-
Li te pran pozisyon pou pèp Bondye aAnnou imite lafwa yo
-
-
CHAPIT KENZ
Li te pran pozisyon pou pèp Bondye a
1-3. a) Poukisa Estè te ka santi l pè al kot mari l? b) Ki kesyon konsènan Estè nou pral egzamine?
ESTÈ t ap eseye kalme l toutpandan l ap antre nan lakou palè a ki te nan vil Souz. Sa pa t fasil pou li. Yo te bati palè a yon fason pou moun ret bouch ouvè lè y ap gade l. Pa egzanp, palè a te gen plizyè imaj yo te grave sou yon seri brik ki vèni e ki gen diferan koulè. Te gen imaj towo bèf ki gen zèl, moun k ap tire flèch, lyon, li te gen yon ekip gwo poto ak yon seri gwo estati. Yo te konstwi palè a sou yon plato ki toupre mòn Zagwòs, yon mòn ki te gen anpil nèj, e moun te ka wè bèl dlo k ap koule nan rivyè Kowaspès la pa anba mòn nan. Chak bagay nan chato a te fèt pou raple vizitè yo gwo pouvwa mesye Estè t apral kote l la genyen, yon mesye ki te rele tèt li: “Gwo wa a”. Epitou, mesye sa a te mari Estè.
2 Petèt w ap mande tèt ou: Mari Estè menm? Asyeris pa t sanble ditou ak kalite mari yon jèn fi Juif ki fidèl ta swete genyena. Li pa t tankou Abraram, yon mari ki te gen imilite e ki te aksepte koute Sara, madanm li, jan Bondye te mande l sa (Jen. 21:12). Wa a pa t konn anpil bagay oswa l pa t konn anyen ditou ni sou Jewova, Bondye Estè a, ni sou kòmandman Jewova yo. Men, Asyeris te byen konn lwa peyi Pès la, tankou lwa ki te entèdi sa Estè t apral fè a. Ki sa Estè t apral fè? Selon lalwa, si yon moun vin kot wa peyi Pès la san yo pa envite l, moun sa a merite lanmò. Wa a pa t envite Estè vin kote l, men, Estè te deside al kot wa a kanmenm. Pandan li t ap pwoche nan lakou ki te toupre kote wa a te chita a, petèt li te panse se santans lanmò l k ap tann li. — Li Estè 4:11; 5:1.
3 Poukisa Estè te pran yon gwo risk konsa? E ki sa n ka aprann nan lafwa dam estrawòdinè sa a? Toudabò, ann gade ki jan Estè te fè vin rèn nan peyi Pès.
Fason Estè te leve
4. Ki fason Estè te leve, e ki jan l te fè vin ap viv lakay Madoche, kouzen l?
4 Paran Estè yo te mouri. Nou pa gen detay sou paran l yo ki te rele l Adasa, yon mo ebre yo te konn itilize pou yon ti pyebwa ki gen bèl flè blan e ki pa twò wo. Apre lanmò paran Estè yo, Madoche, yon fanmi Estè, yon bon moun, te pran pitye pou Estè. Madoche te yon gran kouzen Estè. Li te pran Estè lakay li e l leve l tankou pitit fi l. — Estè 2:5-7, 15.
Madoche te gen bon rezon pou l fyè de pitit fi li te adopte a.
5, 6. a) Ki jan Madoche te leve Estè? b) Ki jan de vi Estè ak Madoche t ap mennen nan vil Souz?
5 Madoche ak Estè t ap viv ann egzil nan kapital peyi Pès la, kote li posib pou moun te konn meprize yo akoz relijyon yo ak Lwa yo t ap fè efò pou yo suiv la. Li klè Estè te vin pi pwòch ak Madoche tank Madoche t ap aprann li konnen Jewova, Bondye ki gen mizèrikòd la. Nan tan lontan, Bondye sa a te ede pèp li a soti nan anpil sitiyasyon difisil e l t apral gen pou l fè sa ankò (Lev. 26:44, 45). Sa klè, Estè ak Madoche te vin gen plis lanmou youn pou lòt e yo te vin pi fidèl youn ak lòt.
6 Sanble Madoche te yon fonksyonè nan chato ki te nan vil Souz la, paske l te konn chita bò pòtay chato a ak lòt sèvitè wa a (Estè 2:19, 21; 3:3). Nou pa konn ki travay Estè te konn fè lè l t ap grandi, men nou ka imajine l k ap pran swen gran kouzen l lan e k ap okipe kay la ki te nan zòn pa lòt bò rivyè a ki anfas chato wa a, yon kote moun rich pa abite. Petèt li te renmen al fè mache nan vil Souz kote òfèv yo ak lòt komèsan yo te konn etale machandiz yo. Sanble Estè pa t janm panse yon jou li t ap ka sèvi ak bèl pwodui chè sa yo paske l pa t konn jan lavi l t apral chanje.
“Li te bèl anpil”
7. Sa k fè Vachti te vin pa rèn ankò, e ki sa k te vin pase apre sa?
7 Yon jou, bri t ap kouri nan vil Souz sou pwoblèm ki gen kay wa a. Wa Asyeris te fè yon gwo resepsyon pou gwo zotobre nan gouvènman l lan, te gen bon manje ak diven. Wa a te deside fè rele Vachti, bèl rèn li an, ki te fè yon gwo resepsyon tou pou medam yo. Men, Vachti te refize al kot wa a. Sa te fè wa a wont, li te an kòlè e l mande konseye l yo ki jan l dwe pini Vachti. Ki sa k te soti? Vachti vin pa rèn ankò. Sèvitè wa a genyen yo t ap chèche bèl jèn fi ki vyèj nan tout peyi a pou wa a ka chwazi yon nouvo rèn. — Estè 1:1–2:4.
8. a) Sa k fè Madoche te ka yon ti jan ap enkyete l tank Estè ap grandi? b) Ki sa n panse nou ka fè pou fason n wè bote fizik ann amoni ak Bib la? (Gade Pwovèb 31:30 tou.)
8 Nou ka imajine Madoche k ap gade Estè detanzantan, li byen fyè e l yon ti jan ap enkyete l tou lè l wè jan ti kouzin li an fin grandi e l vin yon bèl jèn dam. Men sa Bib la di: “Jèn fi a te gen bèl fòm e li te bèl anpil.” (Estè 2:7). Lè Bib la ap pale de bote fizik, li fè sa yon fason ki ekilibre, li montre yon moun ki bèl dwe gen sajès ak imilite lakay li tou. Si se pa sa, bote a ka pa itil anyen e li ka lakòz moun gen ògèy ak yon pakèt lòt defo ki pran rasin nan kè a. (Li Pwovèb 11:22.) Èske w pa wè sa vre? Èske bote Estè t ap yon èd pou li oubyen èske l t ap fè l vin gen ògèy? Pi devan, n ap wè sa.
9. a) Ki sa k te rive lè sèvitè wa a genyen yo wè Estè, e sa k fè l dwe te difisil pou l kite Madoche? b) Poukisa Madoche te kite Estè marye ak yon moun ki pap sèvi Bondye? (Gade kare a tou.)
9 Sèvitè wa a genyen yo wè Estè. Yo pran Estè, y al avè l e yo mennen l nan gwo palè ki pa lòt bò rivyè a (Estè 2:8). Sa dwe te difisil ni pou Estè ni pou Madoche, paske yo t ap viv tankou papa ak pitit. Madoche pa t ap renmen pou pitit fi li adopte a ta marye ak yon moun ki pap sèvi Bondye, menmsi moun sa a te yon wa, men, li pa t ka fè anyen pou l anpeche sa fètb. Nou ka imajine jan Estè pran san l pou l koute konsèy Madoche ap ba li anvan l ale. Pandan yo t ap mennen l nan chato a ki te nan vil Souz, li te gen anpil kesyon nan tèt li. Ki jan lavi l ye kounye a?
“Tout moun ki te wè Estè te apresye l”
10, 11. a) Ki efè kote Estè ap viv kounye a te ka gen sou li byen fasil? b) Ki jan Madoche te montre l gen sousi toutbon pou Estè?
10 Estè te vin ap viv yon fason ki diferan nèt ak fason l t ap viv la. Li te nan mitan “yon pakèt jèn fi” ki sot toupatou nan Anpi pès la. Koutim medam yo, fason yo pale ak fason yo wè bagay yo te nouvo nèt pou Estè. Te gen yon fonksyonè ki te rele Egayi ki responsab medam yo e medam yo te dwe resevwa yon pakèt swen pandan ennan pou yo ka vin pi bèl, e yo te konn mase kò medam yo ak luil santi bon (Estè 2:8, 12). Kot medam yo te ye a ak lavi yo t ap mennen an te ka fè yo ap wè aparans yo sèlman, yo te ka vin ap pran tèt yo pou yon pakèt afè, e yo te ka vin ap fè konpetisyon. Ki efè sa te gen sou Estè?
11 Pèsonn sou tè a pa t ka gen plis sousi pou Estè pase Madoche. Selon Labib, se chak jou Madoche t ap mache toupre kay medam yo pou l te ka pran nouvèl Estè (Estè 2:11). Chak fwa yon sèvitè nan chato a te bay Madoche kèk enfòmasyon sou Estè, li dwe te fyè anpil menm jan ak yon papa pitit. Poukisa?
12, 13. a) Ki jan moun ki t ap viv bò kot Estè yo te wè l? b) Poukisa Madoche te byen kontan aprann Estè pa t fè konnen li se Juif?
12 Etandone Egayi te apresye Estè anpil, li te byen boule ak Estè, li te ba l sèt sèvant e l te ba l ret pi bon kote ki te gen nan kay medam yo. Bib la menm fè konnen: “Pandan tan sa a, tout moun ki te wè Estè te apresye l.” (Estè 2:9, 15). Èske se sèlman paske l te bèl ki fè yo te apresye l konsa? Non, se pa t pou sa sèlman.
Estè te konnen imilite ak sajès gen plis valè lontan pase aparans fizik.
13 Pa egzanp, Bib la di: “Estè pa t di anyen konsènan pèp li a ak fanmi l, paske Madoche te ba l lòd pou l pa pale sou sa ak pèsonn.” (Estè 2:10). Madoche te mande Estè pou l pa di l se Juif, paske moun nan lakou wa a te gen anpil prejije kont pèp li a. Ala kontan Madoche te kontan aprann Estè te kontinye montre sajès ak obeyisans malgre Estè pa t ap viv pre l!
14. Ki jan jèn yo jodi a ka imite Estè?
14 Menm jan an tou, jodi a, jèn yo ka fè kè paran yo ak moun k ap pran swen yo kontan. Menmsi yo lwen paran yo e y ap viv bò kot moun ki pa serye, moun ki imoral e ki mechan, yo ka reziste kont move enfliyans e yo ka ret atache ak prensip Bondye yo ki jis. Lè yo fè sa, yo fè kè Papa yo ki nan syèl la kontan jan Estè te fè sa. — Li Pwovèb 27:11.
15, 16. a) Ki sa Estè te fè ki fè se li wa a te renmen? b) Poukisa l te ka difisil pou Estè adapte l ak tout chanjman ki te gen nan lavi l?
15 Lè lè a te rive pou yo mennen Estè devan wa a, li te ka chwazi nenpòt bagay li te panse k ap itil li, petèt pou l te ka pi bèl toujou. Men, avèk modesti, Estè pa t mande anyen anplis sa Egayi te di l mande a (Estè 2:15). Sandout, Estè te konprann se pa t bote l sèlman ki t apral fè wa a renmen l, men, se sitou imilite l ak modesti l, yon seri kalite moun pa t ap jwenn fasil lakay lòt medam yo. Èske l te gen rezon panse konsa?
16 Men repons Bib la bay: “Wa a te vin renmen Estè plis pase tout lòt medam yo, Estè te fè wa a apresye l plis pase tout lòt fi ki te vyèj yo e se li wa a te chwazi. Konsa, wa a te mete gwo mouchwa rèn yo konn genyen an nan tèt Estè e li te mete l rèn nan plas Vachti.” (Estè 2:17). Sa dwe te difisil pou jèn fi juif sa a, ki gen imilite, rive adapte l ak chanjman ki te vin gen nan lavi l, paske l te yon nouvo rèn e l te vin madanm wa ki te pi pisan sou tè a nan epòk la. Èske pozisyon li te vin genyen an te monte nan tèt li e sa te fè l pran tèt li pou yon pakèt afè? Pa t gen sa pyès.
17. a) Ki fason Estè te kontinye obeyi papa adoptif li? b) Poukisa egzanp Estè kite a enpòtan anpil pou nou jodi a?
17 Estè te kontinye obeyi Madoche, papa adoptif li a. Estè pa t kite pyès moun konnen li se Juif. Anplis de sa, lè Madoche te dekouvri yon konplo yo t ap fè pou yo asasinen wa Asyeris, Estè te obeyi Madoche, li te fè avèti wa a e yo te elimine moun ki te nan konplo yo (Estè 2:20-23). Estè te toujou montre l gen lafwa nan Bondye l la grasa imilite l ak obeyisans li. Se pa ti enpòtan egzanp Estè kite a enpòtan pou nou jodi a, paske moun yo pa bay obeyisans okenn valè, e pifò nan yo pito fè rebèl e yo pito dezobeyi! Men, moun ki gen lafwa toutbon yo bay obeyisans anpil valè, menm jan ak Estè.
Lafwa Estè pase anba eprèv
18. a) Poukisa Madoche pa t pwostène devan Aman? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki fason gason ak fi ki fidèl yo imite Madoche jodi a?
18 Yon mesye ki te rele Aman te vin nan gwo pozisyon nan palè Asyeris la. Wa a te nome l premye minis, li te fè l vin konseye prensipal li e l te vin dezyèm gwo chèf nan Anpi pès la. Wa a te pase lòd pou tout moun ki wè fonksyonè sa a pwostène devan l (Estè 3:1-4). Dekrè sa a te bay Madoche pwoblèm. Li te dakò obeyi wa a, men l pa t vle derespekte Bondye nonplis. Aman te sot nan fanmi Agag. Sa vle di li se yon desandan Agag, wa moun Amalèk Samyèl, pwofèt Bondye a, te touye a (1 Sam. 15:33). Moun Amalèk yo te tèlman mechan, yo te fè tèt yo vin ènmi ni Jewova ni pèp Izrayèl la. Moun Amalèk yo, antanke pèp, Bondye te kondane yo (Det. 25:19)c. Kòman yon Juif fidèl te ka fè pwostène devan yon moun Amalèk? Madoche pa t ka fè yon bagay konsa. Li te refize pwostène devan Aman. Jis jounen jodi a, gen gason ak fi ki fidèl ki riske vi yo pou yo ka ret atache ak prensip ki di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Tra. 5:29.
19. Ki sa Aman te vle fè, e ki sa l te fè pou l konvenk wa a?
19 Aman te vin an kòlè anpil. Nonsèlman l te vle touye Madoche, men l te vle fè touye pèp Madoche a tou. Aman te lage vèni sou Juif yo pou l te ka konvenk wa a. San l pa t site non yo, li te fè wa a konprann pèp sa a se yon pèp ki pa enpòtan, se yon ras moun ki “gaye pami tout pèp ki nan tout tèritwa wayòm” nan. Sa k pi mal la, li te fè wa a konnen yo pap obeyi lwa l yo e konsa, yo se yon bann rebèl ki se yon danje pou gouvènman an. Li te di l ap depoze yon gwo kantite lajan nan trezò wa a pou kouvri depans sa t apral mande pou yo touye tout Juif nan Anpi pès lad. Wa Asyeris te bay Aman bag li te konn itilize pou l poze so a dekwa pou Aman te ka siyen tout dekrè li t ap bezwen pran pou sa. — Estè 3:5-10.
20, 21. a) Ki efè dekrè Aman an te genyen sou Juif yo nan Anpi pès la, san wete Madoche? b) Ki sa Madoche te sipliye Estè pou l fè?
20 Yon ti tan apre, yo te voye mesaje toupatou nan peyi a sou cheval pou anonse santans lanmò ki te tonbe sou pèp juif la. Imajine ki enpak deklarasyon sa a te genyen lè l te rive jis Jerizalèm kote yon ti rès moun pami pèp juif la ki te sot ann egzil nan peyi Babilòn t ap travay pou yo rekonstwi yon vil ki potko gen miray pou pwoteje l. Petèt, lè Madoche te tande move nouvèl sa a, li te panse ak Juif sa yo, ak zanmi l ansanm ak fanmi l k ap viv nan vil Souz. Sa te tèlman boulvèse l, li chire rad sou li, li met rad sak sou li, li met sann sou tèt li e l pran kriye byen fò nan mitan vil la. Men, Aman li menm te chita ap bwè ak wa a e sa pa t di l anyen pou l te wè tout lapenn li te fè tout Juif yo ak zanmi yo te genyen nan vil Souz. — Li Estè 3:12–4:1.
21 Madoche te konnen l dwe fè yon bagay. Men, ki sa l te ka fè? Estè te tande jan Madoche te nan lapenn, li te voye rad pou li, men, Madoche pa t kite moun konsole l. Petèt, Madoche t ap mande tèt li depi lontan poukisa Jewova, Bondye l ap sèvi a, te kite yo pran Estè, pitit fi li renmen anpil la, pou yo fè l marye ak yon dirijan ki sot nan nasyon yo? Kounye a, rezon an sanble parèt klè. Madoche te voye yon mesaj bay rèn nan pou l al kot wa a, pou l al pale avè l e pou l defann “pèp li a”. — Estè 4:4-8.
22. Poukisa Estè te pè al kot mari l ki te wa? (Gade nòt anba paj la tou.)
22 Lè Estè tande mesaj sa a, sa ba l gwo kè kase. Se te pi gwo eprèv lafwa Estè te jwenn. Nan repons Estè te voye bay Madoche a, li pa t pè di jan l te pè. Li te raple Madoche lwa wa a te bay la: yo te ka touye yon moun ki t al kot wa a san wa a pa t envite l. Se sèlman si wa a ta lonje baton annò l la sou moun sa a yo pa t ap touye l. Èske Estè te gen rezon pou l panse yo pa t ap touye l, sitou apre sa k te rive Vachti lè l te refize obeyi lòd wa a te ba l pou l vin jwenn wa a? Estè te fè Madoche konnen gentan gen 30 jou ki pase depi wa a pa envite l vin kote l. Piske wa a pa t rele l depi tout tan sa a, li t ap di tèt li genlè wa a pa sou bò l ankòe. — Estè 4:9-11.
23. a) Ki sa Madoche te di Estè pou l te fòtifye lafwa Estè? b) Poukisa l bon pou n imite Madoche?
23 Madoche te reponn Estè yon fason ki fèm pou l te fòtifye lafwa Estè. Li te fè l konnen menm si l pa fè anyen, pèp juif la ap delivre kanmenm. Men, ki jan Estè ta ka panse yo pa t ap fè l anyen lè pèsekisyon an vin pi rèd? Nan pawòl Madoche te di Estè yo, li te montre l gen yon lafwa solid nan Jewova ki pa t ap janm kite yo detwi pèp li a e ki te toujou reyalize pwomès li (Joz. 23:14). Apre sa, Madoche di Estè: “Sa k pou di w si se pa pou rezon sa a ou rive rèn?” (Estè 4:12-14). Èske pawòl sa a pa ankouraje n imite Madoche? Li te mete konfyans li nan Jewova, Bondye l la, nèt. Èske se sa n fè tou? — Pwo. 3:5, 6.
Li te gen yon lafwa ki pi solid pase lakrentif pou lanmò
24. Ki jan Estè te montre li gen lafwa ak kouraj?
24 Pou Estè, lè a te rive pou l pran yon desizyon. Li te di Madoche pou l mande Juif yo pou yo fè jèn pandan twa jou, menm jan avè l. Ti pawòl li te di nan fen mesaj la montre jan l te gen lafwa ak kouraj. Men sa l te di: “Si pou m mouri, m a mouri.” (Estè 4:15-17). Pandan twa jou sa yo, li dwe te priye Jewova ak tout kè l plis pase jan l te konn fè sa anvan. Finalman, moman an te rive pou l al kot wa a. Li te abiye ak pi bèl rad li te genyen an e l te fè tout sa l kapab pou wa a kontan wè l.
Estè te riske lavi l pou l ka pwoteje pèp Bondye a.
25. Esplike sa k te pase lè Estè t apral kot mari l la.
25 Jan kòmansman chapit la montre sa, Estè pran wout pou l al nan palè wa a. Nou ka sèlman imajine tout enkyetid ki chaje tèt li ak tout priyè l ap fè nan fon kè l. Li antre nan lakou palè a kote l te ka wè wa Asyeris ki chita sou twòn li. Petèt, li t ap eseye wè ekspresyon vizaj wa a ki te gen yon bèl bab ki gen fòm kare e l te gen yon bann cheve boukle ki byen ranje. Si Estè te gen pou l ret tann, li dwe te santi tan an te long anpil. Men, tan an pa t enpòtan ankò piske mari l te wè l. Sandout wa a te sezi wè l, men l te kontan wè Estè. Li lonje baton annò a bay Estè. — Estè 5:1, 2.
26. Poukisa vrè kretyen yo bezwen gen kouraj menm jan ak Estè, e sa k fè n ka di travay Estè te fèk kòmanse?
26 Wa a te dispoze koute Estè. Estè te ret fidèl ak Bondye e l te riske lavi l pou l pwoteje pèp Bondye a. Konsa, Estè kite yon bèl egzanp pou tout sèvitè Bondye yo antanke yon moun ki te gen lafwa. Jodi a, vrè kretyen yo bay egzanp sa yo anpil valè. Jezi te fè konnen vrè disip li yo t ap renmen youn lòt e yo t ap dispoze fè sakrifis youn pou lòt. (Li Jan 13:34, 35.) Pou n demontre kalite lanmou sa a, byen souvan, sa mande pou n gen kouraj menm jan ak Estè. Sepandan, menm apre Estè te fin riske lavi l pou l pwoteje pèp Bondye a jou sa a, travay li te fèk kòmanse. Ki jan l t apral rive fè wa a konprann Aman, konseye wa a te renmen an, se yon mechan k ap fè konplo sou do Juif yo? Ki jan Estè t ap ka ede Juif yo chape anba konplo sa a? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan chapit ki vin apre a.
a Yo panse se Asyeris ki te Zèksès 1ye, wa ki t ap dirije Anpi pès nan kòmansman 5yèm syèk anv. e. n.
b Nan chapit 16 la, gade kare ki gen tit: “Kesyon yo poze sou liv Estè a.”
c Sanble Aman te youn nan dènye desandan Agag yo paske pandan rèy wa Ezekyas la, yo te fè touye “rès moun” Amalèk yo. — 1 Kwo. 4:43.
d Aman te bay 10 000 talan ann ajan, sa ki vo plizyè santèn milyon dola ameriken jodi a. Si se Asyeris ki te Zèksès 1ye, kantite lajan sa a dwe te fè òf Aman an pi enteresan paske Zèksès te bezwen lajan pou l reyalize yon pwojè l genyen depi byen lontan ki se fè lagè ak Lagrès, yon pwojè ki t apral lage l nan gwo pwoblèm.
e Yo te konnen Zèksès 1ye te yon moun ki te konn chanje lide fasil e ki te gen tanperaman vyolan. Ewodòt, yon istoryen grèk, te pale sou kèk bagay nan gè Zèksès te fè kont peyi Lagrès la. Wa a te bay lòd pou yo met yon seri bato ansanm pou yo te ka fè yon pon pou travèse dlo Elespon an. Apre yon tanpèt te fin kraze pon an, Zèksès te bay lòd pou yo koupe tèt tout enjenyè yo e pou yo bat dlo Elespon an kòm “pinisyon” pandan y ap li yon bann jouman byen fò. Nan menm gè sa a, lè yon mesye rich te mande wa a pou l pa kite pitit gason l al nan lagè, Zèksès te fè koupe pitit gason an an de, epi l fè ekspoze kò a kòm avètisman.
-
-
Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlmanAnnou imite lafwa yo
-
-
CHAPIT SÈZ
Li te gen sajès ak kouraj e li pa t wè tèt li sèlman
1-3. a) Ki jan Estè dwe te santi l lè l t ap pwoche bò twòn wa a? b) Ki jan wa a te reyaji lè l wè Estè?
ESTÈ t ap pwoche bò twòn nan tou dousman, e kè l t ap bat fò. Imajine silans ki te gen nan gwo chanm kote wa a te ye nan palè Pès la ki nan vil Souz. Te tèlman gen yon gwo silans, Estè te ka tande bri pye l ak bri rad li te mete a t ap fè. Li pa t distrè nan ret ap gade kokennchenn lakou wa a, gwo poto ki te genyen yo ak bèl plafon ki te byen dekore ak bwa ki te sot jis nan peyi Liban yo. Li te pito fikse lespri l sou moun ki te chita sou twòn nan, moun ki t apral deside si l ap viv oswa si l ap mouri a.
2 Wa a t ap gade Estè byen gade pandan Estè t ap pwoche kote l e l te lonje baton annò l la sou Estè. Se te yon ti jès, men, sa te sove lavi Estè paske se te yon fason pou wa a montre li te padone Estè ki te vyole lwa peyi a lèfetke l te vin kote l san l pa t voye rele l. Lè Estè rive devan twòn nan, li lonje men l e li touche pwent baton an pou l montre rekonesans li anvè wa a. — Estè 5:1, 2.
Avèk imilite, Estè te montre l gen rekonesans pou mizèrikòd wa a.
3 Wa Asyeris te rich anpil e l te gen anpil pouvwa. Dapre sa kèk moun panse, nan epòk sa a, rad wa pès yo ak rad fanmi yo te konn mete te ka koute plizyè santèn milyon dola ameriken. Malgre sa, lè je Estè tonbe nan je wa a, li te ka santi mari l renmen l. Wa a di l: “Rèn Estè, ki sa k pase? Ki sa w ap mande? Menmsi w ta mande mwatye nan wayòm mwen an, m ap ba ou l.” — Estè 5:3.
4. Ki pi gwo pwoblèm Estè t apral jwenn?
4 Estè te deja montre l gen bonjan lafwa ak kouraj lè l t al kot wa a pou l te mande l ede pèp li a chape anba yon konplo yo te fè pou touye yo. Pou kounye a, bagay yo t ap mache pou Estè, men l t apral jwenn plis pwoblèm toujou. Li te gen pou l konvenk wa sa a ki te gen anpil ògèy konseye l te fè plis konfyans lan se yon mechan ki t ap twonpe l pou l ka fè touye pèp Estè a. Kòman Estè t apral fè konvenk wa a, e ki sa n ka aprann nan lafwa li te demontre a?
Avèk sajès, li te chwazi yon ‘lè pou l pale’
5, 6. a) Ki jan Estè te suiv prensip nou jwenn nan Eklezyas 3:1, 7 la? b) Sa k fè fason Estè te pale ak mari l la te montre l gen sajès?
5 Èske Estè te dwe di wa a pwoblèm li devan moun ki te la yo? Si l te fè sa, wa a te ka wont e Aman, konseye wa a, t ap gen ase tan pou l defann tèt li. Ki sa Estè te fè? Plizyè syèk anvan sa, wa Salomon te ekri: “Gen yon lè pou tout bagay. [...] Yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale.” (Ekl. 3:1, 7). Nou ka imajine Madoche, papa adoptif Estè, yon moun fidèl, k ap anseye Estè prensip sa a lè l t ap grandi lakay li. Li klè, Estè te konn enpòtans pou l byen chwazi ki ‘lè pou l pale’.
6 Estè di wa a: “Si sa fè w plezi, monwa, m ta renmen w vini ansanm ak Aman nan yon gwo resepsyon m ap fè pou ou jodi a.” (Estè 5:4). Wa a dakò e l fè rele Aman. Èske w wè sajès ki gen nan pawòl Estè te di yo? Li pa t fè mari l wont devan moun, men l te chèche yon pi bon moman pou l di wa a pwoblèm li. — Li Pwovèb 10:19.
7, 8. Ki jan premye fèt Estè a te pase e sa k fè l te pran tan pou l pale ak wa a?
7 Pa gen dout nan sa, Estè te byen pran san l pou l prepare ti fèt la e l te veye pou tout ti bagay fè kè mari l kontan. Te gen bon diven ki bay kè kontan nan ti fèt la (Sòm 104:15). Tèlman Asyeris te kontan nan fèt la, yon lòt fwa ankò, li mande Estè sa l vle l fè pou li. Èske lè a te rive pou Estè pale?
8 Pou Estè, lè a potko rive. Li te envite wa a ak Aman nan yon lòt fèt li t ap fè nan demen (Estè 5:7, 8). Poukisa l te pran tan konsa? Pa bliye, wa a te fin pase yon dekrè pou yo touye tout Juif yo. Etandone te gen yon gwo danje ki pandye sou tèt Juif yo, Estè te dwe asire l se nan bon moman an li pale. Donk, li te ret tann e l te chèche jwenn yon lòt okazyon pou l te montre mari l tout respè l gen pou li.
9. Ki enpòtans pasyans genyen e kòman nou ka imite Estè nan domèn sa a?
9 Pasyans pa yon kalite tout moun genyen e li gen anpil valè. Malgre Estè te enkyete l anpil e l te anvi pale ak wa a, avèk pasyans, li te tann yon pi bon moman pou l fè sa. Nou ka aprann anpil leson nan fason Estè te aji a paske nou tout konn wè sitiyasyon ki merite korije. Si n ap chèche fè yon moun ki gen otorite wè yon sitiyasyon ki merite korije, nou bezwen imite Estè e n bezwen gen pasyans. Men sa Pwovèb 25:15 di: “Se ak pasyans yo pot laviktwa sou yon kòmandan. E pawòl dous yon moun di kapab kraze yon zo.” Si n tann avèk pasyans jis nou jwenn pi bon moman pou n pale e n fè sa ak dousè, menm jan ak Estè, nou ka menm kraze yon opozisyon ki di tankou yon zo. Èske Jewova, Bondye Estè a, te beni l pou pasyans ak sajès li te genyen?
Grasa pasyans li, li te jwenn jistis
10, 11. Poukisa Aman te vin move anpil lè l te sot nan premye fèt la, e ki sa madanm li ak zanmi l yo te ankouraje l fè?
10 Lefètke Estè te gen pasyans, sa te prepare chemen pou anpil lòt bagay ki t apral fèt pi devan. Lè Aman te soti nan premye fèt la li “t al lakay li ak anpil kè kontan” paske l te panse wa a ak rèn nan te renmen l plis pase lòt moun yo. Men, pandan Aman t ap pase bò pòtay palè a, je l t al tonbe nan je Madoche, Juif ki te refize pwostène devan l lan. Jan n te wè sa nan chapit anvan an, se pa paske Madoche pa t gen respè pou Aman ki fè l te refize pwostène devan Aman, men, se akoz konsyans li ak relasyon l gen ak Jewova. Malgre sa, Aman “te vin fache anpil”. — Estè 5:9.
11 Lè Aman te fè madanm li ak zanmi l yo konnen swadizan aksyon derespektan sa a, yo te ankouraje l fè yon gwo poto ki mezire 22 mèt wotè, epi pou l mande wa a pou l fè yo pann Madoche sou li. Aman te renmen ide sa a, e san pèdi tan, li te mande pou yo fè poto a. — Estè 5:12-14.
12. Poukisa wa a te mande pou yo li dokiman ofisyèl ki rakonte sa k te pase nan peyi a pou li, e ki sa wa a te vin aprann?
12 Pandan tan sa a, wa a te pase yon move nuit. Bib la fè konnen “dòmi pa t ka pran wa a”. Konsa, li te mande pou yo te li dokiman ofisyèl ki rakonte sa k te pase nan peyi a pou li. Nan lekti a, yo te pale de yon konplo yo te fè pou yo asasinen Asyeris. Wa a te sonje konplo sa a, yo te arete koupab yo e yo te touye yo. Men, ki sa yo te fè pou moun ki te devwale konplo a, anpalan de Madoche? Kesyon sa a te vin nan lespri wa a e l te mande ki sa yo te fè pou yo rekonpanse Madoche. Ki repons yo te ba li? Yo te fè l konnen pa t gen anyen ki te fèt pou moun sa a. — Li Estè 6:1-3.
13, 14. a) Kòman bagay yo te kòmanse vire mal pou Aman? b) Ki sa madanm li ak zanmi l yo te di l?
13 Sa te deranje wa a anpil e l te mande kiyès nan ofisyèl li yo ki te ka ede l korije sitiyasyon an. Pami tout moun nèt, se Aman ki te vin parèt nan lakou wa a byen bonè nan maten, petèt paske l te chofe pou l jwenn pèmisyon pou l fè touye Madoche. Men, anvan Aman te fè demann li an, wa a te mande l dapre li menm ki pi bon fason li ka onore yon moun ki gen favè l. Aman te panse se de li wa a t ap pale. Konsa, li te tonbe reflechi ak tout bèl bagay yo ta dwe fè pou moun sa a, tankou mete bèl rad wa a oswa bèl rad fanmi wa a sou moun nan, epi mete moun nan sou cheval wa a pou fè l pase nan tout vil Souz pou tout moun ka tande pandan y ap fè lwanj pou li. Imajine figi Aman lè l te tande moun yo pral onore a se Madoche! E ki moun wa a te bay lòd pou fè lwanj pou Madoche? Aman. — Estè 6:4-10.
14 Byenke sa wa a te mande Aman fè a te parèt mal nan je l, li te fè l, apre sa, li rantre lakay li tou fache. Madanm li ak zanmi l yo te fè l konnen bagay yo mal vire pou li paske l pap reyisi touye Madoche, Juif la. — Estè 6:12, 13.
15. a) Lefètke Estè te gen pasyans, ki bon rezilta sa te bay? b) Poukisa l saj pou n aprann “tann”?
15 Etandone Estè te yon moun ki pasyan, li te tann yon lòt jou ankò anvan l te mande wa a sa l te vle a. Konsa, sa t apral pèmèt Aman tonbe nan pwòp pyèj li. Èske se pa Jewova ki te fè wa a pa t ka dòmi (Pwo. 21:1)? Se pa pou granmesi Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou “tann”. (Li Miche 7:7.) Lè n tann Bondye, nou ka wè fason Bondye rezoud pwoblèm nou yo pi byen lontan pase jan nou t ap fè sa.
Li te pale avèk kouraj
16, 17. a) Nan ki moman “lè pou [Estè te] pale a” te rive? b) Kòman Estè te montre l diferan ak Vachti, ansyen madan marye wa a?
16 Estè pa t pran chans teste pasyans wa a plis toujou e l te ret kwè l te dwe di wa a tout bagay nan dezyèm fèt la. Men, kòman li t apral fè sa? Erezman, wa a te bay Estè posiblite pou l pale lè l te mande l ki sa l te vle yon lòt fwa ankò (Estè 7:2). “Lè pou [Estè te] pale” a te rive.
17 Nou ka imajine Estè k ap priye Bondye l la nan kè l anvan l te di pawòl ki vin annapre yo: “Si w dakò avè m, monwa, e si sa fè w plezi, mwen sipliye w pou w sove lavi m e m ap mande w pou w sove pèp mwen an.” (Estè 7:3). N ap remake Estè te fè wa a konnen li t ap respekte nenpòt desizyon wa a pran. Ala diferan Estè te diferan ak Vachti, ansyen madan marye wa a, ki te fè espre pou l fè mari l wont (Estè 1:10-12)! Anplis de sa, Estè pa t pale wa a mal paske wa a te fè erè l al fè Aman konfyans. Olye de sa, Estè te mande wa a pou l pwoteje l kont yon malè ki te pandye sou tèt li.
18. Kòman Estè te fè wa a konnen pwoblèm nan aklè?
18 Se sèten sa Estè te mande a te fè wa a sezi e sa te pouse l aji. Kiyès ki te oze pandye yon malè sou tèt rèn li an? Men sa Estè te di ankò: “Yo vann ni mwen menm ni pèp mwen an pou yo ka elimine nou, pou yo ka touye nou e pou yo ka disparèt nou. Si se sèlman vann yo te vann nou kòm esklav, mwen pa t ap di anyen. Men, malè sa a pa dwe rive, paske sa pap nan avantaj wa a.” (Estè 7:4). Remake Estè te esplike pwoblèm nan aklè e l te fè konnen li pa t ap di anyen si pwoblèm nan se te esklav yo t ap vin esklav sèlman. Kòm masak yo t apral fè sou pèp li a t ap koute wa a chè anpil, li pa t ka pa di anyen.
19. Ki sa egzanp Estè ka aprann nou sou fason pou n konvenk lòt moun?
19 Egzanp Estè a aprann nou anpil bagay sou fason pou n konvenk lòt moun. Si sa ta rive nou bezwen fè yon moun nou renmen oswa yon moun ki gen otorite konnen yon pwoblèm grav, lè n montre n gen pasyans ak respè epi n esplike pwoblèm nan aklè, sa ap ede n anpil. — Pwo. 16:21, 23.
20, 21. a) Kòman Estè te met konplo Aman an deyò, e ki jan wa a te reyaji? b) Kòman Aman te reyaji lè yo te dekouvri konplo l la?
20 Asyeris te mande Estè: “Ki moun ki fè sa, e kote nonm ki pèmèt li fè bagay sa a?” Imajine Estè k ap lonje dwèt li epi ki di: “Advèsè a, ènmi an, se mechan sa a yo rele Aman an.” Akizasyon sa a te tankou yon kout fwèt sou do Aman, epi laperèz te pran l lapoula. Imajine wa sa a, yon moun ki chanje lide fasil, ki vin fache anpil lè l vin konprann konseye l te fè konfyans lan te twonpe l pou fè l siyen yon dekrè pou touye madanm li renmen anpil la! Wa a te soti byen move, l al nan jaden an pou l fè yon ti kalme l. — Estè 7:5-7.
Avèk kouraj, Estè te fè wa a konnen zak mechanste Aman t ap fè.
21 Lè yo te fin dekouvri konplo Aman, lach sa a, li te lage kò l nan pye rèn nan pou l sipliye l pou l gen pitye pou li. Lè wa a tounen nan chanm nan e li wè Aman ki panche sou Estè, k ap sipliye l, wa a vin fache pi rèd e l akize Aman kòmkwa l ap eseye vyole rèn nan anndan kay wa a. Sa te fini pou Aman atò. Yo met men sou li e yo kouvri figi l epi yo mennen l ale. Lè sa a, youn nan ofisyèl wa a fè wa a konnen Aman te fè yo fè yon gwo poto pou l pann Madoche. Lamenm, Asyeris bay lòd pou yo pann Aman sou poto a. — Estè 7:8-10.
22. Kòman egzanp Estè a aprann nou pou n pa janm pèdi espwa, pou n pa janm vin wè moun mal e pou n pa janm pèdi lafwa?
22 Nan monn enjis sa a n ap viv la, li fasil pou n panse nou pap janm rive wè jistis fèt vre. Èske w konn santi w konsa? Estè pa t janm pèdi espwa, li pa t janm vin wè moun mal e li pa t janm pèdi lafwa. Lè lè a te rive, li te met kouraj sou li pou l defann sa ki dwat e l te kite rès bagay yo nan men Jewova, paske l te fè l konfyans. Annou tout fè menm jan an. Jewova pa chanje, li toujou ka fè mechan yo tonbe nan pwòp pyèj yo, menm jan l te fè sa nan ka Aman. — Li Sòm 7:11-16.
Li te pran pozisyon pou Jewova ak pèp Jewova a san l pa t wè tèt li
23. a) Kòman wa a te rekonpanse Madoche ak Estè? b) Ki jan pwofesi Jakòb te bay anvan l mouri konsènan Benjamen an te reyalize? (Gade kare ki gen tit: “Yon pwofesi ki reyalize.”)
23 Finalman, wa a te resi vin konnen kiyès Madoche te ye. Madoche pa t sèlman moun ki te pwoteje wa a pou yo pa t asasinen l, men tou li te papa adoptif Estè. Asyeris te met Madoche premye minis nan plas Aman. Wa a te bay Estè kay Aman an ansanm ak tout richès Aman yo, epi Estè te mete Madoche responsab tout byen Aman yo. — Estè 8:1, 2.
24, 25. a) Poukisa Estè pa t ka sispann enkyete l menm apre yo te fin devwale konplo Aman an? b) Kòman Estè te riske lavi l yon lòt fwa?
24 Etandone Estè ak Madoche te chape anba konplo a, èske kè rèn nan te ka vin poze kounye a? Nou te ka di wi si se tèt li sèlman l te wè. Nan moman sa a, dekrè Aman te bay pou fè touye tout Juif yo t ap gaye nan tout rakwen Anpi a. Li te fè yon tiraj osò oswa Pou, ki se yon fason li te antre an kontak ak movèzespri, pou l te ka konnen ki pi bon jou pou l fè touye Juif yo (Estè 9:24-26). Se vre, te manke plizyè mwa pou jou sa a rive, men, jou a t ap pwoche byen vit sou yo. Èske l posib pou yo te evite malè sa a?
25 Piske Estè se yon moun ki pa t wè tèt li sèlman, li te riske lavi l ankò lè l t al kot wa a san wa a pa t rele l. Fwa sa a, li t ap kriye pou pèp li a e l t ap sipliye mari l pou l elimine dekrè terib sa a. Men, lè yo te pran yon lwa nan non wa peyi Pès yo, pèsonn pa t ka anile l (Dàn. 6:12, 15). Donk, wa a te bay Estè ak Madoche pouvwa pou yo pran yon lòt lwa. Te gen yon lòt lwa ki te soti e yo te fè tout Juif yo konnen yo gen dwa pou yo defann tèt yo. Sèvitè wa yo t al nan tout Anpi a sou cheval pou fè Juif yo konn bon nouvèl sa a. Kounye a, Juif yo te ka rale yon souf, te gen espwa pou yo (Estè 8:3-16). Nou ka imajine Juif nan tout Anpi a k ap prepare yo pou yo batay, yon bagay yo pa t ap janm ka fè si pa t gen yon nouvo dekrè. Sa k pi enpòtan an, èske “Jewova, Chèf lame yo” t ap avèk pèp li a? — 1 Sam. 17:45.
Estè ak Madoche k ap voye yon mesaj bay Juif ki nan Anpi pès la.
26, 27. a) Jis nan ki pwen Jewova te bay pèp li a yon gwo viktwa sou ènmi l yo? b) Ki pwofesi ki te reyalize lè yo te touye pitit gason Aman yo?
26 Finalman, lè jou masak Juif yo te rive, pèp Bondye a te pare. Te menm gen anpil nan ofisyèl peyi Pès yo ki te vin defann pèp la paske nouvèl ki fè konnen se Madoche ki premye minis la te gaye nan tout Anpi a. Jewova te bay pèp li a yon gwo viktwa. Li klè, Jewova te pwoteje pèp li a kont yon gwo atak lè l te fè ènmi l yo pèdi batay laa. — Estè 9:1-6.
27 Anplis de sa, Madoche pa t ap janm alèz pou l dirije kay Aman an toutotan dis pitit gason mechan sa a te vivan toujou. Se sa k fè yo te touye yo tou (Estè 9:7-10). Sa te reyalize yon pwofesi nan Bib la kote Bondye te deja fè konnen yo te gen pou yo detwi tout moun Amalèk yo paske yo te mechan e yo te ènmi pèp Bondye a (Det. 25:17-19). Petèt pitit Aman yo se dènye moun yo te touye nan nasyon sa a Bondye te kondane a.
28, 29. a) Poukisa Jewova te vle pou Estè ak pèp li a al nan lagè? b) Poukisa egzanp Estè a se yon benediksyon pou nou jodi a?
28 Byenke Estè te jèn, li te gen gwo chay sou do l, paske l te patisipe nan desizyon wa a te pran pou gen lagè e pou yo touye moun. Sa dwe pa t fasil pou li. Men, Jewova te vle pwoteje pèp li a pou yo pa detwi l paske se nan nasyon Izrayèl la Mesi a, moun ki se sèl vrè espwa pou tout limanite a, t apral soti (Jen. 22:18). Jodi a, sèvitè Bondye yo kontan konnen lè Jezi, Mesi a, te vin sou tè a, li te di disip li yo yo pa dwe pran zam pou yo fè lagè. — Mat. 26:52.
29 Malgre sa, tout kretyen yo nan yon gè espirityèl kote Satan deside kraze lafwa yo gen nan Jewova Dye ak tout fòs li. (Li 2 Korentyen 10:3, 4.) Se yon gwo benediksyon dèske n gen Estè kòm egzanp! Menm jan ak Estè, ann montre n gen lafwa lè nou montre nou saj e nou pasyan lè n ap itilize kapasite nou genyen pou n konvenk moun nan e lè nou met kouraj sou nou pou n defann pèp Bondye a san n pa wè tèt nou sèlman.
a Wa a te bay Juif yo yon dezyèm jou pou yo fin bat ènmi yo (Estè 9:12-14). Jis jodi a, Juif yo kontinye komemore viktwa sa a chak ane nan mwa Ada, yon mwa ki twouve l ant fen mwa fevriye ak kòmansman mwa mas. Yo rele fèt sa a Pourim paske Aman te fè tiraj osò pou l detwi pèp Izrayèl la.
-