BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 4 kesyon 1-5
  • Kiyès Jezi Kris ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès Jezi Kris ye?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Kilès Jezi Kris ye ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ki jan lanmò Jezi kapab sove nou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Sa Bondye te fè pou sove limanite
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 4 kesyon 1-5

LESON 4

Kiyès Jezi Kris ye?

1. Ki jan lavi Jezi te kòmanse?

1. Jezi, pandan l nan syèl la; 2. Jezi, lè l te tibebe ansanm ak Mari ak Jozèf; 3. Jezi k ap anseye timoun.

Ki kalite Jezi te genyen ki fè moun pa t pè pwoche kote l? — MATYE 11:29; MAK 10:13-16.

Kontrèman ak tout lòt moun, Jezi te viv nan syèl la antanke yon espri anvan l te fèt sou tè a antanke moun (Jan 8:23). Li se premye kreyasyon Bondye, e li te patisipe nan kreyasyon tout lòt bagay. Se li menm sèl Jewova te kreye dirèkteman e se sa k fè gen bonjan rezon pou yo rele Jezi “sèl Pitit” Bondye fè a (Jan 1:14). Jezi te sèvi antanke Pòtpawòl Bondye, se poutèt sa yo rele l “Pawòl la” tou. — Li Pwovèb 8:22, 23, 30; Kolosyen 1:15, 16.

2. Poukisa Jezi te vin sou tè a?

Bondye te voye Pitit li a sou tè a lè l te transfere lavi li te genyen nan syèl la nan vant yon fi juif ki te vyèj ki te rele Mari. Kidonk, se pa yon moun sou tè a ki te papa Jezi (Lik 1:30-35). Jezi te vin sou tè a 1) pou l anseye laverite sou Bondye, 2) pou l ban nou egzanp sou fason pou n fè volonte Bondye menm lè nou jwenn difikilte, e 3) pou l bay lavi pafè li te genyen an pou nou kòm “ranson”. — Li Matye 20:28.

3. Poukisa nou bezwen yon ranson?

Yon ranson se pri yo peye pou libere yon moun anba menas lanmò (Egzòd 21:29, 30). Bondye pa t gen nan objektif li pou lèzòm vyeyi e pou yo mouri. Kòman nou fè konn sa? Bondye te fè Adan, premye gason an, konnen si l fè sa Bib la rele “peche” a, l ap mouri. Donk, si Adan pa t peche, li pa t ap janm mouri (Jenèz 2:16, 17; 5:5). Labib fè konnen se akoz Adan lanmò “antre” nan monn nan. Konsa, Adan pase peche ansanm ak konsekans peche, anpalan de lanmò, bay tout desandan l yo. Nou bezwen yon ranson pou libere nou anba santans nou eritye nan Adan an, anpalan de lanmò. — Li Women 5:12; 6:23.

Kiyès ki t ap ka peye ranson an pou libere nou anba lanmò? Lè yon moun mouri, li peye pou peche pa l sèlman. Moun enpafè pa ka peye pou peche lòt moun. — Li Sòm 49:7-9.

4. Poukisa Jezi te mouri?

ezi ki prèt pou mouri sou yon poto soufrans, Jezi ki tounen ap viv ankò e k ap dirije nan syèl antanke Wa.

Kontrèman avèk nou, Jezi te pafè. Kidonk, li pa t gen pou l mouri akoz peche l, paske li pa t janm fè okenn peche. Men, Jezi te mouri pou peche lòt moun. Lefètke Bondye te voye Pitit li a vin mouri pou nou se yon fason li demontre kokennchenn lanmou li gen pou limanite. Jezi te demontre li renmen nou tou lefètke li te obeyi Papa l e li te bay lavi l pou peche nou. — Li Jan 3:16; Women 5:18, 19.

Gade videyo Poukisa Jezi te mouri?

5. Ki sa Jezi ap fè kounye a?

Lè Jezi te sou tè a, li te geri moun ki malad, li te leve mò e li te soulaje moun k ap soufri. Konsa, li te montre sa l pral fè pou tout moun ki obeyisan yo alavni (Matye 15:30, 31; Jan 5:28). Apre Jezi fin mouri, Bondye te reba l lavi e li te fè l vin yon espri (1 Pyè 3:18). Apre sa, Jezi te ret ap tann adwat Jewova jiskaske Jewova ba l pouvwa pou l dirije antanke Wa sou tout tè a (Ebre 10:12, 13). Kounye a, Jezi ap dirije antanke Wa nan syèl la, e disip li yo ap anonse bon nouvèl sa a toupatou sou tè a. — Li Dànyèl 7:13, 14; Matye 24:14.

Talè konsa, Jezi pral sèvi ak pouvwa li genyen antanke Wa a pou l elimine tout soufrans e pou l elimine tout moun ki lakòz soufrans sa yo. Tout moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi lè yo obeyi l ap jwenn lavi nan Paradi a sou tè a. — Li Sòm 37:9-11.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 4 ak 5 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje