BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 3 p. 8-9
  • Rekonèt sa ki bon lakay lòt moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Rekonèt sa ki bon lakay lòt moun
  • Reveye n! — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Pwoblèm nan
  • Prensip Bib la bay
  • Men sa w ka fè
  • Èske w kite prejije kontamine w?
    Reveye n! — 2020
  • Yon monn kote pa gen prejije: ki lè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Prejije: yon pwoblèm ki gaye toupatou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Se pou nou tout vin youn menm jan Jewova ak Jezi fè youn
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 3 p. 8-9
Foto ki ansanm: 1. Yon koup ki prese santi yo annuiye paske yon dam ki avèg kwaze devan yo nan lari. 2. Nan pita, menm koup sa a ap admire dam ki avèg la k ap jwe vyolon nan yon konsè.

Rekonèt sa ki bon lakay lòt moun

Pwoblèm nan

Egoyis ka fè moun gen prejije. Yon moun ki egoyis gen yon pwennvi ki egzajere sou valè l. Li wè tèt li kòm moun ki pi enpòtan e li jije lòt moun ki pa menm avè l kòm moun ki pi ba. Nenpòt moun ka kòmanse ap panse konsa. Men sa yon ansiklopedi di: “Nan pifò [kilti], byenke sa pa nan menm nivo tout kote, moun yo santi fason yo viv, manje yo, rad yo mete, abitid yo, kwayans yo, prensip yo ak lòt bagay ankò gen plis enpòtans pase pa lòt gwoup moun yo.” ​(Encyclopædia Britannica). Ki jan nou ka evite move pwennvi sa a?

Prensip Bib la bay

“Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — FILIPYEN 2:3.

Sa sa vle di? Pou n evite twò fyè de tèt nou, nou bezwen chèche gen imilite, ki kont ògèy. Lè nou gen imilite, n ap rive wè lòt moun pi bon pase nou nan kèk domèn. Pa gen yon ras ki gen tout bèl kalite ak kapasite yo nèt.

Ann pran egzanp Stefan. Li te grandi nan yon peyi kominis, men li te elimine prejije li te genyen sou moun ki pa soti nan peyi kominis menm jan avè l. Li di: “Mwen kwè lè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase n, sa bon pou ede n elimine prejije. Mwen pa konn tout bagay. Mwen ka aprann yon bagay nan men chak moun.”

Men sa w ka fè

Eseye gen yon pwennvi rezonab sou tèt ou e toujou admèt ou konn fè erè. Rekonèt lòt moun kapab fè kèk bagay pi byen pase w. Ou pa dwe panse tout moun nan yon gwoup gen menm defo.

Olye w gen panse negatif sou yon moun ki soti nan yon lòt gwoup moun, mande tèt ou:

Rekonèt lòt moun kapab fè kèk bagay pi byen pase w

  • ‘Èske tanperaman moun sa a pa bon vre, oubyen tanperaman l jis pa menm ak pa m?’

  • ‘Èske moun sa a ka wè erè pa m?’

  • ‘Nan ki domèn moun sa a gen plis kapasite pase m?’

Si w reponn kesyon sa yo onètman, ou ka pa sèlman elimine prejije w gen lakay ou, men tou, ou ka jwenn bagay ou apresye lakay moun nan.

Egzanp ki pase toutbon: Nelson (Etazini)

“Mwen te pase prèske tout jenès mwen nan yon zòn kote pifò moun nan popilasyon an te soti nan yon sèl ras e yo te leve menm jan. Men, lè m te gen 19 an, mwen te deplase al travay nan yon faktori nan yon pi gwo vil. Mwen te vin ap travay avèk moun ki pa menm ras, ki pa soti menm kote e ki pa gen menm kilti e m t ap viv bò kote yo.

“Lè m t ap aprann konnen kòlèg mwen yo e m te vin zanmi yo, toudabò, mwen te wè se pa sou koulè yo, lang yo ak nasyonalite yo, w ap wè jan yo travay di, si w ka fè yo konfyans oubyen ki jan yo santi yo toutbon konsènan yon seri bagay.

“Annapre, mwen te marye ak yon fi ki pa soti nan menm ras ak nan menm peyi avè m, epi mwen te kontan anpil lè m te vin ap konnen divès kalite manje ak mizik ki te nouvo pou mwen. M te aprann nan lavi a nou tout gen defo ak kalite. M ka di mwen vin yon pi bon moun, paske m aprann apresye bèl kalite moun ki pa gen menm ras ak menm kilti avè m e m aprann imite yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje