BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • sjj kantik 54
  • “Men chemen an”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Men chemen an”
  • ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • “Men chemen an”
    Ann chante pou Jewova
  • Koute nouvèl Wayòm nan
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Lanmou fidèl Bondye
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Bèje yo se kado Bondye bay
    ‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
Gade plis
‘Ann chante ak kè kontan’ pou Jewova
sjj kantik 54

KANTIK 54

“Men chemen an”

Édition imprimée

(Ezayi 30:20, 21)

  1. 1. Gen yon chemen lapè

    Ki la depi lontan.

    Nou vin konn chemen sa’,

    Nou vle suiv li toutan.

    Paske’n koute Jezi,

    Nou byen konnen wout sa’.

    Se vrè chemen lapè,

    Nou jwenn li nan Bib la.

    (REFREN)

    Men wout lavi a, wi, men chemen an.

    Pinga’n devye menm pou yon ti moman.

    Vwa Jewova di’n: ‘Men chemen an.

    Pa gad dèyè, nou nan bon chemen an.’

  2. 2. Gen yon chemen lanmou,

    Se ladan’l n’ap mache.

    Bondye montre’n wout la,

    Nou konn kiyès li ye.

    Li gen lanmou, li bon,

    Li fè’n santi nou byen,

    Li ban’n chemen lanmou

    Pou’n suiv jiska lafen.

    (REFREN)

    Men wout lavi a, wi, men chemen an.

    Pinga’n devye menm pou yon ti moman.

    Vwa Jewova di’n: ‘Men chemen an.

    Pa gad dèyè, nou nan bon chemen an.’

  3. 3. Gen yon chemen lavi

    K’ap fè nou jwenn byenfè.

    Jewova pwomèt nou

    Se yon chemen lapè.

    Se pi bon chemen an,

    Se sèl chemen lavi,

    Wi, sèl chemen lanmou.

    Ann di Bondye mèsi.

    (REFREN)

    Men wout lavi a, wi, men chemen an.

    Pinga’n devye menm pou yon ti moman.

    Vwa Jewova di’n: ‘Men chemen an.

    Pa gad dèyè, nou nan bon chemen an.’

(Gade tou Sòm 32:8; 139:24; Pwo. 6:23.)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje