BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Sanedren an jije l, apre sa yo mennen l bay Pilat
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi kanpe devan Pons Pilat.

      CHAPIT 127

      Sanedren an jije l, apre sa yo mennen l bay Pilat

      MATYE 27:1-11 MAK 15:1 LIK 22:66–23:3 JAN 18:28-35

      • YO JIJE L DEVAN SANEDREN AN NAN MATEN

      • JIDA ISKARYÒT ESEYE PANN TÈT LI

      • YO VOYE JEZI BAY PILAT POU PILAT KONDANE L

      Li prèske jou. Pyè sot nye Jezi yon twazyèm fwa, e Sanedren an fin fè swadizan jijman yo t ap fè a, apre sa yo chak al nan wout yo. Men, vandredi maten kou l jou, yo reyini ankò, sanble y ap chèche yon mwayen pou jijman yo te fè lannuit lan parèt legal. Yo mennen Jezi devan yo.

      Yo mande l yon lòt fwa ankò: “Di n si w se Kris la.” Jezi reponn: “Menmsi mwen ta di nou sa, nou pa t ap janm kwè. Epitou, si m ta poze nou kesyon, nou pa t ap reponn.” Men, avèk kouraj, Jezi fè yo konnen li se moun Dànyèl 7:13 te anonse a. Li di: “Apati kounye a, Pitit lòm nan pral chita adwat Bondye ki gen pisans lan.” — Lik 22:67-69; Matye 26:63.

      Yo pèsiste, yo di: “Ebyen, ou se Pitit Bondye a?” Jezi reponn: “Se nou menm ki di se sa m ye.” Sanble yo konsidere repons li a kòm yon blasfèm e konsa yo tou jwenn yon rezon pou yo touye l. Yo mande: “Ki lòt temwayaj nou bezwen ankò?” ​(Lik 22:70, 71; Mak 14:64). Donk, yo mare Jezi e yo mennen l bay Pons Pilat, gouvènè women an.

      Petèt Jida Iskaryòt wè yo mennen Jezi bay Pilat. Lè li wè yo kondane Jezi, li vin gen remò e dezespwa anvayi l. Sepandan, olye li repanti toutbon pou l retounen vin jwenn Bondye, l al jwenn prèt an chèf yo ak ansyen yo pou l remèt yo 30 pyès monnen ann ajan yo. Jida di prèt an chèf yo: “Mwen te peche lè m te livre yon moun ki inosan.” Men yo montre yo pa gen pitye pou li nan repons yo ba li a. Men sa yo di l: “Ki mele nou? Sa se bagay ki gade w!” — Matye 27:4.

      Jida jete 30 pyès monnen ann ajan yo anndan tanp lan, apre sa li fè tèt li plis mal toujou lè l eseye pann tèt li. Pandan Jida ap eseye pann tèt li, sanble branch kote Jida mare kòd la kase, li sot tonbe sou wòch yo, epi vant li eklate. — Travay 1:17, 18.

      Li granmmaten toujou lè yo mennen Jezi nan palè Pons Pilat la. Men, Juif ki akonpaye l yo pa vle antre, paske yo panse y ap kontamine si yo gen yon relasyon konsa ak yon moun lòt nasyon. Sa t ap fè yo pa anmezi pou yo manje manje Pak la nan jou 15 Nizan an, ki se premye jou fèt pen san ledven an, yon jou yo konsidere ki fè pati peryòd Pak la.

      Pilat soti epi l mande yo: “Ki akizasyon nou gen kont mesye sa a?” Yo reponn: “Si mesye sa a pa t fè sa ki mal, nou pa t ap livre l ba ou.” Petèt Pilat santi yo vle eseye fè l pote yon chay, se sa k fè li di yo: “Pran l nou menm, epi jije l selon lwa nou an.” Juif yo revele vye entansyon yo genyen an, yo di: “Nou pa gen dwa touye pèsonn.” — Jan 18:29-31.

      Si yo ta touye Jezi pandan fèt Pak la, sanble sa t ap lakòz gen gwo dezòd. Sepandan, si yo rive fè Women yo touye Jezi pou yon rezon politik, yon bagay Women yo gen pouvwa pou yo fè, sa ap montre pèp la se pa yo menm antanke Juif ki responsab sa k fèt la.

      Kidonk, chèf relijye yo pa di Pilat anyen sou jijman yo sot fè kote yo kondane Jezi pou blasfèm nan. Kounye a, yo envante lòt akizasyon met sou do l, yo di: “Nou jwenn mesye sa a [1] k ap boulvèse nasyon nou an e [2] k ap defann moun yo peye Seza enpo, epi [3] l ap di li se Kris, li se yon wa.” — Lik 23:2.

      Antanke yon reprezantan Wòm, Pilat gen rezon enkyete l pou akizasyon yo lage sou do Jezi ki fè konnen Jezi di li se yon wa. Se poutèt sa li antre nan palè a ankò, li rele Jezi e li mande l: “Èske w se Wa Juif yo?” Nan yon sans, se kòmsi l te di l ‘èske w vyole lalwa anpi a lè w deklare ou se yon wa ann opozisyon ak Seza?’ Petèt, Jezi vle konnen ki sa Pilat tande yo di sou li, se poutèt sa li di l: “Èske se ou menm ki deside di sa, oswa se lòt moun ki pale w de mwen?” — Jan 18:33, 34.

      Pilat fè konnen li pa konn anyen sou Jezi e li ta renmen konnen plis bagay sou li. Pilat reponn: “Èske m se Juif?” Epi li di ankò: “Se moun menm nasyon avè w ak prèt an chèf yo ki livre w ban mwen. Ki sa w te fè?” — Jan 18:35.

      Jezi pa chèche evite kesyon sa a ki gen rapò ak pozisyon l antanke wa. Pa gen dout, fason Jezi reponn kounye a fè Pilat sezi.

      TEREN SAN AN

      Jida jete 30 pyès monnen ann ajan yo nan tanp lan.

      Prèt an chèf yo pa fin sèten sa pou yo fè ak pyès monnen ann ajan Jida lage atè nan tanp lan. Yo di: “Nou pa gen dwa pou n mete yo nan trezò sakre a, paske se lajan san yo ye.” Se sa k fè yo pran lajan an yo achte teren atizan ki konn travay ak ajil la e yo sèvi ak teren an kòm yon kote pou yo antere etranje. Se sa k fè yo rele teren an “Teren San”. — Matye 27:6-8.

      • Poukisa Sanedren an reyini ankò nan maten?

      • Ki jan Jida mouri, e ki sa yo fè ak 30 pyès monnen ann ajan yo?

      • Sou ki sa Juif yo baze pou yo fè Pilat fè touye Jezi?

  • Pilat ak Ewòd wè Jezi inosan
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Ewòd ak sòlda l yo ap pase Jezi nan rizib.

      CHAPIT 128

      Pilat ak Ewòd wè Jezi inosan

      MATYE 27:12-14, 18, 19 MAK 15:2-5 LIK 23:4-16 JAN 18:36-38

      • PILAT AK EWÒD AP POZE JEZI KESYON

      Jezi pa kache Pilat li se yon wa vre. Men, Wayòm li an pa yon menas pou Wòm. Men sa l di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si Wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo. Men, se pa la Wayòm mwen an soti.” ​(Jan 18:36). Vrèmanvre, Jezi fè konnen li gen yon Wayòm, men Wayòm sa a pa nan monn sa a.

      Pilat ensiste plis toujou. Li di l: “Ebyen, ou se yon wa?” Jezi fè Pilat konnen sa l konprann nan se sa. Li di l: “Se ou menm ki di mwen se yon wa. Rezon ki fè mwen fèt e ki fè mwen vin nan monn nan se pou m bay temwayaj sou laverite. Tout moun ki pou laverite koute vwa mwen.” — Jan 18:37.

      Anvan sa, men sa Jezi te di Toma: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a.” Kounye a, menm Pilat tande rezon ki fè Bondye te voye Jezi sou tè a se te pou Jezi bay temwayaj sou “laverite”, sitou laverite konsènan Wayòm li an. Jezi deside kontinye respekte verite sa a fidèlman, menmsi sa ka lakòz li pèdi lavi l. Men sa Pilat mande: “Sa k laverite a?” Men, li pa tann Jezi reponn li. Li panse li gen ase enfòmasyon pou l jije Jezi. — Jan 14:6; 18:38.

      Pilat soti ankò al jwenn foul moun yo k ap tann deyò palè a. Sanble li soti avèk Jezi bò kote l, li di prèt an chèf yo ak moun ki te ansanm avèk yo: “Mwen pa jwenn anyen mal nan mesye sa a.” Desizyon l pran an fè foul moun yo vin an kòlè, yo di: “Li monte tèt pèp la ak ansèyman l simaye nan tout Jide, kòmanse Galile pou rive isit la.” — Lik 23:4, 5.

      Juif yo tèlman fanatik, yo pa tande yo pa wè! Pilat sezi wè sa. Se sa k fè, pandan prèt an chèf yo ak ansyen yo kontinye ap rele byen fò, Pilat di Jezi: “Ou pa tande tout kantite bagay y ap di sou ou?” ​(Matye 27:13). Jezi pa reponn. Pilat sezi wè jan li rete kalm devan akizasyon yo lage sou do l avèk mechanste.

      Juif yo te fè konnen Jezi te ‘kòmanse aktivite l Galile’. Lè Pilat tande sa, li vin konprann Jezi se moun Galile. Konsa, li wè sa kòm yon mwayen pou l retire kò l pou l pa jije Jezi. Ewòd Antipas (pitit Ewòd Legran), gouvènè Galile a, te vin Jerizalèm pou fèt Pak la, konsa, Pilat voye Jezi ba li. Se Ewòd Antipas ki te fè koupe tèt Jan ki te konn batize moun nan, men ansuit, lè Ewòd tande pale de mirak Jezi ap fè yo, li pè pou Jezi se pa Jan ki leve sot nan lanmò. — Lik 9:7-9.

      Kounye a, Ewòd kontan anpil poutèt li pral rankontre ak Jezi. Se pa paske li vle ede Jezi oswa paske li ta renmen konnen si akizasyon yo lage sou do Jezi yo chita sou yon bagay ki fè li ta renmen wè l. Ewòd jis vle wè l, e li te “bezwen wè l k ap fè mirak”. (Lik 23:8.) Sepandan, Jezi refize fè sa Ewòd ta renmen l fè a. Anfèt, toutpandan Ewòd ap poze l kesyon, li pa di yon mo. Kòm Ewòd pa jwenn sa l te vle a, li menm ansanm ak sòlda l yo pase Jezi “nan rizib”. (Lik 23:11.) Yo abiye l ak yon bèl rad pou pase l nan jwèt. Apre sa, li voye l tounen bay Pilat. Se konsa Ewòd ak Pilat, ki te ènmi, vin bon zanmi kounye a.

      Lè Jezi retounen, Pilat fè rele prèt an chèf yo, chèf juif yo ak pèp la, li di yo: “Mwen poze l kesyon devan nou, men, mwen pa jwenn anyen ki pwouve akizasyon nou lage sou do l yo. An reyalite, Ewòd pa jwenn anyen nonplis, paske li voye l tounen ban nou. Tande! misye pa fè anyen ki merite lanmò. Se sa k fè m ap pini l epi m ap lage l.” — Lik 23:14-16.

      Li anvi lage Jezi, paske li rann li kont se jalouzi ki fè prèt yo livre l ba li. Pandan Pilat kontinye ap chèche lage Jezi, li vin jwenn yon pi gwo rezon ki ta pouse l fè sa. Detan l chita nan tribinal la, madanm li voye di l: “Pa mele nan zafè mesye sa a, li inosan. Paske, mwen boulvèse anpil jodi a akoz yon rèv [sanble ki soti nan Bondye] mwen fè sou li.” — Matye 27:19.

      Piske Pilat konnen l ta dwe lage mesye sa a ki inosan, ki sa l pral fè?

      • Ki jan Jezi pale sou “laverite” konsènan wa li gen pou l vin wa a?

      • Ki sa Pilat te vin rive wè konsènan Jezi? Ki jan pèp la reyaji, e ki sa Pilat fè?

      • Poukisa Ewòd Antipas te kontan wè Jezi, e ki sa l fè avè l?

      • Poukisa Pilat vle lage Jezi?

  • Pilat di: “Gade! Men nonm nan!”
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi gen yon kouwòn pikan sou tèt li, yon rad ki gen koulè wouj vyolèt sou li, epi Pilat mennen l deyò a.

      CHAPIT 129

      Pilat di: “Gade! Men nonm nan!”

      MATYE 27:15-17, 20-30 MAK 15:6-19 LIK 23:18-25 JAN 18:39–19:5

      • PILAT ESEYE LIBERE JEZI

      • JUIF YO MANDE POU YO LAGE BARABAS

      • YO PASE JEZI NAN RIZIB E YO MALTRETE L

      Pilat di foul moun k ap chèche touye Jezi yo: “Mwen pa jwenn anyen ki pwouve akizasyon nou lage sou do l yo. An reyalite, Ewòd pa jwenn anyen nonplis.” ​(Lik 23:14, 15). Kounye a, Pilat ap eseye jwenn yon fason pou l lage Jezi, li sèvi ak yon lòt metòd, li di pèp la: “Nou gen koutim pou m lage yon moun pou nou nan moman fèt Pak la. Èske nou vle m lage Wa Juif yo pou nou?” — Jan 18:39.

      Pilat konnen gen yon prizonye yo rele Barabas, tout moun konnen se yon vòlè, yon moun k ap ankouraje moun leve kont gouvènman epi l se yon asasen tou. Se sa k fè Pilat mande yo: “Ki moun nou vle m lage pou nou, Barabas oswa Jezi, sila a yo rele Kris la?” Lefètke prèt an chèf yo chofe tèt pèp la, pèp la mande pou yo lage Barabas olye yo lage Jezi. Pilat mande yo ankò: “Kiyès nan yo de a nou vle m lage pou nou?” Foul la reponn byen fò: “Barabas.” — Matye 27:17, 21.

      Pilat santi l kontrarye, li mande: “Ebyen, ki sa m dwe fè ak Jezi, sila a yo rele Kris la?” Pèp la rele byen fò: “Mete l sou yon poto!” ​(Matye 27:22). Yo pran responsablite yo, yo mande pou yo touye yon moun ki inosan. Li mande yo: “Poukisa? Ki mal misye fè? Mwen pa wè l fè anyen ki merite lanmò. Se sa k fè m ap pini l epi m ap lage l.” — Lik 23:22.

      Malgre tout sa Pilat fè, foul moun yo ki te fache anpil kontinye ap di byen fò: “Mete l sou yon poto!” ​(Matye 27:23). Chèf relijye yo tèlman chofe foul la, moun yo fin dechennen, yo vle wè san! E se pa san kèk kriminèl, kèk asasen, men se san yon moun ki inosan yo te byen akeyi l antanke Wa lè l t ap antre Jerizalèm. Si disip Jezi yo la, ou mèt konnen yo ret an silans e yo met kò yo apa.

      Lè Pilat wè tout efò l fè yo pa bay anyen, men okontrè sa fè moun yo fè plis eskandal toujou, li pran dlo, li lave men l devan foul la, li di yo: “Mwen inosan nan lanmò mesye sa a. Se nou ki responsab san l.” Malgre sa, sa pa chanje atitid pèp la genyen. Olye de sa, yo di: “Se pou san l vin sou nou ak sou pitit nou.” — Matye 27:24, 25.

      Gouvènè a te plis vle satisfè foul la pase pou l fè sa l konnen ki jis. Se sa k fè, li lage Barabas, jan foul la te mande sa. Li fè retire rad sou Jezi epi li fè bat li ak kout fwèt.

      Apre yo fin tòtire Jezi, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout batayon sòlda yo rasanble, yo maltrete l plis toujou, yo trese yon kouwòn pikan e yo foure l nan tèt li. Yo mete yon wozo nan men dwat li e yo abiye l ak yon rad wouj vyolèt ki tankou rad wa konn abitye mete. Apre sa, yo pase l nan rizib, yo di l: “Bonjou, Wa Juif yo!” ​(Matye 27:28, 29). Epitou, yo krache sou li, yo ba l kalòt nan figi l. Yo pran wozo ki nan men l lan ki solid, yo sèvi avè l pou yo ba l kou nan tèt, sa ki lakòz pikan pwenti ki nan “kouwòn” yo met sou tèt li pou imilye l la antre pi fon nan po tèt li.

      Diyite ak kouraj estrawòdinè Jezi demontre parapò ak fason y ap maltrete l yo tèlman fè Pilat sezi, sa pouse l fè yon lòt tantativ pou l eseye retire chay sa a sou do l. Li di: “Gade! M ap mennen l deyò a pou nou dekwa pou nou ka konnen mwen pa jwenn anyen ki montre li koupab.” Èske Pilat panse lè moun yo wè Jezi apre yo fin tòtire l epi l ap senyen sa ap touche kè yo? Pandan Jezi kanpe devan foul moun sa yo ki san pitye, Pilat di byen fò: “Gade! Men nonm nan!” — Jan 19:4, 5.

      Malgre yo matirize l e malgre yo bat li byen bat, Jezi demontre yon diyite ak yon kalm ki fè menm Pilat dwe rekonèt, paske pawòl Pilat di yo sanble montre respè ak pitye.

      FWÈT

      Yon kòd pou bat moun.

      Men sa doktè William D. Edwards di nan yon jounal (The Journal of the American Medical Association) pou l esplike fason Women yo te konn abitye bat moun:

      “Yo te abitye sèvi ak yon fwèt kout (ki rele flagrum oubyen flagellum) ki gen plizyè branch ki fèt an po, ki pa menm longè, e pafwa yo te konn trese chak branch e yo te konn mare ti boul an fè oswa ti moso zo mouton byen file nan branch yo. [...] Tank sòlda women yo t ap frape fwèt sa a nan do viktim nan ak tout fòs yo, se tank ti boul an fè yo t ap metri chè a pa anndan, e se tank branch an po yo ak zo mouton yo t ap fann po moun nan ak chè l. Ansuit, tank yo t ap bat moun nan, se tank blese li genyen yo t ap antre pi fon rive jis nan mis ki kole ak zo l yo, e sa fè gen moso chè ki pandye k ap tranble e k ap senyen.”

      • Ki sa Pilat eseye fè pou l ka lage Jezi yon fason pou l eseye retire chay sa a sou do l?

      • Ki jan yo te konn abitye bat moun?

      • Apre yo fin bat Jezi, ki jan yo maltrete l ankò?

  • Li remèt yo Jezi e y al avè l pou yo touye l
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi pa ka pote poto soufrans lan ki lou, e sòlda yo bay Simon, yon moun Sirèn, lòd pou l pote poto a pou Jezi.

      CHAPIT 130

      Li remèt yo Jezi e y al avè l pou yo touye l

      MATYE 27:31, 32 MAK 15:20, 21 LIK 23:24-31 JAN 19:6-17

      • PILAT ESEYE LAGE JEZI

      • YO KONDANE JEZI E Y AL AVÈ L POU YO TOUYE L

      Malgre yo te maltrete Jezi e yo te pase l nan rizib, tout efò Pilat te fè pou lage Jezi yo pa brannen prèt an chèf yo ak moun ki te avè yo. Yo pa vle anyen anpeche yo fè yo touye Jezi. Yo kontinye rele byen fò: “Kloure l sou yon poto! Kloure l sou yon poto!” Pilat reponn: “Pran l nou menm epi egzekite l, paske mwen pa jwenn anyen ki montre li koupab.” — Jan 19:6.

      Akizasyon politik Juif yo met sou do Jezi yo pa rive konvenk Pilat kòmkwa Jezi merite mouri. Men, e si se ta pou zafè relijyon yo t ava akize Jezi? Yo retounen ak yon akizasyon blasfèm yo te lage sou do Jezi devan Sanedren an, yo di: “Nou gen yon lwa, e dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.” ​(Jan 19:7). Se premye fwa Pilat tande akizasyon sa a.

      Li retounen nan palè l, e li eseye jwenn yon fason pou l lage mesye sa a yo te maltrete yo fason ki di, e ki se moun rèv madanm Pilat te fè a te gen rapò avè l la (Matye 27:19). Ki sa n ka di konsènan nouvo akizasyon sa a Juif yo lage sou do prizonye a, kòmkwa li se “pitit Bondye”? Pilat konnen Jezi se moun Galile (Lik 23:5-7). Men, li mande Jezi: “Ki kote w soti?” ​(Jan 19:9). Èske Pilat t ap mande tèt li si Jezi t ap viv anvan sa, e nan yon sans, li ta soti bò kot Bondye?

      Pilat te tande Jezi k ap di ak bouch li li se wa men Wayòm li an pa fè pati monn nan. Etandone sa pap itil anyen pou Jezi ba l esplikasyon sou sa l te di anvan an, Jezi ret an silans. Pilat santi l vekse poutèt Jezi pa reponn, li fache sou Jezi, li di l: “Apa w refize pale avè m? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m lage w oswa pou m fè egzekite w?” — Jan 19:10.

      Jezi annik di l: “Ou pa t ap gen okenn pouvwa sou mwen si Bondye nan syèl la pa t pèmèt sa. Se sa k fè moun ki livre m ba ou a fè yon pi gwo peche.” ​(Jan 19:11). Sanble Jezi se pa yon sèl moun li gen nan lespri l lè l di pawòl sa a. Men, li vle di Kayif ak akolit li yo, Jida Iskaryòt pi koupab pase Pilat.

      Fason Jezi aji ak pawòl Jezi yo fè Pilat sezi anpil, li vin pi pè toujou paske li panse se kapab bò kote Bondye Jezi soti vre. Se poutèt sa li fè efò ankò pou l lage l. Sepandan, Juif yo fè Pilat pi pè toujou. Yo menase l, yo di: “Si w lage mesye sa a, ou pa zanmi Seza. Yon moun ki fè tèt li pase pou wa, moun sa a kont Seza.” — Jan 19:12.

      Gouvènè a mennen Jezi deyò a ankò. Li chita sou chèz li a, li di pèp la: “Gade! Men wa nou an!” Men, Juif yo pa okipe Pilat. Yo di byen fò: “Elimine l! Elimine l! Kloure l sou yon poto!” Pilat di: “Èske se pou m egzekite wa nou an?” Juif yo gen lontan depi y ap soufri anba dominasyon Women an, men malgre sa, prèt an chèf yo reponn: “Nou pa gen lòt wa apa Seza.” — Jan 19:14, 15.

      Pilat pran nan presyon Juif yo ba li, epi li bay Jezi pou yo touye l. Sòlda yo pran rad wouj vyolèt Jezi gen sou li a, e yo mete rad pa l yo sou li. Pandan y ap mennen Jezi ale, yo fè l pote poto soufrans lan.

      Kounye a, nou nan vandredi 14 Nizan an nan maten. Depi jedi granmmaten, Jezi sou de pye l e y ap fè l sibi gwo soufrans san rete. Pandan Jezi ap redi pou l pote poto a, li vin pa gen fòs ankò. Se sa k fè, detan yon mesye ki rele Simon, moun Sirèn, yon kote ann Afrik, ap pase, yo ba l lòd pou l pote poto a ale kote yo konn egzekite moun nan. Gen anpil moun k ap suiv yo, gen kèk ki t ap frape lestomak yo tèlman yo te nan lapenn e yo t ap rele pou Jezi.

      Jezi di medam yo ki te nan lapenn: “Pitit fi Jerizalèm, sispann kriye pou mwen. Kriye pou tèt nou pito ak pou pitit nou yo. Paske, gade! gen jou k ap rive kote moun pral di: ‘Byennere fi ki pa ka fè pitit yo, fi ki pa t fè pitit yo e ki pa t bay pitit tete yo!’ Lè sa a, y ap di mòn yo: ‘Tonbe sou nou!’ e y ap di ti mòn yo: ‘Kouvri nou!’ Si yo fè bagay sa yo lè pyebwa a vèt, sa k ap pase lè l vin sèch?” — Lik 23:28-31.

      Jezi ap pale konsènan nasyon juif la. Nasyon sa a sanble ak yon pyebwa k ap mouri men ki gen vi ladan l toujou, paske Jezi la avèk yo e gen kèk Juif ki kwè nan li ki la tou. Men, lè moun sa yo pa la nan nasyon an ankò, sa k ap rete sèlman nan domèn espirityèl se yon pyebwa ki mouri, wi, se yon nasyon ki sèch k ap rete. Y ap vrèman gen rezon pou yo kriye lè Bondye pral sèvi ak lame women an pou l detwi nasyon juif la.

      • Ki akizasyon chèf relijye yo lage sou do Jezi?

      • Poukisa Pilat vin pi pè toujou?

      • Finalman, ki jan prèt an chèf yo rive fè Pilat livre Jezi pou y al egzekite l?

      • Ki sa Jezi vle di lè l di pyebwa a “vèt” e annapre li “sèch”?

  • Yon wa ki inosan k ap soufri sou yon poto
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi fè kriminèl ki bò kote l la pwomès sa a: “W ap avè m nan Paradi a.”

      CHAPIT 131

      Yon wa ki inosan k ap soufri sou yon poto

      MATYE 27:33-44 MAK 15:22-32 LIK 23:32-43 JAN 19:17-24

      • YO KLOURE JEZI SOU YON POTO SOUFRANS

      • SA YO EKRI SOU PANKAT KI ANLÈ TÈT JEZI A FÈ Y AP PASE L NAN RIZIB

      • JEZI PWOMÈT LAVI NAN PARADI SOU TÈ A

      Yo mennen Jezi yon kote ki pa lwen vil la, kote yo pral egzekite li menm ak de bandi. Yo rele kote sa a Gòlgota oubyen Plas Zo Tèt, se yon kote yon moun te ka “ret nan yon distans ap gade”. — Mak 15:40.

      Yo retire rad sou toule twa mesye sa yo ki kondane. Apre sa, yo ba yo diven ki melanje ak yon dwòg ki rele lami e ki melanje ak myèl. Sanble, se medam Jerizalèm yo ki prepare l, e Women yo pa gen pwoblèm pou yo bay moun yo pral egzekite yo bwason sa a ki kalme doulè. Men, lè Jezi goute l, li refize bwè l. Poukisa? Sandout se paske li vle rete ak tout bonsans li diran gwo eprèv sa a epi li vle rete fidèl jiskaske l mouri.

      Yo mete Jezi kouche sou poto a (Mak 15:25). Sòlda yo kloure men l ak pye l. Piske klou yo pèse chè l ak ligaman yo sa lakòz li nan gwo soufrans. Lè yo met poto a kanpe, doulè a ap koupe souf li, paske pwa kò l fè klou yo chire kote yo antre a. Epoutan, olye Jezi menase sòlda women yo, li priye pito, li di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” — Lik 23:34.

      Women yo gen abitid mete yon pankat ki ekri krim kriminèl la te fè a. Fwa sa a, Pilat mete yon pankat sou poto a ki ekri: “Jezi, moun Nazarèt la, Wa Juif yo.” Yo ekri pankat sa a ann ebre, an laten e an grèk yon fason pou tout moun ka li l. Pilat fè sa paske li pa kontan poutèt Juif yo fòse l kondane Jezi amò. Prèt an chèf yo santi yo kontrarye, y ap plede di: “Pa ekri: ‘Wa Juif yo’, men ekri pito li di: ‘Mwen se Wa Juif yo.’” Sepandan, Pilat pa vle yo fè l sèvi maryonèt ankò, li reponn yo: “Sa m ekri a m ekri l nèt.” — Jan 19:19-22.

      Prèt yo ki fache anpil retounen ak fo temwayaj yo te bay nan moman Sanedren an t ap jije Jezi a. Se pa etonan lè moun k ap pase yo kòmanse ap manke l dega, y ap souke tèt yo pou yo pase l nan rizib, yo di: “Woy! Ou menm ki t apral kraze tanp lan pou w rebati l nan twa jou, se pou w desann poto soufrans lan pou w sove tèt ou.” Menm jan an tou, prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo di youn lòt: “Se pou Kris la, Wa Izrayèl la, desann poto soufrans lan kounye a, pou nou ka wè pou nou kwè.” ​(Mak 15:29-32). Ata bandi yo ki te sou bò goch li a ak sa k te sou bò dwat li a ap manke l dega, malgre se sèl Jezi ki inosan.

      Kat sòlda women yo tonbe pran plezi sou Jezi tou. Petèt yo t ap bwè vinèg, se sa k fè sanble pou yo pase l nan rizib yo lonje l bay Jezi. Li klè, Jezi pa t ap ka rive pran l pou l ta bwè menm yon ti gout ladan l. Women yo sèvi ak sa ki ekri sou pankat ki anlè tèt Jezi a pou yo pase l nan rizib, yo di: “Si w se wa Juif yo, se pou w sove tèt ou.” ​(Lik 23:36, 37). Imajine sa! Moun ki te pwouve li se chemen an, verite a ak lavi a kounye a ap sibi move tretman e y ap pase l nan rizib. Malgre sa, li aksepte tout soufrans sa yo san l pa blame Juif k ap gade l yo, sòlda women yo k ap pase l nan rizib yo ak de bandi ki bò kote l yo.

      Sòlda yo k ap fè tiraj osò ak rad ki pa anba rad ki te sou Jezi a.

      Kat sòlda yo pran rad ki te sou Jezi yo, yo separe yo fè kat moso. Yo fè tiraj osò ak yo pou yo wè pou kiyès y ap ye. Men, rad li te gen pa anba rad ki te sou li yo, se yon rad bon kalite, “rad sa a te san kouti, se te yon sèl pyès, soti anwo rive anba”. Men ki rezònman sòlda yo fè: “Nou pap chire l. Annou fè tiraj osò avè l pito pou nou wè pou kiyès l ap ye.” Konsa, yo akonpli yon pasaj nan ekriti yo ki di: “Yo separe rad mwen yo antre yo, e yo fè tiraj osò pou rad mwen an.” — Jan 19:23, 24; Sòm 22:18.

      Rive yon moman, youn nan bandi yo vin rann li kont genlè Jezi se yon wa vre. Se sa k fè li reprimande bandi parèy li a, li di l: “Ou pa krenn Bondye ditou ou menm, alòske w resevwa menm santans avè l? Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa egzakteman sa nou merite pou sa nou fè, men mesye sa a pa fè anyen ki mal.” Apre sa, li sipliye Jezi, li di: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” — Lik 23:40-42.

      Jezi reponn: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avè m nan Paradi a.” Jezi pa t di l li t ap avè l nan Wayòm nan, men “nan Paradi a”. (Lik 23:43.) Pwomès sa a pa menm ak pwomès li te fè apot yo kote yo t ap gen pou yo chita sou twòn avè l nan Wayòm nan (Matye 19:28; Lik 22:29, 30). Sepandan, etandone kriminèl sa a se yon Juif petèt li te deja tande pale konsènan Paradi sou tè a Jewova te vle depi okòmansman pou Adan, Èv ak pitit pitit yo viv ladan l lan. Kounye a, bandi sa a mèt mouri ak esperans li vin genyen an.

      • Poukisa Jezi refize bwè diven yo ofri l la?

      • Ki pankat yo met anlè tèt Jezi, e ki jan Juif yo reyaji lè yo wè l?

      • Ki jan sa yo fè ak rad Jezi yo akonpli yon pwofesi?

      • Ki bèl avni Jezi mete devan youn nan kriminèl yo?

  • “Vrèmanvre, mesye sa a te Pitit Bondye”
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Lè Jezi fin mouri sou poto a bò kote de bandi yo, gen yon sòlda ki di: “Vrèmanvre, mesye sa a te Pitit Bondye.”

      CHAPIT 132

      “Vrèmanvre, mesye sa a te Pitit Bondye”

      MATYE 27:45-56 MAK 15:33-41 LIK 23:44-49 JAN 19:25-30

      • JEZI MOURI SOU POTO A

      • KÈK EVÈNMAN ETRANJ KI RIVE PANDAN JEZI AP MOURI

      Kounye a nou nan “sizyèm èdtan” an sa vle di li midi. Vin gen yon gwo fènwa ki blayi “sou tout peyi a rive jis nevyèm èdtan an”, sa vle di twazè nan aprèmidi (Mak 15:33). Se pa yon eklips solè ki lakòz sa, etandone se sèlman lè gen nouvèl lin ka gen eklips, e nan moman fèt Pak la se plèn lin ki genyen. Anplis de sa, fènwa sa a dire plis tan lontan pase yon eklips solè ki ka dire kèk minit sèlman. Donk, se Bondye ki lakòz fènwa sa a!

      Imajine efè sa dwe te gen sou moun ki t ap moke Jezi yo. Pandan fènwa a, kat medam yo anpalan de manman Jezi, Salome, Mari, moun Magdala, ansanm ak Mari, manman apot Jak Pi Piti a, vin toupre poto Jezi a.

      Apot Jan ansanm avèk manman Jezi ki nan gwo lapenn kanpe “toupre poto a”. Pou manman Jezi, se kòmsi gen “yon epe byen long” ki antre nan zantray li pandan l ap gade pitit gason l lan li te bay tete e li te pran swen an pandye la nan yon gwo soufrans (Jan 19:25; Lik 2:35). Epoutan, Jezi pa panse ak soufrans pa l, men se ak manman l l ap panse. Li fè gwo efò pou l fè yon mouvman ak tèt li nan direksyon Jan, epi li di manman l: “Gade! Men pitit gason w!” Apre sa, li fè yon mouvman ak tèt li nan direksyon Mari, epi li di Jan: “Gade! Men manman w!” — Jan 19:26, 27.

      Donk, Jezi bay apot li renmen anpil la pran swen manman l sanble ki vèv kounye a. Li fè sa, paske lòt pitit gason Mari yo poko demontre lafwa nan li. Konsa, Jezi bay yon bèl egzanp lè li pran dispozisyon pou manman l jwenn sa l bezwen nonsèlman nan domèn materyèl, men tou nan domèn espirityèl.

      Lè fènwa a prèske rive nan bout li, Jezi di: “Mwen swaf.” Konsa li akonpli yon pasaj nan Ekriti yo (Jan 19:28; Sòm 22:15). Nan yon sans, Jezi santi Papa l retire pwoteksyon l sou li, dekwa pou entegrite l ka pase anba eprèv nan dènye limit. Se sa k fè Kris rele byen fò, petèt ann arameyen, yon dyalèk yo pale nan Galile. Li di: “Eli, Eli, lama sabaktani?”, ki vle di: “Bondye m nan, Bondye m nan, poukisa w abandone m?” Gen kèk moun ki toupre a ki pa konprann sa l di a e yo di: “Tande! Men l ap rele Eli.” Menm kote a, youn nan yo kouri tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon wozo e l al ba li l pou l bwè. Men, lòt moun yo di: “Kite l! Ann wè si Eli ap vin desann li sou poto a.” — Mak 15:34-36.

      Apre sa, Jezi rele byen fò, li di: “Sa reyalize!” ​(Jan 19:30). Wi, li te akonpli tout sa Papa l te voye l fè sou tè a. Finalman, Jezi di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” ​(Lik 23:46). Konsa, Jezi remèt Bondye fòs lavi li genyen an avèk konfyans Bondye ap remèt li l. Avèk yon konfyans total nan Bondye, li bese tèt li epi l mouri.

      Nan moman Jezi rann dènye souf li, gen yon gwo tranblemanntè ki fèt, epi mas wòch yo fann. Tranblemanntè a tèlman fò, tonm yo ki deyò vil Jerizalèm kraze, yo ouvè e kadav yo sot anndan yo. Gen moun k ap pase ki wè kadav yo atè, yo antre nan “vil ki sen an” al rakonte sa. — Matye 12:11; 27:51-53.

      Anplis de sa, lè Jezi mouri, gwo rido long ki separe pati nan tanp Bondye a ki rele Sen an ak pati ki rele Trèsen an fann an de, soti anlè rive anba. Bondye fè mirak etonan sa a nonsèlman pou l montre li an kòlè kont moun ki touye Pitit li a, men tou pou l fè konnen wout ki mennen anndan Trèsen an, sètadi syèl la menm, vin ouvri kounye a grasa lanmò Jezi. — Ebre 9:2, 3; 10:19, 20.

      Nou ka konprann rezon ki fè moun yo pè anpil. Ofisye ki responsab pou fè egzekisyon an di: “Vrèmanvre, mesye sa a te Pitit Bondye.” ​(Mak 15:39). Petèt li te la lè yo t ap diskite sou kesyon pou konnen si Jezi se Pitit Bondye a, nan moman Pilat t ap jije Jezi. Men, kounye a, ofisye a gen konviksyon Jezi se yon moun ki jis, anfèt, li se Pitit Bondye a.

      Gen lòt moun tou ki sezi lè yo wè mirak sa yo, yo kòmanse retounen lakay yo, e yo t ap “frape lestomak yo”, sa ki montre yo nan gwo tristès e yo wont (Lik 23:48). Anpil nan medam ki te konn vwayaje ansanm avè l yo ret byen lwen ap suiv sa k ap pase a, sa boulvèse yo anpil lè yo wè evènman estrawòdinè sa yo.

      “SOU YON POTO”

      Ènmi Jezi yo di byen fò: “Kloure l sou yon poto!” ​(Jan 19:15). Mo grèk lè yo tradui l ki bay “poto” a nan istwa ki nan Evanjil yo se stowòs. Men sa yon liv (History of the Cross) fè konnen: “Stowòs vle di ‘yon poto ki tou dwat’, yon gwo poto, menm jan ak sa moun ki konn travay jaden yo konn fouye nan tè pou fè kloti, li pa plis li pa mwens.”

      • Poukisa se pa yon eklips solè ki lakòz twazèdtan fènwa a?

      • Ki bèl egzanp Jezi kite pou moun ki gen paran yo ki granmoun?

      • Ki sa tranblemanntè a lakòz, e ki sans sa genyen lefètke rido tanp lan fann an de?

      • Ki efè lanmò Jezi ak lòt evènman ki rive yo genyen sou moun ki te la yo?

  • Yo prepare kò Jezi e yo mete l nan tonm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Yo prepare kò Jezi pou antèman l.

      CHAPIT 133

      Yo prepare kò Jezi e yo mete l nan tonm

      MATYE 27:57–28:2 MAK 15:42–16:4 LIK 23:50–24:3 JAN 19:31–20:1

      • YO RETIRE KÒ JEZI SOU POTO A

      • YO PREPARE KÒ L POU ANTÈMAN L

      • MEDAM YO JWENN TONM NAN VID

      Li byen ta nan aprèmidi jou vandredi 14 Nizan an, e saba 15 Nizan an pral kòmanse nan moman solèy la kouche. Jezi gentan mouri, men de bandi ki bò kote l yo toujou vivan. Selon Lalwa, yo “pa dwe kite [kò yon moun mouri] pase nuit lan sou poto a”, men, olye de sa, yo te dwe antere kò a “menm jou a”. — Detewonòm 21:22, 23.

      Anplis de sa, yo rele vandredi jou Preparasyon paske se nan jou sa a yo prepare manje e yo fin fè tout lòt travay ki ijan ki pa ka tann jis apre saba. Lè solèy fin kouche, saba doub la oswa “gran” saba a kòmanse (Jan 19:31). Yo rele l konsa, paske 15 Nizan, sètadi premye jou fèt Pen san ledven an ki dire sèt jou, se toujou yon saba (Levitik 23:5, 6). Fwa sa a, premye jou sa a tonbe menm jou ak saba nòmal la, ki toujou tonbe setyèm jou a.

      Se poutèt sa Juif yo mande Pilat pou l fè yon jan pou l fè Jezi ak de bandi ki bò kote l yo mouri pi vit. Ki jan sa ap rive fèt? Lè yo kase janm yo. Sa ap fè li vin enposib pou yo sèvi ak janm yo pou kenbe pwa kò yo yon fason pou yo respire. Sòlda yo vini e yo kase janm de bandi yo. Men, etandone Jezi gentan mouri, yo pa kase janm li yo. Sa reyalize pawòl ki nan Sòm 34:20 an ki di: “Li pwoteje tout zo l. Pa gen youn nan yo ki kase.”

      Pou yo ka sèten Jezi mouri vre, youn nan sòlda yo pèse bò kòt li ak yon lans. Lans lan antre bò kè l, “e menm kote a san ak dlo soti”. (Jan 19:34.) Sa reyalize yon lòt pasaj nan Ekriti yo ki di: “Y ap gade sila a yo te pèse a.” — Zakari 12:10.

      Jozèf, moun vil Arimate, “yon mesye rich” e ki se yon moun yo respekte anpil nan Sanedren an, te la tou lè yo t ap egzekite Jezi (Matye 27:57). Yo pale de li kòm “yon bon moun e li te konn fè sa ki dwat”, li “t ap tann Wayòm Bondye a”. Anfèt, etandone li “te yon disip Jezi an kachèt paske li te pè Juif yo”, li pa t soutni tribinal la nan jijman yo te fè kont Jezi a (Lik 23:50; Mak 15:43; Jan 19:38). Jozèf ranmase kouraj li, l al kot Pilat pou l mande l kò Jezi. Pilat fè rele ofisye ki te responsab egzekisyon an, e lè ofisye a fin fè konnen Jezi mouri, Pilat bay Jozèf kò a.

      Jozèf achte twal len bon kalite ki pwòp, e li desann kò Jezi sou poto a. Li vlope kò a nan twal len an pou prepare l pou antèman. Gen Nikodèm, “ki te vin kot Jezi lannuit premye fwa a”, ki te vini pou ede tou (Jan 19:39). Li pote yon woulo ki gen anviwon san liv (33 kilogram) lami ak lalwa ki koute chè. Yo vlope kò Jezi nan twal ki gen pwodui sa yo ki santi bon, jan Juif yo abitye prepare kadav pou antèman.

      Yo depoze kò Jezi nan yon tonm tounèf Jozèf genyen yo fouye nan wòch nan yon jaden ki pa twò lwen. E yo woule yon gwo wòch devan bouch tonm nan. Pou yo fè antèman an anvan saba, yo prepare kò a byen vit. Se sa k fè Mari, moun Magdala, ak Mari, manman Jak pi piti a, petèt ki t ap ede fè preparasyon an kouri al lakay yo pou y al “prepare fèy santi bon ansanm ak luil santi bon” pou yo kontinye okipe kò Jezi apre saba. — Lik 23:56.

      Nan demen, jou saba a, prèt an chèf yo ak Farizyen yo al kot Pilat e yo di l: “Nou sonje lè blofè sa a te vivan, li te di: ‘Apre twa jou m gen pou m leve.’ Kidonk, bay lòd pou yo met sekirite devan tonm nan rive jis nan twazyèm jou a, pou disip li yo pa vin vòlè kò a, apre sa pou y al di pèp la: ‘Bondye leve l sot nan lanmò!’ Blòf sa a ap pi rèd pase premye a.” Pilat di yo: “Nou ka pran yon gwoup sòlda pou n al met veye tonm nan byen veye.” — Matye 27:63-65.

      Dimanch, byen bonè nan maten, Mari, moun Magdala, ak Mari, manman Jak, ansanm ak kèk lòt medam, pote pwodui santi bon nan tonm nan pou yo prepare kò Jezi. Youn ap di lòt: “Kiyès ki pral woule wòch la sot devan bouch tonm nan pou nou?” ​(Mak 16:3). Men, te gen yon tranblemanntè ki te fèt. Anplis de sa, te gen yon zanj Bondye ki te woule wòch la sou kote, sòlda yo t ale e tonm nan te vid!

      • Poukisa vandredi se jou Preparasyon an, e poukisa li se yon “gran” saba?

      • Ki wòl Jozèf ak Nikodèm jwe nan antèman Jezi, e ki relasyon yo te gen ak Jezi?

      • Ki sa prèt yo vle ki pou fèt, men ki sa k rive dimanch byen bonè nan maten?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje