BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 35
  • Ki sa Bib la di sou fèt Nwèl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou fèt Nwèl?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Istwa koutim ki gen rapò ak fèt Nwèl
  • Èske kretyen dwe fete Nwèl?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Poukisa Temwen Jewova yo pa fete Nwèl?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
Repons Bib la bay
ijwbq atik 35

Ki sa Bib la di sou fèt Nwèl?

Repons Bib la bay

Bib la pa bay dat Jezi te fèt e li pa di nou dwe fete dat nesans Jezi. Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Bondye pa mande pèsonn fete Nwèl, e nou pa jwenn orijin fèt sa a nan NT [Nouvo Testaman an].” — McClintock and Strong’s Cyclopedia.

Okontrè, si nou egzamine istwa fèt sa a, n ap wè fèt sa a soti nan koutim yon seri nasyon ki pa t konn Bondye. Bib la montre si n adore Bondye yon fason li pa aksepte, se dega nou manke Bondye. — Egzòd 32:5-7.

Istwa koutim ki gen rapò ak fèt Nwèl

  1. Fete anivèsè nesans Jezi: “Kretyen yo nan premye syèk la pa t konn fete anivèsè nesans [Jezi] paske yo te konnen anivèsè nesans se yon koutim ki sot nan nasyon ki pa t konn adore Bondye.” — The World Book Encyclopedia.

  2. Jou 25 desanm: Pa gen prèv ki montre Jezi te fèt dat sa a. Sanble responsab legliz yo te chwazi dat sa a pou l ka tonbe nan menm dat ak kèk fèt nasyon ki pa t konn adore Bondye yo te konn fete oubyen nan dat ki toupre sòltis ivè a.

  3. Echanj kado, fè gwo resepsyon, fè fèt: Men sa yon ansiklopedi fè konnen (Encyclopedia Americana): “Anpil nan koutim fèt Nwèl gen ladan l soti nan fèt Satin, yon fèt Women yo te konn fete nan mitan mwa desanm. Pa egzanp, se nan koutim fèt Satin yo yo pran kesyon fè gwo resepsyon, fè echanj kado, epi limen balèn.” Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Moun yo te konn sispann fè tout travay ak biznis” nan epòk fèt Satin nan. — The Encyclopædia Britannica.

  4. Limyè Nwèl: Dapre yon ansiklopedi (The Encyclopedia of Religion), Ewopeyen yo te konn dekore kay yo “ak yon pakèt limyè ak tout kalite pye sapen” pou yo ka selebre sòltis ivè a e pou yo ka chase movèzespri.

  5. Plant yo rele Gi a: “Golwa yo te panse plant yo rele gi a te gen pouvwa maji ladan l. Moun te konn adore plant vèt yo rele “ouks” yo paske yo te panse se grasa plant sa a solèy la retounen.” — The Encyclopedia Americana.

  6. Abdenwèl: “Adorasyon pyebwa se yon koutim popilè nan nasyon ki pa t konn adore Bondye ann Ewòp yo, e yo kontinye suiv koutim sa a menm apre nasyon sa yo te vin konvèti nan krisyanis lan.” Youn nan fason moun kontinye ap patisipe nan adorasyon pyebwa jodi a se lè yo suiv koutim “mete yon pyebwa yo dekore nan rantre ak nan sòti kay yo pou fèt yo fete nan mitan mwa ivè a.” — Encyclopædia Britannica.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje