BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1ye pati: Kwayans kretyen yo
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
    • KESYON POU MOUN KI VLE BATIZE

      1ye pati: Kwayans kretyen yo

      Grasa etid biblik ou fè ak Temwen Jewova yo, ou vin konnen laverite. Se sèten sa w aprann yo fè w vin gen bon relasyon ak Bondye e yo fè w gen esperans pou w viv nan yon paradi sou tè a e pou w jwenn anpil benediksyon nan paradi sa a ki pral anba dominasyon Wayòm Bondye a. Lafwa w gen nan Pawòl Bondye a vin pi solid, e lefètke w vin fè pati kongregasyon kretyen an, ou deja jwenn anpil benediksyon. Ou rive wè ki jan Jewova trete pèp li a jodi a. — Zak. 8:23.

      Kòm kounye a w ap prepare w pou w batize, gen ansyen nan kongregasyon an ki pral fè revizyon avè w sou kwayans kretyen yo (Ebre 6:1-3). Nou swete pou Jewova kontinye beni tout efò w ap fè pou w konnen l, e nou swete l ap ba w rekonpans li pwomèt la. — Jan 17:3.

      1. Poukisa w vle batize?

      2. Kiyès Jewova ye?

      • “Jewova se vrè Dye a ni nan syèl la ni sou tè a [...]. Apre li pa gen lòt.” — Det. 4:39.

      • “Ou menm, ki rele Jewova, ou se Sila a ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a.” — Sòm 83:18.

      3. Sa k fè l enpòtan pou w sèvi ak non Bondye?

      • “Kidonk, men ki jan nou dwe priye: ‘Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.’” — Mat. 6:9.

      • “Tout moun ki met konfyans yo nan non Jewova ap sove.” — Wom. 10:13.

      4. Bay kèk nan ekspresyon Bib la itilize pou pale de Jewova.

      • “Jewova, Kreyatè tout kote ki sou tè a, se Bondye pou tout tan gen tan.” — Eza. 40:28.

      • “Papa nou ki nan syèl la.” — Mat. 6:9.

      • “Bondye se lanmou.” — 1 Jan 4:8.

      5. Ki sa w ka bay Jewova Dye?

      • “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou.” — Mak 12:30.

      • “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” — Lik 4:8.

      6. Poukisa w vle fidèl ak Jewova?

      • “Pitit mwen, montre w saj e fè kè m kontan, pou m ka reponn moun k ap pwovoke m nan.” — Pwo. 27:11.

      7. Kiyès ou priye, e nan non kiyès ou dwe priye?

      • “Anverite m ap [Jezi] di nou sa: Si nou mande Papa a yon bagay nan non mwen, l ap ban nou l.” — Jan 16:23.

      8. Bay kèk nan bagay ou ka priye pou yo.

      • “Kidonk, men ki jan nou dwe priye: ‘Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la. Ban nou pen nou bezwen pou jounen an. Padone peche nou, menm jan nou menm tou nou padone moun ki peche kont nou. E pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba Mechan an.’” — Mat. 6:9-13.

      • “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.

      9. Ki sa k ka fè Jewova pa koute priyè yon moun?

      • “Y ap rele Jewova pou yo mande l èd, men li pap reponn yo [...]. Poutèt tout mechanste y ap fè yo.” — Miche 3:4.

      • “Je Jewova sou moun ki jis yo e zòrèy li ap koute siplikasyon yo fè. Men, Jewova vire do bay moun k ap fè sa ki mal.” — 1 Pyè 3:12.

      10. Kiyès Jezi Kris ye?

      • “Simon Pyè reponn: ‘Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.’” — Mat. 16:16.

      11. Poukisa Jezi te vin sou tè a?

      • “Pitit lòm nan pa t vini pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun e pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun.” — Mat. 20:28.

      • “Mwen [Jezi] dwe al anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa Bondye te voye m.” — Lik 4:43.

      12. Ki jan w ka montre w rekonesan pou sakrifis Jezi a?

      • “Li te mouri pou tout moun, yon fason pou moun k ap viv yo pa viv pou tèt yo ankò, men pou yo viv pou sila a ki te mouri pou yo a e ki te leve a.” — 2 Kor. 5:15.

      13. Ki otorite Jezi genyen?

      • “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” — Mat. 28:18.

      • “Bondye leve l met nan yon pozisyon ki pi wo, e avèk bonte, li ba l non ki anlè tout lòt non an.” — Flp. 2:9.

      14. Èske w kwè se kolèj santral Temwen Jewova yo ki “esklav fidèl” Jezi nome a?

      • “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li met responsab sèvitè ki lakay li yo pou ba yo manje nan bon moman?” — Mat. 24:45.

      15. Èske lespri sen se yon moun?

      • “Zanj lan reponn, li di l: ‘Lespri sen ap vin sou ou e pisans Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ap kouvri w. Se pou rezon sa a, y ap rele timoun k ap fèt la sen e y ap rele l Pitit Bondye.’” — Lik 1:35.

      • “Kidonk, si nou menm, aktout nou se pechè, nou konnen pou nou bay pitit nou sa k bon, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la ap bay moun lespri sen si yo mande l li!” — Lik 11:13.

      16. Ki fason Jewova sèvi ak lespri sen l?

      • “Se grasa pawòl Jewova syèl la te fèt, se grasa souf bouch li tout bagay ki ladan l yo te fèt.” — Sòm 33:6.

      • “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen [...] nan zòn ki pi lwen sou tè a.” — Tra. 1:8.

      • “Pa gen okenn pwofesi nan Ekriti a ki soti nan entèpretasyon moun fè sou sa k ap pase. Paske, se pa t janm volonte lòm ki fè vin gen pwofesi, men yon seri moun te pale pawòl ki soti nan Bondye, pandan lespri sen t ap gide yo.” — 2 Pyè 1:20, 21.

      17. Ki sa Wayòm Bondye a ye?

      • “Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp. L ap kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan.” — Dàn. 2:44.

      18. Ki byenfè Wayòm Bondye a ap pote pou ou?

      • “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Rev. 21:4.

      19. Ki jan w fè konnen Wayòm nan pral fè w jwenn benediksyon talè konsa?

      • “Disip yo pwoche kote l apa, yo di l: ‘Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan? Jezi reponn yo, li di: ‘[...] Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt. Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.’” — Mat. 24:3, 4, 7, 14.

      • “Met sa nan tèt ou: nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, y ap grandizè, y ap ògeye, y ap blasfeme, y ap dezobeyi paran yo, y ap engra, yo pap fidèl, yo pap gen afeksyon pou moun parèy yo, yo pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen, y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy, y ap renmen plezi olye yo renmen Bondye, y ap parèt gen atachman pou Bondye, men y ap aji yon fason ki kontrè ak fòs atachman sa a. Moun sa yo, evite yo.” — 2 Tim. 3:1-5.

      20. Ki jan w ka montre Wayòm nan enpòtan pou ou?

      • “Kidonk, kontinye chèche Wayòm nan an premye e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye.” — Mat. 6:33.

      • “Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle suiv mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pran poto soufrans li e se pou l kontinye suiv mwen.” — Mat. 16:24.

      21. Kiyès Satan ak demon yo ye?

      • “Nou menm, nou soti nan papa nou, Dyab la [...]. Li te yon asasen depi lè li te kòmanse.” — Jan 8:44.

      • “Yo pimpe gwo dragon an sou tè a, li menm ki premye sèpan an, li menm yo rele Dyab la e yo rele Satan an, li menm k ap twonpe lemonnantye a. Yo pimpe l sou tè a, e yo pimpe zanj li yo sou tè a avèk li.” — Rev. 12:9.

      22. Ki akizasyon Satan te lage sou Jewova ak moun k ap adore L yo?

      • “Fi a di sèpan an: ‘Nou gen dwa manje fwi nan pyebwa ki nan jaden an. Men, kanta pou fwi pyebwa ki nan mitan jaden an, Bondye te di: “Nou pa dwe manje ladan l, non, nou pa dwe manyen l. Si nou fè sa, n ap mouri.’” Epi, sèpan an di fi a: ‘Nou pap mouri pyès. Paske, Bondye konnen jou nou manje fwi pyebwa sa a je n ap ouvri e n ap vin menm jan ak Bondye, n ap konnen sa ki byen ak sa ki mal.’” — Jen. 3:2-5.

      • “Satan reponn Jewova: ‘Depi yon moun wè lanmò devan l, l ap bay tout sa l genyen pou l sove lavi l.’” — Jòb 2:4.

      23. Ki jan w ka pwouve akizasyon Satan yo se manti?

      • “Sèvi [Bondye] ak tout kè w.” — 1 Kwo. 28:9.

      • “Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye!” — Jòb 27:5.

      24. Poukisa moun mouri?

      • “Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche.” — Wom. 5:12.

      25. Nan ki kondisyon mò yo ye?

      • “Moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Ekl. 9:5.

      26. Ki espwa ki gen pou moun ki mouri yo?

      • “Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” — Tra. 24:15.

      27. Ki kantite moun ki pral dirije nan syèl la ak Jezi?

      • “Mwen gade, mwen wè Ti Mouton an ki kanpe sou Mòn Siyon. Li gen 144 000 moun avè l, e yo gen non l ak non Papa l ki ekri sou fwon yo.” — Rev. 14:1.

  • 2yèm pati: Lavi nou antanke kretyen
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
    • KESYON POU MOUN KI VLE BATIZE

      2yèm pati: Lavi nou antanke kretyen

      Pandan w ap etidye Bib la, ou aprann ki sa Jewova vle pou w fè e ki jan pou w konfòme w ak prensip li yo ki jis. Pou w aplike sa w te aprann yo, petèt ou te fè anpil chanjman nan konduit ou, e petèt sa w te aprann yo fè w pa wè lavi a menm jan ankò. Piske kounye a ou pran detèminasyon pou w viv ann amoni ak prensip Jewova yo ki jis, li vin posib pou w sèvi l yon fason ki fè l plezi antanke yon moun k ap preche bon nouvèl la.

      Kesyon w pral egzamine yo ap ede w kenbe egzijans Jewova yo ki jis byen klè nan lespri w, e sa ap raple w kèk bagay ou ka fè pou w vin youn nan sèvitè l yo ki gen favè l. Enfòmasyon sa yo pral mete aksan sou enpòtans pou w toujou gen yon konduit k ap pèmèt konsyans ou rete klè e pou w onore Jewova. — 2 Kor. 1:12; 1 Tim. 1:19; 1 Pyè 3:16, 21.

      Nan pwen w rive nan etid ou, siman w chofe pou w soumèt ou anba dominasyon Jewova e pou w vin fè pati òganizasyon l lan. Kesyon ki annapre yo ak vèsè biblik yo ap ede w wè si w konprann kesyon soumèt devan dispozisyon Jewova pran yo nan kongregasyon an, nan fanmi oswa anrapò ak gouvènman yo ki nan sistèm nan. Se sèten w ap vin gen plis apresyasyon pou dispozisyon Jewova pran pou l fòme pèp li a e pou l ranfòse lafwa yo. Dispozisyon sa yo gen ladan yo reyinyon kongregasyon an e selon sitiyasyon w w ap fè tout efò pou w asiste yo e pou w patisipe ladan yo.

      Mete sou sa, nan seksyon sa a nou pral egzamine jan sa enpòtan pou n patisipe nan travay predikasyon an regilyèman, pou n ede lòt moun konnen Jewova ak sa l ap fè pou lèzòm (Mat. 24:14; 28:19, 20). Finalman, l ap ede w konprann jan ve w fè Jewova a ak batèm ou enpòtan. Ou kapab gen asirans Jewova vrèman apresye fason w reyaji devan favè san parèy li demontre pou ou a.

      1. Ki prensip kretyen yo genyen anrapò ak maryaj? Ki sèl rezon Bib la bay pou gen divòs?

      • “Èske nou pa li Sila a ki te kreye lòm depi nan kòmansman an te fè ni gason ni fi, e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’? Konsa, yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l. [...] Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl, e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè.” — Mat. 19:4-6, 9.

      2. Poukisa de moun k ap viv ansanm antanke mari ak madanm dwe marye yon fason legal? Si w marye, èske w sèten maryaj ou a legal e Leta rekonèt li?

      • “Kontinye fè yo sonje pou yo soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo, e pou yo obeyi yo.” — Tit 3:1.

      • “Se pou tout moun onore maryaj, e se pou kabann maryaj la san salte, paske Bondye pral jije ni moun k ap fè imoralite seksyèl, ni moun k ap fè adiltè.” — Ebre 13:4.

      3. Ki wòl ou nan fanmi an?

      • “Pitit mwen, koute papa w lè l ap ba w disiplin, E pa bliye lòd manman w ba ou.” — Pwo. 1:8.

      • “Yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris se chèf kongregasyon an [...]. Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, menm jan Kris te renmen kongregasyon an.” — Efe. 5:23, 25.

      • “Nou menm papa, pa tingting pitit nou pou fè yo fache, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay.” — Efe. 6:4.

      • “Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Seyè a plezi anpil.” — Kol. 3:20.

      • “Nou menm madanm, se pou nou soumèt devan mari nou.” — 1 Pyè 3:1.

      4. Poukisa nou dwe montre nou respekte lavi?

      • “[Bondye] bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay. [...] Se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste.” — Tra. 17:25, 28.

      5. Poukisa nou pa dwe touye pèsonn, menm yon tibebe ki nan vant?

      • “Si de gason ap goumen epi youn ladan yo frape yon fi ki ansent, e [...] si youn nan yo mouri (fi a oswa tibebe a), se pou w bay vi pou vi.” — Egz. 21:22, 23.

      • “Ou te wè m ak je w lè m te nan vant. Tout pati m yo te ekri nan liv ou a. Ou te ekri enfòmasyon anrapò ak jou yo te fèt yo depi menm anvan youn nan yo te egziste.” — Sòm 139:16.

      • “Jewova rayi [...] men moun k ap fè san inosan koule.” — Pwo. 6:16, 17.

      6. Ki lòd Bondye bay anrapò ak san?

      • “Kontinye evite [...] ni san, ni bèt ki mouri toufe.” — Tra. 15:29.

      7. Poukisa nou dwe renmen frè ak sè nou yo?

      • “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:34, 35.

      8. Pou nou evite pwopaje maladi ki trapan, petèt menm maladi ki ka touye moun: a) Poukisa moun ki enfekte a pa dwe pran devan nan demontre afeksyon pou lòt moun, tankou bay akolad oswa anbrase moun? b) Poukisa li pa dwe mal reyaji si moun pa envite l lakay yo? c) Poukisa yon moun ki te gen kontak ak yon moun ki gen yon maladi ki trapan ta dwe chwazi fè yon tès san anvan l kòmanse frekante ak yon moun? d) Poukisa yon moun ki gen yon maladi ki trapan dwe fè kowòdonatè gwoup ansyen an konn sa anvan l batize?

      • “Pinga nou dwe pèsonn anyen, sof lanmou nou dwe genyen youn pou lòt [...]. ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou’. Yon moun ki gen lanmou pa fè pwochen l mal.” — Wom. 13:8-10.

      • “Lè nou pa chèche enterè pa nou sèlman, men lè nou chèche enterè pa lòt moun tou.” — Flp. 2:4.

      9. Sa k fè Jewova atann pou n padone lòt moun?

      • “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” — Kol. 3:13.

      10. Ki sa w dwe fè si yon frè fè manti sou ou oswa eksplwate w?

      • “Si yon frè w peche kont ou, al kote l poukont ou, fè l wè fot li fè a. Si l koute w, ou fè frè w la tounen nan bon chemen. Men, si l pa koute w, pran youn oswa de lòt moun avè w, dekwa pou tout bagay ka regle sou baz temwayaj de oswa twa temwen. Si l pa koute yo, pale ak kongregasyon an. Si l pa koute ata kongregasyon an, konsidere l menm jan ak yon moun ki nan nasyon yo, menm jan ak yon pèseptè.” — Mat. 18:15-17.

      11. Ki jan Jewova konsidere peche ki annapre yo?

      ▪ Imoralite seksyèl

      ▪ Sèvi ak imaj nan adorasyon

      ▪ Relasyon fi ak fi oswa gason ak gason

      ▪ Vòl

      ▪ Jwèt aza

      ▪ Bwè pou sou

      • “Pa twonpe tèt nou. Moun k ap fè imoralite seksyèl, moun k ap adore zidòl, moun k ap fè adiltè, gason ki dakò lòt gason kouche yo, gason k ap kouche ak gason, moun k ap vòlè, moun ki ava, moun ki bwasonyè, moun k ap joure moun, moun ki dechèpiyè pap benefisye Wayòm Bondye a.” — 1 Kor. 6:9, 10.

      12. Ki detèminasyon w pran anrapò ak imoralite seksyèl, sa ki gen ladan l yon seri aksyon seksyèl moun fè san yo pa marye youn ak lòt?

      • “Kouri pou imoralite seksyèl.” — 1 Kor. 6:18.

      13. Poukisa nou pa dwe pran yon seri bagay doktè pa preskri nou ki ka fè nou depann de yo oswa ki ka gen efè sou fason nou panse?

      • “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone. E sispann konfòme nou ak sistèm sa a, men transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon, dekwa pou nou ka verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” — Wom. 12:1, 2.

      14. Bay kèk nan pratik ki gen rapò ak movèzespri Bondye kondane.

      • “Pa dwe gen okenn moun nan mitan nou [...] k ap fè divinò, ni moun k ap fè maji, ni moun k ap chèche konnen sa k pral rive demen, ni moun k ap fè wanga dèyè moun, ni moun k al wè moun ki kapab fè yo pran kontak ak movèzespri, ni moun k ap fè moun konnen sa k pral rive yo, ni moun ki konn chèche pale ak mò.” — Det. 18:10, 11.

      15. Si yon moun fè yon peche grav e l vle tounen gen favè Jewova, ki sa l dwe fè tousuit?

      • “Mwen te fè w konnen peche m te fè a, mwen pa t kache erè m nan. Mwen te di: ‘M ap konfese peche m yo bay Jewova.’” — Sòm 32:5.

      • “Èske gen yon moun pami nou ki malad? Se pou l rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye pou li, pou yo pase luil sou li nan non Jewova. E lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la vin anfòm, e Jewova ap mete l kanpe. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon.” — Jak 5:14, 15.

      16. Si w konnen yon kretyen parèy ou fè yon peche grav, ki sa w dwe fè?

      • “Si yon moun wè yon moun fè yon peche, oswa li aprann yon moun te fè yon peche, men li pa fè konn sa lè l tande y ap mande pou moun vin temwaye konsènan peche a, moun sa a ap koupab e l ap peye pou sa.” — Lev. 5:1.

      17. Si yo bay anons yon moun pa Temwen Jewova ankò, ki jan nou dwe aji avè l?

      • “Sispann frekante nenpòt moun ki di li se yon frè, men k ap fè imoralite seksyèl, oubyen ki ava, oubyen k ap adore zidòl, oubyen k ap joure moun, oubyen ki bwasonyè, oubyen ki dechèpiyè, e pou nou pa menm manje ak yon moun konsa.” — 1 Kor. 5:11.

      • “Si yon moun vin kote nou e li pa pote ansèyman sa a, pa resevwa l lakay nou, e pa salye l.” — 2 Jan 10.

      18. Sa k fè bon zanmi w se ta dwe moun ki renmen Jewova?

      • “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” — Pwo. 13:20.

      • “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” — 1 Kor. 15:33.

      19. Poukisa Temwen Jewova pa mele nan politik?

      • “Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” — Jan 17:16.

      20. Poukisa nou dwe obeyi gouvènman yo?

      • “Se pou tout moun soumèt devan otorite yo, paske pa gen otorite san pèmisyon Bondye. Otorite ki egziste yo, se Bondye ki etabli yo nan pozisyon yo ye a youn parapò ak lòt.” — Wom. 13:1.

      21. Si lwa lèzòm yo depaman ak lwa Bondye, ki sa w ta dwe fè?

      • “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Tra. 5:29.

      22. Ki vèsè ki ka ede w kontinye pa fè pati monn nan lè w ap chwazi yon djòb?

      • “Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, E yo pap aprann fè lagè ankò.” — Miche 4:3.

      • “Sot ladan l [Gran Babilòn nan], pèp mwen, si nou pa vle patisipe avè l nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan kalamite l yo.” — Rev. 18:4.

      23. Ki kalite divètisman w ap chwazi e ki kalite divètisman w ap rejte?

      • “Jewova [...] rayi nenpòt moun ki renmen vyolans.” — Sòm 11:5.

      • “Gen degoutans pou sa ki mal, rete atache ak sa ki byen.” — Wom. 12:9.

      • “Kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè, tout bagay ki merite konsiderasyon, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, tout bagay ki bon e tout bagay ki merite louwanj.” — Flp. 4:8.

      24. Poukisa Temwen Jewova yo pa adore ansanm ak lòt gwoup relijye?

      • “Nou pa ka ap manje sou ‘tab Jewova’, epi pou n ap manje sou tab demon.” — 1 Kor. 10:21.

      • “‘Mete nou apa,’ se sa Jewova di, ‘e sispann manyen bagay ki pa pwòp la’, ‘epi m ap akeyi nou.’” — 2 Kor. 6:17.

      25. Ki prensip k ap ede w konnen si w ka patisipe nan yon fèt oswa si w pa kapab?

      • “Yo te fè zanmitay ak nasyon yo e yo te kòmanse aji menm jan ak yo. Yo te tonbe ap sèvi zidòl nasyon sa yo t ap sèvi yo e zidòl sa yo te tounen yon pyèj pou yo.” — Sòm 106:35, 36.

      • “Moun ki mouri yo pa konn anyen ditou.” — Ekl. 9:5.

      • “Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” — Jan 17:16.

      • “Tan nou te pase ap fè volonte nasyon yo sifi. Lè sa a, nou te lage kò nou nan konduit derespektan, nan pasyon, nan bwè twòp bwason ki gen alkòl, nan banbòch, nan gagòt bwason ak nan idolatri, yon bagay ki repiyan.” — 1 Pyè 4:3.

      26. Ki jan egzanp nan Bib la kapab ede w konnen si w ka fete anivèsè nesans?

      • “Twazyèm jou a se te jou fèt Farawon. Li te fè yon gwo fèt pou tout sèvitè l yo e li te fè yo mennen mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason yo ak chèf boulanje a devan sèvitè l yo. Epi, Farawon te fè mesye ki te alatèt moun ki te konn sèvi l bwason an retounen nan travay li [...]. Epi, li te pann chèf boulanje a.” — Jen. 40:20-22.

      • “Pandan yo t ap fete anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodyad la te danse nan fèt la. Li te tèlman fè Ewòd plezi, Ewòd fè sèman l ap ba l nenpòt sa l mande. Epi, demwazèl la koute konsèy manman l, li di: ‘Ban m tèt Jan ki konn batize moun nan la a nan yon plato.’ Se konsa, li voye koupe tèt Jan nan prizon an.” — Mat. 14:6-8, 10.

      27. Poukisa w dwe suiv direksyon ansyen yo?

      • “Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo, paske yo toujou ap veye sou nou antanke moun ki gen kont pou yo rann, dekwa pou yo fè sa ak kè kontan, pou yo pa fè l nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou.” — Ebre 13:17.

      28. Sa k fè l enpòtan pou ou menm ak fanmi w pran tan regilyèman pou nou li Labib e pou n etidye l?

      • “Li pran plezi nan lwa Jewova a e li li lwa sa a tou ba lajounen kou lannuit. L ap tankou yon pyebwa ki plante bò kanal dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, yon pyebwa fèy li pa fennen. L ap reyisi nan tout sa l fè.” — Sòm 1:2, 3.

      29. Poukisa w renmen al nan reyinyon epi patisipe ladan yo?

      • “M ap fè frè m yo konn non w. M ap fè louwanj pou ou nan mitan kongregasyon an.” — Sòm 22:22.

      • “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” — Ebre 10:24, 25.

      30. Ki travay ki pi enpòtan Jezi te ban nou pou n fè?

      • “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” — Mat. 28:19, 20.

      31. Lè n ap fè ofrann pou travay Wayòm nan oswa lè n ap ede frè ak sè yo, ki fason pou n fè sa k ap fè Bondye plezi?

      • “Onore Jewova avèk sa w genyen ki gen valè yo.” — Pwo. 3:9.

      • “Se pou chak moun fè jan l te deside nan kè l la, san l pa regrèt, san yo pa fòse l, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” — 2 Kor. 9:7.

      32. Ki difikilte kretyen yo atann y ap jwenn?

      • “Byennere moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis, piske Wayòm syèl la se pou yo. Nou byennere lè moun joure nou, lè yo pèsekite nou, e lè yo di tout kalite move bagay ki pa vre sou nou poutèt mwen. Nou mèt rejwi e nou mèt kontan anpil, piske nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la. Paske, se konsa yo te konn pèsekite pwofèt ki te la anvan nou yo.” — Mat. 5:10-12.

      33. Sa k fè se yon gwo privilèj sa ye pou yon moun batize antanke Temwen Jewova?

      • “Pawòl ou yo [...] te fè kè m kontan anpil. Paske, mwen pote non w, o Jewova Dye.” — Jer. 15:16.

  • Dènye konvèsasyon ak kandida batèm yo
    Nou òganize pou nou fè volonte Jewova
    • KESYON POU MOUN KI VLE BATIZE

      Dènye konvèsasyon ak kandida batèm yo

      An jeneral, yo fè batèm nan asanble sikonskripsyon ak nan kongrè rejyonal Temwen Jewova yo. Nan fen diskou batèm nan, oratè a ap mande kandida batèm yo pou yo kanpe epi pou yo reponn de kesyon ki vin apre yo byen fò:

      1. Èske w repanti pou peche w, èske w vwe tèt ou bay Jewova e èske w aksepte delivrans Jewova ofri pa mwayen Jezi Kris la?

      2. Èske w konprann batèm ou an idantifye w kòm Temwen Jewova, e w fè pati òganizasyon Jewova a?

      Repons pozitif kandida batèm yo bay la se yon “deklarasyon piblik” ki montre yo gen lafwa nan ranson an e yo vwe tèt yo san rezèv bay Jewova (Wom. 10:9, 10). Kandida batèm yo ta dwe byen reflechi alavans sou kesyon sa yo. Konsa, y ap kapab reponn yo sou baz pwòp konviksyon pa yo.

      Èske w vwe tèt ou bay Jewova nan lapriyè, lè w pwomèt li se li menm sèl w ap adore epi fè volonte l se sa k ap pi enpòtan nan lavi w?

      Kounye a, èske w kwè toutbon ou ta dwe batize nan premye okazyon jwenn nan?

      Ki jan moun k ap batize yo dwe abiye (1 Tim. 2:9, 10; Jan 15:19; Flp. 1:10)?

      Nou dwe abiye “yon fason ki montre respè e avèk bonsans” pou nou ka montre nou se moun ki “gen atachman pou Bondye”. Donk, moun k ap batize yo pa dwe mete kostim deben ki dekòlte oswa rad ki gen ekriti oswa slogan sou yo. Yo dwe gen rad ki pwòp, ki byen ranje, ki pa chokan e ki apwopriye pou okazyon an.

      Ki jan yon moun dwe konpòte l lè l ap batize (Lik 3:21, 22)?

      Batèm Jezi a se yon egzanp pou kretyen k ap batize jodi a. Li te konprann batèm nan se yon etap enpòtan, e sa te parèt nan atitid li ak nan aksyon l. Kidonk, kote batèm nan ap fèt la se pa ta dwe kote pou moun fè blag, pou jwe, pou naje oswa pou fè nenpòt lòt bagay ki pa kadre ak evènman enpòtan sa a. Mete sou sa, li pa nesesè pou moun ki fèk batize yo konpòte yo kòmsi se yon gwo viktwa yo ranpòte. Menmsi batèm nan se yon evènman ki bay kè kontan, yo ta dwe eksprime jwa sa a yon fason ki apwopriye.

      Lè w reyini regilyèman ak kongregasyon an e w rete kole avè l, ki jan sa ap ede w respekte ve w te fè Jewova a?

      Apre w fin batize, poukisa l ap enpòtan anpil pou w kontinye fè etid pèsonèl regilyèman e pou w preche regilyèman?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje