BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 7 p. 16-17
  • Èske w konn santi w poukont ou epi w pè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w konn santi w poukont ou epi w pè?
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la
    Annou imite lafwa yo
  • Jewova te bay Eli fòs
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li te ret ap veye e li t ap tann
    Annou imite lafwa yo
  • Li te andire jiska lafen
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 7 p. 16-17
Yon tigason ki santi l poukont li e ki pè.

LESON 7

Èske w konn santi w poukont ou epi w pè?

Gade tigason ki nan foto a. Sanble li santi l poukont li e l pè, pa vre? Èske w konn santi w konsa tou? — Tout moun konn santi yo konsa kèk fwa. Bib la pale de kèk moun ki te zanmi Jewova ki te santi yo poukont yo e ki te pè. Youn nan moun sa yo se te Eliya. Ann aprann kèk bagay sou li.

Rèn Jezabèl k ap fè bri tèlman l an kòlè.

Jezabèl te vle touye Eliya.

Eliya t ap viv ann Izrayèl byen lontan anvan Jezi te fèt. Ahab, wa Izrayèl la, pa t ap adore Jewova vrè Dye a. Ahab ansanm ak Jezabèl, madanm li, te konn adore yon fo dye ki rele Baal. Se sa k fè, pifò moun ann Izrayèl te kòmanse adore Baal tou. Rèn Jezabèl te mechan anpil e li te vle touye tout moun ki t ap adore Jewova, san wete Eliya! Èske w konnen ki sa Eliya te fè? —

Eliya te pran kouri! Li t ale byen lwen nan yon dezè epi l t al kache nan yon gwòt. Poukisa w panse li te fè sa? — Wi, se paske l te pè. Men, Eliya pa t bezwen pè. Sa k fè sa? Paske Jewova te kapab ede l. Jewova te gentan montre Eliya fòs li genyen. Yon lè, Jewova te reponn priyè Eliya lè l te fè dife sot nan syèl la. Kidonk, sa klè, Jewova te kapab ede Eliya kounye a!

Jewova te reponn priyè Eliya te fè a lè l te fè dife sot nan syèl la; Eliya ki nan yon gwòt; Eliya te santi l kontan apre l te fin tande pawòl ankourajan Jewova te di l yo.

Ki jan Jewova te ede Eliya?

Pandan Eliya te nan gwòt la, Jewova te pale avè l e l te poze l kesyon sa a: ‘Ki sa w ap fè la a?’ Eliya te reponn: ‘Se mwen sèl ki kontinye adore w. Mwen poukont mwen, e m pè pou yo pa touye m.’ Eliya te panse yo te touye tout lòt moun ki t ap adore Jewova yo. Men, Jewova te di Eliya: ‘Non, se pa vre. Gen 7 000 moun ankò ki kontinye ap adore m. Se pou w brav. Mwen gen lòt travay pou m ba w fè toujou!’ Èske w panse Eliya te kontan tande sa? —

Ki sa w ka aprann nan sa k te rive Eliya a? — Ou pa dwe janm santi w poukont ou epi pou w pè. Ou gen zanmi ki renmen Jewova e ki renmen w tou. Anplis de sa, Jewova gen anpil fòs, l ap toujou ede w! Èske w pa kontan aprann ou pa janm poukont ou toutbonvre? —

LI NAN BIB OU

  • 1 Wa 19:3-18

  • Sòm 145:18

  • 1 Pyè 5:9

KESYON:

  • Nan epòk Eliya a, èske pifò moun ann Izrayèl t ap adore Jewova? Kiyès yo t ap adore?

  • Poukisa Eliya te pran kouri e l t al kache nan yon gwòt?

  • Ki sa Jewova te di Eliya?

  • Ki sa n ka aprann nan sa k te rive Eliya a?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje