BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 39
  • Fason Bondye konsidere san

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason Bondye konsidere san
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Fraksyon san ak kèk teknik yo konn itilize lè y ap fè operasyon
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Èske Temwen Jewova yo aksepte pran tout fraksyon san?
    Èske Temwen Jewova yo aksepte pran tout fraksyon san?
  • Ann kite Bondye vivan an gide nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Èske w bay lavi enpòtans menm jan ak Bondye?
    “Rete nan lanmou Bondye”
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 39
Leson 39. Fason san an ye lè y ap gade l nan mikwoskòp.

LESON 39

Fason Bondye konsidere san

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

San enpòtan anpil. Pèsonn pa t ap ka viv si yo pa t gen san. Se Bondye ki kreye nou e se li sèl ki gen dwa pou l di fason pou nou sèvi ak san. Ki sa l di sou san? Èske nou ka manje l? Èske nou ka aksepte pou yo ban nou l? E ki jan nou ka pran bon desizyon nan domèn sa a?

1. Ki jan Jewova konsidere san?

Men sa Jewova te di adoratè l yo nan epòk yo t ap ekri Bib la: “Lavi tout kalite kreyati vivan se san l.” (Levitik 17:14). Pou Jewova, san se lavi. Kòm lavi se yon kado Bondye bay ki sakre, san se yon bagay ki sakre tou.

2. Ki sa Bondye pa vle nou fè ak san?

Anvan Jezi te vin sou tè a, Jewova te bay adoratè l yo lòd pou yo pa manje san. (Li Jenèz 9:4 ak Levitik 17:10.) Li te bay lòd sa a ankò lè kolèj santral la te bay kretyen yo lòd pou yo “kontinye evite . . . san”. — Li Travay 15:28, 29.

Ki sa evite san vle di? Si yon doktè ta di w pou w evite alkòl, ou pa t ap bwè l. Men, èske w t ap manje manje ki gen alkòl ladan yo oubyen èske w t ap pran l nan venn ou? Se sèten w pa t ap fè sa. Menm jan an tou, lòd Bondye bay pou nou evite san an vle di nou pa dwe ni bwè san, ni manje vyann yo pa t senyen. Nitou nou pa dwe manje okenn manje yo te mete san ladan l.

Ki jan lamedsin sèvi ak san e ki sa Jewova panse sou sa? Gen kèk nan fason lamedsin sèvi ak san ki vyole lwa Bondye yo aklè. Sa gen ladan l fè moun pran san oswa nenpòt pati prensipal san an, sa vle di globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma. Gen lòt fason lamedsin sèvi ak san kote nou pa ka di aklè si yo vyole lwa Bondye bay anrapò ak san an. Pa egzanp, yo konn sèvi ak kèk pati toupiti yo rele fraksyon yo pran nan youn nan pati prensipal ki gen nan san an. Gen lòt ka kote se ak pwòp san pasyan an yo sèvi. Se nou chak ki pou pran desizyon pa nou nan domèn sa yoa. — Galat 6:5.

FOUYE PLIS

Fason pou w deside ki tretman medikal w ap aksepte.

3. Pran desizyon k ap fè Jewova plezi anrapò ak tretman medikal

Ki jan w ka chwazi tretman medikal ki pa depaman ak fason Bondye wè kesyon san an? Pase VIDEYO a, epi fè yon ti pale sou enpòtans sa genyen pou w suiv pwen ki vin apre yo.

VIDEYO: Ki jan pou m pran bonjan desizyon pou sante m anrapò ak kesyon san an? (5:47)

  • Priye Bondye pou l ba w sajès. — Jak 1:5.

  • Chèche prensip biblik ki ka ede w e gade fason w ka aplike yo. — Pwovèb 13:16.

  • Chèche konnen ki tretman ki disponib kote w ap viv la.

  • Gade pou w wè kiyès nan tretman sa yo ou pa ka aksepte.

  • Asire w desizyon w pran an pap anpeche w gen yon bon konsyans. — Travay 24:16b.

  • Se pou w sonje, pèsonn pa gen dwa di w ki desizyon pou w pran nan kesyon ki gen rapò ak konsyans, kit se moun ou marye avè l la, kit se yon ansyen, kit se moun k ap etidye Labib avè w la. — Women 14:12.

  • Ekri desizyon w yo yon fason pou lòt moun ka konnen ki sa w vle.

Foto ki ansanm: Yon moun k ap pran desizyon konsènan yon tretman medikal. 1. Li priye. 2. Li sèvi ak Bib la, ak piblikasyon ki baze sou Bib la e ak yon tablèt pou l fè rechèch. 3. Li pale ak doktè l.

4. Temwen Jewova yo vle jwenn bonjan swen nan domèn medikal

Li posib pou nou obeyi lwa Bondye bay anrapò ak san an toutpandan nou jwenn bon kalite swen nan domèn medikal kote yo pa itilize san. Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Entèvyou ak pwofesè Massimo P. Franchi (1:36)

Li Tit 3:2, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa nou dwe toujou pale ak doktè yo avèk respè e avèk dousè?

Yon tib ki gen san ladan l, san an separe an kat pati prensipal ki ladan l yo, e yo mete A, B, C, D pou make yo.

Sa ki pa akseptab

Se chak kretyen ki pou deside

A. Plasma.

Fraksyon ki soti nan plasma a

B. Globil blan.

Fraksyon ki soti nan globil blan yo

C. Plakèt.

Fraksyon ki soti nan plakèt yo

D. Globil wouj.

Fraksyon ki soti nan globil wouj yo

5. Tretman medikal ki gen rapò ak fraksyon san

San an gen kat pati prensipal: globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma. Yo retire pati ki pi piti, sètadi fraksyon san, nan chak pati prensipal sa yoc. Yo sèvi ak kèk nan fraksyon sa yo nan yon seri medikaman. Yo itilize medikaman sa yo pou konbat yon seri maladi oubyen pou kanpe emoraji.

Anrapò ak fraksyon san, se chak kretyen ki dwe pran pwòp desizyon pa l selon konsyans li ki fòme grasa Labib. Gen kretyen ki ka deside pa aksepte yon tretman kote yo sèvi ak fraksyon san. Gen lòt kretyen ki kapab santi konsyans yo pèmèt yo aksepte fraksyon san.

Lè ou menm w ap pran desizyon pa w, reflechi sou kesyon sa a:

  • Ki jan m ka esplike yon doktè rezon ki fè mwen aksepte yon seri fraksyon san oswa mwen pa aksepte yo?

SI YON MOUN TA DI W: “Ki pwoblèm ki genyen si yon moun pran san?”

  • Ki sa w panse sou kesyon sa a?

SA W TE APRANN

Jewova pa vle nou mal sèvi ak san.

Revizyon

  • Poukisa Jewova konsidere san kòm yon bagay ki sakre?

  • Ki jan nou fè konnen lòd Bondye bay pou nou evite san an gen rapò ak pran san?

  • Ki jan w ka pran bon desizyon anrapò ak tretman kote yo sèvi ak san?

Objektif

APRANN PLIS

Sou ki sa w dwe reflechi anvan w deside si w ap aksepte yon tretman medikal kote y ap sèvi ak pwòp san w?

“Kesyon lektè yo poze” (Toudegad 15 oktòb 2000)

Ki sa w dwe sonje lè w ap deside si pou w aksepte fraksyon san?

“Kesyon lektè yo poze” (Toudegad 15 jen 2004)

Ki sa k te ede yon doktè pou l kwè fason Jewova konsidere san an bon?

“Mwen te aksepte fason Bondye konsidere san” (Reveye n! 8 desanm 2003)

Aprann fason ansyen ki travay nan Komite lyezon ospitalye yo ede frè ak sè yo.

Jewova ap soutni moun ki malad yo (10:23)

a Gade leson 35 ki gen tit: “Fason pou nou pran bon desizyon”.

b Gade pwen 5 ki gen tit: “Tretman medikal ki gen rapò ak fraksyon san”, nòt 3 ki gen tit: “Fason lamedsin sèvi ak san”, ak Ministè Wayòm novanm 2006, paj 3-6.

c Gen kèk doktè ki konsidere kat pati prensipal san yo kòmkwa se fraksyon san yo ye. Se sa k fè w bezwen byen esplike ou pa aksepte pou yo ba w ni san, ni globil wouj, ni globil blan, ni plakèt, ni plasma.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje