BAGAY KI NAN ACHIV NOU
Temwen Jewova nan Nouvèl Zelann yo se kretyen ki pezib e ki sensè
Nan dat 21 oktòb 1940, otorite Nouvèl Zelann yo te deklare òganizasyon Temwen Jewova yo se yon òganizasyon ki danjere e yo se yon menas pou sosyete a. Malgre deklarasyon sa a te lakòz Temwen Jewova yo jwenn anpil pwoblèm, sa pa t dekouraje frè ak sè yo. Pa egzanp, yo te konnen otorite yo ka debake pou arete yo, men sa pa t anpeche yo kontinye fè reyinyon yo.
Andy Clarke, se mari yon sè ki rele Mary, men Andy pa t Temwen Jewova. Li te remake jan madanm li te detèmine pou l kontinye asiste reyinyon malgre entèdiksyon ki te genyen an. E li te pè pou yo pa t arete madanm li pandan l al nan reyinyon. Se sa k fè li te kòmanse asiste reyinyon yo ak madanm li, alòske li pa t konn fè sa anvan. Li te di madanm li: “Si y ap arete w, y ap oblije arete m ansanm avè w.” Depi lè sa a, Andy te asiste tout reyinyon yo ak Mary. Pi devan, li menm tou li te vin yon Temwen batize. Pandan Dezyèm Gè mondyal la, anpil Temwen nan Nouvèl Zelann te pran detèminasyon pou yo rete fidèl ak Bondye malgre pèsekisyon, menm jan Mary te fè sa.
Yo jwenn bon rezilta pandan yo nan prizon
Yon lè, pandan John Murray, ki te gen 78 an, t ap preche kay an kay, lapolis te arete l. Tribinal la te kondane l kòmkwa li t ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon k ap chèche kraze gouvènman an. Yo te mennen plizyè douzèn frè ak sè devan tribinal. Gen nan yo ki te peye amann e gen kèk nan yo ki te fè jiska twa mwa nan prizon. Konsyans Temwen yo ki fòme grasa Bib la te anpeche yo fè sèvis militè (Ezayi 2:4). Kòm rezilta, lè yo te mande yo fè sèvis militè pandan gè a, yo te jwenn anpil pèsekisyon. Pandan gè a, yo te voye anviwon 80 Temwen nan kan prizonye paske yo pa t aksepte antre nan lame. Menm lè sa a, frè sa yo te kontinye adore Jewova ak kè kontan malgre yo t ap maltrete yo e malgre fredi a te rèd anpil nan peyi a.
Lè Temwen sa yo rive nan kan yo, yo pa t pèdi tan pou yo òganize reyinyon yo ak travay predikasyon an. Yo te òganize aktivite yo tankou yon kongregasyon, yo te fè reyinyon regilyèman, epi yo te preche lòt prizonye yo. Nan kèk kan, yo te menm bay Temwen yo otorizasyon pou yo òganize asanble anba sipèvizyon yon gad. Kèk nan prizonye yo te etidye Labib pandan yo te nan kan an e yo te menm rive batize anndan an.
Temwen yo k ap òganize Lekòl ministè teyokratik pandan yo nan prizon.
Bruce, dènye pitit gason Mary ak Andy, yo menm nou te pale de yo pi wo a, te konsidere tan li te pase nan kan an kòm yon opòtinite l genyen pou l aprann plis bagay toujou konsènan Bondye. Men sa l di: “Pou mwen, se tankou m t al lekòl, paske sa te ban m posiblite gen konvèsasyon ki pwofon avèk yon seri frè nan kan an ki gen anpil eksperyans epi aprann nan men yo.”
An 1944, gouvènman an te vle libere kèk nan frè ki te fèmen nan kan prizonye yo. Sepandan, otorite militè yo pa t dakò, paske yo te sèten depi yo libere Temwen yo, yo pral kontinye pale ak lòt moun de lafwa yo. Men ki sa yo te di nan rapò yo te bay: “Se vre, lè nou kontinye kenbe yo nan kan yo sa sanble ban nou yon ti kontwòl sou moun sa yo ki se yon bann fanatik, men sa pap janm ka fè yo chanje.”
Yo pa yon danje pou sosyete a
Akoz tout pale anpil ki te vin genyen avèk entèdiksyon an, kèk moun te vin anvi konn plis bagay toujou konsènan Temwen Jewova yo. Tank tan t ap pase, anpil moun te vin rann yo kont Temwen Jewova yo pa yon danje pou sosyete a. Yo te vin aprann Temwen yo pa moun ki danjere, okontrè yo se kretyen ki renmen lapè. Kòm rezilta, kantite Temwen yo te ogmante nan Nouvèl Zelann. An 1939, te gen 320 Temwen e an 1945, te gen 536 Temwen!
Pafwa, gen kèk ofisyèl ki rezonab ki te rekonèt entèdiksyon yo te mete sou Temwen Jewova yo te yon enjistis. Gen yon jij ki te fè konnen pa gen rezon pou yo jije yon frè yo te arete paske l t ap preche, apre l te fin tande akizasyon ki te genyen kont frè a. Li te di: “Selon sa m kwè ak jan m konprann lalwa, li pa nòmal pou yo konsidere yon moun k ap bay moun Bib kòm yon kriminèl.”
Lè yo te resi leve entèdiksyon an nan fen gè a, Temwen yo te gen plis detèminasyon pou yo ede vwazen yo aprann verite konsènan Wayòm Bondye a. Nan yon lèt filyal la te voye pou tout kongregasyon yo an 1945, li te di: “Se pou nou chak montre nou gen tak, nou amikal e nou janti ak tout moun nou rankontre. Evite fè diskisyon ak kont. Sonje moun nou rankontre yo kwè anpil nan sa yo anseye yo nan relijyon yo ye a e yo eseye viv selon sa yo kwè yo. [...] Anpil nan yo se ‘timouton’ Seyè a e nou dwe ede yo vin jwenn Jewova ak wayòm li an.”
Jodi a, Temwen Jewova yo nan Nouvèl Zelann kontinye pataje mesaj ki nan Bib la ak tout moun kit se moun nan zòn nan kit se touris. Yon lè, nan yon ti vil ki rele Tourangi, nan kèk èdtan sèlman, yon gwoup ki gen kat sè Temwen te pale ak 67 moun k ap vizite ki te soti nan 17 peyi!
Sa klè, moun yo nan Nouvèl Zelann rekonèt Temwen Jewova yo se kretyen ki pezib, ki sensè e ki bay verite ki nan Bib la anpil valè. Chak ane, gen plizyè santèn moun ki batize pou vin Temwen Jewova. Pou rive nan ane 2019, te gen plis pase 14 000 Temwen k ap sèvi Jewova ak kè kontan nan peyi sa a.