-
Jezi chwazi 12 apot li yoLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 80
Jezi chwazi 12 apot li yo
Apre Jezi te fin pase ennan edmi ap preche, li te dwe pran yon desizyon enpòtan. Kiyès li t apral chwazi pou travay bò kote l? Kiyès li t apral bay fòmasyon pou vin pran latèt nan kongregasyon an? Pou Jezi te ka pran desizyon sa yo, li te bezwen èd Jewova. Se sa k fè li t al sou yon mòn, kote l te ka ret poukont li, e li te pase tout yon nuit ap priye. Nan maten, Jezi te rele kèk nan disip li yo, epi li chwazi 12 apot yo. Non kiyès nan apot yo ou sonje? Men non yo: Pyè, Andre, Jak, Jan, Filip, Batèlmi, Toma, Matye, Jak ki pitit Alfe a, Tade, Simon ak Jida Iskaryòt.
Andre, Pyè, Filip, Jak
Douz apot yo te konn vwayaje ansanm avè l. Apre l te fin ba yo fòmasyon, li te voye yo al preche poukont yo. Jewova te ba yo pouvwa pou yo chase demon e pou yo geri malad.
Jan, Matye, Batèlmi, Toma
Jezi te rele 12 apot yo zanmi l e l te fè yo konfyans. Pou Farizyen yo, apot yo se te moun ki pa fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon. Men, Jezi te ba yo fòmasyon pou travay yo t apral fè a. Yo t ap gen pou yo ansanm ak Jezi nan moman ki te pi enpòtan nan lavi l, tankou anvan l mouri ak lè l te fin resisite. Pifò nan 12 apot yo te moun Galile menm jan ak Jezi. Gen kèk ladan yo ki te marye.
Jak, pitit Alfe, Jida Iskaryòt, Tade, Simon
Apot yo te moun ki enpafè, sa vle di yo te konn fè erè. Gendelè, yo te konn pale san reflechi e yo te konn pran move desizyon. Pafwa, yo pa t gen pasyans. Yo te menm konn ap diskite pou yo konnen kiyès ki pi enpòtan. Men, yo te yon seri bon moun ki renmen Jewova. Se yo ki t apral premye moun ki t ap gen yon travay enpòtan pou yo fè nan kongregasyon an lè Jezi fin ale.
“Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” — Jan 15:15.
-
-
Diskou Jezi te bay sou mòn nanLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 81
Diskou Jezi te bay sou mòn nan
Apre Jezi fin chwazi 12 apot yo, Jezi desann mòn nan e li rive kote yon gwo foul moun te rasanble. Yo te soti Galile, Jide, Ti, Sidon, Siri ak sou lòt bò Rivyè Jouden an. Yo te vini ak moun ki t ap soufri anba maladi e te gen kèk moun demon t ap fè soufri. Jezi te geri yo tout. Apre sa, li chita sou mòn nan, epi l kòmanse pale. Li te esplike ki sa n dwe fè pou n vin zanmi Bondye. Nou dwe konnen nou bezwen Jewova e nou dwe aprann renmen l. Men, nou pap ka renmen Bondye si n pa renmen moun parèy nou. Nou dwe janti ak tout moun e n dwe byen sèvi ak tout moun, menm moun ki ènmi nou.
Jezi te di: ‘Se pa zanmi nou sèlman pou nou renmen. Nou bezwen aprann renmen ènmi nou, e nou bezwen aprann padone moun ak tout kè nou. Si yon moun fache avè w, al kote l menm kote a epi mande l padon. Sèvi ak lòt moun menm jan n ta renmen yo sèvi avèk nou.’
Epitou, Jezi te bay moun yo bon konsèy sou bagay materyèl. Men sa l te di yo: ‘Li pi enpòtan pou yon moun zanmi Jewova pase l gen anpil lajan. Yon vòlè ka pran lajan w, men, pèsonn pa ka vòlè zanmitay ou genyen ak Jewova. Sispann bay tèt ou pwoblèm pou sa w ap manje, sa w ap bwè ak sa w ap met sou ou. Gade zwazo yo. Bondye toujou veye pou yo gen ase manje pou yo manje. Menmsi w bay tèt ou pwoblèm, sa pap fè w viv yon jou anplis. Sonje, Jewova konnen ki sa w bezwen.’
Foul moun yo pa t janm tande yon moun pale tankou Jezi. Responsab nan relijyon yo, anpalan de Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo, pa t anseye yo bagay sa yo. Ki sa k fè Jezi te yon gran anseyan konsa? Paske se nan Jewova tout sa l t ap anseye yo te soti.
“Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m.” — Matye 11:29.
-