BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 73
  • Yon Samariten ki gen bon kè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon Samariten ki gen bon kè
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Yon Samariten ki montre l se yon bon pwochen
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Ann aprann montre nou bon
    Koute gran Anseyan an
  • Fason Jezi anseye
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jezi fè nou konnen “sajès ki soti nan Bondye” a
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 73

Chapit 73

Yon Samariten ki gen bon kè

SANBLE Jezi toupre Betani, yon bouk ki nan anviwon twa kilomèt parapò ak Jerizalèm. Gen yon espè nan Lalwa Moyiz la ki vin bò kot Jezi ki mande l: “Anseyan, ki sa pou m fè pou m jwenn lavi ki pap janm fini an?”

Jezi rann li kont mesye a, ki konn Lalwa, pa poze l kesyon pou l jwenn enfòmasyon tou senpleman, men okontrè li fè sa paske li ta renmen teste Jezi. Petèt mesye a ap chèche pou Jezi reponn yon fason k ap touche venn sansib Juif yo. Donk, Jezi fè mesye ki konn Lalwa a rezone poukont li. Li mande l: “Ki sa ki ekri nan Lalwa? Ki jan w konprann sa w li yo?”

Mesye ki konn Lalwa a demontre yon konpreyansyon ki etonan lè l site pawòl ki nan lwa Bondye a nou jwenn nan Detewonòm 6:5 ak Levitik 19:18 pou l reponn. Men sa l di: “‘Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou e ak tout lespri w.’ Epi, ‘ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.’”

Jezi di mesye a: “Ou byen reponn. ‘Kontinye fè sa, e w ap gen lavi.’”

Sepandan, mesye ki konn Lalwa a pa satisfè. Dapre li, repons Jezi a manke presizyon. Li ta renmen Jezi di l fason li wè bagay yo kòrèk e li montre l jis nan fason l aji ak lòt moun. Se poutèt sa li mande: “Kiyès menm ki pwochen m?”

Juif yo kwè se pou Juif parèy yo sèlman yo ka sèvi ak mo “pwochen” an, jan kontèks Levitik 19:18 la sanble montre sa. Anfèt, pi devan, menm apot Pyè di: “Nou konnen trè byen yon Juif pa gen dwa frekante yon moun lòt nasyon, ni l pa gen dwa pale avè l.” Se sa k fè mesye ki konn Lalwa a e petèt disip Jezi yo tou kwè yo jis si yo byen aji ak Juif parèy yo sèlman, etandone, dapre yo menm, moun ki pa Juif yo pa pwochen yo vre.

Ki jan Jezi ka korije fason moun k ap koute l yo panse san l pa ofanse yo? Li rakonte yon istwa petèt ki baze sou yon sitiyasyon ki reyèl. Jezi esplike: “Gen yon [Juif] ki te sot Jerizalèm ki t ap desann Jeriko. Epi, l al tonbe nan mitan yon bann vòlè. Yo pran tout sa k sou li, yo bat li byen bat, e yo kite l twaka mò.”

Apre sa, Jezi di: “Twouve, pa aza, gen yon prèt ki vin ap desann nan wout la. Lè l wè mesye a, li travèse nan lòt bò wout la l ale. Konsa tou, gen yon Levit ki vin ap pase. Lè l rive nan zòn nan, li wè mesye a, li travèse nan lòt bò wout la l ale. Men, gen yon Samariten k ap vwayaje ki rive bò kot mesye a. Lè l wè l, kè l fè l mal.”

Anpil prèt ak anpil Levit k ap ede prèt yo nan tanp lan ap viv Jeriko, nan yon distans 23 kilomèt parapò ak Jerizalèm. Vil sa a 900 mèt pi wo pase Jeriko. Lè prèt yo ak Levit yo soti nan tanp lan pou y al lakay yo, yo desann nan yon wout ki danjere. Nòmalman, prèt la ak Levit la ta dwe ede yon Juif parèy yo ki nan detrès. Men, yo pa fè l. Okontrè, se yon Samariten ki fè sa. Juif yo tèlman rayi Samariten yo, sa pa gen twò lontan yo te joure Jezi “Samariten”, e se pi gwo pawòl yo te ka di l pou manke l dega.

Ki sa Samariten an fè pou l ede Juif la? Jezi di: “L avanse bò kote l, li panse blese l yo, li vide luil ak diven sou yo. Apre sa, li mete l sou pwòp bèt li, li mennen l nan yon otèl pou l ka pran swen l. Nan demen, li pran de denye nan lajan pa l [kòb yon moun touche pou anviwon de jou travay] li bay mèt otèl la, epi li di l: ‘Pran swen l pou mwen, e si w depanse yon kòb anplis, lè m tounen, m a remèt ou li.’”

Apre Jezi fin rakonte istwa a, li mande mesye ki konn Lalwa a: “Selon ou menm, kiyès nan twa moun sa yo ki montre li se pwochen mesye ki te tonbe nan mitan vòlè yo?”

Mesye ki konn Lalwa a santi li pa alèz pou l fè elòj pou yon Samariten, li annik reponn: “Se mesye ki te montre l gen pitye pou li a.”

Finalman, Jezi di l: “Ebyen ou menm, ale, fè menm bagay la tou.”

Si Jezi te di mesye ki konn Lalwa a kareman moun ki pa Juif yo se pwochen l tou, nonsèlman mesye a pa t ap dakò, men petèt pifò moun k ap koute yo t ap pran pou mesye a. Men, istwa sa a ki parèt reyèl montre byen klè, yon fason moun pa ka nye, pwochen nou yo se nonsèlman moun ki menm ras ak menm nasyonalite ak nou, men se tout lòt moun yo tou. Fason Jezi anseye a bèl anpil! Lik 10:25-37; Travay 10:28; Jan 4:9; 8:48.

▪ Ki kesyon mesye ki konn Lalwa a poze Jezi, e nan ki objektif li sanble poze kesyon an?

▪ Kiyès Juif yo kwè ki pwochen yo, e sa k fè nou ka panse menm disip yo kwè sa tou?

▪ Ki jan Jezi fè pwennvi ki kòrèk la parèt klè yon fason pou mesye ki konn Lalwa a pa ka rejte sa l di?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje