BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 14
  • Sa paran yo dwe konnen sou kesyon gadri a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa paran yo dwe konnen sou kesyon gadri a
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Kèk kesyon ou ta dwe poze tèt ou
  • Sa w ka fè
  • Pran swen moun ki aje yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Ki sa Bib la di anrapò ak pran swen paran nou ki granmoun?
    Repons Bib la bay
  • Enstwi pitit ou depi l toupiti
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Fason pou w kontinye gen kè kontan lè w ap pran swen moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 14
Kèk timoun k ap jwe ak jwèt nan yon gadri.

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Sa paran yo dwe konnen sou kesyon gadri a

Gen kèk paran k ap travay ki deside mete pitit yo ki poko gen laj pou yo ale lekòl nan gadri, yon anviwònman ki fonksyone tankou yon lekòl. Èske ou menm ou ta dwe mete pitit ou nan gadri?

  • Kèk kesyon ou ta dwe poze tèt ou

  • Sa w ka fè

Kèk kesyon ou ta dwe poze tèt ou

Si m mete piti mwen nan gadri, èske sa ap gen yon efè sou relasyon m avè l? Sa ka rive. Lè timoun yo piti, sèvo yo devlope vit e sa gen yon efè sou relasyon yo genyen ak lòt moun. Toutotan sa posib, pase plis tan ou kapab avèk pitit ou pandan peryòd enpòtan sa a nan lavi l. — Detewonòm 6:6, 7.

  • Paran k ap reflechi sou mete pitit yo nan gadri, ta dwe reflechi tou sou fason y ap ka kontinye gen yon relasyon sere avèk pitit yo.

Èske w ap toujou gen menm enfliyans lan sou pitit ou si w mete l nan gadri? Pa fòseman. Men sa liv ki gen tit Pa lage timoun ou yo (anglè) fè konnen: “Toutotan timoun ki poko gen laj pou ale lekòl yo pase tan avèk lòt timoun parèy yo, se plis enfliyans timoun sa yo ap genyen sou yo.”

  • Paran k ap reflechi sou mete pitit yo nan gadri, ta dwe reflechi tou si se yo menm k ap kontinye gen plis enfliyans sou pitit yo pase nenpòt lòt moun.

Si w mete pitit ou nan gadri, èske sa ap ede l pi byen aprann lè l kòmanse lekòl? Gen moun ki di wi. Gen lòt moun ki di gadri pa fè yon gwo diferans oswa li pa fè okenn diferans nan kapasite pou pitit ou aprann. Kèlkeswa opinyon ki kòrèk la, men sa yon sikològ pou timoun ki rele Penelope Leach ekri: “Pa panse se sa yon timoun aprann lekòl k ap ede l plis nan lavi. Epitou, pa panse se lè yon timoun kòmanse lekòl pi bonè se sa k ap pi bon pou li. Si se konsa w panse, w ap minimize valè bonjan fòmasyon w ap bay pitit ou depi lè l fèt la.”

  • Paran k ap reflechi sou mete pitit yo nan gadri, ta dwe reflechi tou sou si sa ap bon pou timoun nan oswa menm si sa nesesè.

Èske l posib pou swa ou menm swa moun ou marye avè l la rete lakay ou ak timoun nan olye pou nou toude al travay? Nan kèk ka, toule de paran yo travay sèlman paske yo vle gen plis nan domèn materyèl. Men, èske bagay materyèl sa yo vo lapenn?

  • Paran k ap reflechi sou mete pitit yo nan gadri, ta dwe egzamine si yo ka mennen yon vi ki pi senp konsa youn nan paran yo ap ka rete lakay.

Ou ta dwe deside si wi ou non w ap mete pitit ou nan gadri sèlman apre w fin byen reflechi sou tout avantaj ak defi sa ka pote. E si apre w fin byen reflechi, ou panse gadri t ap yon bon chwa pou fanmi w?

Sa w ka fè

Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” ​(Pwovèb 14:15). Toutpandan w ap reflechi sou prensip sa a, byen egzamine ki fòm gadri ou ta renmen pou pitit ou.

Chèche konnen opsyon ou genyen

  • Gen kèk paran ki chwazi yon gadri ki lakay yon moun kote ki gen youn oswa kèk moun ki pran swen yon ti gwoup timoun.

  • Gen kèk lòt paran ki gen yon fanmi, yon moun ki viv avèk yo, oswa yon moun ki vini chak jou pou pran swen pitit yo lakay yo.

Nenpòt nan opsyon ou ta deside pran ap gen avantaj e l ap gen defi. Li t ap bon pou w pale ak kèk lòt paran ki deja itilize yon fòm gadri oswa yon lòt. Men sa Bib la di: “Moun k ap chèche konsèy gen sajès.” — Pwovèb 13:10.

E si w chwazi mete pitit ou nan yon gwo gadri ki gen anpil timoun? Nan ka sa a:

Chèche konnen tout sa w kapab sou gadri a

  • Èske gadri a fonksyone selon lalwa? Èske staf la gen lisans ak fòmasyon nan domèn nan? Èske gadri a gen yon bon repitasyon?

  • Èske lokal la pwòp? Èske yo suiv règ sekirite yo?

  • Ki aktivite ki genyen pou timoun yo fè?a

Chèche konnen kèk enfòmasyon sou moun yo ki pral pran swen pitit ou a

  • Ki kalite fòmasyon yo te resevwa? Sa ki gen ladan l fòmasyon sou fason pou yo anseye timoun piti ak fòmasyon nan premye sekou.

  • Èske gen posiblite pou w fè ankèt pou w konnen si gen nan moun ki pral pran swen pitit ou a ki deja patisipe nan zak malonèt?

  • Èske staf ki pran swen timoun yo stab nan travay la oswa èske se nouvo moun yo toujou ap pran pou travay? Si yo chanje staf souvan sa vle di pitit ou ap toujou bezwen abitye ak nouvo moun k ap pran swen l yo.

  • Pou chak timoun nan gadri a, konbyen staf ki genyen? Si chak staf genyen anpil timoun sou kont li, sa ka vle di pitit ou a pap jwenn tout atansyon l bezwen. Sandout, kantite atansyon yon timoun ap bezwen depann de laj li ak kapasite l.

  • Èske moun yo k ap pran swen pitit ou a dispoze pale avè w sou enkyetid ou genyen oswa enkyetid yo menm yo genyen?

a Pa egzanp, èske pitit ou ap pase anpil tan ap gade televizyon oubyen èske gen opòtinite pou l aprann ak lòt aktivite fizik pou l fè?

Revizyon: Sa w dwe konnen sou kesyon gadri a

  • Chèche konnen opsyon ou genyen. Gen kèk paran ki chwazi mete pitit yo nan yon gadri lakay yon moun olye yo voye pitit yo nan yon gwo gadri. Gen lòt paran ki chwazi pran yon fanmi pou pran swen pitit yo. Chak opsyon sa yo gen avantaj ak defi ki mache avèk yo, donk paran yo dwe byen reflechi anvan yo pran yon desizyon.

Si w deside mete pitit ou nan yon gadri ki gen anpil timoun:

  • Chèche konnen kèk enfòmasyon sou gadri a. Èske l pwòp? Èske yo respekte règ sekirite yo? Èske yo fonksyone selon lalwa? Ki aktivite ki genyen pou timoun yo fè?

  • Chèche konnen kèk enfòmasyon sou moun yo ki pral pran swen pitit ou a. Ki fòmasyon yo genyen nan domèn nan? Èske yo byen kominike ak paran yo? Èske gen anpil timoun sou kont chak staf?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje