BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Tonm nan vid, Jezi vivan!
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Medam yo choke lè yo jwenn tonm kote kò Jezi te ye a vid.

      CHAPIT 134

      Tonm nan vid, Jezi vivan!

      MATYE 28:3-15 MAK 16:5-8 LIK 24:4-12 JAN 20:2-18

      • BONDYE RESISITE JEZI

      • SA K PASE LÈ YO RIVE NAN TONM KOTE KÒ JEZI TE YE A

      • LI PARÈT DEVAN PLIZYÈ MEDAM

      Se pa ti chòk sa ye pou medam yo pou yo jwenn tonm nan vid! Mari, moun Magdala a, kouri al kot “Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te gen afeksyon pou li a” sa vle di apot Jan (Jan 20:2). Sepandan, lè lòt medam yo al nan tonm nan yo wè yon zanj. Lè yo antre anndan tonm nan yo jwenn yon lòt zanj ki “abiye ak yon wòb blan ki long”. — Mak 16:5.

      Gen youn nan zanj yo ki di: “Nou pa bezwen pè, paske mwen konnen se Jezi yo te kloure sou poto a n ap chèche. Li pa isit la, paske, jan l te di a, Bondye leve l sot nan lanmò. Vin wè kote yo te depoze l la. Epi, fè vit al di disip li yo Bondye leve l sot nan lanmò, li pran devan l al Galile.” ​(Matye 28:5-7). Se sa k fè medam yo “t ap tranble e yo te sezi anpil”, yo kouri al bay disip yo nouvèl la. — Mak 16:8.

      Pandan tan sa a, Mari jwenn Pyè ak Jan, li bouke anpil epi li di yo: “Yo retire Seyè a nan tonm nan, e nou pa konn kote yo mete l.” ​(Jan 20:2). Pyè ak Jan kouri y ale. Jan kouri pi vit, e li rive bò tonm nan anvan. Li voye je l li gade li wè bandaj yo, men li rete deyò.

      Lè Pyè rive, li antre anndan an san ezite. Li wè twal yo te vlope kò Jezi a depoze yon kote, e li wè twal yo te vlope tèt Jezi a tou. Kounye a, Jan antre nan tonm nan, e lè sa a li kwè sa Mari te di a. Men, ni Pyè ni Jan pa rive konprann Jezi leve, menm lè Jezi te toujou di yo li gen pou l leve (Matye 16:21). Yo toule de yon ti jan twouble, yo retounen lakay yo. Men, Mari, ki te retounen nan tonm nan, rete la.

      Pandan tan sa a, lòt medam yo ap prese pou y al di disip yo Jezi resisite. Pandan y ap kouri, Jezi rankontre avèk yo, li di: “Bonjou!” Medam yo lage kò yo nan pye l, e “yo pwostène devan l”. Apre sa, Jezi di: “Nou pa bezwen pè. Al pot nouvèl la bay frè m yo pou yo ka al Galile. Se la y ap wè m.” — Matye 28:9, 10.

      Yon ti tan anvan sa, lè tranblemanntè a te fèt epi zanj yo te parèt la, sòlda ki t ap veye tonm nan “te pran tranble e yo te vin tankou moun ki mouri”. Kou yo reprann yo, y al nan vil la tousuit “[y] al rakonte prèt an chèf yo tout sa k te pase”. Apre prèt an chèf yo fin pale ak ansyen pami Juif yo, yo pran desizyon pou yo eseye kache sa k rive a, konsa yo bay sòlda yo kòb pou yo pa pale. Yo di yo pou yo di: “Pandan nou t ap dòmi, disip li yo vini nan nuit lan, yo vòlè kò a.” — Matye 28:4, 11, 13.

      Piske pinisyon sòlda women yo ka resevwa poutèt y ap dòmi sou pòs yo se lanmò, men pwomès prèt yo fè: “Si pawòl sa a [manti yo bay kòmkwa yo t ap dòmi an] rive nan zòrèy gouvènè a, n ap esplike l sa k te pase, epi nou pap bezwen bay tèt nou pwoblèm.” ​(Matye 28:14). Etandone yo te bay sòlda yo kòb pou yo pa pale, yo fè sa prèt yo te ba yo lòd pou yo di a. Sa vin lakòz manti ki fè kwè yo vòlè kò Jezi a vin gaye nèt nan mitan Juif yo.

      Mari, moun Magdala, ret pa deyò tonm nan. Tristès anvayi l. Li panche pou l gade anndan tonm nan, li wè de zanj abiye an blan ki parèt. Youn chita kote tèt Jezi te ye a e lòt la chita kote pye l te ye a. Yo mande Mari: “Madanm, poukisa w ap kriye?” Mari reponn: “Yo retire Seyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete l.” Mari vire, li wè yon lòt moun. Moun Mari wè a poze l menm kesyon zanj lan te poze l la, li di l: “Kiyès w ap chèche?” Mari panse se moun ki konn pran swen jaden an, li di l: “Mesye, si se ou ki retire l, di m ki kote w mete l, m a al pran l.” — Jan 20:13-15.

      Nan moman sa a, Mari ap pale ak Jezi ki te resisite, men li pa wè si se li. Sepandan, lè Jezi di: “Mari!” Mari wè se Jezi, paske se konsa li abitye pale avè l. Mari kontan anpil, li di: “Rabouni!” ​(ki vle di: “Anseyan!”). Men, li pè pou Jezi pa monte nan syèl la, li kouri kenbe l. Se sa k fè Jezi di l: “Sispann kenbe m, paske mwen poko monte kot Papa m. Men, al kot frè m yo, di yo: ‘M ap monte kot Papa m, ki Papa nou tou, kot Bondye m, ki Bondye nou tou.’” — Jan 20:16, 17.

      Mari kouri al kot apot yo ak lòt disip yo kote yo rasanble a. Anplis de sa lòt medam yo deja di yo, li di yo: “Mwen wè Seyè a!” ​(Jan 20:18). Men, sa yo di yo a “pa t sanble gen sans pou yo”. — Lik 24:11.

      • Apre Mari, moun Magdala, fin jwenn tonm nan vid, ki sa l fè? Ki sa k rive pandan lòt medam yo la?

      • Ki jan Pyè ak Jan reyaji lè yo wè tonm nan vid?

      • Kiyès medam yo rankontre pandan yo sou wout pou y al kot disip yo, e ki sa k rive yon lòt fwa ankò lè Mari, moun Magdala, ret poukont li bò tonm nan?

      • Ki jan disip yo reyaji devan sa medam yo vin di yo?

  • Jezi resisite e li parèt devan anpil moun
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi resisite e li parèt devan Toma.

      CHAPIT 135

      Jezi resisite e li parèt devan anpil moun

      LIK 24:13-49 JAN 20:19-29

      • JEZI PARÈT SOU WOUT EMAYIS

      • LI KONTINYE EDE DISIP LI YO KONPRANN EKRITI YO PI BYEN TOUJOU

      • TOMA SISPANN GEN DOUT

      Nan dimanch 16 Nizan, disip yo dekouraje. Yo pa rive konprann sa k fè tonm nan vid (Matye 28:9, 10; Lik 24:11). Se konsa, pita nan menm jou a, Kleyopas ak yon lòt disip sot Jerizalèm pou y al Emayis ki nan yon distans anviwon 11 kilomèt.

      Detan yo sou wout, y ap pale sou bagay ki sot rive a, epi gen yon moun yo pa rekonèt ki vin ap fè wout la avèk yo. Li mande yo: “Sou ki sa n ap pale pandan n ap mache a?” Kleyopas reponn: “Èske w se yon etranje k ap viv poukont ou Jerizalèm ki fè w pa konnen sa k te pase nan vil sa a nan jou sa yo?” Moun nan mande yo: “Ki sa k te pase?” — Lik 24:17-19.

      Yo reponn: “Bagay ki gen rapò ak Jezi, moun Nazarèt la [...]. Nou te gen espwa se mesye sa a ki t apral delivre Izrayèl.” — Lik 24:19-21.

      Kleyopas ak disip ki avè l la esplike moun nan evènman estrawòdinè ki pase jou sa a. Yo di l gen kèk medam ki t al nan tonm nan kote kò Jezi te ye a, yo jwenn tonm nan vid. E yo di l medam sa yo te temwen yon evènman etranj kote zanj yo te parèt e yo te fè medam yo konnen Jezi vivan. Yo fè mesye a konnen gen lòt moun ki t al nan tonm nan tou e yo te “jwenn bagay yo jan medam yo te di a”. — Lik 24:24.

      Li klè, de disip yo nan konfizyon konsènan sa k te pase a. Mesye a reponn yo avèk otorite pou l korije move fason yo panse a ki gen efè sou kè yo, li di yo: “O! Gad ki jan nou manke konprann e nou mal pou kwè tout bagay pwofèt yo te di yo! Èske Kris la pa t gen pou l te pase anba bagay sa yo pou l te ka jwenn glwa?” ​(Lik 24:25, 26). Apre sa, li entèprete plizyè pasaj nan Ekriti yo ki gen rapò ak Kris la.

      Finalman, yo toule twa rive toupre Emayis. Men, kòm de disip yo ta renmen konn plis bagay toujou, yo mande mesye a yon bagay, yo di l: “Ret avèk nou, paske li prèske lannuit, solèy fin kouche.” Donk, li rete pou l manje avèk yo. Lè l fin priye, li kase pen an e li lonje l ba yo, lè sa a yo vin wè se Jezi. Men lè sa a, li disparèt (Lik 24:29-31). Kounye a, yo vin konnen Jezi vivan toutbonvre!

      De disip yo vrèman kontan pale sou sa k sot rive yo a: “Èske nou pa t santi tankou se yon dife ki t ap boule nan kè nou pandan l t ap pale avèk nou sou wout la, lè li t ap byen esplike nou Ekriti yo?” ​(Lik 24:32). Menm kote a, yo kouri tounen Jerizalèm, e yo jwenn apot yo ak lòt disip yo ki te ansanm avèk yo. Kleyopas ak disip ki te avè l la poko menm pale, lòt disip yo kouri di yo: “Se toutbon Seyè a leve wi, e li te parèt devan Simon!” ​(Lik 24:34). Lè sa a, yo toule de rakonte jan Jezi te parèt devan yo tou. Wi, yo toule de wè Jezi ak de je yo.

      Kounye a yo tout vin sezi. Jezi parèt nan chanm nan! Sa sanble enposib paske yo te take pòt la poutèt yo pè Juif yo. Kounye a, Jezi kanpe la nan mitan yo. Avèk kalm Jezi di yo: “Lapè avèk nou.” Men, yo panike e “yo te panse se yon espri ki parèt sou yo” menm jan yo te panse sa anvan sa. — Lik 24:36, 37; Matye 14:25-27.

      Pou Jezi pwouve se pa yon aparisyon li ye oswa se pa jis yon bagay yo imajine li ye men li gen kò moun toutbon, li montre yo men l ak pye l, li di yo: “Poukisa nou boulvèse e poukisa nou kòmanse gen dout nan kè nou? Gade men m ak pye m. Se mwen menm. Manyen m pou nou wè, paske yon espri pa gen chè ak zo jan nou wè mwen genyen an.” ​(Lik 24:36-39). Yo te kontan anpil e yo te sezi, men yo te yon ti jan pa fin kwè toujou.

      Pou Jezi ka fè yo konprann se li menm vre, li di: “Ki sa nou gen la a pou moun manje?” Yo ba l yon moso pwason boukannen e li manje l, apre sa li di: “Sonje lè m te avèk nou [anvan m te mouri], mwen te di nou pawòl sa yo yon fason pou tout bagay ki ekri sou mwen nan Lwa Moyiz la, nan pawòl pwofèt yo te ekri yo ak nan Sòm yo ka akonpli.” — Lik 24:41-44.

      Jezi te ede Kleyopas ak moun ki te avè l la konprann Ekriti yo e se sa l ap fè kounye a pou tout moun ki la yo, li di: “Men sa ki ekri: Kris la gen pou l soufri e li gen pou l leve sot nan lanmò sou twazyèm jou a, e se nan non l y ap gen pou yo preche yon mesaj repantans nan tout nasyon pou moun ka jwenn padon pou peche yo fè, kòmanse depi Jerizalèm. Nou gen pou nou bay temwayaj sou bagay sa yo.” — Lik 24:46-48.

      Pou yon rezon kèlkonk, Toma pa t la. Nan jou ki vin apre yo, lòt disip yo kontan pou yo di l: “Nou wè Seyè a!” Toma reponn: “Si mwen pa wè mak klou yo nan men l, si mwen pa foure dwèt mwen nan mak klou yo e si mwen pa foure men m bò kòt li, mwen pap janm kwè.” — Jan 20:25.

      Uit jou apre, disip yo reyini ankò anndan kay la e pòt yo take. Men fwa sa a, Toma ansanm avèk yo. Jezi pran fòm kò yon moun, li kanpe nan mitan yo e li salye yo: “Lapè avèk nou.” Li vire bò kot Toma, li di l: “Mete dwèt ou la a, gade men m, pran men w mete l bò kòt mwen. Sispann doute, se pou w kwè pito.” Toma reponn, li di l: “Seyè mwen! Bondye mwen!” ​(Jan 20:26-28). Wi, kounye a Toma pa gen okenn dout Jezi vivan antanke yon espri ki reprezante Jewova Dye.

      Men sa Jezi di: “Paske w wè m ou kwè? Byennere moun ki pa wè, epoutan ki kwè.” — Jan 20:29.

      • Etan de disip sou wout pou y al Emayis, ki kesyon yon mesye yo pa rekonèt poze yo?

      • Ki sa k fè disip yo santi gen yon dife k ap boule anndan yo?

      • Lè Kleyopas ak disip ki akonpaye l la retounen Jerizalèm, ki bèl bagay yo tande e ki sa k pase annapre?

      • Ki sa k fè Toma te resi vin kwè Jezi vivan toutbon?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje