BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jezi preche mesaj Wayòm nan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Jezi ansanm ak yon disip k ap preche.

      LESON 78

      Jezi preche mesaj Wayòm nan

      Yon ti tan apre Jezi fin batize, Jezi te kòmanse preche, li te konn di: ‘Wayòm Bondye a vin pi pre.’ Gen disip ki te konn suiv li lè l t ap vwayaje nan tout Galile ak nan Jide. Lè Jezi retounen Nazarèt, vil kote l te fèt la, li t al nan sinagòg la, li ouvè woulo Ezayi a, e l te li byen fò: ‘Jewova ban m lespri sen pou m ka preche bon nouvèl la.’ Ki sa sa te vle di? Sa te vle di menmsi moun yo te vle wè Jezi k ap fè mirak, premye rezon ki fè l te resevwa lespri sen se pou l te ka preche bon nouvèl la. Apre sa, Jezi di moun ki t ap koute l yo: ‘Pwofesi sa a reyalize jodi a.’

      Annapre, Jezi t al bò lanmè Galile a, kote l te rankontre kat nan moun ki t ap vin disip li yo ki te pechè pwason. Li te envite yo vin avè l, li te di: ‘Vin avè m, e m ap fè nou vin pechè moun.’ Mesye sa yo se te Pyè, Andre, Jak ak Jan. Lapoula, yo te kite biznis peche pwason an, epi yo suiv Jezi. Yo t al preche konsènan Wayòm Jewova a nan tout Galile. Yo te preche nan sinagòg yo, nan mache ak nan lari. Te gen yon gwo foul moun ki t ap suiv yo tout kote y ale. Moun tout kote te tande pale de Jezi, menm moun ki nan Siri.

      Rive yon lè, Jezi te bay kèk nan moun ki t ap suiv li yo pouvwa pou yo geri moun e pou yo chase demon. Gen lòt moun ki te konn akonpaye l lè l ap preche sot nan yon vil al nan yon lòt, e sot nan yon bouk al nan yon lòt. Te gen kèk medam fidèl ki te konn pran swen Jezi ak disip li yo, tankou Mari, moun Magdala a, Jàn, Sizàn ak lòt ankò.

      Apre Jezi te vin bay disip li yo fòmasyon, li te voye yo al preche. Pandan yo t ap vwayaje nan tout Galile, gen anpil lòt moun ki te vin disip e ki te vin batize. Te tèlman gen anpil moun ki te vle vin disip Jezi, Jezi te konpare yo ak yon gwo jaden ki pare pou rekòt. Men sa Jezi te di: ‘Priye Jewova pou l voye plis moun vin travay nan rekòt la.’ Annapre, li te chwazi 70 nan disip li yo e li te voye yo al preche de pa de nan tout Jide. Yo te anseye tout kalite moun konsènan Wayòm nan. Lè disip yo retounen, yo te chofe pou yo di Jezi sa k te pase. Dyab la pa t kapab fè anyen pou l kanpe travay predikasyon an.

      Jezi te asire l disip li yo t ap kapab kontinye fè travay enpòtan sa a lè l retounen nan syèl la. Li te di yo: ‘Preche bon nouvèl la sou tout tè a. Anseye moun yo Pawòl Bondye, epi batize yo.’

      “Mwen dwe al anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” — Lik 4:43.

      Kesyon: Ki travay Jezi te bay disip li yo fè? Ki jan disip yo te wè travay li te ba yo fè a?

      Matye 4:17-25; 9:35-38; 28:19, 20; Mak 1:14-20; Lik 4:14-21; 8:1-3; 10:1-22.

  • Jezi fè anpil mirak
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Kèk moun te vin kot Jezi pou l ka geri yo.

      LESON 79

      Jezi fè anpil mirak

      Jezi te vin sou tè a pou l preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Jewova te bay Jezi lespri sen pou l fè mirak yon fason pou l te ka montre ki sa l pral fè lè l vin Wa. Li te ka geri nenpòt maladi. Nenpòt kote li te ale, moun malad te vin chèche èd nan men l e l te geri yo tout. Moun avèg te vin wè, moun soud vin tande, moun ki andikape vin kapab mache e moun ki te anba pouvwa demon te vin libere. Menm lè se ke rad Jezi yo te touche, yo t ap geri. Moun te konn suiv Jezi tout kote l ale. Menm lè Jezi te anvi pase yon ti tan poukont li, li pa t janm voye moun ale.

      Yon lè, moun yo te pote yon moun ki paralize nan yon kay kote Jezi te ye. Men, kay la te tèlman gen moun, yo pa t kapab antre ladan l. Se sa k fè, yo te fè yon twou nan tèt kay la, epi yo desann mesye a bay Jezi. Lè sa a, Jezi di mesye a: ‘Leve, mache.’ Lè mesye a fè sa, moun yo te sezi anpil.

      Yon lòt lè, pandan Jezi t ap antre nan yon bouk, te gen dis moun ki te gen lèp ki te kanpe byen lwen ki t ap di byen fò: ‘Jezi, ede nou!’ Nan epòk sa a, moun ki gen lèp pa t gendwa mache sou moun. Jezi te di mesye yo pou y al nan tanp lan, paske se sa Lwa Jewova te mande pou moun ki gen lèp yo fè lè yo fin geri. Pandan yo t apral nan tanp lan, yo te geri. Lè youn nan yo wè li geri, li retounen vin di Jezi mèsi e li fè louwanj pou Bondye. Se sèl mesye sa a nan toule dis mesye yo ki te vin di Jezi mèsi.

      Gen yon dam ki te gen 12 an depi l malad ki te vle fè nenpòt bagay pou l geri. Li te vini pa dèyè Jezi nan yon foul moun, e li manyen ke rad ki te sou Jezi a. Menm kote a, li geri. Annapre, Jezi mande: “Ki moun ki manyen m nan?” Dam nan te pè anpil, men l te avanse, epi l di Jezi laverite. Jezi te konsole l, li di l: ‘Pitit fi m, ou mèt ale anpè.’

      Yon lè, yon gwo chèf ki te rele Jayiris te sipliye Jezi, li di l: ‘Vin lakay mwen! Pitit fi m nan malad anpil.’ Men, anvan Jezi rive kay Jayiris, tipitit la gentan mouri. Lè Jezi rive, li wè anpil moun ki vin kriye ak fanmi an. Jezi di yo: ‘Pa kriye, se dòmi l ap dòmi.’ Epi, li pran men tifi a, li di l: “Tifi, mwen di w: ‘Leve!’” Lapoula, tifi a chita, epi Jezi mande paran l yo pou yo ba l yon ti manje. Èske w ka imajine jan papa ak manman tifi a te santi yo?

      Jezi resisite pitit fi Jayiris la.

      “Bondye chwazi l antanke Kris ak lespri sen ak pisans, [...] li te mache nan tout peyi a, li t ap fè sa ki byen e li t ap geri tout moun Dyab la t ap toupizi, paske Bondye te avè l.” — Travay 10:38.

      Kesyon: Sa k fè Jezi te kapab geri tout kalite maladi? Ki sa k te rive pitit fi Jayiris la?

      Matye 9:18-26; 14:36; Mak 2:1-12; 5:21-43; 6:55, 56; Lik 6:19; 8:41-56; 17:11-19.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje