BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 1 p. 14-15
  • Nou kapab viv san strès!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou kapab viv san strès!
  • Reveye n! — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2020
  • Lè Wayòm Bondye a ap dirije tè a, “lapè ap blayi tout kote”
    Reveye n! — 2019
  • Ki sa w ka fè lè w anba strès?
    Reveye n! — 2020
  • Wayòm Bondye a — Enpòtans li gen pou Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 1 p. 14-15
Yon tigason ak papa l k ap jwe nan yon lanmè, pandan manman l ak sè l yo kontan gade yo sou rivaj la.

FASON W KA JWENN SOULAJMAN ANBA STRÈS

Nou kapab viv san strès!

Sajès ki gen nan Bib la kapab ede nou pou n pa gen anpil strès ki pa nesesè. Nou menm nou pa ka efase tout bagay k ap strese nou, men Kreyatè nou an gen pouvwa pou l fè sa. Li mete yon moun pou ede nou. Moun sa a se Jezi Kris. Talè konsa, Jezi pral fè plis bèl bagay pou lèzòm sou tout tè a pase sa l te fè lè l te sou tè a. Pa egzanp:

JEZI PRAL GERI MOUN KI MALAD YO, JAN L TE KONN FÈ SA.

“Moun yo te mennen tout moun ki t ap soufri ak divès kalite maladi [. . .], epi li geri yo.” — MATYE 4:24.

JEZI PRAL BAY TOUT MOUN KAY AK MANJE.

“Y ap [moun Kris pral dirije yo] bati kay e y ap abite ladan yo. Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay. Yo pap bati pou lòt moun abite, e yo pap plante pou lòt moun manje.” — EZAYI 65:21, 22.

JEZI PRAL METE LAPÈ AK SEKIRITE SOU TOUT TÈ A.

“Pandan l ap dirije a, moun ki jis yo ap vin anpil, e lapè ap blayi tout kote jiskaske lalin nan pa la ankò. L ap gen moun l ap dirije sot nan yon lanmè rive nan yon lòt lanmè, soti nan Rivyè a rive nan dènye bout tè a. [...] Wa a ap bat ènmi l yo.” — SÒM 72:7-9.

JEZI PRAL FINI AK ENJISTIS.

“L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo, l ap sove lavi moun ki pòv yo. L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — SÒM 72:13, 14.

JEZI PRAL MENM RETIRE SOUFRANS AK LANMÒ.

“Pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — REVELASYON 21:4.

“TAN KI DANJERE KI BAY GWO STRÈS”

“Monn nan gen plis strès, plis tètchaje, plis tristès ak plis soufrans ladan l jodi a pase nenpòt lè.” — Mohamed S. Younis, yon editè Gallup.

Poukisa gen strès toupatou konsa? Labib bay yon repons ki vrèman fè sans. Nan 2 Timote 3:1, li di: “Nan dènye jou yo, pral gen [...] tan ki danjere ki bay gwo strès ak tètchaje.” ​(The Amplified Bible). Sa k fè sa? Labib montre se akoz yon seri vye defo moun yo ap gen nan pèsonalite yo. Pa egzanp, yo ava, yo awogan, yo nan relijyon pou lafòm, yo vyolan, yo pa gen afeksyon pou fanmi yo e yo pa gen metriz (2 Timote 3:2-5). Dènye jou yo pral fini lè tout tè a nèt vin anba pouvwa Jezi Kris, Wa nan Wayòm Bondye a, yon gouvènman ki nan syèl la. — Dànyèl 2:44.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje