BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • fg leson 8 kesyon 1-5
  • Poukisa Bondye pèmèt mechanste ak soufrans?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa Bondye pèmèt mechanste ak soufrans?
  • Bon nouvèl Bondye bay la!
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Poukisa gen anpil soufrans konsa?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Poukisa gen bagay mal ki rive e poukisa moun ap soufri?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Poukisa Bondye pèmèt lasoufrans ?
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
Gade plis
Bon nouvèl Bondye bay la!
fg leson 8 kesyon 1-5

LESON 8

Poukisa Bondye pèmèt mechanste ak soufrans?

1. Ki jan mechanste te kòmanse?

1. Adan k ap gade fwi Bondye te defann li manje a; 2. Plizyè nan dirijan ki te pase sou tè a; 3. Imaj lagè.

Bondye pèmèt lèzòm dirije ase lontan yon fason pou l montre yo pa kapab rezoud pwoblèm limanite.

Mechanste te kòmanse sou tè a lè Satan te bay premye manti a. Okòmansman, Satan se te yon zanj ki te san defo, men “li pa t kenbe fèm nan laverite”. (Jan 8:44.) Li te vin anvi pou yo adore l, alòske se sèl Bondye ki merite pou yo adore l. Satan te bay Èv, premye fi a, manti e li te rive fè l obeyi l olye li obeyi Bondye. Adan te suiv Èv, li te dezobeyi Bondye. Desizyon Adan an lakòz soufrans ak lanmò. — Li Jenèz 3:1-6, 19.

Lè Satan te ankouraje Èv dezobeyi Bondye, se yon rebelyon li te deklannche kont dwa Bondye genyen pou l dirije. Pifò moun suiv Satan e yo rejte Bondye antanke Chèf yo. Konsa, Satan vin “chèf monn nan”. — Li Jan 14:30; 1 Jan 5:19.

2. Èske sa Bondye te kreye yo te gen defo?

Tout sa Bondye kreye san defo. Li te kreye ni moun ni zanj ak kapasite pou yo obeyi l totalman (Detewonòm 32:4, 5). Li te kreye nou ak libète pou nou chwazi ant fè sa ki byen ak fè sa ki mal. Libète sa a ban nou posiblite pou nou demontre lanmou nou gen pou li. — Li Jak 1:13-15; 1 Jan 5:3.

3. Poukisa Bondye pèmèt soufrans jiska prezan?

Pandan yon tan, Jewova pèmèt moun fè rebelyon kont dwa li genyen pou l dirije. Poukisa? Pou l montre si se pa li menm k ap dirije pa gen anyen gouvènman yo ap fè k ap pote byenfè pou lèzòm (Eklezyas 7:29; 8:9). Apre 6 000 an depi lèzòm egziste, se yon bagay ki klè, dirijan yo pa reyisi elimine lagè, krim, enjistis ak maladi. — Li Jeremi 10:23; Women 9:17.

Kontrèman ak gouvènman lèzòm yo, gouvènman Bondye a pote byenfè pou moun ki aksepte l yo (Ezayi 48:17, 18). Talè konsa, Jewova pral elimine tout gouvènman lèzòm yo. Se sèl moun ki aksepte Bondye dirije yo k ap abite sou tè a. — Ezayi 11:9. — Li Dànyèl 2:44.

Gade videyo Poukisa Bondye pèmèt soufrans?

4. Ki sa pasyans Bondye pèmèt nou fè?

Satan fè konprann pa gen yon moun k ap sèvi Jewova san se pa yon enterè l ap defann. Èske w pa ta renmen demanti Satan? Ou ka fè sa. Pasyans Bondye pèmèt nou demontre si se Bondye nou vle dirije nou oubyen si se lèzòm. Se fason nou viv k ap montre ki chwa nou fè. — Li Jòb 1:8-12; Pwovèb 27:11.

5. Ki jan nou ka chwazi Bondye kòm Chèf nou?

Moun k ap etidye Labib.

Chwa nou fè yo montre si nou vle Bondye kòm Chèf nou oubyen si nou pa vle.

Nou ka chwazi Bondye kòm Chèf nou lè nou chèche konn ki sa vrè adorasyon an ki baze sou Pawòl Bondye a ye e lè nou pratike l (Jan 4:23). Nou ka rejte Satan kòm chèf nou lè nou imite Jezi, sa vle di lè nou pa mele nan politik e lè nou pa patisipe nan lagè. — Li Jan 17:14.

Satan sèvi ak pouvwa li genyen pou l ankouraje moun pratike bagay ki imoral, bagay ki ka fè yo mal. Lè nou sispann pratike bagay sa yo, gen kèk zanmi nou ak kèk moun nan fanmi nou ki ka pase nou nan rizib oubyen ki ka opoze ak nou (1 Pyè 4:3, 4). Kidonk, nou gen pou n fè yon chwa. Èske n ap fè zanmi ak moun ki renmen Bondye? Èske n ap obeyi lwa Bondye yo ki gen sajès ladan yo e ki montre lanmou Bondye gen pou nou? Si nou chwazi obeyi lwa Bondye yo, n ap pwouve se manti Satan te bay lè l te fè konprann pa gen moun k ap obeyi Bondye lè yo anba presyon. — Li 1 Korentyen 6:9, 10; 15:33.

Lanmou Bondye gen pou lèzòm ban nou garanti mechanste ak soufrans ap fini. Moun ki demontre yo kwè sa ap gen lavi sou tè a pou toutan. — Li Jan 3:16.

Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 11 nan liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje