BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 128
  • Èske Bib la pale sou pigatwa?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bib la pale sou pigatwa?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Repons Bib la bay
Repons Bib la bay
ijwbq atik 128
Fason yon atis wè pigatwa a

Èske Bib la pale sou pigatwa?

Repons Bib la bay

Non, Bib la pa pale sou pigatwa. Bib la pa gen mo “pigatwa” a ladan l, nitou li pa fè konnen nanm moun ki mouri yo al nan pigatwa pou yo ka vin sen.a Ann wè sa Bib la anseye sou peche ak lanmò e ki jan doktrin pigatwa a an kontradiksyon ak sa li anseye yo.

  • Se lafwa nan san Jezi ki retire peche yon moun, se pa tan li pase nan yon swadizan pigatwa. Labib di “Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo”, epi “li bay san li lè li mouri pou l te ka delivre nou anba peche nou yo”. (1 Jan 1:7; Revelasyon 1:5, Bib la.) Jezi te bay “lavi [l] pou peye delivrans anpil moun”, pou l peye pou peche yo. — Matye 20:28, Bib la.

  • Moun ki mouri yo pa konn anyen. “Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen.” (Eklezyas 9:5, Bib la). Yon moun ki mouri pa ka santi anyen, donk dife nan yon pigatwa pa ka fè l vin sen.

  • Lè yon moun fin mouri, yo pa kapab pini l pou peche li te fè. Bib la di “salè peche peye se lanmò” epi “yon moun ki mouri, li libere anba peche”. (Women 6:7, 23, Bib Kreyòl La.) Lanmò se pi gwo pinisyon moun jwenn pou peche yo fè.

Ki sa doktrin pigatwa a ye?

Katolik yo anseye pigatwa se yon kondisyon oswa yon kote nanm moun ki mouri yo al repanti pou peche yo te fè ki potko jwenn padon pou yo ka lave yo.b Selon Katechis Legliz katolik (anglè), netwayaj sa a nesesè pou yon moun “rive vin sen ase pou l kapab al rejwi nan syèl la”. Katechis la di ankò: “Tradisyon legliz la [...] pale de yon netwayaj nan dife”, jan imaj ki nan atik la montre sa. Sepandan, Ekriti yo pa anseye sa.

Ki kote doktrin pigatwa a soti?

Grèk nan tan lontan yo te kwè nan lenb ak nan pigatwa. Kleman, moun Aleksandri, ki te kite filozofi grèk la detenn sou li te fè konnen se dife ki te ka netwaye oswa pirifye peche moun mouri yo. Men, selon yon liv (The History of Christian Doctrines), se pap Gregori I ki te plis mete aksan sou kesyon dife pigatwa a kòm yon kwayans moun pa dwe gen dout sou li. Liv sa a fè konnen, an jeneral, yo rele Gregori, ki te pap soti ane 590 pou rive 604 epòk nou an, “‘moun ki te vin ak pigatwa a’”. Se nan konsil Lyon (1274) ak konsil Florans (1439) Legliz katolik te vini ak ansèyman pigatwa a yon fason ofisyèl e li te ranfòse ansèyman sa a nan konsil Trant lan an 1547.

a Men sa yon liv (Orpheus: A General History of Religions) di sou kesyon pigatwa a: “Evanjil yo pa pale de li [pigatwa] ditou.” Gen yon ansiklopedi ki fè konnen tou: “An konklizyon, doktrin relijyon katolik anrapò ak pigatwa a baze sou tradisyon, li pa baze sou Ekriti sakre yo.” — New Catholic Encyclopedia, dezyèm edisyon, volim 11, paj 825.

b Gade New Catholic Encyclopedia, dezyèm edisyon, volim 11, paj 824.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje