BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 55
  • Anpil disip sispann suiv Jezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Anpil disip sispann suiv Jezi
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Pawòl Jezi yo choke anpil moun
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Ki sa w bezwen fè pou w viv pou toutan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • L ap prepare apot yo pou lè l ale
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li te rete fidèl devan eprèv
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 55

Chapit 55

Anpil disip sispann suiv Jezi

PANDAN Jezi nan yon sinagòg Kapènawòm, li esplike wòl li jwe antanke bonjan pen ki sot nan syèl la. Sanble l ap kontinye konvèsasyon li te gen ak moun yo lè yo te jwenn li apre li te retounen sot sou kòt lès lanmè Galile, kote moun yo te manje pen ak pwason li te fè mirak pou l ba yo a.

Men sa Jezi di ankò: “Pen m ap bay la se chè m, pou moun nan monn nan ka gen lavi.” Sa gen dezan sèlman, nan kòmansman ane 30 epòk nou an, Jezi te di Nikodèm Bondye tèlman renmen monn nan, li bay Pitit li a kòm Sovè. Se poutèt sa, kounye a, Jezi fè konnen nenpòt moun ki manje chè l nan yon sans senbolik, lè l demontre lafwa nan sakrifis li pral fè nan yon tan ki pa twò long, ka resevwa lavi ki pap janm fini an.

Sepandan, moun yo estomake lè yo tande sa Jezi di a. Yo di: “Kòman mesye sa a ka fè ban nou chè l pou nou manje?” Jezi vle pou moun k ap koute l yo konprann se pa toutbon yon moun t ap gen pou manje chè l. Se sa k fè, pou l montre sa, li di yon bagay ki parèt pi chokan toujou si yon moun pran l nan sans literal.

Jezi deklare: “Si nou pa manje chè Pitit lòm nan, e si nou pa bwè san l, nou pap gen lavi. Yon moun ki manje chè m e ki bwè san m ap gen lavi ki pap janm fini an, e m ap resisite l nan dènye jou a. Paske, chè m se bonjan manje, e san m se bonjan bwason. Yon moun ki manje chè m e ki bwè san m ap ret ann inyon avè m, e m ap ret ann inyon avè l.”

Se vre, ansèyman Jezi a t ap vrèman chokan si l ta ankouraje moun manje chè moun. Men li klè, se pa pouse li t ap pouse moun yo manje chè oswa bwè san toutbon. Li senpleman vle fè remake tout moun ki vle resevwa lavi ki pap janm fini an dwe demontre lafwa nan sakrifis li pral fè lè l ap ofri kò moun pafè li genyen an e lè l ap vèse san l ki reprezante lavi li. Epoutan, menm pami disip li yo, gen anpil ki pa fè okenn efò pou yo konprann sa l ap anseye yo e ki di: “Pawòl sa yo chokan, kiyès ki ka koute yo?”

Etandone Jezi rann li kont anpil nan disip li yo ap plenyen, li di: “Èske sa fè nou estomake? Bon, e si nou ta wè Pitit lòm nan k ap monte al kote l te ye anvan an? [...] Pawòl mwen di nou yo soti nan lespri sen e yo bay lavi. Men, gen kèk nan nou ki pa kwè.”

Apre sa, Jezi di: “Se poutèt sa mwen di nou: Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa a pa pèmèt li fè sa.” Lè sa a, anpil nan disip li yo ale e yo sispann suiv li. Se sa k fè, Jezi vire gade 12 apot li yo, li mande yo: “E nou menm, nou pa vle ale tou?”

Pyè reponn: “Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. E nonsèlman nou kwè, men nou vin konnen tou se ou menm ki Sen an, e se ou menm Bondye voye a.” Menm lè Pyè ak lòt apot yo ka pa fin byen konprann sa Jezi anseye sou kesyon sa a, yo montre yo vrèman fidèl!

Byenke fason Pyè reponn nan fè Jezi plezi, men sa l fè remake: “Mwen te chwazi nou douz la, pa vre? Poutan, youn nan nou se yon medizan.” Li t ap pale konsènan Jida Iskaryòt. Petèt nan moman sa a, Jezi detekte Jida ‘kòmanse’ gen yon move panchan.

Jezi fèk sot desevwa moun ki t ap chèche fè l vin wa yo, paske li pa t kite yo fè sa. Petèt, sa fè yo fè rezònman sa a: ‘Ki jan pou misye ta Mesi a si l pa pran dwa li genyen antanke Mesi?’ Sandout, bagay sa a te fre nan tèt moun yo. Jan 6:51-71; 3:16.

▪ Pou kiyès Jezi bay chè l, e ki jan moun sa yo ‘manje chè l’?

▪ Ki lòt pawòl Jezi di ki choke moun yo, epoutan ki sa Jezi vle fè remake?

▪ Lè anpil nan disip yo sispann suiv Jezi, ki jan Pyè reyaji?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje