ATIK ETID 41
Ou kapab gen vrè kè kontan an
“Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki mache nan chemen l yo.” — SÒM 128:1.
KANTIK 110 “Lajwa Jewova bay”
SA NOU PRAL WÈa
1. Sa sa vle di pou n ‘pran konsyans nou bezwen Bondye’, e ki jan sa kapab fè n gen kè kontan?
VRÈ kè kontan an se pa yon senp santiman yon moun genyen yon lè konsa. Yon moun kapab gen vrè kè kontan an pandan tout vi l. Ki jan? Men sa Jezi te esplike nan Diskou li te bay sou mòn nan: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.” (Mat. 5:3). Jezi te konnen Jewova Dye, Kreyatè nou an, kreye lèzòm ak yon gwo anvi pou yo konnen l e pou yo adore l. E piske Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”, moun k ap adore l yo kapab gen kè kontan tou. — 1 Tim. 1:11.
2-3. a) Selon Jezi, kiyès lòt moun ki kapab gen kè kontan? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a, e poukisa sa enpòtan?
2 Èske tout bagay oblije anfòm nèt nan lavi nou pou n kapab gen kè kontan? Non. Nan diskou Jezi te bay la, li te di yon bagay ki te fè moun sezi. Li te fè konnen “moun ki nan lapenn”, kit se paske yo te fè yon seri peche epi konsyans yo ap kale yo oswa paske y ap viv yon seri moman difisil nan lavi yo, kapab gen kè kontan. Jezi te di menm bagay la tou pou “moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis” oswa moun yo “joure” poutèt yo se disip Kris (Mat. 5:4, 10, 11). Men, ki jan moun ka gen kè kontan toutbon nan sitiyasyon konsa?
3 Jezi te montre tout bagay pa oblije anfòm nèt nan lavi nou pou n gen kè kontan, men pou n genyen l, nou dwe pran konsyans nou bezwen Bondye e n bezwen pwoche bò kote l (Jak 4:8). Ki jan n ka fè sa? Nan atik sa a, nou pral wè twa etap ki kapab ede n gen kè kontan toutbon.
PRAN TAN POU W LI BIB LA E POU W ETIDYE L
4. Ki premye etap nou dwe suiv pou n gen vrè kè kontan an? (Sòm 1:1-3).
4 PREMYE ETAP: Pou n gen kè kontan toutbon, nou dwe pran tan pou n li Bib la e pou n etidye l. Ni moun ni bèt bezwen manje pou yo viv. Men, se sèlman lèzòm ki kapab gen relasyon ak Bondye. E nou bezwen sa. Se sa k fè Jezi te di: “Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Mat. 4:4). Se sa k fè nou pa ta dwe kite yon jou pase san n pa li Labib, Pawòl Bondye a, ki gen anpil valè. Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te di: ‘Byennere moun ki pran plezi nan lwa Jewova a e ki li l lajounen kou lannuit.’ — Li Sòm 1:1-3.
5-6. a) Ki sa n ka aprann nan Bib la? b) Lè n li Bib la, ki jan sa kapab ede n?
5 Piske Jewova renmen nou, li ban nou bonjan enfòmasyon nan Bib la sou fason pou n kapab viv ak kè kontan. Nou aprann ki sa l vle pou nou nan lavi nou. Nou aprann ki jan n ka vin pwòch avè l e ki sa n ka fè pou l padone peche nou. E nou aprann bèl esperans li ban nou pou lavni (Jer. 29:11). Verite sa yo nou aprann lè n etidye Bib la fè kè n kontan anpil!
6 Jan nou konn sa, Labib gen anpil konsèy ladan l ki kapab ede n nan lavi nou chak jou. Lè n suiv konsèy sa yo, n ap kapab gen kè kontan. Lè n santi nou dekouraje akoz pwoblèm nou jwenn nan lavi a, nou bezwen pran plis tan pou n li Pawòl Jewova a e pou n medite sou li. Men sa Jezi te di: “Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — Lik 11:28.
7. Ki sa k ap ede w pou w pi byen pwofite tan w fè ap li Pawòl Bondye a?
7 Lè w ap li Pawòl Bondye a, pran tan pou w byen pwofite sa w ap li a. Pa egzanp, èske w te janm viv yon eksperyans ki sanble ak eksperyans ki vin annapre a? Yon moun prepare youn nan manje ou pi renmen yo. Men, swa paske w twò prese oswa paske w gen yon bagay k ap trakase lespri w, ou manje manje a byen vit san w pa vrèman byen pran gou l. Lè w fin manje, ou rann ou kont ou te manje twò vit e w regrèt ou pa t pran plis tan pou w te ka byen pran gou manje a. Menm jan an tou, èske sa konn rive pafwa, ou tèlman li Bib la vit, ou pa menm byen pwofite mesaj ki ladan l lan? Pran tan pou w byen pwofite Pawòl Bondye a. Eseye imajine sèn yo, imajine son vwa moun yo, epi reflechi sou sa w li a. Lè w fè tout sa, sa ap fè w gen plis kè kontan.
8. Ki jan “esklav fidèl ki prevwayan an” ap fè travay li? (Gade nòt la tou.)
8 Jezi bay “esklav fidèl ki prevwayan an” responsablite pou l ban nou manje nan bon moman, e li byen pran swen noub (Mat. 24:45). Tout ansèyman esklav fidèl la bay baze sou Pawòl Bondye te fè ekri a (1 Tes. 2:13). Konsa, manje li ban nou an ede n konnen fason Jewova panse, jan Bib la montre sa. Se sa k fè nou li Toudegad ak Reveye n! ansanm ak atik ki sou jw.org yo. Nou prepare reyinyon ki fèt lasemèn yo ak nan wikenn yo. E nou gade emisyon tele JW ki parèt chak mwa. Lè n asire n nou li Bib la e n etidye l, sa ap ede n pou n suiv dezyèm etap la k ap pèmèt nou gen kè kontan toutbon.
OBEYI PRENSIP JEWOVA YO
9. Ki dezyèm etap nou bezwen suiv pou n gen vrè kè kontan an?
9 DEZYÈM ETAP: Pou n gen kè kontan toutbon, nou bezwen obeyi prensip Jewova yo. Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri: “Byennere tout moun ki gen lakrentif pou Jewova, ki mache nan chemen l yo.” (Sòm 128:1). Gen lakrentif pou Jewova vle di nou tèlman respekte l nou veye pou n pa fè anyen ki pa fè l plezi (Pwo. 16:6). Se sa k fè nou kontinye fè tout sa n kapab pou n suiv prensip Bondye tabli anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal, jan Bib la montre sa (2 Kor. 7:1). N ap gen kè kontan si n fè sa Jewova renmen e si nou vire do bay sa l rayi. — Sòm 37:27; 97:10; Wom. 12:9.
10. Selon Women 12:2, ki responsablite nou genyen?
10 Li Women 12:2. Yon moun ka konnen Jewova gen otorite pou l deside sa ki byen ak sa ki mal. Men, moun nan dwe dispoze respekte prensip Bondye yo tou. Pa egzanp, yon moun ka konnen gouvènman an gen dwa pou l deside ki vitès yon moun pa dwe depase lè l ap kondui. Men, moun nan ka pa vle respekte limit sa yo. Konsa, li depase limit yo bay la. Nan konduit nou, nou kapab montre si nou kwè toutbon lè n suiv prensip Jewova yo se pi bon fason pou n viv (Pwo. 12:28). Se konsa David te konsidere prensip Jewova yo, paske men sa l te di konsènan Jewova: “Ou fè m konnen chemen ki mennen nan lavi a. Depi w la, gen anpil lajwa, wi, bò kote w, se lajwa pou toutan.” — Sòm 16:11.
11-12. a) Lè nou boulvèse oswa n dekouraje, ki sa n dwe veye pou n pa fè? b) Ki jan pawòl ki nan Filipyen 4:8 la kapab ede n lè n ap chwazi divètisman?
11 Lè nou boulvèse oswa n dekouraje, nou ka santi n bezwen fè yon bagay k ap ede n pa ret konsantre sou pwoblèm nou yo. E nou konprann sa. Men, nou dwe fè atansyon pou n pa fè yon bagay Jewova rayi. — Efe. 5:10-12, 15-17.
12 Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Filip yo, li te ankouraje yo pou yo kontinye reflechi sou bagay “ki jis, [...] ki pwòp, [...] ki merite pou yo renmen yo, [e] ki bon”. (Li Filipyen 4:8.) Byenke se pa t egzakteman sou kesyon divètisman Pòl te ekri lèt sa a, sa l te ekri a ta dwe fè n reflechi lè n ap chwazi divètisman. Eseye fè sa n pral di la a: Kèlkeswa kote mo “bagay” la parèt nan vèsè a, ranplase l ak mo “chante”, “fim”, “feyton”, oswa “jwèt videyo”. Lè w fè sa, sa kapab ede w wè kiyès ladan yo ki ka akseptab oswa ki ka pa akseptab pou Bondye. Nou vle viv ann amoni ak prensip wo nivo Jewova yo (Sòm 119:1-3). Konsa, konsyans nou ap klè, e n ap kapab suiv twazyèm etap k ap ede n gen kè kontan toutbon. — Tra. 23:1.
MET ADORASYON N AP BAY JEWOVA A AN PREMYE NAN LAVI N
13. Ki twazyèm etap k ap ede n gen vrè kè kontan an? (Jan 4:23, 24).
13 TWAZYÈM ETAP: Asire n nou met adorasyon n ap bay Jewova a an premye nan lavi n. Piske se Jewova ki kreye nou, li vrèman merite pou n adore l (Rev. 4:11; 14:6, 7). Kidonk, nou bezwen met adorasyon n ap ba li a an premye nan lavi n, e n dwe fè sa fason ki fè l plezi a, sa vle di “avèk lespri ak laverite”. (Li Jan 4:23, 24.) Nou vle pou lespri sen Bondye gide nou nan adorasyon n ap ba li a yon fason pou l ann amoni ak verite nou jwenn nan Pawòl li a. Nou dwe met adorasyon n ap bay Jewova a an premye nan lavi n, menmsi n ap viv nan yon peyi kote yo met restriksyon oswa entèdiksyon sou travay nou an. Nan moman n ap pale la a, gen plis pase 100 frè n ak sè n ki nan prizon jis paske yo se Temwen Jewovac. Malgre sa, yo kontan fè tout sa yo kapab pou yo priye, pou yo etidye, e pou yo pale ak lòt moun konsènan Bondye nou an ak Wayòm li an. Lè moun ap kritike n oswa pèsekite n, nou kapab kontan paske n konnen Jewova avè n e l ap rekonpanse n. — Jak 1:12; 1 Pyè 4:14.
YON ISTWA KI TE PASE TOUTBON
14. Ki sa k te rive yon jèn frè nan peyi Tajikistan, e pou ki rezon?
14 Eksperyans kèk nan frè n ak sè n yo te fè montre twa etap nou sot egzamine la yo kapab ede n gen vrè kè kontan an, kèlkeswa sitiyasyon nou. Ann wè sa k te rive yon frè k ap viv nan peyi Tajikistan ki rele Jovidon Bobojonov lè l te gen 19 an e ki te refize fè sèvis militè. Jou ki te 4 oktòb 2019 la, yo te vin pran l lakay li, yo te mete l nan prizon pou plizyè mwa, e yo te trete l tankou yon kriminèl. Medya nan anpil peyi te pale sou enjistis yo te fè l la. Selon sa yo te fè konnen, yo te bat li yon fason pou yo te ka fè presyon sou li pou l fè yon sèman militè e pou l met inifòm militè sou li. Apre sa, gen yon tribinal ki te fè konnen li koupab e yo te voye l nan yon kan travo fòse jiskaske, rive yon lè, prezidan peyi a te fè l gras e li te bay lòd pou yo lage l. Pandan tout tan Jovidon te fè nan prizon an, li te ret fidèl e l te kontinye gen kè kontan. Ki sa k te ede l? Li te toujou pran konsyans li bezwen Bondye.
Jovidon te kontinye aprann konnen Jewova, li te obeyi prensip Bondye yo, e li te met adorasyon l ap bay Jewova a an premye nan lavi l. (Gade paragraf 15-17.)
15. Ki sa Jovidon te fè pou l te kontinye aprann konnen Jewova pandan l te nan prizon?
15 Pandan Jovidon te nan prizon, li te kontinye aprann konnen Jewova, menm lè l pa t gen Bib e l pa t gen okenn nan piblikasyon nou yo. Ki jan l te rive fè sa? Frè ak sè nan zòn nan te konn pot manje pou li e yo te konn ekri tèks pou jounen an sou sache yo te konn pot pwovizyon pou li yo. Konsa, li te kapab li Bib la e l te kapab medite sou li chak jou. Lè l te sot nan prizon, men konsèy li te bay tout moun ki poko janm fè fas ak gwo eprèv: “Li vrèman enpòtan pou n pwofite libète nou genyen an pou n fè tout sa n kapab pou n li Pawòl Jewova a ak piblikasyon nou yo pou n ka konn Jewova pi byen.”
16. Sou ki sa Jovidon te ret konsantre?
16 Frè nou an te obeyi prensip Jewova yo. Li pa t ret ap panse ak move dezi e li pa t lage kò l nan fè yon seri bagay ki mal. Okontrè, li te konsantre sou Jewova ak sou sa ki gen anpil valè pou Jewova. Jovidon te pran plezi nan bèl bagay Bondye kreye yo. Chak maten, li te pran plezi tande zwazo yo k ap chante. Leswa, li te pran plezi gade lalin nan ak zetwal yo. Men sa l te di: “Kado sa yo Jewova bay te fè m santi m kontan e yo te ankouraje m.” Lè n gen rekonesans pou dispozisyon Jewova pran pou l ede n gen bon relasyon avè l e pou l ede n jwenn sa n bezwen pou n viv, sa fè kè n kontan, e kè kontan sa a kapab ban n fòs pou n andire.
17. Ki jan pawòl ki nan 1 Pyè 1:6, 7 yo kapab ede yon moun ki ka nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Jovidon an?
17 Epitou, Jovidon te met adorasyon l ap bay Jewova a an premye. Li te konnen jan sa enpòtan pou l kontinye ret fidèl ak vrè Dye a. Men sa Jezi te di: “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” (Lik 4:8). Gen kòmandan ak sòlda nan lame a ki te vle Jovidon abandone relijyon l. Jovidon pa t fè sa, okontrè li pa t sispann priye Jewova ak tout kè l lajounen kou lannuit pou l mande l ede l pou l pa bay vag e pou l kontinye ret fidèl. Malgre tout enjistis yo te fè Jovidon, li te kontinye ret fidèl. Se sa k fè li kapab gen anpil kè kontan kounye a, paske li vin gen yon bagay li pa t genyen anvan yo te arete l, yo te bat li e yo te mete l nan prizon an: li vin gen yon lafwa ki pase anba eprèv. — Li 1 Pyè 1:6, 7.
18. Ki sa k ka ede n kontinye gen kè kontan?
18 Jewova konn sa n bezwen pou n ka gen kè kontan toutbon. Si w suiv twa etap ki kapab ede yon moun gen vrè kè kontan an, w ap kapab kontinye gen kè kontan, menmsi w jwenn gwo difikilte. Konsa, ou menm tou w ap kapab di: “Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la!” — Sòm 144:15.
KANTIK 89 Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon
a Pou anpil moun, li difisil pou yo gen vrè kè kontan an paske y ap chèche l kote yo pap jwenn li. Y ap chèche l nan plezi, nan richès, nan renome, oswa nan pouvwa. Sepandan, lè Jezi te sou tè a, li te fè moun yo konnen ki jan yo kapab jwenn vrè kè kontan an. Nan atik sa a, nou pral wè twa etap k ap ede n jwenn vrè kè kontan an.
b Gade atik ki gen tit “Èske w jwenn ‘manje nan bon moman’?” ki parèt nan Toudegad 15 out 2014.
c Pou plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit “Yo nan prizon pou lafwa yo” sou sit jw.org la.
d ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan foto sa a, ki repwodui yon bagay ki te rive toutbon, nou wè frè ak sè yo k ap ankouraje yon frè yo arete e y ap mennen nan tribinal pou yo jije l.