Yon remèd k ap la pou toutan!
Plizyè milyon moun aplike prensip ki nan atik ki vin anvan yo e yo fè gwo pwogrè nan derasinen prejije ki nan kè yo. Sepandan, an reyalite, nou pa kapab elimine tout prejije nèt. Donk, èske ap toujou gen prejije?
Yon gouvènman ki pafè
Gouvènman lèzòm yo pa gen kapasite pou yo elimine prejije moun yo genyen. Men, èske sa vle di pa gen yon gouvènman ki kapab elimine prejije?
Yon gouvènman ki kapab elimine prejije dwe:
1. Fè moun yo dispoze chanje fason yo panse ak fason yo santi yo parapò ak lòt moun.
2. Efase santiman moun ki te viktim prejije genyen ki fè l difisil pou yo trete lòt moun byen.
3. Gen dirijan ki dwat nan tout bagay ki bay tout moun y ap dirije yo menm valè.
4. Ini moun nan tout nasyon.
Bib la fè n konnen byen klè Bondye fòme yon gouvènman konsa. Yo rele l “Wayòm Bondye a”. — Lik 4: 43.
Ann konsidere sa gouvènman sa a pral bay:
1. Bon ansèyman moral
“Se sa ki dwat moun ki abite nan peyi a ap aprann.” — EZAYI 26:9.
“Grasa bagay ki dwat toutbon moun yo ap fè, ap gen lapè. Grasa bagay ki dwat toutbon moun yo ap fè, ap gen kè poze ak sekirite nètale.” — EZAYI 32:17.
Sa sa vle di? Wayòm Bondye a pral anseye moun yo sa ki dwat. Lè moun aprann fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal, sa ki jis ak sa ki pa jis, fason youn wè lòt chanje. Tout moun pral rekonèt se yon bagay ki bon pou yo renmen tout kalite moun.
2. Gerizon
Bondye “ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt”. — REVELASYON 21:4.
Sa sa vle di? Wayòm Bondye a pral efase tout soufrans enjistis lakòz. Moun ki te sibi move tretman lontan yo pap gen okenn rezon pou yo gen rankin.
3. Bon dirijan
“Li pap jije moun selon sa je l ba li, ni li pap korije moun sèlman sou sa zòrèy li tande. L ap jije malere yo san paspouki, e l ap korije moun yon fason ki jis poutèt moun ki gen imilite sou tè a.” — EZAYI 11:3, 4.
Sa sa vle di? Jezi Kris, Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la, pral dirije moun sou tè a yon fason ki jis e san paspouki. Jezi pa bay yon nasyon plis valè pase yon lòt, e li kapab asire l tout moun sou tout tè a respekte lwa l yo ki dwat.
4. Inite
Wayòm Bondye a anseye nou pou n “gen menm panse, menm lanmou, [e pou] nou byen ini, lè nou kenbe yon sèl panse nan lespri nou”. — FILIPYEN 2:2.
Sa sa vle di? Inite ki pral genyen pami moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a, se pap jis yon aparans, se pral yon inite toutbon. Yo pral “byen ini” paske yo pral renmen youn lòt toutbon.