BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yc leson 10 p. 22-23
  • Jezi te toujou obeyi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi te toujou obeyi
  • Anseye pitit ou
  • Sou menm sijè a
  • Jezi te aprann obeyisans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Sa nou ka aprann nan egzanp Mari
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Li te “rezone nan kè l”
    Annou imite lafwa yo
  • ‘Se Pitit Gason mwen’
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Anseye pitit ou
yc leson 10 p. 22-23
Jozèf ak Mari jwenn Jezi, ki te timoun, nan tanp lan.

LESON 10

Jezi te toujou obeyi

Èske l toujou fasil pou w obeyi papa w ak manman w? — Pafwa, sa ka difisil anpil. Èske w konnen Jezi te toujou obeyi ni Jewova, ni papa l, ni manman l? — Egzanp li ka ede w obeyi papa w ak manman w menm lè sa difisil. Ann aprann plis bagay sou sa.

Anvan Jezi te vin sou tè a, li t ap viv nan syèl la ak Jewova, Papa l. Men, Jezi te gen yon papa ak yon manman sou tè a tou. Non yo se te Jozèf ak Mari. Èske w konn ki fason Jozèf te vin papa Jezi ak ki fason Mari te vin manman l? —

Jewova te pran lavi Jezi nan syèl la epi l mete l anndan vant Mari yon fason pou Jezi te ka fèt sou tè a epi pou l viv sou tè a. Se te yon mirak sa te ye! Jezi te grandi anndan vant Mari menm jan tout lòt tibebe grandi anndan vant manman yo. Jezi te fèt anviwon nèf mwa apre Bondye te fin mete l nan vant Mari. Se konsa Jozèf ak madanm li Mari, te vin papa Jezi ak manman Jezi pandan Jezi te sou tè a.

Lè Jezi te gen 12 an, li te fè yon bagay ki te montre jan l renmen Jewova, Papa l. Sa te rive lè Jezi ansanm ak fanmi l te fè yon vwayaj ki te long anpil pou y al Jerizalèm pou fèt Pak la. Pandan Jozèf ak Mari te sou wout pou yo retounen lakay yo, yo pa t ka jwenn Jezi okenn kote. Èske w konn ki kote Jezi te ye? —

Ki sa k fè Jezi te ret nan tanp lan?

Jozèf ak Mari te kouri retounen Jerizalèm epi yo pran chèche Jezi toupatou. Yo te vin enkyete anpil paske yo pa t ka jwenn li okenn kote. Men, apre twa jou, yo te jwenn li nan tanp lan! Èske w konn ki sa k fè Jezi te ret nan tanp lan? — Se paske, nan tanp lan, li t ap kapab aprann kèk bagay sou Jewova, Papa l. Li te renmen Jewova, e l te vle aprann kòman pou l fè kè Jewova kontan. Menm lè Jezi te vin gran, li te toujou obeyi Jewova. Jezi te obeyi Jewova menm lè sa te difisil anpil pou li, e menm lè sa te mande pou l soufri. Èske Jezi te obeyi Jozèf ak Mari tou? — Wi, paske Bib la di li te fè sa.

Ki sa w ka aprann nan egzanp Jezi? — Ou dwe toujou obeyi papa w ak manman w menm lè sa difisil. Èske w ap fè sa? —

LI NAN BIB OU

  • Lik 1:30-35; 2:45-52

  • Efezyen 6:1

  • Ebre 5:8

KESYON:

  • Ki fason Jozèf ak Mari te vin papa Jezi ak manman Jezi sou tè a?

  • Lè papa Jezi ak manman Jezi t ap chèche l Jerizalèm, ki kote yo te jwenn li?

  • Ki sa w ka aprann nan egzanp Jezi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje