BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sjj kantik 90
  • Annou youn ankouraje lòt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou youn ankouraje lòt
  • ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Annou youn ankouraje lòt
    Ann chante pou Jewova
  • “Se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • “Se pou youn kontinye ankouraje lòt e se pou youn kontinye fòtifye lòt”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Rete nan lanmou Bondye
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
sjj kantik 90

KANTIK 90

Annou youn ankouraje lòt

Édition imprimée

(Ebre 10:24, 25)

  1. 1. Lè youn toujou ankouraje lòt

    Pou’n sèvi Bondye fidèlman,

    Lanmou nou genyen an vin pi fò,

    Nou ini, nou anpè toutan.

    Lanmou ki gen pami frè nou yo

    Ban nou fòs pou nou andire.

    Kongregasyon an se yon refij,

    Ladan’l nou an sekirite.

  2. 2. Yon pawòl moun di nan bon moman

    Kapab ban nou konsolasyon.

    Yon moun ki ankouraje’n konsa

    Montre li renmen nou toutbon.

    Ala sa bon lè’n travay ansanm

    E lè nou gen menm esperans!

    Konsa, youn chèche fòtifye lòt,

    Youn ede lòt avèk pasyans.

  3. 3. Ann fikse je’n sou jou Bondye a,

    Ann tann li, paske li pa lwen.

    Li enpòtan pou nou reyini

    Pou’n kontinye wout la anbyen.

    Nou vle sèvi Bondye pou toutan

    Bò kot frè’n yo nan inite.

    Donk, se pou youn ankouraje lòt

    Mache avèk fidelite.

(Gade tou Lik 22:32; Tra. 14:21, 22; Gal. 6:2; 1 Tes. 5:14.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje