BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ansyen, ki jan w konsidere kesyon bay fòmasyon an?
    Toudegad — 2015 | 15 avril
    • Samyèl ak Sayil k ap pran yon repa ansanm sou yon do kay.

      Ansyen, ki jan w konsidere kesyon bay fòmasyon an?

      “Pou tout bagay gen yon tan ki fikse.” — EKL. 3:1, NW.

      KI REPONS NOU TA BAY?

      • Ki enpòtans nou dwe bay kesyon fòme frè yo, e poukisa?

      • Ki fason yon kongregasyon jwenn byenfè grasa ansyen k ap bay fòmasyon yo?

      • Ki fason ansyen yo kapab imite egzanp Samyèl lè y ap bay lòt moun fòmasyon?

      1, 2. Ki sitiyasyon siveyan sikonskripsyon yo wè ki egziste nan anpil kongregasyon?

      SIVEYAN sikonskripsyon an te prèske fin reyinyon l te gen ak gwoup ansyen an. Toutpandan l t ap gade yo, li te santi l gen anpil afeksyon pou bèje sa yo k ap travay di, e gen kèk nan yo ki menm gen ase laj pou yo papa l. Sepandan, li te santi l enkyè tou, se sa k fè l te mande yo: “Frè m yo, ki sa n fè pou n bay lòt moun fòmasyon yon fason pou yo vin gen plis responsablite nan kongregasyon an?” Yo byen sonje nan dènye vizit siveyan an, li te ankouraje yo pou yo bay kesyon fòme lòt moun nan plis atansyon. Finalman, gen youn nan ansyen yo ki di: “Franchman, nou pa fè anpil bagay.” Lòt ansyen yo te sekwe tèt yo pou yo montre yo dakò.

      2 Si w se yon ansyen, èske sa k te pase nan reyinyon sa a rive w deja? Petèt w ap di wi. Toupatou nan monn nan, siveyan sikonskripsyon yo rann yo kont nan anpil kongregasyon gen gwo bezwen pou bay frè yo, jèn kou granmoun, fòmasyon yon fason pou yo bay èd nan pran swen twoupo a. Men, sa reprezante yon defi. Sa k fè sa?

      3. a) Ki fason Ekriti yo montre l enpòtan pou n bay fòmasyon, e ki sa k fè nou tout ta dwe enterese ak sa? (Gade nòt anba paj la.) b) Poukisa kèk ansyen ka twouve l difisil pou yo bay lòt moun fòmasyon?

      3 Antanke bèje, sandout ou rann ou kont jan l enpòtan pou w fòme tèt ou pèsonèlmana. Ou konnen gen yon gwo bezwen pou jwenn plis frè pou ede kongregasyon yo rete djanm nan domèn espirityèl e pou pèmèt vin gen lòt kongregasyon ki fòme. (Li Izayi 60:22.) Anplis de sa, ou konnen Pawòl Bondye a ankouraje w “anseye lòt moun”. (Li 2 Timote 2:2.) Aktout sa, menm jan ak ansyen nou te pale de yo nan kòmansman atik la, ou ka twouve l difisil pou w fè sa. Apre w fin bay fanmi w sa yo bezwen, ou fin ranpli egzijans travay ou, ou fin ranpli responsablite w gen nan kongregasyon an ansanm ak lòt bagay ki ijan, ta sanble w jis pa gen tan pou w fòme lòt moun nan kongregasyon an. Si se konsa sa ye, ann konsidere rezon ki fè n ta dwe bay kesyon fòme lòt moun nan enpòtans.

      LI ENPÒTAN POU N BAY FÒMASYON

      4. Ki youn nan rezon ki gendwa fè pafwa nou kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè?

      4 Ki youn nan rezon ki fè kèk ansyen gendwa twouve l difisil pou yo rezève tan pou yo bay fòmasyon? Petèt gen kèk nan yo ki panse konsa: ‘Se vre l enpòtan pou n bay fòmasyon, men, li pa pi ijan pase lòt bagay nan kongregasyon an ki pa ka tann yo. Kongregasyon an ap kontinye fonksyone menmsi n kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè.’ Se vre gen anpil bagay nan kongregasyon an ki mande pou n rezoud yo san pèdi tan, sepandan, si n pran abitid kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè sa ka gen efè sou byennèt espirityèl kongregasyon an.

      5, 6. Ki sa n ka aprann nan egzanp chofè a ansanm ak fason l te konsidere kesyon pran swen motè machin nan, e ki jan n ka aplike egzanp sa a ak kesyon bay fòmasyon nan kongregasyon an?

      5 Fè yon ti reflechi ak egzanp sa a: Yon chofè gendwa konnen l dwe chanje luil nan machin li regilyèman si l vle pran swen machin nan e si l vle pou motè a kontinye mache byen. Sepandan, li gendwa panse kesyon chanje luil la pa pi enpòtan pase met gaz nan machin nan. Dayè, si l pa met gaz nan machin nan, machin nan pap pran tan pou l kanpe. Li gendwa panse konsa: ‘Si m pa jwenn tan pou m chanje luil la, machin nan ap kontinye mache menmsi se pou yon ti tan.’ Men, ki kote danje a ye? Si chofè a kontinye ap kite kesyon pran swen motè a pou yon lòt lè, gen yon jou k ap rive kote machin nan ap kanpe nèt. Lè sa a, li pral oblije pran anpil tan epi depanse yon pakèt lajan pou l fè machin nan mache ankò. Ki leson nou aprann nan egzanp sa a?

      6 Ansyen yo gen anpil bagay enpòtan y ap regle ki mande pou yo rezoud yo prese prese e si yo pa fè sa, sa ap gen efè sou kongregasyon an. Konsa, menm jan ak chofè nan egzanp lan ki te asire l li met gaz nan machin nan, ansyen yo tou dwe “rekonèt bagay ki pi enpòtan yo”. (Flp. 1:10.) Sepandan, gen kèk ansyen ki tèlman okipe nan regle bagay ki dwe rezoud prese prese yo opwen yo gendwa neglije kesyon bay lòt moun fòmasyon an. Konsa, nan yon sans yo neglije pran swen motè a. Anplis de sa, si ansyen yo kontinye ap kite kesyon bay fòmasyon an pou yon lòt lè, alòske sa nesesè, towouta kongregasyon an pap gen ase frè ki kalifye pou fè tout travay ki bezwen fèt yo.

      7. Ki jan n dwe konsidere ansyen ki rezève tan pou bay fòmasyon yo?

      7 Kidonk, sa klè, nou pa dwe panse kesyon bay fòmasyon an pa gen anpil enpòtans. Ansyen ki prevwayan e ki rezève tan pou yo fòme frè ki pa gen anpil eksperyans yo montre yo se moun k ap byen jere kongregasyon an e yo se bonjan benediksyon pou tout kongregasyon an. (Li 1 Pyè 4:10.) Ki jan sa pwofitab pou kongregasyon an?

      YON ENVESTISMAN KI SAJ

      8. a) Ki kalite e ki konsiderasyon ansyen yo genyen ki pouse yo bay lòt moun fòmasyon? b) Ki responsablite ijan ansyen k ap sèvi kote ki gen bezwen yo genyen? (Gade kare ki gen tit “Yon travay ki vrèman enpòtan” an.)

      8 Menm ansyen ki gen plis eksperyans yo dwe rekonèt avèk imilite tank y ap antre nan laj se tank kantite travay yo te konn fè pou kongregasyon an ap diminye tikras pa tikras (Mika 6:8). Mete sou sa, yo ta dwe montre yo reyalis lè yo rekonèt ‘evènman moun pa prevwa ki rive nan moman moun pa atann’ kapab chanje sitiyasyon yo bridsoukou opwen yo pa ka ranpli responsablite yo gen nan kongregasyon an jan yo te konn fè sa (Ekl. 9:11, 12, NW; Jak 4:13, 14). Konsa, lefètke ansyen ki prevwayan yo gen bonjan sousi pou byennèt mouton Jewova yo, nan moman apwopriye yo pataje eksperyans yo te fè pandan plizyè ane yo fè ap sèvi Jewova fidèlman yo ak jèn frè yo. — Li Sòm 71:17, 18.

      9. Ki evènman ki pral rive ki fè l vrèman enpòtan pou n bay fòmasyon?

      9 Ki lòt rezon ankò ki montre ansyen k ap fòme lòt moun yo se yon benediksyon pou twoupo a? Yo ranfòse defans kongregasyon an. Nan ki sans? Efò ansyen yo fè pou fòme lòt moun pèmèt vin gen plis frè ki pare pou ede kongregasyon an rete djanm epi pou pèmèt li gen inite nonsèlman depi kounye a men sitou nan moman difisil ki pral genyen pandan gwo tribilasyon an (Eze. 38:10-12; Mika 5:5, 6). Kidonk, ansyen nou renmen anpil yo, n ap mande nou tanpri pou n bay kesyon fòme lòt moun nan yon plas enpòtan nan travay n ap fè nan ministè a jodi a.

      10. Ki sa ansyen yo gendwa bezwen fè pou yo jwenn tan pou fòme lòt moun?

      10 Nòmalman, nou konnen tan w pase ap regle bagay ki enpòtan nan kongregasyon an kapab gentan fè w santi w pa ka fè plis. Aktout sa, ou gendwa bezwen rezève yon pati nan tan sa a pou w fòme lòt moun (Ekl. 3:1). Lè w fè sa, w ap fè yon envestisman ki saj.

      KREYE BONJAN ANBYANS

      11. a) Ki bagay enteresan ki gen nan sijesyon kèk ansyen ki sot nan plizyè peyi te bay konsènan kesyon bay fòmasyon an? b) Selon Pwovèb 15:22, ki sa k fè l ap bon pou n konsidere sijesyon lòt ansyen yo?

      11 Sa pa gen twò lontan, yo te mande yon gwoup ansyen ki jwenn bon rezilta nan ede frè yo pwogrese nan domèn espirityèl, ki metòd yo itilize lè y ap fòme lòt mounb. Byenke sitiyasyon frè sa yo diferan anpil, yo tout te prèske bay menm metòd. Ki sa sa montre? Sa montre, menm jan sa te ye nan epòk apot Pòl la, fòmasyon ki chita sou Bib la aplikab pou moun y ap fòme “toupatou nan chak kongregasyon”. (1 Kor. 4:17.) Kidonk, nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a nou pral konsidere kèk sijesyon ansyen sa yo te bay (Pwo. 15:22). Pou n ka pi senp, nan atik yo, lè n ap pale de moun k ap bay fòmasyon yo n ap di “anseyan” e lè n ap pale de moun y ap fòme yo n ap di “moun y ap bay fòmasyon yo”.

      12. Ki sa yon anseyan dwe chèche fè, e poukisa?

      12 Yon anseyan bezwen chèche kreye bonjan anbyans pou l bay fòmasyon. Menm jan yon kiltivatè bezwen travay yon tè anvan l simen semans yo se konsa tou yon anseyan bezwen prepare kè moun l ap bay fòmasyon an oswa l bezwen ankouraje l anvan l anseye l nouvo metòd yo. Nan ka sa a, ki fason anseyan yo ka chèche kreye bonjan anbyans pou yo fòme lòt moun? Yo ka fè sa lè yo suiv menm metòd yon pwofèt nan tan lontan te suiv. Ki metòd sa a?

      13-15. a) Ki misyon pwofèt Samyèl te resevwa? b) Ki fason Samyèl te ranpli misyon sa a? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) c) Jodi a, ki sa k fè istwa biblik sa a ta dwe enterese ansyen yo espesyalman?

      13 Yon lè, sa gen plis pase 3 000 an, Jewova te di pwofèt Samyèl ki te fin granmoun: “Demen, lè konsa, m ap voye yon mesye ki sot nan tèritwa tribi Benjamen an kote w. Ou dwe vide luil sou tèt li pou w chwazi l kòm chèf pou l dirije pèp Izrayèl la, pèp mwen an.” ​(1 Sam. 9:15, 16, NW). Samyèl te rann li kont wòl li antanke chèf te rive nan bout li epi Jewova te ba l misyon pou l chwazi yon moun pou ranplase l. Samyèl dwe t ap mande tèt li: ‘Ki jan m ka prepare moun sa a pou wòl li pral jwe a?’ Li te vin gen yon ide e l te travay sou sa.

      14 Nan jou ki te vin annapre a, lè Samyèl wè Sayil, Jewova te di pwofèt la: “Men gason mwen te di w [la].” Lè sa a, Samyèl te kòmanse sèvi ak plan l te genyen an. Li te envite Sayil vin pran yon repa avè l nan salamanje a. Lè yo rive nan salamanje a, li te bay Sayil ak sèvitè l la pi bon plas yo, li te ba yo moso vyann li te met apa pou yo a epi Samyèl te di: “Manje l, paske yo te sere l pou ou, pou okazyon sa a.” Annapre, Samyèl ak Sayil te kòmanse mache pou y al kay pwofèt la e yo t ap pale toutpandan yo prale. Samyèl te vle pwofite bèl anbyans repa a ansanm ak bèl ti pwomnad la te kreye a. Konsa, li te envite Sayil monte avè l sou do kay la. Nan bon ti van fre ki te genyen pandan l pral fènwa a, Samyèl te “kontinye pale ak Sayil sou do kay la” jiskaske y al dòmi. Nan demen, Samyèl te vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l, li te bo l epi l te ba l plis enstriksyon. Apre l te fin prepare Sayil pou evènman ki t apral rive yo, li te voye l ale. — 1 Sam. 9:17-27; 10:1, NW.

      15 Nòmalman, chwazi yon moun pou l vin chèf yon nasyon pa menm bagay ak fòme yon frè pou l vin ansyen oswa asistan ministeryèl nan kongregasyon an. Aktout sa, jodi a, ansyen yo ka jwenn bonjan leson nan metòd Samyèl te itilize a. Ann konsidere de nan leson sa yo.

      ANSEYAN YO DWE DISPOZE E YO DWE SE BON ZANMI

      16. a) Ki jan Samyèl te santi l lè Izrayelit yo te mande pou yo gen yon wa? b) Ak ki etadespri Samyèl te ranpli misyon l te genyen pou l vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l la?

      16 Se pou w dispoze, ou pa dwe renka. Lè Samyèl te fèk tande Izrayelit yo te vle jwenn yon moun pou dirije yo kòm wa a, li te santi l desi e l te santi pèp la rejte l (1 Sam. 8:4-8). Anfèt, li te tèlman renka pou l fè sa pèp la mande a opwen pandan twa fwa Jewova te wè l nesesè pou l di l koute pèp la (1 Sam. 8:7, 9, 22). Aktout li te renka, Samyèl pa t kite kòlè oswa rankin pran rasin nan kè l kont moun ki t apral ranplase l la. Lè Jewova te di l pou l vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l, pwofèt la te obeyi, li pa t annik kontante l fè sa paske l te oblije men l te dispoze fè sa avèk lanmou.

      17. Jodi a, ki fason ansyen yo montre yo dispoze menm jan ak Samyèl, e ki jan sa fè yo kontan?

      17 Menm jan ak Samyèl, jodi a, ansyen ki gen eksperyans yo demontre yon dispozisyon ki plen lanmou anvè moun y ap bay fòmasyon yo (1 Pyè 5:2). Ansyen sa yo pa ezite bay fòmasyon akoz yo pè pou moun y ap fòme yo pa pran kèk privilèj yo te genyen nan kongregasyon an. Anseyan ki dispoze yo pa konsidere moun ki vle jwenn fòmasyon yo kòm moun ki nan konpetisyon ak yo, men, yo konsidere yo kòm “konpayon travay” yo, kòm kado ki gen anpil valè pou kongregasyon an (2 Kor. 1:24; Ebre 13:16). Epitou, se pa ti kontan anseyan sa yo ki pa egoyis kontan lè yo wè jan moun y ap bay fòmasyon yo sèvi ak kapasite yo pou byennèt kongregasyon an! — Tra. 20:35.

      18, 19. Ki fason yon ansyen kapab prepare kè yon moun l ap bay fòmasyon, e ki sa k fè metòd sa a enpòtan anpil?

      18 Se pou w yon zanmi, ou pa dwe yon anseyan sèlman. Jou Samyèl te rankontre Sayil la, pwofèt la te ka annik pran yon boutèy ki gen luil, li vide l sou tèt Sayil epi l voye nouvo wa a lakay li. Konsa, se vre l t ap byen chwazi Sayil pou l vin wa, men, Sayil pa t ap pare ditou. Olye de sa, avèk jantiyès, Samyèl te pran tan pou l prepare kè Sayil tikras pa tikras. Se sèlman apre pwofèt la te fin pran yon bon repa ak Sayil, apre yo te fin fè yon bèl ti pwomnad, apre yo te pale pandan yon bon bout tan epi apre yo te fin byen repoze yo, li te santi moman an rive pou l vide luil sou tèt Sayil pou l chwazi l.

      Yon ansyen ak yon asistan ministeryèl ki nan yon bèl konvèsasyon.

      Premye bagay nou dwe fè lè n ap fòme lòt moun se chèche vin zanmi yo. (Gade paragraf 18, 19.)

      19 Menm jan an tou, jodi a, anvan yon anseyan kòmanse bay fòmasyon li ta dwe pran tan pou l chèche kreye yon anbyans ki rilaks epi pou l chèche gen yon bon zanmitay ak moun l ap bay fòmasyon an. Etap byen presi yon ansyen kapab suiv pou l chèche kreye kalite zanmitay sa a kapab varye selon peyi a e selon sikonstans ak koutim zòn kote y ap viv la. Sepandan, kèlkeswa kote w ap viv la, antanke ansyen ki okipe anpil, si w rezève yon ti tan pou w pase ak moun w ap fòme a se kòmsi w te di l: “Ou enpòtan pou mwen.” ​(Li Women 12:10.) Nan kèlkeswa peyi a, moun ki dispoze pran fòmasyon yo ap konprann mesaj sa a ou bay san pale a byen klè e y ap vrèman apresye l.

      20, 21. a) Ki jan w t ap dekri yon anseyan ki jwenn bon rezilta? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

      20 Nou menm ansyen, pa bliye: Yon anseyan ki jwenn bon rezilta pa sèlman yon anseyan ki renmen bay lòt moun fòmasyon, men l se yon anseyan ki renmen moun l ap bay fòmasyon an tou. (Konpare ak Jan 5:20.) Moun y ap bay fòmasyon an pap pran tan pou l rive disène kalite enpòtan sa a lakay yon anseyan ki dispoze e sa ap gen gwo efè sou fason l ap reyaji devan fòmasyon l ap resevwa a. Kidonk, nou menm ansyen nou renmen anpil yo, toutpandan n ap bay fòmasyon se pou n montre nou plis pase yon senp anseyan, nou dwe montre nou se yon zanmi tou. — Pwo. 17:17; Jan 15:15.

      21 Apre yon ansyen fin prepare kè moun l ap bay fòmasyon an, l ap ede l devlope kalite ki nesesè yo. Ki metòd ansyen an ta ka itilize pou l fè sa? Nou pral reponn kesyon sa a nan atik ki vin apre a.

      a Yo ekri atik sa a ansanm ak atik ki vin apre a espesyalman pou ansyen yo, sepandan, tout moun nan kongregasyon an ta dwe enterese nan sa yo di ladan yo a. Sa k fè sa? Se paske atik sa yo ankouraje tout frè ki batize pou yo rann yo kont jan l enpòtan pou yo jwenn fòmasyon yon fason pou yo ka patisipe nan travay la. Epi, se tout moun k ap jwenn byenfè lè travay la fèt.

      b Ansyen sa yo ap viv nan peyi Afrik disid, Bèljik, Bengladèch, Brezil, Etazini, Giyàn fransè, Japon, Kore, Lafrans, Lareyinyon, Larisi, Meksik, Namibi, Nijerya ak Ostrali.

      Yon travay ki vrèman enpòtan

      Yon moun k ap sèvi kote ki gen plis bezwen k ap fòme frè nan zòn nan pou yo vin tounen bèje pou twoupo a.

      NAN kèk pati nan monn nan, gen plizyè kongregasyon ki resevwa anpil èd grasa frè ak sè ki soti nan lòt peyi e k al sèvi kote ki gen bezwen. Temwen sa yo ki gen espri sakrifis bay anpil èd nan rekòt espirityèl la. Men, ki sa k t ap rive si pwoklamatè Wayòm sa yo k ap travay di ta kite peyi kote y ap sèvi a? Gen anpil kongregasyon ki pa t ap jwenn ase frè kalifye nan peyi sa yo pou ranpli tout responsablite ki gen nan kongregasyon an. Kidonk, frè k ap sèvi kòm ansyen kote ki gen bezwen yo gen yon travay ki vrèman enpòtan pou yo fè ki se: Ede frè nan peyi kote y ap sèvi yo vin kalifye pou yo pran swen twoupo a antanke bèje.

  • Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye
    Toudegad — 2015 | 15 avril
    • Elicha k ap gade Eliya ki frape dlo rivyè Jouden an ak rad pwofèt li a pou l fè dlo a fè de bò.

      Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye

      “Bagay ou te tande m di w yo, [...] konfye yo bay gason ki fidèl.” — 2 TIM. 2:2.

      KI REPONS NOU TA BAY?

      • Ki fason yon ansyen ka ede yon frè pou l vin pi djanm nan domèn espirityèl?

      • Ki vèsè ki ka ankouraje yon frè ki yon ti jan renka pou l aksepte responsablite chanje fason l panse?

      • Ki fason moun y ap bay fòmasyon yo ka imite Elicha?

      1. a) Anrapò ak kesyon bay fòmasyon an, ki sa sèvitè Bondye yo gen lontan depi yo konprann, e ki jan sa konsène nou jodi a? b) Ki sa n pral egzamine nan atik sa a?

      SÈVITÈ Bondye yo gen lontan depi yo konprann fòmasyon kontribye pou moun jwenn rezilta. Patriyach Abram te ‘rasanble mesye lakay li ki te aprann batay’ yo pou l t al sove Lòt, e mesye yo te rive sove l vre (Jen. 14:14-16, NW). Nan epòk wa David la, gen moun ki te jwenn fòmasyon pou yo “chante pou Jewova” nan kay li a e yo te konn fè louwanj pou li (1 Kwo. 25:7, NW). Jodi a, n ap lite nan yon gè espirityèl kont Satan ak patizan l yo (Efe. 6:11-13). Anplis de sa, nou pran detèminasyon pou n fè tout sa n kapab pou n fè Jewova jwenn louwanj (Ebre 13:15, 16). Kidonk, menm jan ak moun ki t ap sèvi Bondye nan tan lontan yo, nou bezwen jwenn fòmasyon pou n ka reyisi. Jewova bay ansyen nan kongregasyon yo responsablite pou yo fòme lòt moun (2 Tim. 2:2). Ki metòd ansyen sa yo ki gen eksperyans konn itilize pou yo fòme frè yo pou yo vin kalifye pou pran swen twoupo a?

      EDE MOUN W AP FÒME A VIN PI DJANM NAN DOMÈN ESPIRITYÈL

      2. Ki sa yon ansyen ka bezwen fè anvan l ede yon moun l ap bay fòmasyon vin gen yon seri kapasite, e poukisa?

      2 Antanke ansyen, ou sanble ak yon kiltivatè. Anvan yon kiltivatè simen semans yo, li kapab wè l nesesè pou l met angrè nan tè a yon fason pou tè a ka bay pi bon rannman. Menm jan an tou, anvan w ede yon frè ki pa gen anpil eksperyans vin gen yon seri kapasite, ou kapab twouve l nesesè pou w pataje kèk panse ki soti nan Ekriti yo avè l yon fason pou w pouse kè l pi byen reyaji devan fòmasyon l pral resevwa a. — 1 Tim. 4:6.

      3. a) Ki jan n ka sèvi ak pawòl Jezi te di nou jwenn nan Mak 12:29, 30 yo nan konvèsasyon nou gen ak yon moun n ap bay fòmasyon? b) Ki efè yon priyè yon ansyen fè kapab genyen sou yon moun l ap bay fòmasyon?

      3 Pou w rive wè jis nan ki pwen verite Wayòm nan gen enfliyans sou fason moun w ap fòme a panse ak fason l aji, ou gendwa mande l: ‘Ki jan ve w te fè bay Jewova a chanje fason w ap itilize lavi w?’ Kesyon sa a ka mennen nan yon bèl konvèsasyon konsènan fason n ka bay Jewova yon sèvis sakre ak tout kè n. (Li Mak 12:29, 30.) Petèt ou ka fè yon priyè pou w fini yon konvèsasyon konsa. Ou ka mande Jewova pou l bay moun w ap fòme a lespri sen l bezwen pou fòmasyon l lan vin konplè. Se pa ti ankouraje frè a ap santi l ankouraje lè l tande w k ap priye Jewova ak tout kè w pou li!

      4. a) Bay kèk istwa biblik ki ka ankouraje yon moun y ap bay fòmasyon pwogrese nan domèn espirityèl. b) Ki objektif ansyen yo gen nan lespri yo lè y ap bay lòt moun fòmasyon?

      4 Nan premye faz fòmasyon an, egzamine kèk istwa biblik ki ka ede moun w ap fòme a wè jan l enpòtan pou l montre l vle aprann, pou l montre l se yon moun k ap aplike sa w di l epi pou l montre l gen imilite (1 Wa 19:19-21; Ney. 7:2; 13:13; Tra. 18:24-26). Menm jan angrè enpòtan pou tè a, se konsa tou, li enpòtan anpil pou moun w ap bay fòmasyon an gen kalite sa yo. Y ap pèmèt li pwogrese pi vit nan domèn espirityèl. Men sa yon ansyen ki rele Jean-Claude k ap viv an Frans fè konnen: “Premye objektif mwen lè m ap bay fòmasyon se ede moun m ap fòme a vin gen yon pwennvi espirityèl. Mwen chèche jwenn moman pou m li yon vèse byen presi avè l yon fason pou m ‘louvri je’ l pou l wè ‘bèl bagay’ ki gen nan Pawòl Bondye a.” ​(Sòm 119:18). Ki lòt fason ankò nou ka ede moun n ap bay fòmasyon an?

      EDE YO FIKSE OBJEKTIF EPI BA YO REZON POU YO FÈ SA

      5. a) Jis nan ki pwen l enpòtan pou n pale konsènan objektif espirityèl yo ak yon moun n ap bay fòmasyon? b) Ki sa k fè ansyen yo ta dwe bay jèn yo fòmasyon? (Gade nòt anba paj la.)

      5 Mande yon moun w ap bay fòmasyon: ‘Ki objektif ou genyen nan domèn espirityèl?’ Si l pa gen yon objektif byen klè nan lespri l, ede l fikse youn ki rezonab e l ka rive atenn. Pale avè l konsènan yon objektif espirityèl byen presi ou te fikse yon lè epi pran tan pou w esplike l kantite jwa w te jwenn lè w te atenn objektif sa a. Byenke sa ka sanble yon metòd ki senp, men, li vrèman efikas. Men sa Victor k ap sèvi kòm ansyen e kòm pyonye ann Afrik fè konnen: “Lè m te jèn, gen yon ansyen ki te poze m kèk kesyon l te byen chwazi konsènan objektif mwen. Kesyon sa yo te ede m kòmanse reflechi toutbon ak ministè m.” Ansyen ki gen eksperyans yo wè l enpòtan tou pou yo kòmanse fòme frè yo pandan yo jèn, sa vle di nan kòmansman adolesans yo, lè yo ba yo kèk asiyasyon nan kongregasyon an selon laj yo. Fòmasyon sa a jèn yo kòmanse jwenn nan ap ede yo kenbe je yo fikse sou objektif espirityèl lè yo rive nan fen adolesans yo kote gen anpil bagay ki pral vin distrè yoa. — Li Sòm 71:5, 17.

      Yon ansyen ki nan yon sal Wayòm ak yon jèn frè k ap esplike l rezon ki fè yon travay dwe fèt.

      Esplike yo rezon ki fè yo dwe fè yon travay epi felisite yo pou efò yo fè pou akonpli travay sa a. (Gade paragraf 5-8.)

      6. Bay yon aspè enpòtan nan fason Jezi te konn bay lòt moun fòmasyon.

      6 W ap ka ankouraje yon moun w ap fòme pou l sèvi tou lè w esplike l nonsèlman sa pou l fè men rezon ki fè l dwe fè l. Lè w ba l rezon yo se imite w imite Jezi, gran Anseyan an. Pa egzanp, anvan Jezi te bay apot li yo misyon pou yo fè disip la, li te ba yo rezon ki fè yo ta dwe obeyi. Li te di yo: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” Apre sa l te ajoute: “Ale, epi fè disip pami moun tout nasyon.” ​(Mat. 28:18, 19). Ki jan w ka imite Jezi nan fason l te konn bay fòmasyon?

      7, 8. a) Jodi a, ki fason ansyen yo ka imite Jezi nan fason l te konn bay fòmasyon? b) Jis nan ki pwen l enpòtan pou n felisite moun n ap bay fòmasyon yo? c) Bay kèk sijesyon ki ka ede ansyen yo fòme lòt moun? (Gade kare ki gen tit “Fason pou n fòme lòt moun” nan.)

      7 Esplike moun w ap fòme a ki kote nan Ekriti yo ki montre l dwe fè sa yo mande l fè a. Konsa, w ap aprann li reflechi ann amoni ak prensip ki nan Bib la. Pa egzanp, ann sipoze w ta mande yon frè pou l netwaye antre Sal Wayòm nan pou moun ka antre san pwoblèm. Ou ta ka egzamine Tit 2:10 avè l epi w ta ka esplike l jan travay l ap fè pou l fè Sal Wayòm nan vin pi bèl la ap “anbeli ansèyman Bondye, Sovè nou an”. Anplis de sa, mande moun w ap fòme a pou l panse ak moun aje ki nan kongregasyon an epi pou l wè kòman lè l ranpli asiyasyon sa a sa ap pwofitab pou yo. Konvèsasyon sa yo ap ede moun nan konsantre l plis sou moun yo olye l konsantre l sou règ yo. L ap rive pwofite lajwa sa bay pou l wè fason frè ak sè nan kongregasyon an jwenn byenfè grasa travay l ap fè a.

      8 Mete sou sa, toujou asire w ou felisite moun w ap bay fòmasyon an pou efò l fè pou l aplike sijesyon w ba l yo. Jis nan ki pwen l enpòtan pou w fè sa? Lè w felisite moun w ap fòme a ak tout kè w, sa ap gen menm efè sou li ak efè yon dlo fè sou yon plant, sa vle di l ap anvi fè plis. — Konpare ak Matye 3:17.

      YON LÒT DIFIKILTE

      9. a) Nan kesyon bay fòmasyon an, ak ki difikilte kèk ansyen k ap viv nan peyi rich yo ap fè fas? b) Ki rezon ki fè laverite pa janm gen premye plas la nan lavi kèk jèn?

      9 Ansyen k ap viv nan peyi rich yo ap fè fas ak yon lòt difikilte ki gen rapò ak fason yo ka ankouraje frè batize ki nan ventèn oswa trantèn yo pou yo patisipe nan aktivite kongregasyon an. Nou te mande kèk ansyen ki gen eksperyans ki soti nan anviwon 20 peyi oksidantal pou yo di ki rezon yo panse ki fè gen kèk jèn frè ki yon ti jan renka pou yo aksepte privilèj nan kongregasyon an. Pami repons yo te bay yo, gen youn ki te di: Toutpandan jèn sa yo t ap grandi, gen kèk nan yo ki pa t jwenn ankourajman pou yo pousuiv objektif espirityèl. Anfèt, nan kèk ka, paran yo te pito ankouraje jèn ki te anvi fè sa yo pousuiv objektif materyèl! Laverite pa t janm gen premye plas nan lavi jèn sa yo. — Mat. 10:24.

      10, 11. a) Ki fason yon ansyen ka ede yon frè ki sanble renka pou l aksepte responsablite chanje pwennvi l tikras pa tikras? b) Bay kèk vèsè nan Ekriti yo yon ansyen te ka egzamine ak yon frè, e poukisa? (Gade nòt anba paj la.)

      10 Si yon frè ta sanble renka pou l aksepte responsablite, sa ka mande anpil efò ak anpil pasyans pou w rive fè l chanje fason l panse a, men, sa pa enposib. Menm jan yon kiltivatè ka ede kèk plant pran bon direksyon lè l redrese yo tikras pa tikras, konsa tou, tikras pa tikras ou ka ede kèk frè rann yo kont jan l enpòtan pou yo chanje pwennvi yo genyen anrapò ak kesyon aksepte privilèj la. Ki jan w ka fè sa?

      11 Pran tan pou w chèche vin zanmi frè a. Fè l konnen kongregasyon an bezwen l. Annapre, toutpandan tan ap pase, chita avè l pou n rezone sou kèk vèsè byen presi epi ede l reflechi sou ve l te fè Jewova a (Ekl. 5:4; Iza. 6:8; Mat. 6:24, 33; Lik 9:57-62; 1 Kor. 15:58; 2 Kor. 5:15; 13:5). Ou gendwa mande l: ‘Ki pwomès ou te fè Jewova lè w t ap vwe vi w ba li?’ Eseye touche kè l lè w mande l: ‘Ki jan w panse Jewova dwe te santi l lè w te batize?’ ​(Pwo. 27:11). ‘Ki jan Satan te santi l?’ ​(1 Pyè 5:8). Pa janm souzestime jis nan ki pwen yon frè kapab santi l touche lè l li kèk pasaj nan Bib la ou te byen pran san w pou w chwazib. — Li Ebre 4:12.

      ANTANKE MOUN Y AP BAY FÒMASYON, MONTRE W FIDÈL

      12, 13. a) Ki etadespri Elicha te demontre antanke moun y ap bay fòmasyon? b) Ki fason Jewova te rekonpanse Elicha pou fidelite l?

      12 E ou menm jèn ki bezwen èd? Ki etadespri k ap ede w reyisi? Pou n reponn kesyon sa a, ann egzamine kèk evènman ki te rive nan lavi yon moun yo t ap fòme nan tan lontan.

      13 Sa gen prèske 3 000 an, pwofèt Eliya te mande Elicha ki te yon jèn gason pou l vin sèvitè l. San pèdi tan, Elicha te aksepte envitasyon an epi, avèk fidelite, li te aksepte fè yon seri travay ki parèt rabesan pou l te sèvi pwofèt la ki te aje (2 Wa 3:11). Apre Elicha te fin fè anviwon sizan ap pran fòmasyon, li te aprann travay Eliya t ap fè ann Izrayèl la te rive nan bout li. Lè sa a, Eliya te ankouraje zanmi l te byen fòme a pou l sispann suiv li, men, pandan twa fwa Elicha te di Eliya: “Mwen pap kite w.” Li te pran detèminasyon pou l ret ak moun ki t ap fòme l la otank posib. Kòm rezilta, Jewova te rekonpanse Elicha pou lanmou l ak fidelite l lè l te kite l wè Eliya ki te monte nan yon gwo toubiyon. — 2 Wa 2:1-12, NW.

      14. a) Jodi a, ki fason moun y ap bay fòmasyon yo ka imite Elicha? b) Ki sa k fè l enpòtan anpil pou yon moun y ap bay fòmasyon montre l fidèl?

      14 Ki jan w ka imite Elicha jodi a? San pèdi tan, ou dwe dispoze aksepte nenpòt asiyasyon yo ba w, san wete travay ki parèt rabesan yo. Ou bezwen konsidere moun k ap ba w fòmasyon an kòm zanmi w epi w bezwen montre l jis nan ki pwen w apresye efò l fè pou ou yo. Anfèt, selon fason w ap reyaji a, se kòmsi w te di l: “Mwen pap kite w.” Sa k pi enpòtan an, montre w fidèl nan fason w ap ranpli nenpòt asiyasyon yo ba w. Poukisa sa enpòtan anpil? Se paske se sèlman apre w fin montre w se yon moun ki fidèl, yon moun yo ka fè konfyans, ansyen yo ap gen asirans Jewova vle pou yo konfye w plis responsablite nan kongregasyon an. — Sòm 101:6; li 2 Timote 2:2.

      DEMONTRE BONJAN RESPÈ

      15, 16. a) Nan ki sans Elicha te demontre respè pou anseyan l lan? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa Elicha te fè ki te pèmèt pwofèt parèt li yo fè l konfyans?

      15 Istwa Elicha a, moun ki te ranplase Eliya a, aprann nou tou ki fason frè yo jodi a ka demontre bonjan respè pou ansyen yo ki gen eksperyans. Apre Eliya ak Elicha te fin vizite yon gwoup pwofèt nan vil Jeriko, de mesye yo te mèt tèt nan direksyon rivyè Jouden an. Lè yo rive bò rivyè a, ‘Eliya pran rad pwofèt ki te sou li a, li woule l, li frape dlo rivyè a e rivyè a fann de bò’. Apre yo fin travèse rivyè a san yo pa mouye, de mesye yo te kontinye ‘pale toutpandan y ap mache’. Sa klè, nan moman sa a, Elicha pa t panse l fin konn tout bagay. Elicha te kontinye reflechi ak tout kè l sou chak pawòl anseyan l lan te di l yo rive jis nan moman Eliya te separe avè l la. Apre sa, Eliya te monte nan yon toubiyon. Nan pita, lè Elicha tounen bò Jouden an li frape dlo rivyè a ak rad Eliya a epi l rele byen fò, li di: “Kote Jewova, Bondye Eliya a?” Yon lòt fwa ankò, dlo yo te fann de bò. — 2 Wa 2:8-14, NW.

      16 Èske w remake premye mirak Elicha te fè a se egzakteman menm mirak ak dènye mirak Eliya te fè a? Poukisa sa enteresan? Sanble Elicha pa t panse piske se li menm kounye a ki gen responsablite a li dwe chanje fason bagay yo dwe fèt la. Olye de sa, lefètke Elicha te kontinye suiv menm fason Eliya te ranpli asiyasyon l lan, li te demontre bonjan respè pou anseyan l lan e sa te fè pwofèt parèy li yo fè l konfyans (2 Wa 2:15). Sepandan, annapre, pandan 60 an Elicha te fè ap sèvi kòm pwofèt la, Jewova te pèmèt li fè plis mirak lontan pase Eliya. Antanke moun y ap bay fòmasyon, ki leson w ka aprann nan sa jodi a?

      17. a) Jodi a, ki fason moun y ap bay fòmasyon yo ka imite etadespri Elicha te genyen an? b) Rive yon lè, ki fason Jewova ka sèvi ak moun y ap bay fòmasyon ki montre yo fidèl yo?

      17 Pa panse depi w fin resevwa kèk responsablite nan kongregasyon an ou oblije chanje fason bagay yo konn fèt la, sa vle di pou w fè bagay yo yon fason ki diferan nèt parapò ak fason yo te konn fèt anvan an. Pou gen chanjman, sa pa depann de dezi w genyen pou w chanje bagay yo, men, sa depann de bezwen kongregasyon an ansanm ak direksyon nou resevwa nan òganizasyon Jewova a. Menm jan aksyon Elicha te fè yo te pèmèt pwofèt parèy li yo fè l konfyans epi menm jan l te montre bonjan respè pou moun li te ranplase a lè l te kontinye suiv metòd Eliya yo, se menm jan an tou, ou kapab pèmèt kwayan parèy ou yo fè w konfyans e w ka demontre respè pou ansyen yo ki gen eksperyans lè w kontinye sèvi ak metòd ansyen yo itilize ki baze sou Bib la. (Li 1 Korentyen 4:17.) Sepandan, pa gen dout nan sa, tank w ap gen eksperyans se tank w ap aplike tout chanjman k ap ede kongregasyon an rete sou menm wout ak òganizasyon Jewova a k ap pwogrese. Anfèt, menm jan sa te ye nan ka Elicha a, rive yon lè, lefètke w montre w fidèl antanke moun y ap fòme Jewova ka menm pèmèt ou akonpli pi gwo travay lontan pase anseyan w yo. — Jan 14:12.

      18. Ki sa k fè jodi a li vrèman enpòtan pou n bay frè nan kongregasyon yo fòmasyon?

      18 Nou swete pou sijesyon yo bay nan atik sa a ak nan atik ki vin anvan an ankouraje plis ansyen pou yo pran tan pou yo fòme lòt moun. Nou swete tou pou frè ki kalifye yo chofe pou yo aksepte fòmasyon sa a epi pou yo byen sèvi avè l toutpandan y ap bay èd nan pran swen mouton Jewova yo. Lè n fè sa, sa ap ede kongregasyon yo ki nan lemonnantye vin pi djanm epi sa ap ede nou chak pou n rete fidèl pandan gwo evènman ki gen pou rive yo.

      a Si yon jèn montre l gen matirite antanke kretyen, si l gen imilite epi l ranpli lòt kalifikasyon nou jwenn nan Ekriti yo, ansyen yo ka rekòmande l pou l sèvi kòm asistan ministeryèl menmsi l poko gen 20 an. — 1 Tim. 3:8-10, 12; gade Toudegad 1ye jiyè 1989, paj 29, fransè.

      b Nan konvèsasyon an, ou gendwa sèvi ak pwen nou jwenn nan Toudegad 15 avril 2012 la, paj 14-16, paragraf 8-13, ak nan liv “Rete nan lanmou Bondye” a chapit 16, paragraf 1-3.

      Fason pou n fòme lòt moun

      MEN kèk sijesyon kèk ansyen ki jwenn bon rezilta nan fason y ap fòme lòt moun bay:

      1. Montre w se yon egzanp nan pawòl ou ak nan aksyon w.

      2. Ankouraje moun w ap fòme a pou l li Bib la nan ennan yon fason pou l vin pi djanm nan domèn espirityèl.

        Yon ansyen k ap aprann yon asistan ministeryèl kòman pou l bay temwayaj an piblik nan gwo vil yo.
      3. Travay avè l nan ministè a. (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

      4. Montre l kòman pou l byen kondui reyinyon predikasyon yo.

        1. Yon ansyen k ap bay yon diskou piblik; 2. Yon ansyen k ap ede yon asistan ministeryèl; 3. Yon asistan ministeryèl k ap bay yon diskou piblik.
      5. Lè w ap bay yon diskou piblik, fè l suiv nan plan diskou a yon fason pou l ka wè kòman w devlope sijè a.

      6. Pafwa, envite li menm ak fanmi l vin asiste adorasyon w ap fè ak fanmi w lan.

      7. Mande li menm ak fanmi l pou y al preche avè w ak fanmi w nan yon tèritwa ki pa sou responsablite okenn kongregasyon oswa yo pa preche souvanc.

      c Se kèk ansyen ki soti ann Afrik, Amerik, Azi, Ostrali ak Ewòp ki te bay sijesyon sa yo ki bay bon rezilta.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje