BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jezi pwòpte tanp lan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Jezi itilize yon fwèt pou l met bèt yo deyò nan tanp lan e l chavire tab moun k ap chanje lajan yo.

      LESON 76

      Jezi pwòpte tanp lan

      Nan zòn mwa avril ane 30 epòk nou an, Jezi t al Jerizalèm. Gen anpil moun ki te vin nan vil la pou fèt Pak la. Youn nan bagay yo te konn fè pandan fèt la se te ofri bèt nan tanp lan. Gen kèk moun ki te konn vini ak bèt pa yo, men, gen lòt moun ki te konn achte yo Jerizalèm.

      Lè Jezi t al nan tanp lan, li te wè moun k ap vann bèt ladan l. Yo t ap fè lajan met nan pòch yo anndan kay Jewova te itilize pou vrè adorasyon an! Ki sa Jezi te fè lè l te wè sa? Li te fè yon fwèt ak kòd e l met mouton yo ak kabrit yo deyò nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo e li lage pyès monnen yo atè. Jezi te di moun ki t ap vann pijon yo: ‘Retire bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m nan vin yon kote pou moun fè komès!’

      Moun yo nan tanp lan te sezi wè sa Jezi te fè. Disip li yo te sonje pwofesi ki gen rapò ak Mesi a ki di: ‘Lanmou m ap gen pou kay Jewova a ap fò anpil.’

      Annapre, nan ane 33 epòk nou an, Jezi te pwòpte tanp lan yon dezyèm fwa. Li pa t tolere pèsonn aji yon fason ki montre yo pa gen okenn respè pou kay Papa l la.

      “Nou pa kapab esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” — Lik 16:13.

      Kesyon: Ki sa Jezi te fè lè l te wè moun yo ap vann bèt nan tanp lan? Poukisa Jezi te fè sa?

      Matye 21:12, 13; Mak 11:15-17; Lik 19:45, 46; Jan 2:13-17; Sòm 69:9.

  • Dam ki te bò pi a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Jezi k ap pale ak dam ki moun Samari a bò pi Jakòb la.

      LESON 77

      Dam ki te bò pi a

      Apre fèt Pak la, Jezi ak disip li yo te pase Samari pandan yo te sou wout pou yo retounen Galile. Lè Jezi rive toupre vil Sicha, li fè yon ti kanpe yon kote ki te rele Pi Jakòb la. Pandan l t ap repoze la, disip li yo t al achte manje nan vil la.

      Gen yon dam ki te vin pran dlo nan pi a. Jezi di dam nan: “Ban m yon ti dlo pou m bwè.” Dam nan di l: ‘O! Apa w ap pale avè m? Mwen se yon fi ki moun Samari. Juif yo pa konn pale ak moun Samari yo.’ Jezi di l: ‘Si w te konn kiyès mwen ye, se ou menm ki t ap mande m dlo pou w bwè e m t ap ba w dlo lavi a.’ Dam nan mande Jezi: ‘Ki sa w vle di? Ou pa menm gen yon bokit nan men w.’ Jezi di: ‘Nenpòt moun ki bwè nan dlo m ap ba li a pap janm swaf ankò.’ Dam nan di: “Mesye, ban m nan dlo sa a non.”

      Lè sa a, Jezi di l: ‘Mennen mari w bò pi a.’ Dam nan di: ‘Mwen pa gen mari.’ Jezi di l: ‘Sa w di a se vre. Ou marye senk fwa, e kounye a w ap viv ak yon mesye ki pa mari w.’ Dam nan di: ‘Mwen wè ou se yon pwofèt. Moun nan pèp mwen an kwè nou kapab adore Bondye sou mòn sa a, men, Juif yo di se sèlman nan Jerizalèm nou dwe adore. Mwen kwè lè Mesi a vini, l ap di nou ki jan pou n adore.’ Lè sa a, Jezi di l yon bagay li pa t janm di pèsonn anvan sa: ‘Se mwen menm ki Mesi a.’

      Jezi k ap pale ak moun Samari yo.

      Dam nan kouri al nan vil kote l te rete a, epi li di moun Samari yo: ‘Mwen panse m jwenn Mesi a. Li konn tout bagay sou mwen. Vin wè!’ Yo tounen bò pi a avè l, epi yo koute Jezi k ap anseye.

      Moun Samari yo te envite Jezi rete nan vil yo a. Li te pase de jou ap anseye nan vil sa a, epi anpil moun te met lafwa nan li. Moun yo te di dam ki moun Samari a: ‘Apre nou fin koute mesye sa a, nou wè se li k ap sove monn nan toutbon.’

      “‘Vini!’ Se pou tout moun ki swaf vini. E se pou tout moun ki vle, pran dlo lavi a gratis.” — Revelasyon 22:17.

      Kesyon: Poukisa dam ki moun Samari a te sezi wè Jezi pale avè l? Ki sa Jezi te di l?

      Jan 4:1-42.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje