BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 12 p. 26-27
  • Neve Pòl la te brav

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Neve Pòl la te brav
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • “Koute sa m pral di nou la a pou m defann tèt mwen”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Pran kouraj: Jewova ap ede w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • “Mwen pa responsab san pèsonn”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Yon gason ki brav
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 12 p. 26-27
Neve Pòl la k ap pale ak kòmandan lame a.

LESON 12

Neve Pòl la te brav

Ann fè yon ti pale konsènan yon jèn gason ki te sove lavi tonton l. Se apot Pòl ki te tonton jèn gason sa a. Se vre nou pa konn non jèn gason sa a, men, nou konnen li te fè yon bagay ki te montre l brav anpil. Èske w ta renmen konn ki sa l te fè? —

Yo te met Pòl nan prizon nan vil Jerizalèm. Yo te arete l paske l t ap pale de Jezi. Gen kèk moun mechan ki te rayi Pòl, e yo te monte yon konplo kont li. Yo te di: ‘Ann mande kòmandan lame a pou l fè sòlda l yo mennen Pòl nan tribinal la. N ap kache sou wout la, e lè Pòl ap pase, n ap touye l!’

Apot Pòl ki nan prizon e k ap koute nouvèl yo nan men neve l la.

Neve Pòl la te fè Pòl ak kòmandan lame a konn konplo a.

Neve Pòl la te tande pale de konplo a. Ki sa l t apral fè? Li te kouri al nan prizon an epi l di Pòl sa. San pèdi tan, Pòl te mande l pou l al fè kòmandan lame a konn konplo a. Èske w panse l t ap fasil pou neve Pòl la pale ak kòmandan an? — Non li pa t ap fasil, paske kòmandan an te yon gwo chèf. Men, neve Pòl la te brav, e l te pale ak kòmandan an.

Kòmandan an te konnen egzakteman sa l dwe fè. Li te voye yon lame ki te gen prèske 500 sòlda pwoteje Pòl! Li te di sòlda yo pou yo mennen Pòl Sezare menm jou swa a. Èske Pòl te sove lavi l? — Wi, moun mechan yo pa t kapab atake l. Konplo yo a pa t mache.

Ki sa w ka aprann nan istwa sa a? — Ou menm tou, ou kapab montre w brav menm jan ak neve Pòl la. Nou dwe montre nou brav lè n ap pale de Jewova ak lòt moun. Èske w ap montre w brav epi w ap kontinye pale de Jewova? — Si w fè sa, petèt, w ap sove lavi yon moun.

LI NAN BIB OU

  • Travay 23:12-24

  • Matye 24:14; 28:18-20

  • 1 Timote 4:16

KESYON:

  • Ki konplo kèk moun mechan te fè kont Pòl?

  • Ki sa neve Pòl la te fè? Poukisa sa l te fè a te montre l brav?

  • Ki jan w ka montre w brav menm jan ak neve Pòl la?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje