BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/02 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Metòd pou nou preche bon nouvèl la
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Se pou nou fòtifye kongregasyon an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Èske w ap debagaje ?
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Etid liv la : yon dispozisyon ki ede nou
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 11/02 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Ki avantaj sa genyen lè nou fè pati kongregasyon ki preche teritwa kote nou abite a ?

Grasa kongregasyon an nou jwenn ankourajman pou ‘ youn pouse lòt gen lanmou, e pou youn pouse lòt fè bon zèv ’. (Ebre 10:24, 25.) Se pa mwayen kongregasyon an nou aprann laverite e nou ekipe pou nou akonpli misyon nou genyen pou nou fè disip (Mat. 28:19, 20). Anplis de sa, nou jwenn fòs pou nou andire eprèv nou yo fidèlman e nou gen siveyan ki renmen nou e k ap ede nou fè fas ak tout presyon e ak tout pwoblèm lavi a k ap vin pi plis chak jou. Vrèman, kongregasyon an jwe yon wòl esansyèl nan efò n ap fè pou nou rete djanm nan domèn espirityèl. Toutfwa, ki avantaj sa genyen lè nou fè pati kongregasyon ki preche teritwa kote nou abite a ?

Se pa tout moun ki nan menm sitiyasyon. Plizyè sikonstans ka enfliyanse yon moun k ap deside nan ki kongregasyon pou l ye. Gendwa se travay li, se kapab mari li oswa madanm li ki pa nan laverite oubyen se kapab pwoblèm transpò. Sepandan, lè yon moun fè pati kongregasyon ki preche teritwa kote li abite a, sa gen avantaj ni nan domèn espirityèl, ni nan lòt domèn ankò. Pa egzanp, lè gen yon ijans, ansyen yo ka an mezi pou yo kontakte tout pwoklamatè byen rapid. Yo te pale sou plizyè lòt avantaj nan kèk atik ki te parèt nan ribrik Repons kesyon w yo. — Me 1991, out 1976 ak me 1967 (fransè).

An jeneral, li pi bon lè nou asiste reyinyon toupre lakay nou. Sa pèmèt nou gentan rive byen bonè, konsa nou jwenn tan pou nou pale ak lòt moun epi okipe lòt bagay ki nesesè. Epitou, sa pèmèt nou la pou nou chante kantik y ap chante pou kòmanse reyinyon an e sa fè nou pa rate priyè a. Lè gen moun ki rete bò lakay nou ki enterese, li pi fasil pou nou kontakte yo, pou nou fè etid avèk yo epi dirije yo nan kongregasyon ki pi bon pou yo.

Nou sèten chèf fanmi yo pral egzamine kesyon sa a nan lapriyè pandan y ap konsidere tout sikonstans k ap ede yo pran desizyon k ap pi bon pou fanmi an ni espirityèlman ni fizikman. — 1 Tim. 5:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje