Pran plezi w nan Pawòl Bondye a
BYENNERE moun “plezi l se nan lwa Jewova” a li ye. Yon moun konsa li Pawòl Bondye a “tou ba lajounen kou lannuit”. (Sòm 1:1, 2.) Èske w pran plezi w nan Pawòl Bondye a tou? Ki jan w ka chèche jwenn plis jwa ladan l toujou?
Koute Jewova k ap pale
Pa annik kontante w li sa ki ekri a. Fè imajinasyon w travay konsènan sa w ap li a. Imajine vwa moun k ap pale yo. Lè w ap li premye chapit ki nan Bib la, koute Jewova li menm k ap di etap pa etap ki jan l te fè pou tè a vin yon bon kote pou lèzòm viv. Koute l k ap di Pitit li a, Ouvriye abil la, moman an rive pou yo fè premye moun yo. Imajine sèn kote Adan ak Èv vin rebèl, Bondye jije yo, ansuit, li mete yo deyò nan Paradi a (Jen., chap. 1-3). Ou pa santi sa vrèman enpresyone w lè w tande vwa Bondye k ap fè konnen Jezi Kris se Pitit li, Pitit li renmen anpil la, li menm li te voye vin bay lavi l pou limanite (Mat. 3:16, 17)? Eseye imajine jan apot Jan te reyaji lè l te tande Jewova di pawòl sa yo: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” (Rev. 21:5). Vrèman, si w li Pawòl Bondye a konsa, sa ap fè w pran plezi ladan l!
Kontinye li istwa Jewova te fè ekri yo, e w ap vin konnen Jewova kòm yon Moun ki gen anpil pisans e ki merite pou moun gen lakrentif pou li. W ap santi w vrèman pwòch ak Sila a ki renmen nou an, ki trete nou avèk mizèrikòd la, ki ede nou si nou kontinye fè volonte l avèk imilite e ki montre nou fason pou nou reyisi nan tout sa n ap fè. — Joz. 1:8; Sòm 8:1; Iza. 41:10.
Tank ou pase plis tan ap li Bib la, se tank w ap gen plis satisfaksyon, piske w ap vin pi byen konnen sa Bondye vle w fè. Men, plezi a pa ret la. Lè sa w li yo ede w fè fas ak pwoblèm ou rankontre yo avèk sajès, w ap santi w menm jan ak salmis la ki te di: “Rapèl ou yo estrawòdinè. Se sa k fè mwen suiv yo.” (Sòm 119:129). Anplis, w ap kontan tank ou wè jan prensip biblik yo ap chanje fason w panse ak dezi w genyen yon fason pou yo vin jan Bondye vle a. — Iza. 55:8, 9.
Labib ban nou direksyon nan domèn moral. Sa pwoteje nou kont bagay ki ka fè nou mal e sa fè nou konnen bon chemen an. Pandan n ap li l, nou santi Jewova se yon Papa ki konnen ki pwoblèm n ap jwenn si nou kite dezi lachè yo mennen nou. Li pa ta renmen nou sibi move konsekans moun sibi san mank lè yo pa suiv prensip moral li yo ki wo nivo. Li gen sousi pou nou e li vle nou viv pi bon fason ki posib la. Lè nou li Pawòl li a, sa ede nou rekonèt plis toujou jan nou se moun ki beni lefètke nou genyen l kòm Bondye nou e kòm Papa nou ki nan syèl la.
Li Bib la chak jou
Men sa yon salmis te di konsènan moun ki li Pawòl Bondye a chak jou: “Tout sa l fè ap reyisi.” (Sòm 1:3). Pa gen dout nan sa, menmsi nou enpafè, menmsi n ap viv nan monn Satan an, yon monn ki mechan, e menmsi Satan ap fè tout sa l kapab pou l devore nou, lè nou li Pawòl Bondye a regilyèman e nou mete l an pratik, n ap reyisi venk tout bagay ki menase relasyon nou avèk Jewova.
Piske sistèm sa a ap fè presyon sou nou, nou bezwen medite sou panse Kreyatè a pou nou ka jwenn fòs, menm lè se yon ti moman chak jou nou pase ap fè sa. Gen kèk moun ki te nan prizon pou lafwa yo ki te gen posiblite pou yo jwenn sèlman kèk vèsè yo te site pasipala nan yon seri atik nan jounal. Yo te koupe pati ki gen vèsè yo, yo te aprann yo pakè e yo te medite sou yo. Jewova te beni efò yo te fè paske yo te fè sa yo te kapab nan sitiyasyon yo te ye a pou yo te jwenn konesans ki soti nan Pawòl Bondye a (Mat. 5:3). Men, pifò nan nou pa nan prizon. Nou pa ta dwe tire konklizyon si nou annik kouri li yon vèsè yon fwa pa jou, l ap aji sou nou tankou se yon mirak ki fèt. Sepandan, n ap jwenn benediksyon si nou fè ajisteman nan bagay nou bay plis enpòtans yo yon fason pou nou ka li yon pòsyon nan Bib la chak jou, pou nou reflechi sou pòsyon sa a e pou nou aplike l nan lavi nou.
Anfèt, kèlkeswa pwogram nou ta genyen an, menmsi se pi bon pwogram ki te ka egziste, li ka pa mache yon lè. Lè sa rive, annou bay bagay ki gen plis enpòtans pou nou an priyorite. Pa egzanp, nou pap chwazi rete san nou pa bwè dlo pandan youn oswa de jou. Konsa, kèlkeswa sa ki ka rive nan lavi nou, nou bezwen pran yon ti tan pou nou rafrechi nou avèk dlo verite a. — Tra. 17:11.
Li tout Pawòl Bondye a
Èske w deja li tout Bib la nan lekti pèsonèl w ap fè? Gen moun ki santi yo pap kapab li Bib la soti nan Jenèz pou rive nan Revelasyon. Se sa k fè anpil moun ki te vle li tout Bib la te kòmanse li Liv ki te ekri an grèk yo anvan. Poukisa? Petèt paske yo te wè liv sa yo plis konsène yo antanke moun k ap chèche mache sou tras Kris. Oswa petèt paske yo te wè liv sa yo sanble pa gen anpil bagay pou yo li kontrèman ak Liv ki te ekri ann ebre yo. Annefè, Liv ki te ekri an grèk yo reprezante sèlman yon tikras plis pase yon ka nan tout Bib la. Men, apre yo fin li 27 liv sa yo, yo konsantre yo sou 39 liv ki te ekri ann ebre yo, yo kòmanse li yo e yo kòmanse pran plezi ladan yo. Nan moman yo fin li Liv ki te ekri ann ebre yo, yo gentan gen abitid pou yo li Bib la regilyèman, konsa yo kontinye pou yo li Liv ki te ekri an grèk yo yon dezyèm fwa ankò e yo pa janm sispann li Bib la. Nou swete pou ou menm tou, ou pran abitid li Pawòl Bondye a chak jou nan lavi w.
Èske gen yon moun nan fanmi w oswa nan kongregasyon w lan ki pa ka li? Poukisa w pa ofri l pou w li Labib pou li regilyèman? W ap jwenn byenfè nan sa, e li menm tou, l ap jwenn byenfè lè l medite sou sa l tande yo e lè l aplike yo nan lavi l. — Rev. 1:3.
Rive yon lè, gen lòt pwojè espesyal ou ka vle reyalize anrapò ak pwogram lekti Labib ou. Gen nan pwojè sa yo ki ka ede w vin gen plis apresyasyon pou koneksyon ki egziste ant divès pati ki nan Bib la. Si bib ou a gen referans, referans sa yo ka fè w jwenn yon seri enfòmasyon sou sitiyasyon ki te egziste lè yo te ekri pòsyon w ap li a oswa yo ka fè w jwenn lòt kote yo pale de menm istwa a. Yo kapab ede w konprann sitiyasyon ki te fè yo ekri divès sòm ak sitiyasyon ki te fè apot Jezi Kris yo ekri yon seri lèt. W ap jwenn anpil enfòmasyon nan liv Étude perspicace des Écritures la sou moun yo pale nan Bib la, sou kote yo pale yo e sou bèl kalite Bib la mansyone yo. Gen yon seri tablo yo bay k ap atire atansyon w sou fason yon seri pwofesi nan Bib la te akonpli, yo montre ki wa ak ki pwofèt ki t ap viv nan menm epòk e yo bay apeprè ki dat anpil evènman nan Bib la te rive.
Toutpandan w ap medite sou sa w ap aprann yo, w ap konprann rezon ki fè te gen kèk sitiyasyon ki te rive nan mitan pèp Bondye a. W ap konprann tou poukisa Jewova te boule ak pèp li a jan l te fè a. W ap wè jan Jewova te konsidere aksyon gouvènman yo te poze, aksyon pèp yo ak aksyon kèk moun te fè. Konsa, w ap pi byen konprann fason l panse.
Istwa ki nan Bib la ap vin pi enteresan pou ou lè w ap gade zòn kote evènman yo te pase. Kat yo fè sou peyi yo site nan Bib la montre zòn yo ak distans ki te genyen ant zòn yo. Pa egzanp, ki kote apeprè Izrayelit yo te travèse lanmè Wouj? Ki dimansyon Latè pwomiz te genyen? Ki distans Jezi te mache pandan l t ap fè travay predikasyon an sou tè a? Ki bèl kote Pòl te wè pandan vwayaj misyonè l yo? Kat yo ak deskripsyon yo bay sou zòn yo bay yon seri detay k ap fè lekti w la vin vivan. Ki kote ou kapab jwenn kat yo fè sou peyi yo site nan Bib la? Genyen ou ka jwenn nan Les Saintes Écritures — Traduction du monde nouveau. De volim Étude perspicace des Écritures yo gen 70 kat ladan yo e gen yon endèks pou kat yo nan fen premye volim nan. Sèvi ak liv Index des publications Watch Tower yo pou w ka jwenn lòt kat. Si liv sa yo pa disponib nan lang pa w, ou ka sèvi ak kat ki parèt pafwa nan Toudegad pou ede w nan lekti w ap fè nan Bib la.
Nan youn nan Liv ki te ekri ann ebre yo, wa David te fè louwanj pou Jewova, li te di: “Se pa ti enpòtan panse w yo enpòtan pou mwen! O Bondye, ala anpil kantite yo ye a anpil!” (Sòm 139:17). Nan youn nan Liv ki te ekri an grèk yo, apot Pòl te louwe Jewova paske Jewova “klere kè nou pou l bay kè nou limyè ak konesans Bondye a ki gen glwa, grasa figi Kris”. (2 Kor. 4:6.) Byenke David ak Pòl pa t viv nan menm epòk, e te gen plizyè syèk ki separe yo, yo toule de te pran plezi nan Pawòl Bondye a. Menm jan an tou, ou kapab pran plezi nan Pawòl Bondye a si w pran tan pou w li tout sa Jewova te fè ekri pou ou nan Pawòl li a.