BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jezi vin tounen Mesi a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Apre Jan fin batize Jezi, lespri Bondye te desann sou Jezi sou fòm yon pijon.

      LESON 74

      Jezi vin tounen Mesi a

      Lè Jan t ap preche, li te konn di: ‘Gen yon moun ki nan pi gwo pozisyon pase m k ap vini.’ Lè Jezi te gen anviwon 30 an, li te vin Galile, bò Rivyè Jouden an, kote Jan te konn batize moun nan. Jezi te vle pou Jan batize l. Men, Jan di l: ‘Mwen pa dwe batize w. Se ou menm ki dwe batize m.’ Jezi di Jan: ‘Jewova vle w batize m.’ Se konsa, yo antre nan Rivyè Jouden an, epi, Jan plonje tout kò Jezi anba dlo a.

      Lè Jezi soti anba dlo a, li priye Bondye. Menm kote a, syèl la ouvè, epi lespri Bondye desann sou li tankou yon pijon. Lè sa a, Jewova pale detan l nan syèl la, li di: “Ou se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la. Mwen pran plezi nan ou.”

      Lè lespri Jewova te vin sou Jezi, li te vin tounen Kris la, oswa Mesi a. Kounye a, li t apral kòmanse travay Jewova te voye l vin fè sou tè a.

      Tousuit apre Jezi fin batize, li t al nan dezè a e l te pase 40 jou la. Lè l retounen, li t al wè Jan. Pandan Jezi t ap vin kote Jan, Jan di l: ‘Men Ti Mouton Bondye ki pral retire peche monn nan.’ Lè Jan te di pawòl sa yo, se konnen li t ap fè moun yo konnen se Jezi ki Mesi a. Èske w konn ki sa k te rive Jezi pandan l te nan dezè a? Ann wè sa k te pase.

      “Gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: ‘Ou se Pitit Gason m, pitit mwen renmen anpil la. Mwen pran plezi nan ou.’” — Mak 1:11.

      Kesyon: Poukisa Jezi te batize? Poukisa Jan te di Jezi se Ti Mouton Bondye a?

      Matye 3:13-17; Mak 1:9-11; Lik 3:21-23; Jan 1:29-34; Ezayi 42:1; Ebre 10:7-9.

  • Dyab la teste Jezi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Jezi refize sot sou pati ki pi wo nan tanp lan pou l lage kò l anba.

      LESON 75

      Dyab la tante Jezi

      Jezi pa t dakò fè wòch tounen pen.

      Apre Jezi fin batize, lespri sen te mennen l nan dezè a. Li pa t manje anyen pandan 40 jou, li te vin grangou anpil. Epi, Dyab la te vin tante Jezi, li di l: ‘Si w se Pitit Bondye toutbon, di wòch sa yo pou yo tounen pen.’ Men, Jezi te sèvi ak Ekriti yo pou l reponn, li di l: ‘Ekriti yo fè konnen moun pa bezwen manje sèlman pou yo viv. Nou dwe koute kèlkeswa pawòl Jewova di.’

      Apre sa, Dyab la bay Jezi defi, li di l: ‘Si w se Pitit Bondye toutbon, soti kote ki pi wo nan tanp lan epi lage kò w anba. Ekriti yo fè konnen Bondye ap voye zanj li vin pran w.’ Men, yon lòt fwa ankò, Jezi site Ekriti yo, li di: ‘Ekriti yo fè konnen ou pa dwe teste Jewova.’

      Jezi pa t aksepte lè Satan te ofri l tout wayòm ki nan monn nan.

      Epi, Satan montre Jezi tout wayòm ki nan monn nan ansanm ak richès yo ak glwa yo, e li di l: ‘M ap ba w tout wayòm sa yo ak glwa yo si w adore m, li mèt se yon sèl fwa.’ Men, Jezi di l: ‘Al fè wout ou, Satan! Ekriti yo fè konnen se Jewova sèlman ou dwe adore.’

      Lè sa a, Dyab la ale, epi, gen kèk zanj ki vin bay Jezi manje pou l manje. Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche bon nouvèl Wayòm nan. Se travay sa a Bondye te voye l fè sou tè a. Moun yo te renmen sa Jezi t ap anseye yo, e yo te suiv li tout kote l ale.

      “Lè [Dyab la] ap bay manti, li pale dapre pwòp panchan pa l, paske li se yon mantè e li se papa manti.” — Jan 8:44.

      Kesyon: Èske w ka bay twa tantasyon Dyab la te met devan Jezi yo? Ki jan Jezi te reponn Dyab la?

      Matye 4:1-11; Mak 1:12, 13; Lik 4:1-15; Detewonòm 6:13, 16; 8:3; Jak 4:7.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje