BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 32
  • Veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon
  • Kèk lòt sijè
  • Sou menm sijè a
  • Rezo sosyal yo — Premye pati: Èske pitit mwen ta dwe sèvi ak rezo sosyal?
    Èd pou fanmi
  • Ki efè rezo sosyal yo genyen sou mwen?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Fè atansyon ak fo enfòmasyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Èske rezo sosyal ka gen move efè sou pitit ou? — Fason Bib la ka ede paran yo
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 32
Yon mesye k ap gade enfòmasyon ki sot divès kalite kote.

Veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon

Jodi a, li pi fasil pou w jwenn enfòmasyon pase nenpòt lòt epòk. Pa egzanp, ou ka jwenn enfòmasyon ki ka ede w pwoteje tèt ou epi ret an sante. Men, lè w ap fè rechèch, ou dwe fè atansyon pou w pa pran nan fo enfòmasyon tankou:

  • Nouvèl ki tòde laverite

  • Fo rapò

  • Teyori konplo

Pa egzanp, pandan pandemi Kowonaviris la, sekretè jeneral Nasyonzini an te avèti moun yo pou yo pa pran nan fo enfòmasyon, ki te gaye tankou yon epidemi. Li te fè konnen “moun ap gaye move konsèy sou sa pou moun fè pou maladi a ak fo remèd”. Men sa l di ankò: “Se pa de manti yo pa bay nan radyo ak nan televizyon. Moun ap gaye yon seri teyori konplo sou Entènèt. Yon pakèt moun ap pale e y ap aji yon fason ki montre jan yo gen lahèn ak prejije nan kè yo kont lòt gwoup moun.”

Se vre, se pa premye fwa moun ap bay fo enfòmasyon. Men, Bib la te anonse nan epòk nou an, ‘moun ki mechan ansanm ak moun ki mètdam t ap vin pi mal toujou, yo t ap twonpe moun e yo t ap twonpe tèt yo’. (2 Timote 3:1, 13.) E kounye a, menm lè nou pa gen move entansyon, Entènèt pèmèt nou resevwa epi gaye fo nouvèl sa yo pi fasil e pi rapid pase kèlkeswa epòk la. Se sa k fè, imel nou, rezo sosyal nou itilize ak nouvèl nou resevwa sou aparèy elektwonik nou yo ka vin chaje ak enfòmasyon ki pa egzak.

Ki jan w ka veye pou w pa pran nan fo enfòmasyon ak nan teyori konplo? Gade kèk prensip nan Bib la ki ka ede w.

  • Yon mesye k ap reflechi sou bagay li te wè ak bagay li te tande.

    Pa kouri kwè tout sa w wè ak tout sa w tande

    Sa Bib la di: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.

    Yo ka twonpe nou byen fasil si nou pa veye. Pa egzanp, gen yon seri foto ki gen yon ti pawòl ekri sou yo oswa yon seri ti videyo tou kout yo gaye sou Entènèt, sitou sou rezo sosyal yo. Byen souvan yo fè bagay sa yo, yo konn rele meme, pou fè moun ri. Men, li fasil pou moun fè chanjman nan foto ak nan ti videyo sa yo oswa li fasil pou yo fè konprann yon bagay ki diferan nèt ak sa yon moun te ka konprann si l te wè tout videyo a nèt. Moun ka menm fè videyo kote yo fè moun di oswa fè yon seri bagay yo pa t janm ni di, ni fè vre.

    “Moun k ap fè rechèch yo remake pifò fo enfòmasyon yo jwenn sou rezo sosyal yo gen foto ak videyo, tankou ‘meme’ yo, ki fè konprann yon bagay ki pa sa.” — Axios Media.

    Mande tèt ou: ‘Èske sa a se bonjan nouvèl oubyen èske se yon meme li ye?’

  • Yon loup.

    Reflechi sou kote enfòmasyon an soti ak sa l di

    Sa Bib la di: “Verifye tout bagay.” — 1 Tesalonisyen 5:21.

    Anvan w kwè nan yon istwa oswa anvan w voye l bay lòt moun, menm lè se yon istwa ki gaye toupatou oubyen se nan nouvèl ou te tande l, verifye si se verite. Ki jan?

    Gade si w ka fè kote l soti a konfyans. Konpayi ki bay nouvèl yo ak lòt òganizasyon ka prezante yon istwa yon fason ki nan enterè yo oswa ki soutni preferans politik yo. Lè w jwenn yon nouvèl yon kote, konpare l ak sa yon lòt sous di. Pafwa, zanmi nou ka gaye fo enfòmasyon pa mwayen imel oswa sa yo poste sou rezo sosyal yo san yo pa rann yo kont. Kidonk, pa kouri kwè nan yon nouvèl toutotan w pa verifye kote l soti.

    Verifye si sa l di a se yon bagay ki te fèt nan moman an vre e ki egzak. Chèche dat, bagay ou ka verifye ak bonjan prèv ki kore sa y ap di yo. Se pou w pi veyatif si yo fè yon enfòmasyon ki konplike parèt twò senp oswa si yo ranje rapò a pou pwovoke yon reyaksyon lakay moun yo.

    “Kounye a, chèche verifye si enfòmasyon yo ba w se laverite, vin gen menm enpòtans ak lave men w.” — Sridhar Dharmapuri, yon responsab sekirite nan domèn manje pou Nasyonzini.

    Mande tèt ou: ‘Èske nouvèl sa a pa fè l difisil pou yon moun fè diferans ant sa ki verite ak sa ki opinyon yon lòt moun, oubyen èske li bay yon sèl aspè nan istwa a?’

  • Yon lis ki gen pwen pou moun verifye.

    Se verite ki pou gide w, se pa sa w prefere

    Sa Bib la di: “Yon moun ki kwè nan tèt li se yon moun ki sòt.” — Pwovèb 28:26.

    Nou gen tandans fè yon enfòmasyon konfyans lè l di sa n vle kwè. E byen souvan, konpayi Entènèt yo fè nou jwenn nouvèl oswa enfòmasyon nan rezo sosyal nou itilize yo ki koresponn ak sa k enterese nou oubyen sa n abitye chèche. Men, se pa paske nou renmen tande yon bagay ki vle di se sa nou toujou bezwen tande.

    “Nòmalman moun gen kapasite pou yo reflechi e pou yo aji yon fason ki rezonab. Men, sa nou swete, sa nou espere ak sa k pouse n aji konn fè n kwè yon bagay se verite si l sanble ak sa nou vle kwè.” — Peter Ditto, yon sikològ sosyal.

    Mande tèt ou: ‘Èske m fè enfòmasyon sa a konfyans sèlman paske se sa m anvi kwè?’

  • Fo enfòmasyon y ap jete nan yon poubèl.

    Anpeche fo enfòmasyon yo gaye

    Sa Bib la di: “Nou pa dwe gaye yon enfòmasyon ki pa verite.” — Egzòd 23:1.

    Sonje sa, enfòmasyon w ap pataje ak lòt moun gen pouvwa pou yo aji sou fason yo panse ak aksyon yo. Menm lè w pataje fo enfòmasyon yo san se pa t entansyon w, sa ka gen move efè sou lòt moun.

    “Prensipal bagay yo ankouraje w fè se ralanti epi mande tèt ou ‘èske m fè bagay sa a konfyans ase pou m pataje l ak lòt moun?’ Si tout moun ta fè sa, nou t ap wè gen mwens fo enfòmasyon lontan ki gaye sou Entènèt.” — Peter Adams, yon vis prezidan nan News Literacy Project.

    Mande tèt ou: ‘Èske m ap pataje enfòmasyon sa a paske m konnen se laverite?’

Laverite sou teyori konplo yo

Men sa Shauna Bowes, yon sikològ ki etidye konpòtman moun, di: “Teyori konplo yo vin jwe yon pi gwo wòl nan fason moun panse ak fason yo aji kounye a plis pase nenpòt lòt epòk.” Men sa w dwe konnen sou teyori sa yo.

Ki sa yon teyori konplo ye? Yon teyori konplo fè konprann gen yon seri gwoup moun ki mechan e ki gen pouvwa ki te fè konplo an sekrè pou yo fè yon bagay terib oswa yon bagay ki fè moun soufri.

Poukisa teyori sa yo danjere? Teyori konplo yo ka fè moun sispann gen konfyans nan sous enfòmasyon nou dwe fè konfyans yo e gen nan yo ki ka lakòz moun pa vle suiv konsèy yo bay nan domèn lasante oswa konsèy sou fason pou yo pwoteje tèt yo.

Sa k fè anpil moun kwè nan yo konsa? Selon Encyclopaedia Britannica, teyori konplo yo vin gaye plis nan “moman ki gen plis kè kase, nan moman plis bagay pa klè oswa nan moman difisil”. Pa egzanp, “lè gen lagè oswa pwoblèm ekonomik ak lè gen katastwòf natirèl ki fèk fin pase tankou sounami, tranblemanntè ak pandemi”. Nan moman kè sote sa yo, moun kwè nan teyori konplo yo. Paske, an jeneral, y al nan menm sans ak sa yo kwè oubyen yo ede yo konprann poukisa bagay ki mal yo rive.

Ki jan Bib la ka ede w pou w pa pran nan teyori konplo yo? Bib la bay bonjan konsèy ki ka ede n pou n pa enkyete depase limit nan moman difisil yo. Li fè konnen ki sa k lakòz pwoblèm ki gen jodi a ansanm ak fason pwoblèm sa yo pral rezoud. Pou w aprann plis, gade videyo Poukisa nou dwe etidye Labib? la.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje