BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • od p. 193-205
  • 2yèm pati: Lavi nou antanke kretyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 2yèm pati: Lavi nou antanke kretyen
  • Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Èske w ‘renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou’?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Maryaj: Orijin li ak objektif li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
od p. 193-205

KESYON POU MOUN KI VLE BATIZE

2yèm pati: Lavi nou antanke kretyen

Pandan w ap etidye Bib la, ou aprann ki sa Jewova vle pou w fè e ki jan pou w konfòme w ak prensip li yo ki jis. Pou w aplike sa w te aprann yo, petèt ou te fè anpil chanjman nan konduit ou, e petèt sa w te aprann yo fè w pa wè lavi a menm jan ankò. Piske kounye a ou pran detèminasyon pou w viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis, li vin posib pou w sèvi l yon fason ki fè l plezi antanke yon moun k ap preche bon nouvèl la.

Kesyon w pral egzamine yo ap ede w kenbe egzijans Jewova yo ki jis byen klè nan lespri w, e sa ap raple w kèk bagay ou ka fè pou w vin youn nan sèvitè l yo ki gen favè l. Enfòmasyon sa yo pral mete aksan sou enpòtans pou w toujou gen yon konduit k ap pèmèt konsyans ou rete klè e pou w onore Jewova. — 2 Kor. 1:12; 1 Tim. 1:19; 1 Pyè 3:16, 21.

Nan pwen w rive nan etid ou, siman w chofe pou w soumèt ou anba dominasyon Jewova e pou w vin fè pati òganizasyon l lan. Kesyon ki annapre yo ak vèsè biblik yo ap ede w wè si w konprann kesyon soumèt devan dispozisyon Jewova pran yo nan kongregasyon an, nan fanmi oswa anrapò ak gouvènman yo ki nan sistèm nan. Se sèten w ap vin gen plis apresyasyon pou dispozisyon Jewova pran pou l fòme pèp li a e pou l ranfòse lafwa yo. Dispozisyon sa yo gen ladan yo reyinyon kongregasyon an e selon sitiyasyon w w ap fè tout efò pou w asiste yo e pou w patisipe ladan yo.

Mete sou sa, nan seksyon sa a nou pral egzamine jan sa enpòtan pou n patisipe nan travay predikasyon an regilyèman, pou n ede lòt moun konnen Jewova ak sa l ap fè pou lèzòm (Mat. 24:14; 28:19, 20). Finalman, l ap ede w konprann jan ve w fè Jewova a ak batèm ou enpòtan. Ou kapab gen asirans Jewova vrèman apresye fason w reyaji devan favè san parèy li demontre pou ou a.

1. Ki prensip kretyen yo genyen anrapò ak maryaj? Ki sèl rezon Bib la bay pou gen divòs?

• “Èske nou pa li Sila a ki te kreye lòm depi nan kòmansman an te fè ni gason ni fi, e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’? Konsa, yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. [...] Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl, e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” — Mat. 19:4-6, 9.

2. Poukisa de moun k ap viv ansanm antanke mari ak madanm dwe marye yon fason legal? Si w marye, èske w sèten maryaj ou a legal e Leta rekonèt li?

• “Kontinye fè yo sonje pou yo soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo, e pou yo obeyi yo.” — Tit 3:1.

• “Se pou tout moun onore maryaj, e se pou kabann maryaj la san salte, paske Bondye pral jije ni moun k ap fè imoralite seksyèl, ni moun k ap fè adiltè.” — Ebre 13:4.

3. Ki wòl ou nan fanmi an?

• “Pitit mwen, koute papa w lè l ap ba w disiplin, E pa bliye lòd manman w ba ou.” — Pwo. 1:8.

• “Yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris se chèf kongregasyon an [...]. Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an.” — Efe. 5:23, 25.

• “Nou menm papa, pa tingting pitit nou pou fè yo fache, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay.” — Efe. 6:4.

• “Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Seyè a plezi anpil.” — Kol. 3:20.

• “Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou.” — 1 Pyè 3:1.

4. Poukisa nou dwe montre nou respekte lavi?

• “[Bondye] bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay. [...] Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” — Tra. 17:25, 28.

5. Poukisa nou pa dwe touye pèsonn, menm yon tibebe ki nan vant?

• “Si de gason ap goumen epi youn ladan yo frape yon fi ki ansent, e [...] si youn nan yo mouri (fi a oswa tibebe a), se pou w bay vi pou vi.” — Egz. 21:22, 23.

• “Ou te wè m ak je w lè m te nan vant. Tout pati m yo te ekri nan liv ou a. Ou te ekri enfòmasyon anrapò ak jou yo te fèt yo depi menm anvan youn nan yo te egziste.” — Sòm 139:16.

• “Jewova rayi [...] men moun k ap fè san inosan koule.” — Pwo. 6:16, 17.

6. Ki lòd Bondye bay anrapò ak san?

• “Kontinye evite [...] ni san, ni bèt ki mouri toufe.” — Tra. 15:29.

7. Poukisa nou dwe renmen frè ak sè nou yo?

• “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:34, 35.

8. Pou nou evite pwopaje maladi ki trapan, petèt menm maladi ki ka touye moun: a) Poukisa moun ki enfekte a pa dwe pran devan nan demontre afeksyon pou lòt moun, tankou bay akolad oswa anbrase moun? b) Poukisa li pa dwe mal reyaji si moun pa envite l lakay yo? c) Poukisa yon moun ki te gen kontak ak yon moun ki gen yon maladi ki trapan ta dwe chwazi fè yon tès san anvan l kòmanse frekante ak yon moun? d) Poukisa yon moun ki gen yon maladi ki trapan dwe fè kowòdonatè gwoup ansyen an konn sa anvan l batize?

• “Pinga nou dwe pèsonn anyen, sof lanmou nou dwe genyen youn pou lòt [...]. ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou’. Yon moun ki gen lanmou pa fè pwochen l mal.” — Wom. 13:8-10.

• “Lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” — Flp. 2:4.

9. Sa k fè Jewova atann pou n padone lòt moun?

• “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” — Kol. 3:13.

10. Ki sa w dwe fè si yon frè fè manti sou ou oswa eksplwate w?

• “Si yon frè w peche kont ou, al kote l poukont ou, fè l wè fot li fè a. Si l koute w, ou fè frè w la tounen nan bon chemen. Men, si l pa koute w, pran youn oswa de lòt moun avè w, dekwa pou tout bagay ka regle sou baz temwayaj de oswa twa temwen. Si l pa koute yo, pale ak kongregasyon an. Si l pa koute ata kongregasyon an, konsidere l menm jan ak yon moun ki nan nasyon yo, menm jan ak yon pèseptè.” — Mat. 18:15-17.

11. Ki jan Jewova konsidere peche ki annapre yo?

▪ Imoralite seksyèl

▪ Sèvi ak imaj nan adorasyon

▪ Relasyon fi ak fi oswa gason ak gason

▪ Vòl

▪ Jwèt aza

▪ Bwè pou sou

• “Pa twonpe tèt nou. Moun k ap fè imoralite seksyèl, moun k ap adore zidòl, moun k ap fè adiltè, gason ki dakò lòt gason kouche yo, gason k ap kouche ak gason, moun k ap vòlè, moun ki ava, moun ki bwasonyè, moun k ap joure moun, moun ki dechèpiyè pap benefisye Wayòm Bondye a.” — 1 Kor. 6:9, 10.

12. Ki detèminasyon w pran anrapò ak imoralite seksyèl, sa ki gen ladan l yon seri aksyon seksyèl moun fè san yo pa marye youn ak lòt?

• “Kouri pou imoralite seksyèl.” — 1 Kor. 6:18.

13. Poukisa nou pa dwe pran yon seri bagay doktè pa preskri nou ki ka fè nou depann de yo oswa ki ka gen efè sou fason nou panse?

• “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone. E sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” — Wom. 12:1, 2.

14. Bay kèk nan pratik ki gen rapò ak movèzespri Bondye kondane.

• “Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou [...] k ap fè divinò, ni moun k ap fè maji, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen, ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, ni moun ki konn chèche pale ak mò.” — Det. 18:10, 11.

15. Si yon moun fè yon peche grav e l vle tounen gen favè Jewova, ki sa l dwe fè tousuit?

• “Mwen te fè w konnen peche m te fè a, mwen pa t kache erè m nan. Mwen te di: ‘M ap konfese peche m yo bay Jewova.’” — Sòm 32:5.

• “Èske gen yon moun pami nou ki malad? Se pou l rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye pou li, pou yo pase luil sou li nan non Jewova. E lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la vin anfòm, e Jewova ap mete l kanpe. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon.” — Jak 5:14, 15.

16. Si w konnen yon kretyen parèy ou fè yon peche grav, ki sa w dwe fè?

• “Si yon moun wè yon moun fè yon peche, oswa li aprann yon moun te fè yon peche, men li pa fè konn sa lè l tande y ap mande pou moun vin temwaye konsènan peche a, moun sa a ap koupab e l ap peye pou sa.” — Lev. 5:1.

17. Si yo bay anons yon moun pa Temwen Jewova ankò, ki jan nou dwe aji avè l?

• “Sispann frekante nenpòt moun ki di li se yon frè, men k ap fè imoralite seksyèl, oubyen ki ava, oubyen k ap adore zidòl, oubyen k ap joure moun, oubyen ki bwasonyè, oubyen ki dechèpiyè, e pou nou pa menm manje ak yon moun konsa.” — 1 Kor. 5:11.

• “Si yon moun vin kote nou e li pa pote ansèyman sa a, pa resevwa l lakay nou, e pa salye l.” — 2 Jan 10.

18. Sa k fè bon zanmi w se ta dwe moun ki renmen Jewova?

• “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” — Pwo. 13:20.

• “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” — 1 Kor. 15:33.

19. Poukisa Temwen Jewova pa mele nan politik?

• “Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” — Jan 17:16.

20. Poukisa nou dwe obeyi gouvènman yo?

• “Se pou tout moun soumèt devan otorite yo, paske pa gen otorite san pèmisyon Bondye. Otorite ki egziste yo, se Bondye ki etabli yo nan pozisyon yo ye a youn parapò ak lòt.” — Wom. 13:1.

21. Si lwa lèzòm yo depaman ak lwa Bondye, ki sa w ta dwe fè?

• “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Tra. 5:29.

22. Ki vèsè ki ka ede w kontinye pa fè pati monn nan lè w ap chwazi yon djòb?

• “Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, E yo pap aprann fè lagè ankò.” — Miche 4:3.

• “Sot ladan l [Gran Babilòn nan], pèp mwen, si nou pa vle patisipe avè l nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan kalamite l yo.” — Rev. 18:4.

23. Ki kalite divètisman w ap chwazi e ki kalite divètisman w ap rejte?

• “Jewova [...] rayi nenpòt moun ki renmen vyolans.” — Sòm 11:5.

• “Gen degoutans pou sa ki mal, rete atache ak sa ki byen.” — Wom. 12:9.

• “Kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè, tout bagay ki merite konsiderasyon, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, tout bagay ki bon e tout bagay ki merite louwanj.” — Flp. 4:8.

24. Poukisa Temwen Jewova yo pa adore ansanm ak lòt gwoup relijye?

• “Nou pa ka ap manje sou ‘tab Jewova’, epi pou n ap manje sou tab demon.” — 1 Kor. 10:21.

• “‘Mete nou apa,’ se sa Jewova di, ‘e sispann manyen bagay ki pa pwòp la’, ‘epi m ap akeyi nou.’” — 2 Kor. 6:17.

25. Ki prensip k ap ede w konnen si w ka patisipe nan yon fèt oswa si w pa kapab?

• “Yo te fè zanmitay ak nasyon yo e yo te kòmanse aji menm jan ak yo. Yo te tonbe ap sèvi zidòl nasyon sa yo t ap sèvi yo e zidòl sa yo te tounen yon pyèj pou yo.” — Sòm 106:35, 36.

• “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Ekl. 9:5.

• “Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” — Jan 17:16.

• “Tan nou te pase ap fè volonte nasyon yo sifi. Lè sa a, nou te lage kò nou nan konduit derespektan, nan pasyon, nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch, nan gagòt bwason ak nan idolatri, yon bagay ki repiyan.” — 1 Pyè 4:3.

26. Ki jan egzanp nan Bib la kapab ede w konnen si w ka fete anivèsè nesans?

• “Twazyèm jou a se te jou fèt Farawon. Li te fè yon gwo fèt pou tout sèvitè l yo e li te fè yo mennen mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason yo ak chèf boulanje a devan sèvitè l yo. Epi, Farawon te fè mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason an retounen nan travay li [...]. Epi, li te pann chèf boulanje a.” — Jen. 40:20-22.

• “Pandan yo t ap fete anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodyad la te danse nan fèt la. Li te tèlman fè Ewòd plezi, Ewòd fè sèman l ap ba l nenpòt sa l mande. Epi, demwazèl la koute konsèy manman l, li di: ‘Ban m tèt Jan ki konn batize moun nan la a nan yon plato.’ Se konsa, li voye koupe tèt Jan nan prizon an.” — Mat. 14:6-8, 10.

27. Poukisa w dwe suiv direksyon ansyen yo?

• “Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo, paske yo toujou ap veye sou nou antanke moun ki gen kont pou yo rann, dekwa pou yo fè sa ak kè kontan, pou yo pa fè l nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou.” — Ebre 13:17.

28. Sa k fè l enpòtan pou ou menm ak fanmi w pran tan regilyèman pou nou li Labib e pou n etidye l?

• “Li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. L ap tankou yon pyebwa ki plante bò kanal dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, yon pyebwa fèy li pa fennen. L ap reyisi nan tout sa l fè.” — Sòm 1:2, 3.

29. Poukisa w renmen al nan reyinyon epi patisipe ladan yo?

• “M ap fè frè m yo konn non w. M ap fè louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an.” — Sòm 22:22.

• “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” — Ebre 10:24, 25.

30. Ki travay ki pi enpòtan Jezi te ban nou pou n fè?

• “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” — Mat. 28:19, 20.

31. Lè n ap fè ofrann pou travay Wayòm nan oswa lè n ap ede frè ak sè yo, ki fason pou n fè sa k ap fè Bondye plezi?

• “Onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo.” — Pwo. 3:9.

• “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 Kor. 9:7.

32. Ki difikilte kretyen yo atann y ap jwenn?

• “Byennere moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis, piske Wayòm syèl la se pou yo. Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou, e lè yo di tout kalite move bagay ki pa vre sou nou poutèt mwen. Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil, piske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la. Paske, se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo.” — Mat. 5:10-12.

33. Sa k fè se yon gwo privilèj sa ye pou yon moun batize antanke Temwen Jewova?

• “Pawòl ou yo [...] te fè kè m kontan anpil. Paske, mwen pote non w, o Jewova Dye.” — Jer. 15:16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje