KESYON LEKTÈ YO POZE
Èske pawòl David te di nan Sòm 37:25 lan ansanm ak deklarasyon Jezi te fè nou jwenn nan Matye 6:33 a vle di Jewova pap janm kite yon kretyen pa jwenn ase manje l bezwen?
David te fè konnen li pa t janm ‘wè okenn moun jis abandone konplètman, ni l pa t janm wè desandan yon moun jis ap chèche pen’. Konsa, li te baze sou pwòp eksperyans li pou l fè deklarasyon sa a. Li te byen konnen jan Bondye toujou pran swen sèvitè l yo (Sòm 37:25, NW). Sepandan, pawòl sa yo David te di a pa vle di pa gen okenn adoratè Jewova ki te soufri poutèt li pa jwenn sa l bezwen oswa sa pap janm rive youn nan yo.
Gen kèk moman kote menm David te viv yon seri sitiyasyon ki te difisil anpil. Youn nan moman sa yo se lè l te nan mawon akoz Sayil. Pwovizyon David yo pa t anpil, e l te oblije mande lòt moun pen pou li menm ak moun ki te avè l yo (1 Sam. 21:1-6). Konsa, nan sitiyasyon sa a, David te yon moun ki t ap “chèche pen”. Sepandan, malgre sitiyasyon difisil sa a, li te konnen Jewova pa t ap abandone l. Rezon an se paske, pa gen okenn kote nan Bib la nou aprann David te konn sipliye moun pou l jwenn manje pou l pa mouri.
Nan Matye 6:33, Jezi ban nou asirans Bondye ap satisfè dezi tout sèvitè fidèl ki met enterè Wayòm nan an premye nan lavi yo. Men sa Jezi te di: “Kidonk, kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo [sa ki gen ladan l manje, bwè ak rad] pou nou.” Sepandan, Jezi te fè konnen “frè” l yo gendwa soufri grangou akoz pèsekisyon (Mat. 25:35, 37, 40). Sa te rive apot Pòl. Pafwa, li te konn sa k rele grangou e l te konn sa k rele swaf. — 2 Kor. 11:27.
Jewova fè n konnen n ap jwenn pèsekisyon sou tout fòm. Li gendwa pa pèmèt nou jwenn sa n bezwen yon fason pou n ede l reponn akizasyon Dyab la (Jòb 2:3-5). Pa egzanp, gen kèk nan kretyen parèy nou yo, tankou kretyen yo te met nan kan konsantrasyon Nazi yo, ki te twouve yo nan sitiyasyon difisil akoz pèsekisyon. Youn nan metòd Dyab la te itilize pou l eseye kraze entegrite Temwen sa yo se te anpeche yo jwenn kantite manje yo bezwen. Temwen fidèl yo te kontinye obeyi Jewova, e Jewova pa t abandone yo. Li te kite yo andire anba eprèv sa a menm jan l pèmèt tout kretyen fè fas ak divès kalite eprèv. Sepandan, pa gen dout nan sa, Jewova ede tout moun k ap soufri pou non l yo (1 Kor. 10:13). Nou kapab kenbe pawòl nou jwenn nan Filipyen 1:29 la nan lespri nou. Men sa l di: “Se nou menm yo bay privilèj nonsèlman pou nou mete lafwa nou nan Kris, men tou pou nou soufri pou li.”
Jewova pwomèt sèvitè l yo l ap avèk yo. Pa egzanp, men sa n li nan Izayi 54:17 (NW): “Nanpwen zam y ap fòje kont ou k ap reyisi.” Pwomès sa a ansanm ak lòt pwomès ki sanble avè l yo ban nou garanti Bondye ap pwoteje pèp li a antanke gwoup. Sepandan, chak kretyen kapab pase anba eprèv nan pwen pou l menm rive mouri.