YON MONN TÈT ANBA
4 | Pwoteje esperans ou
POUKISA SA ENPÒTAN?
Enkyetid ki gen nan monn tètchaje sa a ka agrave sitiyasyon moun yo nan domèn fizik ak nan domèn emosyonèl. Anpil moun ki viktim kalite evènman sa yo pa wè okenn espwa pou lavni. Ki jan yo reyaji?
Anpil nan yo refize panse ak lavni.
Gen nan yo ki lage kò yo nan alkòl oswa dwòg pou yo ka bliye pwoblèm yo.
Gen kèk nan yo ki fè konprann lanmò pi bon pase lavi. Yo mande tèt yo “Poukisa pou m kontinye viv?”.
Sa w ta dwe konnen
Gen kèk nan pwoblèm w ap rankontre yo ki ka la pou yon ti tan e sanzatann, sa ka chanje pou vin pi bon.
Menmsi sitiyasyon w pa ta chanje, gen bagay ou ka fè pou ede w jere sa.
Bib la bay bonjan espwa, yon solisyon k ap dire pou tout pwoblèm lèzòm yo.
Sa w ka fè kounye a
Men sa Bib la di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.” — Matye 6:34.
Viv yon jou alafwa. Pa kite enkyetid konsènan demen anpeche w fè sa w ta dwe fè jodi a.
Plede enkyete pou bagay negatif ki ka rive, se sèlman ogmante l ap ogmante strès ou e l ap febli espwa w gen pou yon pi bon avni.
Bib la ofri bonjan espwa
Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri Sòm yo te di Bondye nan yon priyè: “Pawòl ou se yon lanp pou pye m e li se yon limyè pou wout mwen.” (Sòm 119:105). Annou egzamine ki jan Bib la, pawòl Bondye a, jwe wòl sa yo:
Lè l fè nwa, yon lanp ap ede nou konnen kote pou n met pye nou. Menm jan an tou, Bib la gen sajès pratik ki ka gide nou lè n bezwen pran yon desizyon difisil.
Yon limyè ka klere wout nou yon fason pou n wè pi lwen devan nou. Menm jan an tou, Bib la ka ede nou wè pi klè ki sa demen sere pou nou.