòm.” (Lik 22:29). Mesye sa yo se disip Jezi ki fidèl. Lefètke li fè yon alyans avèk yo li ba yo asirans y ap dirije avè l nan Wayòm nan.
Byenke apot yo gen bèl posiblite sa a, yo toujou moun enpafè. Jezi di yo: “Satan mande pou l vannen nou tout tankou ble y ap vannen”, ki gaye pandan y ap vannen l (Lik 22:31). Anplis de sa, li bay avètisman sa a: “Aswè a, nou tout pral kite m poutèt sa k pral rive m nan, paske men sa ki ekri: ‘M ap frape bèje a, e mouton ki nan twoupo a ap gaye.’” — Matye 26:31; Zakari 13:7.
Men sa Pyè di avèk konfyans: “Menmsi tout lòt yo kite w poutèt sa k pral rive w la, mwen menm, mwen pap janm kite w!” (Matye 26:33). Jezi di Pyè anvan yon kòk chante de fwa nan nuit lan Pyè ap nye l. Sepandan, Jezi di: “Mwen sipliye Bondye pou ou pou lafwa w pa febli. E ou menm, yonfwa w retounen, bay frè w yo fòs.” (Lik 22:32). Men, Pyè di Jezi avèk asirans: “Menmsi m ta dwe mouri avè w, pa gen anyen k ap fè m nye w.” (Matye 26:35). Lòt apot yo di menm bagay la.
Jezi di disip li yo: “Se pou yon tikras tan ankò mwen avèk nou. Nou gen pou nou chèche m. E jan mwen te di Juif yo, m ap di nou sa kounye a tou: ‘Nou pa ka ale kote m prale a.’” Apre sa li di: “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:33-35.
Lè Pyè tande Jezi di se pou yon tikras tan ankò l ap avèk yo, li di: “Seyè, kote w prale?” Jezi reponn: “Kote m prale a ou pa ka suiv mwen kounye a, men ou va suiv mwen apre.” Pyè twouble, li di l: “Seyè, sa k fè mwen pa ka suiv ou kounye a? M ap bay lavi m pou ou.” — Jan 13:36, 37.
Kounye a Jezi pale ak apot yo konsènan moman l te voye yo al fè yon kanpay predikasyon nan tout Galile san yo pa t pot bous ak sa k pwovizyon (Matye 10:5, 9, 10). Jezi mande yo: “Èske nou te manke yon bagay?” Yo reponn: “Non!” Men, ki sa yo ta dwe fè nan jou k ap vini yo? Men ki enstriksyon Jezi ba yo: “Se pou moun ki gen yon bous pran l e se pou l pran yon sak pou pwovizyon tou. E si yon moun pa gen epe, se pou l vann rad li pou l achte youn. Paske, m ap di nou sa: Sa ki ekri a, sa vle di pawòl ki di: ‘Yo te mete l pami moun ki san lwa yo’ dwe reyalize sou mwen. Paske, sa ki ekri sou mwen yo ap reyalize.” — Lik 22:35-37.
Jezi atire atansyon sou moman yo pral kloure l sou yon poto nan mitan malfektè yo oswa moun ki t ap vyole lalwa yo. Apre sa disip li yo pral fè fas ak gwo pèsekisyon. Yo santi yo pare pou sa, se sa k fè yo di: “Seyè, gade! gen de epe la a.” Jezi reponn: “Sa sifi.” (Lik 22:38). Talè konsa, zafè de epe yo genyen an pral bay Jezi posiblite pou l anseye yo yon lòt leson enpòtan.
-
-
Jezi se chemen an, verite a, lavi aJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 119
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
JEZI ALE POU L PREPARE YON PLAS
LI PWOMÈT MOUN K AP SUIV LI YO YON ÈD
PAPA A NAN PI GWO POZISYON PASE JEZI
Jezi toujou nan chanm ki anlè a ak apot li yo apre soupe memoryal la, li ba yo ankourajman sa a: “Pa kite anyen boulvèse kè nou. Demontre nou gen lafwa nan Bondye, e demontre nou gen lafwa nan mwen tou.” — Jan 13:36; 14:1.
Jezi bay apot li yo ki fidèl rezon pou yo pa boulvèse apre li fin ale: “Lakay Papa m gen anpil plas. [...] Lè m ale e mwen prepare yon plas pou nou, m ap retounen e m ap resevwa nou lakay mwen, dekwa pou kote m ye se la nou ye tou.” Sepandan, apot yo pa konprann li t ap pale konsènan ale li t aprale nan syèl la. Toma mande l: “Seyè, nou pa konn kote w prale. Kòman nou ka konnen chemen an?” — Jan 14:2-5.
Men sa Jezi reponn: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a.” Se sèlman si yon moun aksepte Jezi ak ansèyman l yo epi li imite fason l te viv, l ap kapab antre nan kay Papa l nan syèl la. Men sa Jezi di: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” — Jan 14:6.
Filip, k ap koute avèk atansyon, mande Jezi: “Seyè, montre nou Papa a, e sa ap ase pou nou.” Sanble Filip vle pou Jezi fè l wè kèk bagay ki montre prezans Bondye, menm jan Moyiz, Eli ak Ezayi te wè sa nan vizyon nan tan lontan. Men, apot yo gen yon bagay ki pi bon lontan pase kalite vizyon sa yo, jan Jezi fè konn sa. Men sa l di: “Depi tout tan sa a mwen avèk nou, epoutan, Filip, ou pa rive konnen m? Moun ki wè m wè Papa a tou.” Jezi tèlman byen reflete pèsonalite Papa l, sa fè lè yon moun viv avè l e moun sa a wè l, anfèt se kòmsi li wè Papa a menm. Nòmalman, Papa a nan pi gwo pozisyon pase Pitit la, paske men sa Jezi di: “Bagay mwen di nou yo, mwen pa di yo selon mwen menm.” (Jan 14:8-10). Apot Jezi yo ka wè se Papa l li bay tout louwanj pou sa l ap anseye yo.
Apot Jezi yo te wè bèl travay li te fè e yo te tande l k ap preche konsènan bon nouvèl Wayòm Bondye a. Kounye a li di yo: “Yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen, l ap fè travay m ap fè yo tou, e l ap fè travay ki pi gwo pase sa.” (Jan 14:12). Jezi pa di yo pral fè pi gwo mirak pase sa l te konn fè yo. Non, men, li vle di yo pral kontinye fè travay predikasyon an pandan yon tan ki pi long, nan yon tèritwa ki pi gwo, e y ap gen pou yo preche plis moun lontan!
Jezi pap abandone disip li yo lè l fin ale. Men pwomès li fè: “Si nou mande yon bagay nan non m, m ap fè l.” Anplis de sa, li di: “M ap mande Papa a, e l ap ban nou yon lòt èd ki pou avèk nou pou toutan. Èd sa a se lespri ki fè konn verite a.” (Jan 14:14, 16, 17). Li ba yo asirans yo pral resevwa lespri sen ki se lòt èd la. Sa te rive nan jou Pannkòt la.
Men sa Jezi di: “Nan yon tikras tan, monn nan pap wè m ankò, men nou menm, n ap wè m, paske m ap viv e nou pral viv.” (Jan 14:19). Nonsèlman Jezi ap parèt devan yo sou fòm moun apre l fin resisite, men, lè moman an rive, l ap resisite yo pou y al viv avè l nan syèl la antanke espri.
Kounye a, Jezi bay yon verite ki senp. Li di: “Moun ki konnen kòmandman m yo e ki obeyi yo, se li ki renmen m. E moun sa a ki renmen m nan, Papa m ap renmen l, e mwen menm, m ap renmen l e m ap montre l aklè kiyès mwen ye.” Lè sa a, apot Jida, ki rele Tade tou, pran lapawòl, li di: “Seyè, sa k fè se nou ou vle montre aklè kiyès ou ye, se pa monn nan?” Jezi reponn: “Si yon moun renmen m, l ap obeyi pawòl mwen, Papa m ap renmen l [...]. Moun ki pa renmen m pa obeyi pawòl mwen.” (Jan 14:21-24). Kontrèman ak disip li yo, monn nan pa rekonèt Jezi se chemen an, verite a, lavi a.
Jezi prale, men, ki jan disip li yo ap fè sonje tout sa li te anseye yo? Men sa Jezi esplike: “Èd la, lespri sen Papa a ap voye nan non m nan, ap anseye nou tout bagay, e l ap fè nou sonje tout bagay mwen te di nou yo.” Apot yo te wè jan lespri sen ka fè yon seri gwo travay, se sa k fè sa Jezi di a ankouraje yo. Men sa Jezi di: “Mwen kite lapè pou nou, mwen ban nou lapè mwen genyen an. [...] Pa kite anyen boulvèse kè nou, e pa kite laperèz anvayi kè nou.” (Jan 14:26, 27). Disip sa yo pa gen rezon pou yo boulvèse paske Papa Jezi ap ba yo direksyon ak pwoteksyon.
Yo pral wè pwoteksyon Bondye ap bay la aklè. Men sa Jezi di yo: “Chèf monn nan ap vini. E li pa gen pouvwa sou mwen.” (Jan 14:30). Jida te kite jwen pou Dyab la antre nan li epi enfliyanse l. Men, pa gen okenn feblès ki kapab fè Jezi peche, pou Satan ta ka jwe sou sa pou l fè l sispann sèvi Bondye. Epitou, Dyab la pa gen pouvwa pou l fè Jezi rete nan lanmò. Sa k fè sa? Jezi montre sa, lè l di: “Mwen fè egzakteman sa Papa a ban m lòd fè.” Donk, li gen asirans Papa a ap resisite l. — Jan 14:31.
-
-
Li ankouraje yo pou yo se branch ki bay fwi e pou yo vin zanmi lJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 120
Li ankouraje yo pou yo se branch ki bay fwi epi pou yo vin zanmi l
BON PYE REZEN AN AK BRANCH YO
FASON POU N RETE NAN LANMOU JEZI
Jezi sot fè yon bèl konvèsasyon ak apot fidèl li yo e li ankouraje yo. Li vin ta, petèt li gentan depase minui. Kounye a, Jezi ba yo yon bèl egzanp.
Pou kòmanse, li di: “Mwen se bon pye rezen an, e Papa m se kiltivatè a.” (Jan 15:1). Egzanp li bay la sanble ak egzanp yo te bay sa gen plizyè syèk konsènan nasyon Izrayèl la, yo te rele pye rezen Jewova a (Jeremi 2:21; Oze 10:1, 2). Sepandan, Jewova te rejte nasyon sa a (Matye 23:37, 38). Se sa k fè, Jezi vin ak yon lòt ide. Li se pye rezen Papa l ap kiltive a. Papa l kòmanse fè sa depi nan ane 29 epòk nou an lè l te chwazi Jezi pa mwayen lespri sen l. Men, Jezi montre se pa sèlman li menm pye rezen sa a reprezante, li di:
“[Papa m] retire kèlkeswa branch nan mwen ki pa bay fwi, e li pwòpte kèlkeswa branch ki bay fwi, pou l ka bay plis fwi. [...] Yon branch pa ka bay fwi poukont li si l pa rete nan pye rezen an. Se menm jan an tou, nou pa ka bay fwi si nou pa rete ann inyon avè m. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo.” — Jan 15:2-5.
Jezi te pwomèt disip fidèl li yo, apre l fin ale l ap voye yon èd, anpalan de lespri sen an. Senkant jou annapre, apot yo ak lòt disip ankò te resevwa lespri sen, konsa, yo te vin tounen branch nan pye rezen an. Tout “branch” yo ta dwe rete kole ak Jezi. Pou yo fè ki sa?
Men sa Jezi esplike: “Yon moun ki rete ann inyon avè m e mwen rete ann inyon avèk li, moun sa a ap bay anpil fwi, paske san mwen menm, nou pa ka fè anyen ditou.” “Branch” sa yo, ki se disip fidèl li yo, t ap bay plis fwi lè yo imite kalite Jezi genyen yo, lè yo toujou ap pale ak lòt moun sou Wayòm Bondye a ak lè yo fè plis disip. E si yon moun pa rete ann inyon ak Jezi epi li pa bay fwi? Men sa Jezi esplike: “Si yon moun pa rete ann inyon avè m, y ap voye l jete.” Yon lòt bò, Jezi di: “Si nou rete ann inyon avè m e si pawòl mwen yo rete nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, n ap jwenn li.” — Jan 15:5-7.
Kounye a, Jezi retounen sou sa l te deja pale pandan de fwa: Kontinye obeyi kòmandman l yo (Jan 14:15, 21). Li pale konsènan yon fason enpòtan disip yo t ap montre yo fè sa, li di: “Si nou obeyi kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen obeyi kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou l.” Sepandan, se pa sèlman lè nou renmen Jewova ak Pitit li a n ap montre nou obeyi kòmandman l yo. Men sa Jezi di: “Men kòmandman mwen bay: Se pou nou youn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l. Nou se zanmi m si nou fè sa mwen ban nou lòd fè.” — Jan 15:10-14.
Nan kèk èdtan, Jezi pral demontre lanmou l lè l bay lavi l pou tout moun ki demontre yo gen lafwa nan li. Egzanp li an ta dwe pouse disip li yo fè menm jan avè l: Lanmou yo gen pou lòt moun ap pouse yo fè sakrifis pou lòt moun. Se lanmou sa a ki t apral fè moun konnen yo, jan Jezi te di sa. Men sa l te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:35.
Apot yo ta dwe remake Jezi rele yo “zanmi”. Li fè yo konnen sa k fè l rele yo konsa, li di: “Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” Se pa ti bèl sa bèl pou yon moun vin bon zanmi Jezi epi pou l konnen sa Papa a di l! Men, pou yo ka rive gen yon amitye konsa, yo dwe “kontinye bay fwi”. Si yo fè sa, Jezi di ‘kèlkeswa sa yo mande Papa a nan non l, Papa a ap ba yo l’. — Jan 15:15, 16.
Lanmou ki nan mitan “branch” sa yo, anpalan de disip li yo, ap ede yo andire kèlkeswa sa k ka rive. Li fè yo konnen monn nan t ap rayi yo, men, li ba yo ankourajman sa a: “Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou. Si nou te fè pati monn nan, monn nan t ap atache ak nou, paske nou t ap pou li. Kòm nou pa fè pati monn nan, [...] se pou rezon sa a monn nan rayi nou.” — Jan 15:18, 19.
Li bay lòt rezon ankò ki fè monn nan t ap rayi yo, li di: “Yo pral fè nou tout bagay sa yo akoz non mwen, paske yo pa konnen Sila a ki voye m nan.” Jezi fè konnen bagay estrawòdinè li te fè yo kondane moun ki te rayi l yo, li di: “Si mwen pa t fè sa pèsonn lòt moun pa t fè nan mitan yo, yo pa t ap peche. Men, kounye a, yo wè sa m fè e yo rayi ni mwen ni Papa m.” Se sa k fè, rayi yo rayi l la reyalize yon pwofesi. — Jan 15:21, 24, 25; Sòm 35:19; 69:4.
Yon lòt fwa ankò, Jezi pwomèt l ap voye yon èd, ki se lespri sen an. Tout disip li yo t ap ka jwenn fòs estrawòdinè sa a, e sa t ap ka ede yo bay fwi, sa vle di “bay temwayaj”. — Jan 15:27.
-
-
“Pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan”Jezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 121
“Pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan”
TALÈ KONSA APOT YO PAP WÈ JEZI ANKÒ
LAPENN APOT YO AP VIN TOUNEN KÈ KONTAN
Jezi ak apot yo sou wout pou yo kite chanm aletaj la, kote yo te manje manje Pak la. Apre li fin ba yo bonjan konsèy, li di: “Mwen di nou bagay sa yo dekwa pou nou pa abandone m.” Poukisa konsèy sa yo byen tonbe? Men sa li di yo: “Y ap mete nou deyò nan sinagòg yo. Anfèt, gen yon lè k ap rive kote moun ap touye nou e y ap panse se yon sèvis sakre yo fè pou Bondye.” — Jan 16:1, 2.
Sa Jezi di a te ka twouble apot yo. Se vre, anvan sa, Jezi te di monn nan t ap rayi yo, men li pa t fè apot yo konnen aklè y ap gen pou touye yo. Poukisa li pa t di yo sa? Men sa Jezi di: “Mwen pa t di nou bagay sa yo okòmansman paske mwen te ansanm avèk nou.” (Jan 16:4). Kounye a, l ap prepare lespri yo anvan l ale. Sa ap ka ede yo pou yo pa bite pi devan.
Men sa Jezi di ankò: “Mwen pral jwenn Sila a ki voye m nan. Epoutan, pa gen youn nan nou ki mande m: ‘Kote w prale?’” Anvan sa, nan menm nuit sa a, yo te mande l kote l prale (Jan 13:36; 14:5; 16:5). Men kounye a, sa Jezi di anrapò ak pèsekisyon an tèlman boulvèse yo, lapenn anvayi yo. Donk, yo pa poze kesyon sou glwa k ap tann yo oswa sa sa t ap vle di pou vrè adoratè yo. Men sa Jezi di: “Tristès anvayi kè nou poutèt mwen di nou bagay sa yo.” — Jan 16:6.
Apre sa, men sa Jezi esplike: “Se nan enterè nou mwen prale. Paske, si m pa ale, èd la pap vin jwenn nou. Men, lè m ale, m ap voye l ban nou.” (Jan 16:7). Se sèlman pa mwayen lanmò Jezi ak ale li prale nan syèl la disip yo ap ka resevwa lespri sen l ap voye tankou yon èd pou moun pa l yo nenpòt kote yo ye sou tè a.
Lespri sen ap “montre monn nan aklè sa ki peche, l ap montre l sa ki jis e l ap montre l ki sa jijman ye”. (Jan 16:8.) Vrèmanvre, tout moun ap wè aklè jan monn nan pa rive demontre lafwa nan Pitit Bondye a. Anplis de sa, lè Jezi monte al jwenn Papa l, sa pral montre aklè li se sila a ki fè sa ki jis la, e sa ap montre poukisa Satan “chèf monn” nan merite resevwa yon jijman kondanasyon. — Jan 16:11.
Men sa Jezi kontinye pou l di: “Mwen gen anpil bagay pou m di nou toujou, men, nou pa ka konprann yo kounye a.” Lè l vide lespri sen sou yo, l ap ede yo konprann “laverite nèt”, e y ap ka viv ann amoni ak verite sa a. — Jan 16:12, 13.
Apot yo boulvèse akoz lòt pawòl Jezi di yo. Men sa li di: “Nan yon ti tan, nou pap wè m, men apre yon ti tan ankò, n ap wè m.” Youn ap mande lòt sa l vle di. Jezi wè apot yo vle poze l kesyon sou sijè sa a. Se sa k fè li ba yo esplikasyon, li di: “Anverite m ap di nou sa: Nou pral kriye e nou pral rele, men monn nan pral rejwi. Nou pral nan lapenn, men lapenn nou an ap tounen kè kontan.” (Jan 16:16, 20). Lè yo touye Jezi nan demen aprèmidi, chèf relijye yo kontan, men disip yo nan lapenn. Men, lapenn yo a tounen kè kontan lè Jezi resisite! E yo kontinye gen kè kontan lè li vide lespri sen Bondye sou yo.
Jezi konpare sitiyasyon apot yo ak sitiyasyon yon fi ki gen tranche, li di: “Lè yon fi ap akouche, kè l sere, paske lè l rive. Men, lè l fin fè pitit la, li pa sonje soufrans yo ankò, paske li kontan poutèt yon moun fèt sou tè a.” Men ki ankourajman Jezi bay apot li yo: “Se konsa tou, nou menm, nou nan lapenn kounye a. Men, m ap gen pou m wè nou ankò, e kè nou ap kontan, e pèsonn pap fè nou pèdi kè kontan n ap genyen an.” — Jan 16:21, 22.
Jiska prezan, apot yo pa t janm mande Bondye anyen nan non Jezi. Men kounye a, li di yo: “Jou sa a, n ap fè Papa a demann nan non mwen.” Poukisa y ap fè sa? Se pa paske Papa a pa reponn priyè yo fè. Anfèt, Jezi di: “Papa a li menm gen afeksyon pou nou, poutèt nou gen afeksyon pou mwen [...] kòm reprezantan Bondye.” — Jan 16:26, 27.
Pawòl Jezi di yo ankouraje apot yo anpil, sa fè yo gen kouraj pou yo di: “Se sa ki fè nou kwè se bò kote Bondye w soti.” Annapre, konfyans sa yo genyen an t apral pase anba eprèv. Anfèt, Jezi esplike sa k ap tann yo pi devan, li di: “Gade! Gen yon lè k ap vini, e vrèman, lè a deja rive, kote n ap gaye, chak moun pral lakay yo, e n ap kite m poukont mwen.” Men, li ba yo asirans sa a: “Mwen di nou bagay sa yo pou nou ka gen lapè grasa mwen. N ap gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan.” (Jan 16:30-33). Vrèmanvre, Jezi pap abandone yo. Li te gen asirans yo menm tou y ap ka pot laviktwa sou monn nan, menm jan li menm li fè sa, si yo akonpli volonte Bondye fidèlman malgre tout sa Satan ak monn li an eseye fè pou kraze entegrite yo.
-
-
Dènye priyè Jezi fè anvan l kite pyès aletaj laJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 122
Dènye priyè Jezi fè anvan l kite pyès aletaj la
BYENFÈ YON MOUN AP JWENN LÈ L VIN KONNEN BONDYE AK PITIT LI A
JEWOVA, JEZI AK DISIP YO FÈ YOUN
Gwo lanmou Jezi gen pou apot li yo pouse l prepare yo paske li pral kite yo talè konsa. Kounye a, li leve je l gade syèl la e li priye Papa l: “Fè Pitit ou a jwenn glwa, pou Pitit ou a ka ba w glwa. Ou ba l pouvwa sou tout moun. Ou fè sa pou l ka bay tout moun ou ba li yo lavi ki pap janm fini an.” — Jan 17:1, 2.
Li klè, Jezi rekonèt sa k pi enpòtan se bay Bondye glwa. Men, se pa ti rekonfòtan sijè Jezi pale sou li a rekonfòtan, anpalan de lavi ki pap janm fini an! Etandone Papa Jezi ba l “pouvwa sou tout moun”, li kapab aplike byenfè sakrifis l ap bay kòm ranson an pou tout limanite. Men, se sèlman kèk moun k ap jwenn benediksyon sa a. Poukisa se kèk moun? Se paske Jezi fè konnen se sèlman moun ki fè sa ki di annapre a k ap jwenn byenfè sakrifis l ap bay kòm ranson an, li di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” — Jan 17:3.
Yon moun dwe byen aprann konnen Papa a ak Pitit la, li dwe vin bon zanmi yo. Li dwe wè bagay yo menm jan ak yo. E sitou, li dwe fè efò pou l imite kalite san parèy yo genyen yo nan fason l ap boule ak lòt moun. E li dwe rekonèt, bay Bondye glwa pi enpòtan pase lavi ki pap janm fini an, lèzòm pral jwenn nan. Kounye a, Jezi pale sou sa, li di:
“Mwen te ba w glwa sou tè a, mwen fini travay ou te ban m fè a. Kounye a, Papa, fè m jwenn glwa, fè m vin bò kote w pou m ka gen glwa mwen te genyen lè m te bò kote w anvan monn nan te egziste a.” (Jan 17:4, 5). Wi, kounye a, li mande Bondye pou l resisite l pou l ka rejwenn glwa li te gen nan syèl la.
Sepandan, Jezi pa bliye sa l te akonpli pandan aktivite l sou tè a. Men ki priyè l fè: “Moun ou te retire nan mitan monn nan pou w ban mwen yo, mwen fè yo konnen non w. Yo te pou ou, ou ban mwen yo, e yo obeyi pawòl ou.” (Jan 17:6). Pandan aktivite Jezi sou tè a, li te fè plis pase site non Bondye, ki se Jewova. Li te ede apot li yo konnen sa non sa a reprezante, sa vle di, kalite Bondye yo ak fason li aji ak lèzòm.
Apot yo te rive konnen Jewova, wòl Pitit li an ak bagay Jezi te anseye yo. Avèk imilite Jezi di: “Mwen fè yo konnen pawòl ou te di m yo, e yo aksepte yo. Yo vin konnen toutbon mwen vini kòm reprezantan w, e yo kwè se ou ki voye m.” — Jan 17:8.
Donk, Jezi rekonèt diferans ki genyen ant disip li yo ak moun nan monn nan an jeneral, li di: “Se pa pou monn nan m ap fè l, men se pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. [...] Papa, ou menm ki sen, voye je sou yo poutèt non w ou ban mwen an, dekwa pou yo ka vin fè youn menm jan mwen menm avè w nou fè youn. [...] Mwen te pwoteje yo. Pa gen youn nan yo ki detwi, eksepte pitit destriksyon an”, anpalan de Jida Iskaryòt ki te gen misyon pou l livre Jezi. — Jan 17:9-12.
Jezi kontinye priyè l ap fè a, li di: “Monn nan rayi yo [...]. Mwen pa mande w pou w retire yo nan monn nan, men mwen mande w pou w voye je sou yo akoz Mechan an. Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” (Jan 17:14-16). Se vre apot yo ak lòt disip yo nan monn nan, sa vle di sosyete ki òganize Satan ap dirije a, men yo separe ak monn nan e yo dwe toujou ret separe avè l ansanm ak mechanste k ap fèt ladan l. Ki jan yo t ap gen pou yo fè sa?
Yo dwe rete sen, pou yo mete yo apa pou yo sèvi Bondye, lè yo aplike laverite yo jwenn nan Liv ki te ekri ann ebre yo ak laverite Jezi li menm te anseye yo. Men ki priyè Jezi te fè: “Fè yo vin sen grasa laverite. Pawòl ou se laverite.” (Jan 17:17). Rive yon lè, Bondye t ap enspire kèk nan apot yo pou yo ekri liv ki t ap vin fè pati “laverite”, ki ka ede yon moun vin sen.
Men, rive yon lè, t ap gen lòt moun ki t ap aksepte “laverite”. Donk, Jezi pa priye “pou yo sèlman [moun ki la yo], men [...] tou pou moun k ap mete lafwa nan [li] grasa sa y ap anseye”. Ki sa Jezi mande pou tout moun sa yo fè? Li di: “Pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m e mwen ann inyon avèk ou, pou yo menm tou ka vin ann inyon avèk nou.” (Jan 17:20, 21). Jezi ak Papa l pa fè youn yon fason literal. Yo fè youn nan sans yo dakò sou tout bagay. Jezi priye pou disip li yo ka vin fè youn menm jan an tou.
Yon tikras tan anvan sa, Jezi te di Pyè ak lòt apot yo li pral prepare yon plas pou yo, sa vle di yon plas nan syèl la (Jan 14:2, 3). Kounye a, li tounen sou ide sa a nan priyè a, li di: “Papa, mwen ta renmen pou kote mwen ye se la moun ou ban mwen yo ye tou, yon fason pou yo ka wè glwa ou ban mwen an, paske w te renmen m depi anvan monn nan te fonde.” (Jan 17:24). Donk, li fè konnen depi byen lontan, anvan menm Adan ak Èv te fè pitit, Bondye te renmen sèl Pitit li fè a, ki vin rele Jezi Kris.
Nan fen priyè Jezi fè a, yon lòt fwa ankò, li met aksan sou non Papa l ak lanmou Bondye gen pou apot yo ak lòt moun ki aksepte “laverite”, li di: “Epi, mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l, dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo.” — Jan 17:26.
-
-
Li kontinye priye pandan l nan gwo lapennJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 123
Li kontinye priye pandan l nan gwo lapenn
MATYE 26:30, 36-46 MAK 14:26, 32-42 LIK 22:39-46 JAN 18:1
JEZI NAN JADEN JETSEMANE A
SWÈ L TANKOU GOUT SAN
Jezi fin priye ak apot fidèl li yo. E “lè yo fin chante pou yo louwe Bondye, yo soti al sou Mòn Oliv”. (Mak 14:26.) Yo pran direksyon zòn lès pou y al nan yon jaden ki rele Jetsemane, yon kote Jezi te gen abitid ale.
Lè yo rive nan bon ti kote sa a ki antoure ak pye oliv, Jezi kite uit nan apot li yo la. Petèt, yo rete nan rantre jaden an, paske Jezi di yo: “Chita la pandan m pral priye lòtbò a.” Jezi pran twa nan apot yo, anpalan de Pyè, Jak ak Jan, epi y ale pi lwen nan jaden an. Li vin boulvèse anpil epi li di twa apot yo: “Mwen nan gwo lapenn, mwen santi se mouri m ap mouri. Rete la, epi kontinye veye avè m.” — Matye 26:36-38.
Jezi al yon kote apa epi li “bese fas li jis atè e li kòmanse priye”. Sou ki sa l ap priye Bondye nan moman sa a ki bay anpil strès? Men sa l di nan priyè a: “Papa, tout bagay posib pou ou. Retire koup sa a devan m. Men, se pa jan mwen vle, men se jan ou vle.” (Mak 14:35, 36). Ki sa Jezi vle di? Èske se rale l ap rale kò l pou l pa jwe wòl li antanke Moun ki dwe bay lavi l kòm ranson an? Non!
Pandan Jezi te nan syèl la, li te konn wè jan Women yo te konn ap fè lòt moun soufri jiskaske yo mouri. Kounye a, antanke moun ki gen tandrès e ki ka santi soufrans, Jezi te ka ap rete konsantre sou sa k ap tann li, men se pa sa l te fè. Sa k te fè l plis nan lapenn se paske li konprann fason l pral mouri tankou yon gwo kriminèl la pral sal non Papa l. Nan kèk èdtan yo pral kloure l sou yon poto tankou yon moun k ap fè blasfèm kont Bondye.
Apre Jezi fin pase anpil tan ap priye, li retounen e li jwenn twa apot yo ap dòmi. Li pale ak Pyè, li di l: “Nou pa menm ka kontinye veye avè m pou inèdtan? Kontinye veye e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” Men, Jezi konprann jan yo sot anba strès e li konnen li ta anpil, li di: “Se vre, lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” — Matye 26:40, 41.
Ansuit, Jezi ale yon dezyèm fwa, e li mande Bondye pou l retire “koup sa a”. Lè li retounen, li jwenn twa apot yo ap dòmi ankò, alòske yo ta dwe ap priye pou yo pa tonbe nan tantasyon. Lè Jezi pale avèk yo, “yo pa t konn sa pou yo reponn li”. (Mak 14:40.) Jezi ale yon twazyèm fwa, e li mete ajenou pou l priye.
Jezi gen gwo enkyetid paske fason l pral mouri tankou kriminèl la ap sal non Papa l. Sepandan, Jewova koute priyè Pitit gason l lan, li voye yon zanj pou vin ba l fòs. Malgre sa, Jezi pa sispann sipliye Papa l, li kontinye “priye pi rèd toujou”. Li gen yon gwo strès. Se yon gwo responsablite Jezi gen sou do l! Posiblite li genyen pou li menm ak moun ki kwè nan li yo gen lavi pou toutan an riske. Se sa k fè, ‘swè l vin tounen gout san k ap tonbe atè’. — Lik 22:44.
Apre sa, Jezi retounen yon twazyèm fwa kot apot li yo e li jwenn y ap dòmi ankò. Li di yo: “Nan yon moman konsa se dòmi n ap dòmi, se repoze n ap repoze! Gade! Lè a prèske rive pou yo livre Pitit lòm nan nan men pechè yo. Leve, ann ale. Men moun k ap livre m nan ap vini.” — Matye 26:45, 46.
-
-
Yo livre Kris e yo arete lJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 124
Yo livre Kris e yo arete l
MATYE 26:47-56 MAK 14:43-52 LIK 22:47-53 JAN 18:2-12
JIDA LIVRE JEZI NAN JADEN AN
PYÈ KOUPE ZÒRÈY YON MESYE
YO ARETE JEZI
Li minui pase. Prèt yo te antann yo pou yo peye Jida 30 pyès monnen ann ajan pou l livre Jezi ba yo. Jida mennen yon pakèt prèt an chèf ak Farizyen pou al chèche Jezi. Yo te gen yon gwoup sòlda Women ansanm ak yon kòmandan militè ansanm avè yo.
Yon ti tan anvan sa, lè Jezi te fè Jida ale pandan y ap manje manje Pak la, sanble li t al kot prèt an chèf yo dirèkteman (Jan 13:27). Tousuit, yo konvoke gad ki souzòd yo ansanm ak yon gwoup sòlda. Petèt Jida te mennen yo toudabò kote Jezi ak apot li yo te selebre fèt Pak la. Men, gwo foul moun ki te gen zam nan men yo e ki te vin ak lanp ak tòch travèse Vale Kidwon. Yo detèmine pou yo jwenn Jezi.
Pandan Jida ap mennen gwo foul moun nan nan Mòn Oliv, li sèten li konn ki kote l ap jwenn Jezi. Nan semèn ki sot pase a, pandan Jezi ak apot yo t ap fè ale vini ant Betani ak Jerizalèm, souvan yo te rete nan jaden Jetsemane a. Men, kounye a, kòm pye oliv yo sanble anpeche moun wè Jezi nan fènwa a, ki jan sòlda yo ki petèt pa t janm konn wè Jezi anvan sa, t apral fè rekonèt li? Se poutèt sa Jida ba yo yon siy, li di: “Moun mwen bo a, se li menm. Arete l, epi veye l pandan n pral avè l.” — Mak 14:44.
Jida mennen gwo foul moun nan nan jaden an, li wè Jezi ak apot li yo, epi li mache dwat sou Jezi, li di: “Bonjou, Anseyan!” Epi li bo l avèk tandrès. Jezi di l: “Zanmi, sa w vin fè la a?” (Matye 26:49, 50). Ansuit, Jezi reponn kesyon l poze a, li di: “Jida, se avèk yon bo w ap trayi Pitit lòm nan?” (Lik 22:48). Men, Jezi pa okipe trèt la ankò!
Li avanse kote tòch yo ak lanp yo klere a epi li mande: “Ki moun n ap chèche?” Moun nan foul la ki vin arete l yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.” Avèk kouraj, Jezi di yo: “Se mwen menm.” (Jan 18:4, 5). Mesye yo sezi, epi yo tonbe atè.
Olye pou Jezi ta pwofite okazyon sa a pou l chape poul li, li mande yo ankò kiyès y ap chèche. Lè yo di: “Jezi, moun Nazarèt la”, Jezi kontinye pale yon fason ki kalm: “Mwen di nou se mwen menm. Ebyen, si se mwen n ap chèche, kite mesye sa yo ale.” Menm nan moman sa a ki difisil anpil Jezi sonje sa l te di yon lè, lè l te di li pap pèdi menm youn ladan yo (Jan 6:39; 17:12). Jezi te pwoteje apot li yo e pa gen youn ki te pèdi “eksepte pitit destriksyon an” ki se Jida (Jan 18:7-9). Kidonk, kounye a li mande pou yo kite disip fidèl li yo ale.
Se lè apot yo wè sòlda yo byen deside pou yo vin pran Jezi, yo konprann sa k ap pase a. Yo mande: “Seyè, èske nou mèt voye kout epe?” (Lik 22:49). Anvan Jezi reponn, Pyè rale youn nan de epe apot yo te gen nan men yo. Li atake yon esklav gran prèt la ki rele Malkis epi li koupe zòrèy dwat li.
Jezi manyen zòrèy Malkis e li geri l. Ansuit, li anseye yon leson enpòtan. Li bay Pyè lòd, li di: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” Jezi dakò pou yo arete l, paske li di: “Kòman Ekriti yo t ap fè reyalize, yo menm ki di se konsa sa dwe pase?” (Matye 26:52, 54). Anplis de sa li di: “Èske m pa dwe bwè koup Papa m ban mwen an.” (Jan 18:11). Jezi dakò fè sa Bondye vle l fè menm lè sa ka lakòz li mouri.
Jezi mande foul la: “Apa nou vin ak epe ak baton pou nou arete m kòmsi se dèyè yon vòlè nou vini! Chak jou, mwen te konn chita nan tanp lan ap anseye, epoutan nou pa t arete m. Men, tout sa rive dekwa pou sa pwofèt yo te ekri yo ka reyalize.” — Matye 26:55, 56.
Lè sa a, sòlda yo ak kòmandan an ansanm ak gad Juif yo met men sou Jezi e yo mare l. Lè apot yo wè sa, yo kouri ale. Sepandan, “gen yon jennonm”, petèt se disip Mak, ki rete nan foul la yon fason pou l suiv Jezi (Mak 14:51). Yo rekonèt li e yo eseye met men sou li sa ki fè l oblije kite rad len ki te sou li a nan men yo e li chape poul li.
-
-
Yo mennen Jezi bay Àn, apre sa yo mennen l bay KayifJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 125
Yo mennen Jezi bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif
MATYE 26:57-68 MAK 14:53-65 LIK 22:54, 63-65 JAN 18:13, 14, 19-24
YO MENNEN JEZI BAY ÀN KI TE GRAN PRÈT YON LÈ
SANEDREN AN FÈ YON PWOSÈ KI KONT LALWA
Yo mare Jezi tankou yon kriminèl epi yo mennen l bay Àn, ki te gran prèt lè Jezi te fè anseyan relijye yo nan tanp lan sezi pandan l te jèn (Lik 2:42, 47). Annapre, gen plizyè pitit gason Àn ki te sèvi kòm gran prèt, e kounye a se bofis li Kayif ki nan plas sa a.
Pandan Jezi lakay Àn, Kayif jwenn tan pou l reyini Sanedren an. Tribinal sa a gen 71 manm ladan l, sa gen ladan l gran prèt la ak lòt moun ki te la pou fè travay sa a.
Àn poze Jezi kesyon “sou disip li yo ak sou sa l ap anseye yo”. Jezi reponn li: “Mwen te pale ak monn nan devan tout moun. Mwen te toujou konn anseye nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout Juif yo konn rasanble, e mwen pa t di anyen an kachèt. Poukisa se mwen w ap poze kesyon? Mande moun ki te tande sa m te konn di yo.” — Jan 18:19-21.
Gen youn nan gad ki te kanpe toupre l yo ki ba l yon kalòt nan figi l ki di l: “Se konsa w reponn prèt an chèf la?” Men Jezi konnen li pa fè anyen ki mal, li reponn: “Si m mal pale, di m sa m di ki mal la. Men, si m byen pale, poukisa w frape m?” (Jan 18:22, 23). Apre sa, Àn voye Jezi bay Kayif, bofis li.
Kounye a, gran prèt la ak ansyen yo ansanm ak espè nan Lalwa yo, anfèt tout Sanedren an, rasanble. Yo reyini kay Kayif. Se yon bagay ki kont Lalwa pou yo fè yon pwosè konsa nan nuit fèt Pak la. Men, sa pa fè chèf relijye yo abandone pwojè malveyan yo genyen an.
Li difisil pou yo ta aji san patipri. Apre Jezi te resisite Laza, Sanedren an te deja pran detèminasyon pou fè touye l (Jan 11:47-53). E sa gen kèk jou depi otorite relijye yo te met tèt yo ansanm pou yo fè yon plan pou yo met men sou Jezi e pou yo touye l (Matye 26:3, 4). Wi, yo gentan kondane Jezi pou yo touye l anvan menm yo jije l!
Anplis de reyinyon sa a ki kont Lalwa, prèt an chèf yo ak lòt moun nan Sanedren an fè tout sa yo kapab pou yo jwenn temwen pou bay fo temwayaj, yon fason pou yo ka jwenn akizasyon pou yo lage sou do Jezi. Yo jwenn anpil temwen, men, temwayaj yo bay yo depaman. Finalman, gen de temwen ki prezante, e yo di: “Nou te tande l k ap di: ‘M ap kraze tanp sa a lèzòm fè ak men yo a, e nan twa jou m ap bati yon lòt, men se pa lèzòm k ap fè l ak men yo.’” (Mak 14:58). Sepandan, menm mesye sa yo pa fin dakò youn ak lòt.
Kayif mande Jezi: “Apa w pa reponn anyen? Ou pa tande sa mesye sa yo ap di sou ou?” (Mak 14:60). Jezi ret an silans devan fo akizasyon sa a temwen sa yo lage sou do l malgre istwa y ap rakonte yo pa ann amoni youn ak lòt. Se sa k fè Kayif, gran prèt la, eseye yon lòt taktik.
Kayif konnen jan Juif yo renmen estomake lè yon moun pretann li se Pitit Bondye. Anvan sa, lè Jezi te di Bondye se Papa l, Juif yo te vle touye l paske yo fè konnen li pretann ‘li egal ak Bondye’. (Jan 5:17, 18; 10:31-39.) Kayif ki konnen jan Juif yo kapab santi yo, kounye a avèk riz, li mande Jezi: “M ap mande w pou w sèmante devan Bondye vivan an pou w di nou si se ou menm ki Kris la, Pitit Bondye a!” (Matye 26:63). Wi, Jezi te fè konnen li se Pitit Bondye (Jan 3:18; 5:25; 11:4). E si l pa ta fè sa nan moman sa a, sa t ap lese konprann li nye li se Pitit Bondye e li se Kris la. Se sa k fè Jezi di: “Wi, se sa m ye. Epi, nou menm, nou pral wè Pitit lòm nan ki chita adwat Sila a ki gen pisans lan e l ap vini avèk nyaj yo nan syèl la.” — Mak 14:62.
Lè sa a, Kayif fè yon kokenn demonstrasyon, li chire rad sou li, li di byen fò: “Misye blasfeme! Èske nou bezwen temwen ankò? Gade! Kounye a, nou menm tou nou tande jan l blasfeme. Ki sa nou panse?” Sanedren an pwononse yon jijman ki enjis, yo di: “Li merite mouri.” — Matye 26:65, 66.
Apre sa, yo kòmanse pase l nan jwèt, yo ba l kout pwen. Gen lòt ki souflete l e yo krache nan figi l. Gen lòt moun ki kouvri figi l e y ap ba l kalòt, pou yo pase l nan rizib, yo di l: “Si w se yon pwofèt, di nou kiyès ki frape w la a?” (Lik 22:64). Se konsa, yo te fè yon pwosè ki kont Lalwa nan nuit pou yo te maltrete Pitit Bondye a!
-
-
Li nye Jezi lakay KayifJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
CHAPIT 126
Li nye Jezi lakay Kayif
MATYE 26:69-75 MAK 14:66-72 LIK 22:54-62 JAN 18:15-18, 25-27
PYÈ NYE JEZI
Apre yo fin arete Jezi nan Jaden Jetsemane a, apot yo abandone Jezi e yo chape poul yo paske yo pè. Sepandan, rive yon kote, gen de nan yo ki sispann kouri. De apot sa yo se Pyè “ansanm ak yon lòt disip”, sandout ki se apot Jan (Jan 18:15; 19:35; 21:24). Petèt yo jwenn Jezi etandone se lakay Àn yo te mennen l. Lè Àn voye Jezi kay Kayif ki se gran prèt, Pyè ak Jan suiv Jezi nan yon distans. Petèt, yo pè pou pwòp vi yo e anmenmtan yo enkyete paske yo ta renmen konnen sa k pral rive Mèt yo a.
Etandone moun nan lakou gran prèt la konnen Jan, yo kite l antre nan lakou kay Kayif la. Pyè rete deyò pòtay la pou jiskaske Jan retounen e l ap pale ak yon sèvant yo mete la pou veye pòtay la. Apre sa yo kite Pyè antre.
Piske nan nuit sa a li te fè frèt, moun ki te nan lakou yo fè yon boukan dife. Pyè chita avè yo pou l ka chofe dife, l ap tann “pou l wè jan bagay yo ap fini” pou Jezi (Matye 26:58). Kounye a, sèvant ki t ap veye pòtay la ki te kite l antre a wè l pi byen nan limyè dife a, li di l: “Ou se youn nan disip mesye sa a tou, pa vre?” (Jan 18:17). E se pa fi a sèlman ki rekonèt Pyè e ki di li te ansanm ak Jezi. — Matye 26:69, 71-73; Mak 14:70.
Sa fè Pyè sezi anpil. Li eseye kamoufle kò l e li menm eseye retire kò l nan rantre lakou a. Donk Pyè nye li te avèk Jezi e rive yon lè li di: “Mwen pa konnen l, ni m pa konprann sa w ap di a.” (Mak 14:67, 68). Anplis de sa, li kòmanse “sèmante, li mande pou malè rive l”, sa vle di li vle ba yo garanti sa l di a se laverite sinon se pou malè rive l. — Matye 26:74.
Pandan tan sa a, jijman Jezi ap kontinye. Sanble yo mennen l yon kote nan kay la pa anlè ki bay sou lakou a. Pyè ak lòt moun yo k ap tann anba a wè bann ale vini divès temwen yo mennen vin temwaye yo ap fè.
Lefètke Pyè pale tankou moun Galile sa se yon prèv ki montre sa l di yo pa laverite. Anplis de sa, youn nan moun yo se fanmi Malkis, li menm Pyè te koupe zòrèy li a. Se sa k fè akizasyon an tonbe sou Pyè: “Se pa ou menm mwen te wè nan jaden an avè l la?” Pandan Pyè ap nye Jezi yon twazyèm fwa, yon kòk chante, jan Jezi te fè l konn sa a. — Jan 13:38; 18:26, 27.
E nan moman sa a, sanble Jezi sou yon balkon ki bay sou lakou a e li vire gade Pyè, sa ki dwe fè Pyè mal anpil. Li sonje sa Jezi te di l nan chanm aletaj la sa gen sèlman kèk èdtan. Imajine jan Pyè santi l apre l fin rann li kont sa l sot fè a pa bon! Pyè sot deyò a e li kriye ak anpil lapenn. — Lik 22:61, 62.
Ki jan sa fè rive? Ki jan Pyè fè nye Mèt li, apre l fin montre jan l gen asirans li solid nan domèn espirityèl e li fidèl? Yo tòde laverite e yo prezante Jezi kòm yon gwo kriminèl. Pandan Pyè jwenn okazyon pou l pran pozisyon pou yon moun ki inosan, li vire do bay Sila a ki konn di “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. — Jan 6:68.
Eksperyans trajik sa a Pyè fè a montre menm yon moun ki gen lafwa e ki zele kapab pèdi ekilib li si l pa t prepare pou yon eprèv ki vini sanzatann oswa yon tantasyon. Sa k rive Pyè a se yon avètisman pou tout sèvitè Bondye yo!
-