BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Yo kontinye soutni gouvènman Bondye a sèlman
    Wayòm Bondye a ap dirije!
    • CHAPIT 14

      Yo kontinye soutni gouvènman Bondye a sèlman

      IDE KLE CHAPIT LA

      Pèp Bondye a fidèl anvè Wayòm nan, li pa fè pati monn nan.

      1, 2. a) Ki prensip disip Jezi yo kontinye ap suiv rive jis nan epòk nou an? b) Ki jan ènmi nou yo te eseye elimine nou, e kòman sa toujou fini?

      PANDAN Jezi te kanpe devan Pilat, jij ki te gen plis otorite nan nasyon Juif la malgre l pa t yon Juif, li te bay yon prensip tout disip li yo t ap gen pou yo suiv rive jis nan epòk nou an. Men sa l te di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m bay Juif yo. Men vwala, se pa la wayòm mwen an soti.” ​(Jan 18:36). Pilat te fè touye Jezi. Men, viktwa sa a li te ranpòte a se te pou yon ti bout tan sèlman, paske Bondye te resisite Jezi. Gen kèk Anperè nan Anpi women an, yon Anpi ki te pisan, ki te eseye fini ak disip Jezi yo. Men, efò yo te fè yo pa t itil anyen paske kretyen yo te rive gaye mesaj Wayòm nan toupatou. — Kol. 1:23.

      2 Apre Bondye te fin tabli Wayòm nan nan ane 1914, gen kèk dirijan politik ki pisan ki te eseye elimine pèp Bondye a, men, pa gen youn ki te rive fè sa. Gen anpil gouvènman ak anpil pati politik ki te eseye fòse n pran pozisyon pou yo nan konfli yo te genyen yo. Yo pa t reyisi met divizyon nan mitan nou. Jodi a, n ap jwenn sitwayen Wayòm nan nan prèske tout peyi sou tè a. Malgre sa, nou fòme yon fanmi entènasyonal ki ini, nou pa patisipe nan okenn aktivite ki gen rapò ak politik monn nan. Inite ki gen nan mitan nou an bay bonjan prèv ki montre Wayòm Bondye a ap dirije, e Jezi Kris, Wa a, kontinye ap gide, rafine epi pwoteje sitwayen l yo. Ann fè yon ti pale sou fason l fè sa, epi n ap fè yon ti pale tou sou kèk viktwa li te fè n ranpòte devan tribinal, yon seri viktwa ki fè lafwa nou vin pi solid toutpandan nou kontinye “pa fè pati monn nan”. — Jan 17:14.

      Yon sijè ki te vin enpòtan

      3, 4. a) Ki sa k te rive nan moman Wayòm nan te tabli a? b) Èske pèp Bondye a te toujou byen konprann sijè ki gen rapò ak netralite a? Esplike.

      3 Tousuit apre Wayòm nan te fin tabli, gen yon gè ki te pete nan syèl la, e annapre, yo te pimpe Satan sou tè a. (Li Revelasyon 12:7-10, 12.) Gen yon gè tou ki t ap fè ravaj sou tè a, yon gè ki te pase lafwa pèp Bondye a anba eprèv. Pèp Bondye a te detèmine pou l suiv egzanp Jezi e pou l rete separe ak monn nan. Sepandan, okòmansman, yo pa t fin byen konprann tout sa yo te dwe fè pou yo pa t antre nan zafè politik.

      4 Pa egzanp, liv Kòmansman Milenè a (anglè), volim 6 laa, yo te pibliye nan ane 1904 te ankouraje kretyen yo pou yo pa patisipe nan lagè. Sepandan, liv la te fè konnen si yo ta konvoke yon kretyen pou l al nan lagè, li ta dwe fè tout sa l kapab pou l mande fè kèk sèvis ki pa gen rapò ak lagè. Si sa pa t mache epi yo te voye l nan lagè kanmenm, li ta dwe asire l li pap touye pèsonn. Men sa Herbert Senior, ki t ap viv nan peyi Grann Bretay e ki te batize nan ane 1905, te di sou jan bagay yo te ye nan epòk sa a: “Te gen anpil konfizyon pami frè yo, e yo pa t gen yon konsèy klè yo te ka suiv pou konnen si wi ou non li te bon pou yo antre nan lame antanke yon sòlda k ap fè yon travay ki pa gen rapò ak lagè.”

      5. Kòman Toudegad 1ye septanm 1915 lan te kòmanse ede n pi byen konprann sijè ki gen rapò ak netralite a?

      5 Sepandan, Toudegad 1ye septanm 1915 lan te kòmanse ede n pi byen konprann sijè a. Men sa yo te di konsènan konsèy yo te bay nan liv Etid Ekriti yo (anglè): “N ap mande tèt nou si yon aksyon konsa pa t ap vle di nou pa suiv prensip Bib la.” Bon, e si yo ta di y ap touye yon kretyen si l ta refize met inifòm militè sou li oswa fè yon sèvis militè? Men sa atik la te fè konnen: “Kiyès nan de lanmò sa yo ki pi mal: Mouri fidèl anvè Prens lapè a paske n pa vle dezobeyi lòd li yo, oswa mouri anba lòd wa latè yo, sa ki t ap parèt kòmsi se soutni n ap soutni wa sa yo, byenke se pa sa vre, e konsa, pou n ta pase lwa Wa ki nan syèl la anba pye? Nou t ap prefere mouri paske n obeyi lòd Wa nou an ki nan syèl la.” Malgre kòmantè sa a te fò anpil, men sa atik la te di pou l fini: “Se pa ankouraje n ap ankouraje moun fè chwa sa a. Se jis yon konsèy nou bay.”

      6. Ki sa nou aprann nan egzanp frè Herbert Senior a?

      6 Gen kèk frè ki te vin byen konprann li pa bon pou yo patisipe nan lagè, e yo te pare pou yo fè fas ak konsekans ki t apral vini yo. Men sa Herbert Senior, nou te pale de li pi wo a, te di: “Pou mwen menm, pa t gen okenn diferans ant dechaje bwat katouch sou yon bato [yon sèvis ki pa mande pou moun al nan lagè] ak mete menm katouch sa yo nan yon zam epi tire l sou moun.” ​(Lik 16:10). Lefètke frè Senior te refize fè sèvis militè akoz konsyans li, yo te mete l nan prizon. Li menm ansanm ak 4 lòt frè te pami yon gwoup 16 moun, ki te gen gason nan lòt relijyon, ki te refize fè sèvis militè tou akoz konsyans yo. Yo te pase yon kantite nan tan yo te kondane yo a nan prizon Richmond nan, ki nan peyi Grann Bretay. Rive yon lè, yo te mennen Herbert ansanm ak lòt moun ki te nan menm sitiyasyon avè l yo nan peyi Lafrans an kachèt, yon fason pou yo te ka mete yo devan nèt kote batay la te pi cho a. Se la a yo te kondane yo pou yo fizye yo. Yo te aliyen li menm ansanm ak plizyè lòt moun pou yo fizye yo. Men, yo pa t touye yo. Olye de sa, yo te kondane yo pou yo pase dizan prizon.

      Simon Kraker

      “Mwen te vin aprann pèp Bondye a dwe anpè ak tout moun, menm lè moun yo sou fè lagè.” — Simon Kraker. (Gade paragraf 7.)

      7. Lè Dezyèm Gè mondyal la te eklate, ki sa pèp Bondye a te vin pi byen konprann?

      7 Lè Dezyèm Gè mondyal la te eklate, pèp Jewova a, antanke gwoup, te vin pi byen konprann kesyon netralite a, ak sa yo te dwe fè pou yo ka suiv egzanp Jezi (Mat. 26:51-53; Jan 17:14-16; 1 Pyè 2:21). Pa egzanp, nan Toudegad 1ye novanm 1939 la, te gen yon atik ki te gen tit “Netralite” ki te fè konnen: “Prensip pèp Jewova a dwe kite dirije yo kounye a se rete net konplètman nan zafè lagè nasyon yo ap fè a.” Men sa Simon Kraker, ki te travay nan syèj mondyal la pi devan, ki nan Bwouklin Nouyòk, te di konsènan atik sa a: “Mwen te vin aprann pèp Bondye a dwe anpè ak tout moun, menm lè moun yo sou fè lagè.” Manje espirityèl sa a te vini nan bon moman, e li te ede pèp Bondye a prepare yo pou yon gwo eprèv ki t apral teste fidelite yo anvè Wayòm nan.

      Opozisyon yo te tankou yon “rivyè dlo”

      8, 9. Kòman pwofesi apot Jan an te reyalize?

      8 Apot Jan te fè konnen, apre Wayòm nan te fin tabli nan ane 1914, dragon an, anpalan de Satan Ledyab, t apral eseye elimine moun k ap soutni Wayòm Bondye a. Dragon an t ap eseye fè sa lè l ouvri bouch li pou l vomi yon rivyè dlo senbolik sou moun sa yob. (Li Revelasyon 12:9, 15.) Ki jan pwofesi Jan te bay la te reyalize? Depi ane 1920 yo, gen yon gwo pèsekisyon yo lage kont pèp Bondye a. Menm jan ak anpil nan frè ki te vin ann Amerik dinò pandan Dezyèm Gè mondyal la, yo te mete frè Kraker nan prizon akoz fidelite li anvè Wayòm Bondye a. An reyalite, pandan gè sa a, yo te mete moun ki te refize al nan lagè akoz konsyans yo nan pi gwo prizon Ozetazini yo. Yon tyè nan prizonye sa yo se te Temwen Jewova.

      9 Kèlkeswa kote moun k ap soutni Wayòm nan t ap viv, Dyab la ak akolit li yo te vle kraze entegrite moun sa yo. Ann Afrik, ann Ewòp ak Ozetazini, yo te trennen yo devan tribinal ak devan yon gwoup moun ki la pou deside si yon prizonye ka soti nan prizon anvan lè. Etandone frè ak sè yo te detèmine pou yo ret fidèl, yo te mete yo nan prizon, yo te bat yo e yo te domaje kèk nan yo. Nan peyi Almay, yo te pèsekite pèp Bondye a anpil paske pèp Bondye a te refize fè salitasyon moun te konn fè pou Hitler a oswa paske yo te refize soutni gè a. Pandan rejim Nazi a, te gen anviwon 6 000 frè ak sè yo te mete prizon, e te gen plis pase 1 600 Temwen alman ak lòt Temwen ki pa alman ki te mouri anba men moun ki t ap fè yo soufri. Malgre sa, Dyab la pa t rive elimine pèp Bondye a. — Mak 8:34, 35.

      “LI MOURI POU LOUWANJ BONDYE”

      Gerhard Steinacher

      PANDAN Dezyèm Gè mondyal la, pa t gen anpil Temwen Jewova nan Almay nazi a. Men sa Detlef Garbe, yon istoryen, fè konnen: “Pifò moun tribinal militè twazyèm Reich la te kondane paske yo te refize fè sèvis militè akoz konsyans yo [...] se te Temwen Jewova.” Gerhard Steinacher, ki moun peyi Otrich e ki te gen 19 an, te youn nan moun sa yo. Kèk jou apre Dezyèm Gè mondyal la te eklate, otorite nazi yo te arete l paske l te refize antre nan lame alman an.

      Nan mwa novanm 1939, yo te kondane Gerhard pou l mouri. Men sa l te ekri mwa sa a pandan li te nan prizon: “Mwen pa vle anyen ankò eksepte pou m onore Bondye, pou m obeyi kòmandman l yo, e pou m mande l pou l resevwa nou nan Wayòm li an, kote k ap gen lapè ak lavi ki pap janm fini an.”

      Nan dat ki te 29 mas 1940 lan, jou anvan yo te touye Gerhard la, men dènye pawòl li te di paran l yo: “Mwen timoun toujou. Se si Seyè a ban m fòs m ap kapab kenbe, e se sa menm mwen mande l.” Nan demen maten, yo te touye Gerhard a sizè. Petèt se koupe yo te koupe tèt li. Men sa yo te ekri sou tonm li: “Li mouri pou louwanj Bondye.”

      “Tè a” vale “rivyè dlo” a

      10. Ki sa “tè a” reprezante, e kòman li te ede pèp Bondye a?

      10 Pwofesi apot Jan te bay la te fè konnen “tè a”, sa vle di otorite nan sistèm sa a ki pi rezonab yo, t ap gen pou vale “rivyè dlo” a, sa vle di pèsekisyon yo. Konsa, otorite sa yo t ap ede pèp Bondye a. Ki jan pati sa a nan pwofesi a te reyalize? Plizyè dizèn ane apre Dezyèm Gè mondyal la, souvan, “tè a” te vin ede moun ki toujou ap soutni Wayòm Mesi a. (Li Revelasyon 12:16.) Pa egzanp, plizyè gwo tribinal fè efò pou yo pwoteje dwa Temwen Jewova yo genyen pou yo deside refize fè sèvis militè ak dwa yo genyen pou yo chwazi pa patisipe nan aktivite nasyonalis. Ann egzamine kèk gwo viktwa Jewova fè pèp li a ranpòte konsènan sijè ki gen rapò ak sèvis militè. — Sòm 68:20.

      11, 12. Ak ki pwoblèm frè Sicurella ak frè Thlimmenos te oblije fè fas, e kòman sa te fini pou yo?

      11 Etazini. Anthony Sicurella se youn nan sis timoun paran l yo te genyen. Paran l yo se Temwen Jewova. Anthony te batize lè l te gen 15 an. Lè l te gen 21 an, li te anrejistre non l kòm moun ki pa pral nan lagè akoz relijyon l. Dezan annapre, nan ane 1950, li te mande Leta pou yo mete non l nan kategori moun ki refize fè sèvis militè akoz konsyans yo. Malgre Biwo ankèt federal Etazini an te fè yon ankèt sou Anthony e yo pa t jwenn li te fè anyen ki mal, depatman jistis la te refize demann Anthony an. Apre plizyè demach yo te fè nan tribinal, pi gwo tribinal Ozetazini an te tande ka frè Sicurella a e yo te pran yon desizyon an favè frè a. Konsa, yo te chanje desizyon tribinal anvan an te pran an. Desizyon sa a te pèmèt yo pa ka fòse yon sitwayen nan peyi Etazini fè sèvis militè si sitwayen sa a refize al nan lagè akoz konsyans li.

      12 Lagrès. Nan ane 1983, lefètke frè Iakovos Thlimmenos te refize met yon inifòm lame sou li, yo te mete l nan prizon kòm moun ki rebele kont otorite. Apre l te fin kite prizon an, li te ranpli yon aplikasyon pou l travay kòm kontab. Men, yo te refize aplikasyon frè a paske l te gen dosye lajistis. Li te deside prezante ka l la devan tribinal peyi Lagrès yo. Men, li te pèdi ka a. Annapre, li te mande Cour européenne des droits de l’homme nan (CEDH) tande ka l la. Nan ane 2000, Gran Chanm CEDH la, ki gen 17 jij, te deside an favè l. Se te premye fwa yo te pran yon desizyon ki montre yo pap tolere diskriminasyon. Anvan yo te pran desizyon sa a, te gen plis pase 3 500 frè nan peyi Lagrès ki te gen dosye lajistis paske Leta te mete yo nan prizon akoz netralite yo. Apre desizyon yo te pran an favè Temwen yo, peyi Lagrès te bay yon lwa pou elimine kèlkeswa plent yo te lage sou do frè sa yo. Anplis de sa, lè yo te vin pase men nan Konstitisyon peyi Lagrès la, yo te tou kore yon lwa yo te pran, kèk ane anvan sa, ki te bay tout sitwayen Grèk yo dwa pou yo fè sèvis sivil.

      Ivailo Stefanov

      “Anvan m te antre nan tribinal la, mwen te priye Jewova ak tout kè m, e apre sa mwen te santi l ede m vin kalm.” — Ivailo Stefanov. (Gade paragraf 13.)

      13, 14. Ki leson nou ka aprann nan sitiyasyon Ivailo Stefanov ak Vahan Bayatyan nan?

      13 Bilgari. Nan ane 1994, frè Ivailo Stefanov te gen 19 an lè Leta te enskri l nan lame. Li te refize antre nan lame a, e l te refize fè kèk sèvis, ki pa gen rapò ak goumen, ki te anba direksyon lame a. Yo te kondane l pou l pase 18 mwa nan prizon. Men, li te mande pou yo jije ka a ankò paske l te konnen li gen dwa pou l refize fè sèvis militè akoz konsyans li. Finalman, yo te voye dosye l la devan CEDH la. Nan ane 2001, anvan CEDH la te tande ka l la, Leta te antann li ak frè Stefanov. Gouvènman nan peyi Bilgari a pa t sèlman elimine santans yo te ba li a, men yo te bay tout sitwayen yo posiblite pou yo fè sèvis sivil si yo pa t vle rantre nan lamec.

      14 Ameni. Nan ane 2001, Leta te egzije pou Vahan Bayatyan fè sèvis militèd. Li te refize fè sèvis militè akoz konsyans li. Li te prezante ka l la devan plizyè tribinal nan peyi a. Men, yo youn pa t jije an favè l. Nan mwa septanm 2002, yo te kondane l pou l pase dezan edmi nan prizon. Men, apre l te fin pase dis mwa edmi nan prizon, yo te lage l. Pandan tan sa a, li te mande pou dosye l la al devan CEDH la, e CEDH la te egzamine dosye a. Sepandan, nan dat ki te 27 oktòb 2009 la, tribinal sa a te pran desizyon kont li. Sanble, desizyon sa a te vle di frè yo nan peyi Ameni pa t ap ka jwenn sekou nan men lajistis. Sepandan, Gran Chanm CEDH la te egzamine desizyon yo te pran anvan an. Nan dat ki te 7 jiyè 2011 lan, Gran Chanm CEDH la te pran yon desizyon an favè Vahan Bayatyan. Se te premye fwa CEDH la te rekonèt yo pa dwe bay yon moun pwoblèm paske l refize fè sèvis militè akoz sa l kwè. Tribinal la te fè konnen moun sa a gendwa panse sa l vle, aji selon konsyans li ak chwazi relijyon l vle. Jijman sa a pa t sèlman pwoteje dwa Temwen Jewova yo genyen, men, li te pwoteje plizyè santèn milyon moun k ap viv nan peyi ki fè pati Konsèy ewopeyen ane.

      Kèk frè nan peyi Ameni ki libere sot nan prizon.

      Apre CEDH la fin pran yon bon desizyon an favè frè yo nan peyi Ameni, yo libere yo nan prizon.

      Aktivite ki gen rapò ak nasyonalis

      15. Poukisa pèp Jewova a te refize patisipe nan aktivite ki gen rapò ak nasyonalis?

      15 Pèp Jewova kontinye rete fidèl ak Wayòm Mesi a. Yo fè sa lè yo refize fè sèvis militè, ak lè yo fè moun konnen avèk respè yo pap patisipe nan aktivite nasyonalis yo. Se sitou depi Dezyèm Gè mondyal la te fin eklate a, moun toupatou sou tè a te vin pi nasyonalis. Nan plizyè peyi, yo mande sitwayen yo pou yo chante im nasyonal peyi yo a, pou yo repete yon pwomès ki montre atachman yo genyen pou peyi a oswa pou yo salye drapo peyi a. Sepandan, se Jewova nou bay yon adorasyon san pataj (Egz. 20:4, 5). Kòm rezilta, anpil nan nou jwenn anpil opozisyon paske nou pa nasyonalis. Malgre sa, an plizyè fwa, Jewova sèvi ak “tè a” pou vale kèk nan opozisyon sa yo. Ann fè yon ti pale konsènan kèk viktwa estrawòdinè Jewova te fè nou ranpòte pa mwayen Kris nan zafè aktivite nasyonalis la. — Sòm 3:8.

      16, 17. Ki sa k te rive Lillian ak William Gobitas, e ki sa w aprann nan sa k te rive yo a?

      16 Etazini. Nan ane 1940, gen yon ka (Minersville School District v. Gobitis) ki te parèt devan pi gwo tribinal nan peyi Etazini an. Sou 9 vòt, te gen 8 vòt kont Temwen Jewova yo. Etandone Lillian Gobitasf, ki te gen 12 an ak William, ti frè l ki te gen 10 an, te vle rete fidèl anvè Jewova, yo te refize salye drapo a oswa repete yon pwomès ki montre yo atache ak peyi yo. Kòm rezilta, yo te mete yo deyò nan lekòl yo. Yo te mennen ka sa a devan pi gwo tribinal nan peyi a, e tribinal la te fè konnen desizyon lekòl la te pran an te ann amoni ak konstitisyon peyi a paske lekòl la te aji pou kenbe “inite nasyonal” la. Desizyon sa a te fè Temwen Jewova yo vin jwenn gwo pèsekisyon. Yo te vin met plis timoun ki Temwen Jewova deyò nan lekòl yo. Yo te revoke Temwen Jewova yo nan travay yo. Gen foul moun ki te atake anpil nan yo. Gen yon liv (The Lustre of Our Country) ki fè konnen: “Pèsekisyon Temwen Jewova yo te jwenn soti ane 1941 pou rive ane 1943 a, se te pi gwo zak mechanste ki gen rapò ak relijyon ki te fèt nan ventyèm syèk la Ozetazini.”

      17 Viktwa ènmi Bondye a te ranpòte yo te dire yon tikras tan. Nan ane 1943, pi gwo tribinal la te tande yon lòt ka (West Virginia State Board of Education v. Barnette) ki sanble ak ka Gobitis nou te pale pi wo a. Men fwa sa a, pi gwo tribinal la te bay yon jijman an favè Temwen Jewova yo. Se te premye fwa nan listwa peyi Etazini, nan yon ti bout tan konsa, pi gwo tribinal la te deside chanje jijman l te deja bay. Apre desizyon sa a, pèp Jewova a te jwenn mwens pèsekisyon. Akoz dosye sa yo, yo te vin plis respekte dwa sitwayen yo genyen.

      18, 19. Ki sa Pablo Barros te di ki te ede l rete djanm, e kòman lòt sèvitè Jewova yo ka imite egzanp li?

      18 Ajantin. Nan ane 1976, yo te met Pablo, ki te gen uitan, ak Hugo Barros, ki te gen setan, deyò nan lekòl yo paske yo pa t vle monte drapo. Yon lè, direktris la te pouse Pablo e li te frape l nan tèt. Lè lekòl la lage, li te fè toule de timoun yo rete pandan inèdtan, e li te eseye fòse yo patisipe nan aktivite ki gen rapò ak nasyonalis. Men sa Pablo te di konsènan jou sa a: “San èd Jewova, mwen pa t ap ka kenbe tennfas devan presyon m te jwenn pou m pase prensip Bondye yo anba pye.”

      19 Lè ka a t al devan tribinal, jij la te dakò ak desizyon lekòl la te pran pou met Pablo ak Hugo deyò a. Sepandan, yo te mennen ka sa a devan pi gwo tribinal peyi Ajantin nan. Nan ane 1979, pi gwo tribinal la te chanje desizyon premye tribinal la te pran an. Men sa pi gwo tribinal la te fè konnen: “Pinisyon sa a [mete yo te mete yo deyò a] depaman ak dwa konstitisyon an bay pou tout moun aprann (atik 14), e li depaman ak responsablite Leta genyen pou l fè timoun yo jwenn edikasyon (atik 5).” Te gen prèske 1 000 timoun ki Temwen Jewova ki te benefisye desizyon sa a. Grasa desizyon sa a, gen kèk timoun yo pa t gentan met deyò nan lekòl yo, e gen lòt ki te nan menm sitiyasyon ak Pablo ak Hugo, ki te retounen lekòl.

      Yon jèn kretyen ki pa pa mele nan zafè politik nan lekòl li.

      Anpil jèn Temwen Jewova montre yo fidèl lè yo anba eprèv.

      20, 21. Ki fason ka Roel ak Emily Embralinag ka fè lafwa w vin pi djanm?

      20 Filipin. Nan ane 1990, yo te mete Roel Embralinagg, ki te gen 9 an, ak Emily, gran sè l ki te gen 10 an, deyò nan lekòl yo ansanm ak plis pase 65 lòt elèv ki Temwen Jewova, paske yo pa t vle salye drapo a. Leonardo, papa Roel ak Emily, te eseye rezone ak otorite lekòl yo, men sa pa t mache. Lè bagay yo te vin pi rèd, Leonardo te mande pou ka a parèt devan pi gwo tribinal peyi a. Leonardo pa t gen ni kòb ni avoka pou reprezante l. Fanmi an te priye Jewova anpil pou Jewova te ede yo konnen sa pou yo fè. Pandan moman sa yo, yo t ap pase timoun yo nan rizib e yo t ap fawouche yo. Leonardo te panse li pa t gen okenn chans pou l ranpòte laviktwa paske l pa t gen fòmasyon nan domèn legal.

      21 Men kòman bagay yo te vin pase: Felino Ganal, yon avoka ki te travay pou pi gwo kabinè avoka nan peyi a, te aksepte reprezante fanmi an. Nan moman ka sa a te sou wout pou l parèt devan tribinal, Felino Ganal te gentan kite kabinè l t ap travay la, e l te vin yon Temwen Jewova. Lè ka a vin devan pi gwo tribinal peyi a, tout jij nan tribinal la te jije an favè Temwen yo epi yo te anile desizyon yo te pran pou met timoun yo deyò nan lekòl la. Yon lòt fwa ankò, moun ki te eseye kraze pèp Bondye a te echwe.

      Netralite mennen nan inite

      22, 23. a) Ki sa k fè n ranpòte anpil gwo viktwa nan tribinal? b) Lefètke gen lapè pami nou sou tout kò tè a, ki prèv sa bay?

      22 Poukisa Temwen Jewova yo ranpòte tout gwo viktwa sa yo nan tribinal? Se vre, nou pa gen moun nan politik. Poutan, nan plizyè peyi ak nan plizyè tribinal, nou jwenn jij rezonab ki pwoteje nou kont opozan ki soti pou elimine nou yo. Anmenmtan, desizyon jij sa yo te pran yo te tou tabli yon seri dwa moun t apral genyen pi devan. Pa gen dout nan sa, se Kris ki dèyè tout viktwa sa yo nou ranpòte yo. (Li Revelasyon 6:2.) Poukisa n fè tout efò sa yo pou n prezante ka sa yo devan tribinal? Objektif nou se pa chanje fason jistis peyi yo ap fonksyone. Okontrè, objektif nou se kontinye obeyi Jezi Kris, Wa nou an, san pwoblèm. — Tra. 4:29.

      23 Nan monn sa a, ki divize akoz politik e ki chaje ak moun ki plen ak lahèn, Jezi Kris, Wa nou an k ap dirije, beni efò disip li yo ap fè toupatou sou tè a pou yo kenbe netralite yo. Satan echwe nan efò l ap fè pou l mete divizyon nan mitan nou, e pou l kraze nou. Grasa Wayòm nan, gen plizyè milyon moun ki refize “aprann [fè] lagè ankò”. Lefètke nou gen yon lapè konsa pami nou sou tout tè, se yon vrè mirak. Sa bay bonjan prèv ki montre Wayòm Bondye a ap dirije! — Iza. 2:4.

      a Yo te vin konnen l tou sou non Nouvo kreyasyon an (anglè). Pi devan, yo te bay seri liv Kòmansman Milenè a yon lòt non, yo te vin rele l Etid Ekriti yo.

      b Pou nou jwenn plis detay sou pwofesi sa a, gade paj 184 a 186, chapit 27 nan liv La Révélation: le grand dénouement est proche! la.

      c Anplis de sa, nan antant yo te fè a, yo te mande pou gouvènman peyi Bilgari a ofri moun ki refize fè sèvis militè akoz konsyans yo posiblite pou yo fè sèvis sivil anba direksyon administrasyon sivil la.

      d Pou nou ka li tout istwa a, gade atik “La cour européenne garantit le droit à l’objection de conscience,” Toudegad 1ye novanm 2012 (fransè).

      e Pandan plis pase 20 an, gouvènman peyi Ameni an te met plis pase 450 jèn Temwen nan prizon. Nan mwa novanm 2013 la, yo te lage dènye frè ki te ret nan prizon yo.

      f Nan dosye tribinal la, yo te mal ekri non fanmi an.

      g Nan dosye tribinal la, yo te mal ekri non fanmi an. Men ki jan yo te ekri l: Ebralinag.

      Èske w kwè toutbon Wayòm nan egziste?

      • Ki jan w t ap esplike rezon ki fè pèp Jewova a kontinye kenbe netralite yo?

      • Ki sa viktwa nou te ranpòte devan tribinal yo aprann nou sou Wayòm Bondye a?

      • Kòman w ka montre se Wayòm Bondye a w ap soutni sèlman?

  • Yo goumen pou dwa yo genyen pou yo adore
    Wayòm Bondye a ap dirije!
    • CHAPIT 15

      Yo goumen pou dwa yo genyen pou yo adore

      IDE KLE CHAPIT LA

      Fason Kris te ede disip li yo goumen pou dwa yo genyen pou yo obeyi lwa Bondye yo, e pou yo rekonèt yo legalman.

      1, 2. a) Ki sa k montre ou se yon sitwayen Wayòm Bondye a? b) Poukisa Temwen Jewova yo konn oblije goumen pafwa pou dwa yo genyen pou yo adore Jewova?

      ÈSKE W se yon sitwayen Wayòm Bondye a? Antanke Temwen Jewova, se sèten ou se youn! Men, ki sa k montre sa? Se pa yon paspò e se pa yon papye Leta ba ou. Se fason w ap adore Jewova a ki montre sa. Vrè adorasyon an vle di plis pase kwè nan Bondye. Li gen ladan l sa w fè, sa vle di fason ou obeyi Lwa Wayòm Bondye a ap bay yo. Adorasyon n ap bay Bondye a gen rapò ak tout sa n fè nan lavi nou, san wete fason nou pran swen fanmi nou e menm fason nou reyaji devan kèk sijè ki gen rapò ak sante.

      2 Sepandan, moun nan monn nan pa toujou gen respè pou sitwayènte nou bay anpil valè a, ni yo pa respekte sa nou dwe fè pou nou ka kenbe sitwayènte sa a. Gen kèk gouvènman ki konn eseye met entèdiksyon sou adorasyon n ap bay Bondye a oswa yo konn menm eseye elimine nou. Pafwa, moun k ap obeyi Kris yo konn oblije goumen pou dwa yo genyen pou yo respekte lwa Wa Bondye chwazi a ap bay yo. Èske sa ta dwe fè nou sezi? Non. Rezon an se paske nan tan biblik yo, byen souvan, pèp Jewova a te konn oblije goumen pou dwa yo genyen pou yo adore Jewova.

      3. Poukisa pèp Bondye a te oblije goumen nan epòk rèn Estè a?

      3 Pa egzanp, nan epòk rèn Estè a, pèp Bondye a te oblije goumen pou yo te ka pa detwi yo. Poukisa? Se paske Amàn, yon premye minis ki te mechan, te fè wa Asyeris, wa peyi Pès la, konnen li ta dwe touye tout Juif ki t ap viv nan wayòm nan paske “lwa pèp sa a [Juif yo] pa menm ak lwa okenn lòt pèp”. (Estè 3:8, 9, 13.) Èske Jewova te abandone pèp li a? Non. Li te beni efò Estè ak Mòdekay te fè lè yo te parèt devan wa peyi Pès la pou yo mande wa a pou l pwoteje pèp Bondye a. — Estè 9:20-22.

      4. Ki sa nou pral egzamine nan chapit sa a?

      4 Ki sa n ka di konsènan epòk pa nou an? Jan nou te wè sa nan chapit ki vin anvan an, pafwa, gen yon seri gouvènman ki te konn pèsekite Temwen Jewova yo. Nan chapit sa a, nou pral pale sou fason kèk gouvènman te eseye anpeche n adore Jewova jan nou dwe adore l la. Nou pral pale konsènan twa domèn: 1) dwa nou genyen pou n fonksyone antanke òganizasyon e pou nou adore Bondye jan nou vle, 2) libète pou n chwazi tretman medikal ki ann amoni ak prensip ki nan Bib la, e 3) dwa paran yo genyen pou yo leve pitit yo selon prensip Jewova bay yo. Nan chak domèn sa yo, nou pral egzamine fason sitwayen ki fidèl ak Wayòm Mesi a ap goumen pou yo kenbe sitwayènte yo a ki gen anpil valè pou yo, e nou pral egzamine jan Bondye beni efò yo fè yo.

      Yo goumen pou dwa yo genyen, e pou yo rekonèt yo legalman

      5. Lè Leta rekonèt òganizasyon nou an, ki byenfè sa fè n jwenn?

      5 Èske n oblije gen pèmisyon Leta pou nou adore Jewova? Non. Men, lè Leta rekonèt nou, sa fè l vin pi fasil pou nou adore Jewova. Sa pèmèt nou gen libète pou nou reyini nan Sal Wayòm nou yo ak Sal asanble nou yo, pou nou enprime ak transpòte piblikasyon biblik nou yo e pou n pataje bon nouvèl la ak vwazen nou yo san kè sote. Nan anpil peyi, Leta rekonèt Temwen Jewova yo gen dwa pou yo adore jan yo vle, menm jan li rekonèt lòt relijyon yo. Men, ki sa k rive lè Leta nan yon peyi refize rekonèt nou, oswa yo eseye met restriksyon sou dwa nou genyen yo?

      6. Ak ki difikilte Temwen Jewova ann Ostrali yo t ap fè fas nan kòmansman ane 1940 yo?

      6 Ostrali. Nan kòmansman ane 1940 yo, gouvènè jeneral peyi Ostrali a te fè konnen kwayans nou yo te kont efò yo t ap fè pou defann peyi a nan lagè. Sa te vin fè yo entèdi travay nou an, Temwen Jewova yo pa t lib pou yo reyini e pou yo preche, yo te fèmen Betèl la e yo te sezi Sal Wayòm yo. Yo te menm entèdi piblikasyon nou yo. Apre Temwen ann Ostrali yo te fin fè plizyè ane ap adore Jewova an kachèt, yo te resi rale yon souf nan dat ki te 14 jen 1943 a. Nan dat sa a, pi gwo tribinal peyi Ostrali a te leve entèdiksyon an.

      7, 8. Fè yon ti pale sou tout efò frè nou yo nan peyi Larisi te fè pandan plizyè ane pou yo ka adore Jewova jan yo vle.

      7 Larisi. Temwen Jewova yo te pase plizyè dizèn ane anba entèdiksyon rejim kominis lan, men Leta te resi rekonèt yo nan ane 1991. Apre ansyen Inyon sovyetik la te fin kraze, Federasyon Larisi a te rekonèt Temwen Jewova yo nan ane 1992. Sepandan, sa pa t pran tan pou kèk opozan, sitou sa ki nan zanmitay ak Legliz òtodòks peyi Larisi a, te fache anpil lè yo te wè fason Temwen Jewova yo t ap vin anpil nan peyi a. Ant ane 1995 ak ane 1998, opozan yo te depoze senk plent kont Temwen Jewova yo, kòmkwa Temwen yo se kriminèl. Chak fwa yo te depoze plent sa yo, komisè gouvènman an pa t jwenn okenn prèv ki montre Temwen yo te fè anyen ki mal. Opozan sa yo te depoze yon plent nan non vil la kont Temwen yo nan ane 1998. Temwen yo te genyen nan premye jijman an, men, opozan yo pa t dakò ak jijman an e yo te mennen ka a devan yon lòt tribinal. Konsa, Temwen yo te pèdi jijman ki te fèt nan mwa me 2001 an. Nan mwa oktòb 2001, yo te mennen ka a devan tribinal yon lòt fwa ankò. Konsa, nan ane 2004, Leta te deside elimine asosyasyon legal Temwen Jewova yo ap itilize nan vil Moskou a, epi yo te met entèdiksyon sou aktivite yo a.

      8 Sa te vin lakòz Temwen Jewova yo jwenn anpil pèsekisyon. (Li 2 Timote 3:12.) Yo te konn maltrete Temwen yo e yo te konn bat yo. Yo te sezi piblikasyon yo, yo te entèdi nou lwe oswa konstwi lokal pou n adore Jewova. Nou pa bezwen mande jan frè ak sè nou yo te santi yo toutpandan yo t ap fè fas ak pèsekisyon sa yo! Nan ane 2001, Temwen yo te mennen ka a devan Cour européenne des droits de l’homme nan (CEDH), e yo te bay Tribinal la plis enfòmasyon nan ane 2004. Nan ane 2010, CEDH la te pran yon desizyon. CEDH la te wè aklè, peyi Larisi te met entèdiksyon sou travay Temwen yo paske yo pa t vle wè Temwen yo. CEDH la te fè konnen, pa t gen okenn rezon pou yo kore desizyon lòt tribinal yo te pran an paske yo pa t jwenn okenn prèv ki montre Temwen yo te fè anyen ki mal. Anplis de sa, CEDH la te fè konnen peyi Larisi te pase dwa Temwen yo genyen an anba pye lè yo te met entèdiksyon sa a. Desizyon CEDH la te pran an te soutni dwa Temwen yo genyen pou yo adore jan yo vle. Aktout plizyè otorite nan peyi Larisi pa janm aplike desizyon CEDH la te pran an, viktwa sa yo bay pèp Bondye a nan peyi Larisi anpil kouraj.

      Titos Manoussakis

      Titos Manoussakis (Gade paragraf 9.)

      9-11. Nan peyi Lagrès, ki jan pèp Jewova a te goumen pou dwa yo genyen pou yo adore jan yo vle, e ki jan sa te fini?

      9 Lagrès. Nan ane 1983, Titos Manoussakis te lwe yon chanm nan zòn Heraklion, nan vil Krèt, dekwa pou yon ti gwoup Temwen Jewova te ka reyini pou yo adore (Ebre 10:24, 25). Sepandan, sa pa t pran tan pou yon prèt òtodòks t al depoze yon plent devan otorite gouvènman an pou fè konnen li pa dakò pou Temwen yo itilize yon chanm pou yo adore. Poukisa l te fè sa? Li te fè sa tou senpleman paske Temwen yo pa kwè nan menm bagay ak Legliz òtodòks la! Otorite yo te akize Titos Manoussakis ansanm ak twa lòt Temwen ki moun zòn nan kòmkwa yo te nan move zak. Yo te kondane yo pou yo peye yon amann epi pou yo pase de mwa nan prizon. Antanke sitwayen fidèl Wayòm Bondye a, Temwen yo te konsidere desizyon tribinal la te pran an kòm yon desizyon ki pase dwa yo genyen pou yo adore jan yo vle a anba pye. Donk, yo te mennen ka a devan lòt tribinal, e annapre, yo te mennen l devan CEDH la.

      10 Finalman, nan ane 1996, CEDH la te pran yon desizyon ki te fè moun ki te opoze ak vrè adorasyon an sezi. CEDH la te fè konnen “Temwen Jewova yo fè pati kategori ‘relijyon yo rekonèt’ jan lwa grèk la fè konn sa”, e desizyon tribinal nan peyi Lagrès yo te pran an te “gen yon efè dirèk sou libète [Temwen Jewova] yo genyen pou yo pratike relijyon yo”. Anplis de sa, tribinal la te fè konnen se pa gouvènman Lagrès la ki gen dwa ‘pou detèmine si kwayans yon moun kòrèk oswa si fason moun nan demontre kwayans li an bon’. CEDH la te chanje jijman lòt tribinal yo te pran kont Temwen Jewova yo, e li te kore libète Temwen yo genyen pou yo adore jan yo vle.

      11 Èske viktwa sa a te vle di Temwen yo te gen lapè nan peyi Lagrès? Malerezman, repons lan se non. Nan ane 2012, apre prèske 12 an frè yo te fè ap mache devan tribinal, gen yon ka ki sanble ak ka nou te pale de li pi wo a yo te rezoud nan vil Kassandreia, nan peyi Lagrès. Se yon evèk Òtodòks ki te dèyè opozisyon sa a. Konsèy Deta a, ki se pi gwo tribinal administratif nan peyi Lagrès, te pran yon desizyon an favè pèp Bondye a. Nan desizyon yo te pran an, yo te montre konstitisyon peyi Lagrès la rekonèt dwa moun genyen pou yo pratike relijyon yo vle, e yo pa t dakò ak plent yo te toujou pote devan tribinal la, kòmkwa Temwen Jewova se yon relijyon moun pa konnen. Men sa tribinal la te fè konnen: “‘Temwen Jewova yo’ pa kache doktrin yo, e kidonk, yo pratike yon relijyon moun konnen.” Moun ki te fè pati ti kongregasyon ki nan vil Kassandreia a te kontan dèske kounye a yo te ka reyini pou yo adore Jewova nan pwòp Sal Wayòm yo.

      12, 13. Ki jan opozan yo nan peyi Lafrans te eseye “fè mechanste pase pou lalwa”, e ki jan sa te fini?

      12 Lafrans. Gen kèk moun ki opoze ak pèp Bondye a ki t ap “fè mechanste pase pou lalwa”. (Li Sòm 94:20.) Pa egzanp, nan mitan ane 1990 yo, otorite ki kontwole zafè taks nan peyi Lafrans yo te kòmanse fè yon verifikasyon pou konnen ki kantite kòb Association Les Témoins de Jéhovah a (ATJ) antre. Asosyasyon sa a se youn nan asosyasyon Temwen Jewova yo jwenn dwa pou yo itilize nan peyi Lafrans. Minis ekonomi an te fè konnen vrè objektif verifikasyon sa a. Men sa l te di: “Verifikasyon kont lan ka mennen nan jijman ki ka oblije yo vann tout bagay asosyasyon an genyen, oswa li ka mennen nan akizasyon pou fwod [...], sa ki ka kraze asosyasyon an oswa fòse l sispann aktivite l nan tèritwa nou an.” Byenke yo pa t jwenn anyen ki mal nan verifikasyon yo te fè a, otorite ki kontwole zafè taks yo te mande ATJ a pou yo peye yon kokennchenn taks. Si yo te reyisi, taktik sa a t ap fè frè yo oblije fèmen biwo filyal la epi vann bilding yo, yon fason pou yo peye gwo taks sa a. Kou sa a te di anpil, men, pèp Bondye a pa t bay legen. Temwen Jewova yo te met kran sou yo pou yo leve kanpe pou yo di yo pa dakò ak fason y ap trete yo a, e yo te mennen ka a devan CEDH la nan ane 2005.

      13 Tribinal la te pran yon desizyon nan dat 30 jen 2011. Li te fè konnen lefètke moun gen dwa pou yo pratike relijyon yo vle, sa pa bay Leta dwa pou l foure bouch li nan sa ki gen rapò ak kwayans yon moun genyen ak fason l demontre kwayans sa a, sof nan sitiyasyon ki grav anpil. Anplis de sa, men sa tribinal la te fè konnen: “Taks sa a [...] t ap koupe pi gwo resous asosyasyon an genyen. Kòm rezilta, li t ap fè asosyasyon an pa ka bay moun k ap soutni l yo posiblite pou yo pratike relijyon yo a jan yo vle.” Tout jij nan tribinal la te pran yon desizyon an favè Temwen Jewova yo! Pèp Jewova a te kontan lè yo te aprann gouvènman peyi Lafrans lan te resi dakò pou yo remèt taks ATJ a te gentan ba yo a, e yo t ap remèt taks la avèk enterè. Anplis de sa, Tribinal la te retire dwa Leta peyi Lafrans te deklare li genyen pou l pran taks li te mande a lè filyal la ta vann byen l yo.

      Ou kapab priye toutan pou frè ak sè nou yo k ap soufri akoz enjistis y ap sibi anba men Leta.

      14. Ki sa w ka fè pou ede frè nou yo nan konba y ap mennen pou dwa yo genyen pou yo adore jan yo vle a?

      14 Jodi a, pèp Jewova a goumen pou dwa yo genyen pou yo adore Jewova jan Jewova mande yo a, menm jan Estè ak Mòdekay te fè sa nan tan lontan (Estè 4:13-16). Èske gen yon bagay ou ka fè tou? Wi. Ou kapab priye toutan pou frè ak sè nou yo k ap soufri akoz enjistis y ap sibi anba men Leta. Priyè sa yo kapab yon bonjan èd pou frè ak sè nou yo k ap fè fas ak difikilte oswa k ap fè fas ak pèsekisyon. (Li Jak 5:16.) Èske Jewova reponn priyè sa yo? Viktwa nou ranpòte nan tribinal yo ban nou garanti li fè sa! — Ebre 13:18, 19.

      Libète pou nou chwazi tretman medikal ki ann amoni ak kwayans nou

      15. Ki sa pèp Bondye a pran an konsiderasyon konsènan san?

      15 Jan nou te wè sa nan chapit 11 lan, sitwayen Wayòm Bondye a te resevwa bonjan konsèy ki soti nan Ekriti yo ki montre yo pa dwe mal sèvi ak san, alòske jodi a, toupatou nan monn nan, moun yo mal sèvi ak san. (Jen. 9:5, 6; Lev. 17:11; li Travay 15:28, 29.) Byenke nou pa dakò pran san, nou vle jwenn swen medikal ki pi bon an pou nou menm, pou moun nou renmen yo, ak pou zanmi nou, depi tretman medikal sa yo pa depaman ak sa Bondye mande yo. Nan plizyè peyi, pi gwo tribinal yo deja rekonèt moun gen dwa pou yo chwazi oswa refize yon tretman medikal akoz konsyans yo oswa kwayans yo. Sepandan, nan kèk peyi, pèp Bondye a jwenn anpil gwo pwoblèm nan domèn sa a. Ann pran kèk egzanp.

      16, 17. Ki tretman medikal yo te bay yon sè nan peyi Japon ki te fè sè a sezi, e ki jan Jewova te reponn priyè l yo?

      16 Japon. Misae Takeda, yon madan marye ki gen 63 an k ap viv nan peyi Japon, te gen pou l fè yon gwo operasyon. Antanke yon sitwayen fidèl Wayòm Bondye a, li te fè doktè li yo konnen aklè li pa vle yo ba l san. Malgre sa, kèk mwa annapre, li te sezi aprann yo te ba l san pandan yo t ap opere l. Sè Takeda te santi se kòmsi yo te vyole l, e l te santi se twonpe yo te twonpe l. Nan mwa jen 1993, sè a te pote plent nan tribinal pou doktè yo ak lopital la. Sè sa a, ki gen anpil imilite e ki dou, te gen yon lafwa ki byen djanm. Li te bay yon gwo temwayaj devan yon tribinal ki chaje ak moun, e li te reponn kesyon yo te poze l yo pandan inèdtan, malgre sante l pa t anfòm. Yon mwa anvan l te mouri, li te parèt devan tribinal pou yon dènye fwa. Èske nou pa gen gwo respè pou kouraj ak lafwa sè sa a te genyen? Sè Takeda te di li toujou ap mande Jewova pou li beni l nan efò l ap fè pou yo jije an favè l. Li te gen konfyans Jewova t ap reponn priyè l yo. Èske Jewova te reponn priyè sa yo?

      17 Twazan apre sè Takeda te fin mouri, pi gwo tribinal peyi Japon an te jije an favè l, yo te fè konnen yo pa t gen dwa ba l san alòske li pa t vle sa. Nan dat ki te 29 fevriye 2000 la, desizyon yo te pran an te fè konnen, yon moun gen “dwa pou l deside” li pap pran san, e nan ka sa yo, yo “dwe respekte dwa sa a chak moun genyen”. Lefètke sè Takeda te deside goumen pou dwa l genyen pou l chwazi tretman medikal ki ann amoni ak konsyans li ki fòme grasa Labib, kounye a, sa pèmèt Temwen k ap viv nan peyi Japon yo resevwa tretman medikal san yo pa bezwen pè y ap fòse yo pran san.

      Pablo Albarracini

      Pablo Albarracini (Gade paragraf 18 a 20.)

      18-20. a) Kòman yon tribinal nan peyi Ajantin te kore dwa yon moun genyen pou l siyen yon dokiman legal pou swen sante ki montre li refize pran san? b) Nan zafè mal sèvi ak san an, ki jan nou ka montre nou soumèt nou devan direksyon Kris ap bay la?

      18 Ajantin. Ki sa sitwayen Wayòm nan kapab fè pou yo prepare yo pou sizoka ta gen yon desizyon medikal lòt moun dwe pran pou yo alòske yo endispoze? Menm jan ak Pablo Albarracini, nou ta dwe toujou gen yon dokiman legal sou nou ki pou fè doktè yo konnen sa pou yo fè. Nan mwa me 2012, vòlè te rale zam sou li, yo te eseye pran tout sa k sou li, epi yo te tire sou li plizyè fwa. Li te gentan pèdi konesans anvan l rive lopital. Se sa k fè li pa t ka di doktè yo pou yo pa ba l san. Sepandan, li te gen yon dokiman legal pou swen sante sou li, yon dokiman li te siyen sa te gen plis pase katran. Malgre l te grav anpil e te gen kèk doktè ki te panse li dwe pran san pou l pa mouri, moun ki t ap travay nan lopital la te dispoze respekte desizyon l te pran an. Sepandan, gen yon jij ki te bay papa Pablo, ki pa t yon Temwen Jewova, yon papye legal pou l fè doktè yo pa respekte sa pitit gason l lan te vle a.

      19 Madanm Pablo te pran yon avoka, e san pèdi tan, avoka a te prezante ka a devan tribinal. Nan kèk èdtan sèlman, tribinal la te rejte jijman jij ki te bay papye legal la, epi l te fè konnen doktè yo te dwe respekte volonte Pablo jan dokiman legal li te gen sou li a te fè konn sa. Papa Pablo te mennen ka a devan pi gwo tribinal peyi Ajantin nan. Sepandan, tribinal la te fè konnen “pa gen okenn rezon pou moun gen dout [Pablo te siyen dokiman legal pou swen sante ki fè konnen li pa vle yo ba l san an] ak tout bon konprann li, li te fè sa nan bon entansyon e se li ki te pran pwòp desizyon l”. Men sa Tribinal la te fè konnen: “Chak moun ki majè e ki gen bon konprann gen posiblite prepare yon dokiman legal konsènan sante [l], e li kapab chwazi aksepte oswa rejte yon tretman medikal kèlkonk [...]. Doktè k ap pran swen moun nan dwe aksepte dokiman sa yo.”

      Yon frè k ap fè rechèch nan piblikasyon Temwen Jewova yo.

      Èske w deja ranpli dokiman medikal ou a?

      20 Jodi a, frè Albarracini refè nèt. Li menm ak madanm li kontan dèske l te ranpli yon dokiman legal pou swen sante. Lefètke Pablo te fè ti aksyon sa a, men ki enpòtan anpil, li montre li soumèt li anba direksyon Kris ap bay pa mwayen Wayòm Bondye a. Èske ou menm ak fanmi w fè menm bagay la tou?

      April Cadoreth

      April Cadoreth (Gade paragraf 21 a 24.)

      21-24. a) Ki jan pi gwo tribinal peyi Kanada a te rive pran yon gwo desizyon konsènan jèn ki poko majè yo e konsènan zafè san an? b) Ki jan egzanp sa a ka ankouraje jèn k ap sèvi Jewova yo?

      21 Kanada. An jeneral, tribinal yo rekonèt dwa paran yo genyen pou yo chwazi pi bon swen sante pou pitit yo. Pafwa, tribinal yo konn fè konnen yo dwe respekte dwa yon jèn ki poko majè genyen pou l chwazi tretman medikal li vle. Se sa k te rive April Cadoreth. Lè April te gen 14 an, yo te entène l lopital akoz li t ap senyen pa anndan. Kèk mwa anvan sa, li te ranpli yon dokiman legal pou swen sante ki te gen enstriksyon ladan l ki montre yo pa dwe ba l san, menm lè ka l la ta grav anpil. Doktè ki t ap ba l swen an te deside pa respekte sa April te vle a, e konsa doktè a t al chèche yon papye nan tribinal ki ba l pèmisyon pou l bay April san. Yo te bay April twa pochèt san, alòske li pa t menm konn anyen. Annapre, lè April te vin konn sa, li te santi se kòmsi se vyole yo te vyole l.

      22 April ak paran l yo te mennen ka a devan tribinal pou yo te ka jwenn jistis. Apre dezan, ka a te rive devan pi gwo tribinal peyi Kanada a. Sepandan, nan yon sans, April te pèdi paske ka l la pa t fè yo chanje lwa nan peyi Kanada a. Sepandan, Tribinal la te fè konnen l pa dwe peye anyen pou jijman an, epi l te pran yon desizyon an favè April ansanm ak lòt jèn menm jan avè l ki potko majè ki t ap chèche jwenn dwa pou yo deside poukont pa yo ki tretman medikal yo dwe chwazi. Men sa tribinal la te fè konnen: “Nan domèn swen medikal, yon jèn ki poko gen 16 an dwe jwenn posiblite pou l demontre pwennvi l sou yon tretman medikal li deside aksepte. Se yon desizyon l pran ki montre li gen matirite.”

      23 Ka sa a te enpòtan anpil paske pi gwo tribinal la te pale konsènan dwa konstitisyon peyi a bay jèn ki poko majè yo. Anvan jijman sa a, yon tribinal nan peyi Kanada te ka otorize pou yo bay yon jèn, ki poko gen 16 an, yon tretman medikal depi tribinal la jije tretman sa a se tretman ki pi bon pou jèn nan. Men, apre jijman an, yon tribinal pa t ka otorize yo bay yon jèn ki poko gen 16 an okenn tretman medikal san yo pa ofri l posiblite pou l montre li gen ase matirite pou l deside ki tretman li vle.

      “Etandone m konnen mwen te jwe yon wòl toupiti nan louwe non Bondye e nan montre Satan se yon mantè, sa fè m kontan anpil.”

      24 Èske sa te vo lapenn pou yo te fè twazan ap monte desann devan tribinal? Dapre April, ‘wi sa te vo lapenn!’ Jodi a, sante April anfòm, e l ap sèvi antanke pyonye pèmanan. Men sa l fè konnen: “Etandone m konnen mwen te jwe yon wòl toupiti nan louwe non Bondye e nan montre Satan se yon mantè, sa fè m kontan anpil.” Egzanp April la montre jèn nou yo ka met kouraj sou yo pou yo montre yo se bonjan sitwayen Wayòm Bondye a. — Mat. 21:16.

      Libète pou nou leve pitit nou selon prensip Jewova yo

      25, 26. Ki sa k konn rive pafwa lè gen divòs?

      25 Jewova bay paran yo responsablite pou yo leve pitit yo selon prensip li yo (Det. 6:6-8; Efe. 6:4). Responsablite sa a pa fasil, men li kapab vin pi difisil toujou lè gen divòs. Paran yo ka pa rive antann yo sou fason pou yo leve timoun yo. Pa egzanp, yon paran ki Temwen gendwa santi li enpòtan anpil pou l leve pitit li selon prensip Jewova yo, alòske yon paran ki pa Temwen gendwa pa wè bagay yo menm jan an. Natirèlman, paran ki Temwen an dwe rekonèt, menm lè divòs la kraze maryaj yo, relasyon yo genyen antanke paran an toujou egziste.

      26 Paran ki pa Temwen an ka al nan tribinal pou l jwenn otorizasyon pou l leve pitit li, yon fason pou l ka chwazi nan ki relijyon l ap leve pitit li. Gen kèk nan paran sa yo ki fè konprann li pap bon pou pitit li leve antanke Temwen Jewova. Yo ka fè konnen sa ka fè pitit yo pa fete anivèsè nesans ak lòt fèt ankò. E anplis de sa, sa ka fè pitit yo pa pran san ki te ka swadizan sove lavi yo. Erezman, pifò nan tribinal yo chèche wè sa ki pi bon pou timoun yo, olye yo jije si relijyon yon paran pa bon pou yon timoun. Ann pran kèk egzanp.

      27, 28. Ki fason pi gwo tribinal nan eta Owayo a te reyaji devan akizasyon ki fè konprann se yon pwoblèm sa ye si yon timoun leve antanke Temwen Jewova?

      27 Etazini. Nan ane 1992, pi gwo tribinal eta Owayo a, te tande yon ka kote yon papa ki pa Temwen te fè konnen li pa t ap bon menm si pitit gason l lan ta leve antanke Temwen Jewova. Te gen yon tribinal ki te pran desizyon pou se papa a ki leve pitit gason l lan. Tribinal sa a te bay Jennifer Pater, manman an, posiblite pou l wè pitit la, men, yo te di l li pa dwe “anseye oswa fè timoun nan pran okenn kontak ak kwayans Temwen Jewova yo”. Lòd sa a tribinal la te bay la te tèlman ale lwen, yon moun te ka konprann se kòmsi tribinal la te fè konnen sè Pater pa t ap ka menm pale sou Bib la oswa sou prensip ki nan Bib la ak Bobby, pitit gason l lan. Èske w ka imajine jan sè a te santi l? Jennifer te santi l kraze nèt, men, li fè konnen li te aprann gen pasyans e l te tann Jewova aji pou li. Men sa l te fè konnen: “Jewova te toujou la.” Òganizasyon Jewova a te ede avoka l la pou l mennen ka a devan pi gwo tribinal ki nan eta Owayo a.

      28 Pi gwo tribinal la pa t dakò ak desizyon premye tribinal la te pran an. Men sa l te fè konnen: “Paran yo gen dwa, yon dwa pèsonn pa dwe retire nan men yo, pou yo bay pitit yo edikasyon, san wete dwa pou yo pale ak pitit yo konsènan prensip moral ak kwayans relijye.” Pi gwo tribinal la te fè konnen premye tribinal la pa gen okenn dwa pou l entèdi yon paran leve pitit li akoz relijyon paran an, amwenske tribinal la ka montre prensip Temwen Jewova yo ap anseye yo se yon seri prensip ki reprezante yon danje pou timoun nan nan domèn fizik ak nan domèn mantal. Pi gwo tribinal la pa t jwenn okenn prèv ki montre kwayans Temwen yo reprezante yon danje pou timoun nan.

      Yon sè k ap bay pitit gason l fòmasyon pandan yo lakay.

      Gen anpil tribinal ki pran yon desizyon an favè paran ki kretyen yo lè yo ba yo dwa pou yo leve pitit yo.

      29-31. Poukisa yon sè k ap viv nan peyi Dànmak te pèdi dwa l genyen pou l leve pitit fi l, e ki desizyon pi gwo tribinal peyi Dànmak la te pran nan ka sa a?

      29 Dànmak. Anita Hansen te fè fas ak yon pwoblèm menm jan an, lè ansyen mari l t al nan yon tribinal ki nan zòn kote yo rete a pou l jwenn dwa pou l leve Amanda, pitit yo a ki te gen setan. Byenke tribinal la te pran desizyon, nan ane 2000, pou se sè Hansen ki leve Amanda, papa a te mennen ka a devan pi gwo tribinal zòn nan. Pi gwo tribinal zòn nan te chanje desizyon premye tribinal la te pran an epi l te deside pou se papa a ki leve pitit la pito. Pi gwo tribinal la te fè konprann, etandone kwayans paran yo te fè yo pa wè bagay yo menm jan, yo panse se papa a ki nan pi bon pozisyon pou leve timoun nan. Kidonk, sè Hansen te pèdi dwa l te genyen pou l leve Amanda a paske l se Temwen Jewova.

      30 Desizyon sa a te tèlman kraze sè Hansen, pafwa, li pa t menm konn ki sa pou l mande Jewova nan priyè l. Malgre sa, men sa l te fè konnen: “Pawòl nou jwenn nan Women 8:26 ak 27 la te ede m anpil. Mwen te toujou santi Jewova te konprann sa m te vle di l. Li te gen je l sou mwen e l te toujou la pou mwen.” — Li Sòm 32:8; Izayi 41:10.

      31 Sè Hansen te mennen ka a devan pi gwo tribinal peyi Dànmak la. Men sa pi gwo tribinal Dànmak la te fè konnen nan desizyon l te pran an: “Desizyon pou konnen ki moun ki pou leve timoun nan ap baze sou bonjan analiz ki montre sa k ap pi bon pou timoun nan.” Anplis de sa, pi gwo tribinal peyi Dànmak la te fè konnen desizyon pou konnen ki moun ki dwe leve timoun nan dwe fèt sou fason chak paran reyaji devan yon pwoblèm, men, li pa dwe baze sou “doktrin ak pwennvi” Temwen Jewova yo. Sè Hansen te rale yon gwo souf lè tribinal la te rekonèt li se yon bon manman epi yo te ba l dwa pou se li menm ki leve Amanda.

      32. Ki fason Cour européenne des droits de l’homme nan te pwoteje dwa paran Temwen yo genyen?

      32 Kèk peyi ann Ewòp. Nan kèk ka, gen kèk dosye difisil ki gen rapò ak konnen ki moun ki dwe leve timoun yo ki konn menm rive pi lwen pase devan pi gwo tribinal ki egziste nan peyi yo. Ka sa yo konn rive devan Cour européenne des droits de l’homme nan (CEDH) tou. Nan de nan ka sa yo, CEDH la te rekonèt tribinal ki nan peyi kote yo te jije ka sa yo te trete paran ki Temwen ak paran ki pa Temwen yo yon fason diferan, tou senpleman akoz relijyon yo. CEDH la te fè konnen se paske tribinal yo pa renmen relijyon sa yo ki fè yo te trete paran sa yo konsa. Yo te fè konnen: “Li pa bon pou yo lonje dwèt sou yon moun tou senpleman paske l gen yon lòt relijyon.” Gen yon manman ki Temwen ki te santi l soulaje apre CEDH la te fin pran yon desizyon konsa an favè l, men sa l te di: “Sa te fè m mal anpil lè yo te akize m kòmkwa mwen se yon danje pou pitit mwen yo, malgre m te eseye fè tout sa m kapab pou m ba yo sa mwen panse ki te pi bon pou yo, anpalan de aprann yo viv selon prensip ki nan Bib la.”

      33. Ki jan paran ki Temwen yo ka suiv prensip nou jwenn nan Filipyen 4:5 lan?

      33 Nòmalman, paran Temwen k ap fè fas ak presyon Leta ap fè sou yo pou anpeche yo met prensip biblik yo nan kè pitit yo fè tout sa yo kapab pou yo montre yo rezonab. (Li Filipyen 4:5.) Menm jan yo kontan dèske yo gen dwa pou yo ede pitit yo mache nan chemen Bondye yo, se konsa tou yo rekonèt, si paran ki pa Temwen an vle, li ka jwe wòl pa l tou. Poukisa l enpòtan pou yon paran ki Temwen pran responsablite li genyen pou l leve pitit li a oserye?

      34. Jodi a, ki sa paran yo ka aprann nan egzanp Juif ki t ap viv nan epòk Neyemya a?

      34 Gen yon bagay ki te rive nan epòk Neyemya a ki ka ede nou. Juif yo t ap travay di pou yo repare epi rebati miray Jerizalèm yo. Yo te konnen lè yo fè sa, sa t ap pwoteje yo menm ak fanmi yo kont nasyon ènmi ki te ozalantou yo. Se pou rezon sa a, Neyemya te ba yo ankourajman sa a: “Batay pou frè nou, pou pitit gason nou, pou pitit fi nou, pou madanm nou ak pou moun lakay nou.” ​(Ney. 4:14). Pou Juif sa yo, li te vo lapenn pou yo te fè tout efò sa yo. Menm jan an tou jodi a, paran ki Temwen Jewova yo travay di pou yo ede pitit yo mache nan chemen verite a. Yo konnen pitit yo ap fè fas ak anpil move bagay, kit se nan lekòl kit se nan vwazinaj, ki ka gen gwo enfliyans sou yo. Enfliyans sa yo ka menm antre nan kay la pa mwayen medya yo. Paran, nou pa dwe janm bliye sa vo lapenn pou n fè anpil efò pou n leve pitit gason nou ak pitit fi nou nan yon anviwònman kote timoun yo ap santi yo an sekirite, yon kote yo ka grandi nan domèn espirityèl.

      Nou gen konfyans Jewova ap soutni vrè adorasyon an

      35, 36. Ki byenfè Temwen Jewova yo jwenn lefètke yo te goumen pou Leta rekonèt dwa yo genyen, e ki detèminasyon w pran?

      35 Pa gen dout nan sa, Jewova beni efò òganizasyon l lan ap fè nan epòk nou an pou l goumen pou n jwenn dwa pou n adore Bondye jan nou vle. Lefètke pèp Bondye a goumen pou nou jwenn dwa sa a, byen souvan, sa fè nou bay yon gwo temwayaj devan tribinal ak devan anpil moun (Wom. 1:8). Youn nan gwo byenfè nou jwenn nan pakèt viktwa nou ranpòte devan tribinal yo, se ranfòse sa ranfòse dwa anpil moun ki pa Temwen genyen. Sepandan, antanke moun ki fè pati pèp Bondye a, nou pa moun k ap goumen pou gen chanjman nan sosyete a ni nou pap chèche avantaj pou tèt nou sèlman. Temwen Jewova yo defann dwa yo devan tribinal yon fason pou yo fè rekonèt vrè adorasyon an e pou yo ba l plis jarèt. — Li Filipyen 1:7.

      36 Nou pa dwe janm minimize leson nou aprann nan fason frè ak sè nou yo te montre yo gen lafwa lè yo te goumen pou yo adore Jewova jan yo vle! Kidonk, se pou nou kontinye rete fidèl menm jan an tou, toutpandan nou gen konfyans Jewova ap soutni travay nou an e l ap kontinye ban nou fòs pou nou fè volonte l. — Iza. 54:17.

      Èske w kwè toutbon Wayòm nan egziste?

      • Ki jan kèk gouvènman te eseye met yon limit sou dwa nou genyen antanke kretyen an, e ki jan sa te fini?

      • Ki fason Temwen Jewova yo te goumen pou dwa yo genyen pou yo pa pran san, e ki jan Bondye te beni efò yo te fè yo?

      • Pafwa, ki sa opozan yo konn eseye fè lè yon timoun gen yon paran l ki Temwen ki divòse?

      • Ki sa k fè w kwè se Wayòm Bondye a ki pèmèt nou ranpòte viktwa devan tribinal yo?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje