14YÈM PATI
Ki jan w ka montre ou fidèl anvè Jewova?
Pran pozisyon pou Bondye. 1 Pyè 5:6-9
Evite patisipe nan kèlkeswa koutim ki pa ann amoni ak Labib. Pou w fè sa, sa mande kouraj.
Pa mele nan zafè politik nasyon yo, se pa Jewova ak Wayòm li an y ap soutni.
Fè chwa ki kòrèk la: koute Bondye. Matye 7:24, 25
Vizite Temwen Jewova yo, y ap ede w pwoche bò kote Bondye.
Kontinye chèche gen konesans sou Bondye e fè efò pou w obeyi kòmandman l yo.
Lè lafwa w vin solid, ou ta dwe vwe lavi w bay Jewova e apre sa ou ta dwe batize. — Matye 28:19.
Koute Bondye. Li Labib, epi mande Temwen Jewova yo pou yo ede w konprann li. Apre sa, aplike sa w aprann yo. Si w fè sa, w ap viv pou toutan. — Sòm 37:29.