BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bhs chap. 18 p. 185-196
  • Èske m dwe vwe lavi m bay Bondye epi pou m batize?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m dwe vwe lavi m bay Bondye epi pou m batize?
  • Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Li nan Sa Labib anseye
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KONESANS AK LAFWA
  • FÈ LÒT MOUN KONNEN VERITE KI GEN NAN LABIB
  • REPANTI EPI KASE TÈT TOUNEN
  • VWE LAVI W BAY BONDYE
  • PINGA W PÈ
  • FÈ DEKLARASYON PIBLIK POU W KA SOVE
  • SIYIFIKASYON BATÈM OU AN
  • Èske w pare pou w batize?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Poukisa w dwe batize?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Jèn: Èske w pare pou w batize?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Poukisa w dwe vwe lavi w bay Jewova epi batize?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Ki sa Labib kapab anseye nou?
bhs chap. 18 p. 185-196

CHAPIT DIZUIT

Èske m dwe vwe lavi m bay Bondye epi pou m batize?

1. Ki sa w ka ap mande tèt ou apre w fin byen etidye liv sa a?

NAN etid w ap fè nan liv sa a, ou aprann anpil verite nan Labib, tankou pwomès Bondye fè pou moun gen lavi ki pap janm fini an, nan ki kondisyon moun mouri yo ye ansanm ak esperans rezirèksyon an (Eklezyas 9:5; Lik 23:43; Jan 5:28, 29; Revelasyon 21:3, 4). Petèt ou kòmanse asiste reyinyon Temwen Jewova yo epi w kwè y ap pratike vrè adorasyon an (Jan 13:35). Petèt ou kòmanse gen yon relasyon sere ak Jewova, e petèt ou pran desizyon pou w sèvi l. Kidonk, ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki sa m dwe fè kounye a pou m sèvi Bondye?’

Filip ak Etyopyen ki te nan gwo pozisyon an.

2. Poukisa yon Etyopyen te vle batize?

2 Se refleksyon sa a yon Etyopyen ki t ap viv nan epòk Jezi a te fè. Kèk tan apre Bondye fin resisite Jezi, Filip, yon disip Jezi, te preche mesye a. Filip te pwouve l Jezi se Mesi a. Sa Filip te aprann Etyopyen an te tèlman touche l, menm moman an, Etyopyen an te di: “Gade! Men gen yon dlo la a, ki sa k anpeche m batize?” — Travay 8:26-36.

3. a) Ki lòd Jezi te bay disip li yo? b) Ki jan yon moun dwe batize?

3 Labib montre aklè si w vle sèvi Jewova, ou dwe batize. Men sa Jezi te di disip li yo: “Fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo.” ​(Matye 28:19). Jezi te ba yo egzanp tou lè li menm li te batize. Yo pa t annik vide yon ti dlo sou tèt li, men yo te plonje l nèt anba dlo (Matye 3:16). Menm jan an tou, jodi a, lè yon kretyen ap batize, yo dwe antre l nèt oswa plonje l nèt anba dlo.

4. Lè w batize, ki sa sa montre lòt moun?

4 Lè w batize, sa montre lòt moun ou vle vin zanmi Bondye toutbonvre e ou vle sèvi l (Sòm 40:7, 8). Donk, ou ka mande tèt ou: ‘Ki sa m bezwen fè pou m batize?’

KONESANS AK LAFWA

5. a) Ki premye bagay ou dwe fè anvan w batize? b) Poukisa reyinyon yo enpòtan?

5 Anvan w batize, ou dwe aprann konnen Jewova ak Jezi. Ou deja kòmanse fè sa grasa etid Labib w ap fè a. (Li Jan 17:3.) Men, sa pa sifi. Labib fè konnen nou dwe “ranpli nou ak konesans egzak” sou volonte Jewova (Kolosyen 1:9). Reyinyon Temwen Jewova yo ap ede w gen yon relasyon ki pi sere ak Jewova. Se youn nan rezon enpòtan ki fè w bezwen asiste reyinyon sa yo regilyèman. — Ebre 10:24, 25.

De Temwen Jewova k ap etidye Labib ak yon mesye.

Anvan w batize, ou dwe etidye Labib.

6. Ki kantite konesans ou bezwen genyen nan Labib anvan w batize?

6 Natirèlman, Jewova pa atann pou w konnen tout bagay ki gen nan Labib anvan w batize. Li pa t atann pou Etyopyen an te konn tout bagay anvan l te batize (Travay 8:30, 31). Epitou, n ap kontinye aprann konnen Bondye nètale (Eklezyas 3:11). Men, pou w batize, omwen ou bezwen konnen ansèyman de baz ki nan Labib yo e ou bezwen aksepte yo. — Ebre 5:12.

7. Ki jan etid ou fè nan Labib ede w?

7 Labib di: “San lafwa, li enposib pou yon moun fè Bondye plezi.” ​(Ebre 11:6). Donk, ou bezwen gen lafwa anvan w batize. Labib fè nou konnen gen moun nan vil Korent nan tan lontan ki te tande sa disip Jezi yo te anseye yo, e kòm rezilta, yo “te kòmanse kwè, e yo te vin batize”. (Travay 18:8.) Menm jan an tou, etid ou fè nan Labib ede w gen lafwa nan pwomès Bondye yo ak nan pouvwa sakrifis Jezi a ki kapab sove nou anba peche ak lanmò. — Jozye 23:14; Travay 4:12; 2 Timote 3:16, 17.

FÈ LÒT MOUN KONNEN VERITE KI GEN NAN LABIB

8. Ki sa k ap pouse w fè lòt moun konnen sa w ap aprann yo?

8 Toutpandan w ap aprann plis bagay nan Labib e w wè fason sa ede w nan lavi w, lafwa w ap vin pi solid. W ap anvi fè lòt moun konnen sa w ap aprann yo (Jeremi 20:9; 2 Korentyen 4:13). Men, kiyès ou dwe fè konnen yo?

Yon etidyan Labib k ap pataje yon mesaj nan Labib ak yon mesye pandan moun ki anseye l la ap suiv.

Lafwa dwe pouse w fè lòt moun konnen kwayans ou.

9, 10. a) Ak kiyès ou ka kòmanse pataje sa w aprann yo? b) Ki sa w dwe fè si w ta renmen preche ansanm ak kongregasyon an?

9 Ou ka anvi fè fanmi w, zanmi w, vwazen w oswa kòlèg travay ou konnen sa w ap aprann yo. Se yon bon bagay sa ye, men ou bezwen toujou fè sa yon fason ki janti e ki demontre lanmou. Rive yon lè, w ap kapab kòmanse preche ak kongregasyon an. Lè w santi w pare pou w fè sa, ou ka pale ak Temwen k ap etidye Labib avè w la, epi fè l konnen ou ta renmen patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak kongregasyon an. Si moun k ap etidye avè w la panse ou pare e si lavi w ann amoni ak prensip ki nan Labib yo, lè sa a, de ansyen nan kongregasyon an ap reyini ak nou toule de ansanm.

10 Ki jan reyinyon sa a ap fèt? Ansyen yo ap pale avè w pou yo wè si w konprann ansèyman de baz ki nan Labib yo e si w kwè ladan yo, si w obeyi sa Labib di nan lavi w ap mennen chak jou, e si w vle vin Temwen Jewova toutbon. Ou bezwen sonje ansyen yo ap pran swen tout moun nan kongregasyon an, san wete ou menm, donk, ou pa bezwen pè pale ak yo (Travay 20:28; 1 Pyè 5:2, 3). Apre reyinyon sa a, ansyen yo ap fè w konnen si w ka kòmanse preche ansanm ak kongregasyon an.

11. Poukisa li enpòtan anpil pou w fè yon seri chanjman anvan w kòmanse preche ansanm ak kongregasyon an?

11 Ansyen yo ka fè w konnen ou bezwen fè plis chanjman anvan w kòmanse preche ansanm ak kongregasyon an. Poukisa li enpòtan anpil pou w fè chanjman sa yo? Se paske lè n ap pale ak lòt moun konsènan Bondye, nou reprezante Jewova e nou dwe viv yon fason ki onore l. — 1 Korentyen 6:9, 10; Galat 5:19-21.

REPANTI EPI KASE TÈT TOUNEN

12. Poukisa tout moun bezwen repanti?

12 Gen yon lòt bagay ankò ou dwe fè anvan w batize. Men sa apot Pyè te di: “Kidonk, se pou nou repanti, e se pou nou kase tèt tounen, pou peche nou ka efase.” ​(Travay 3:19). Ki sa repanti vle di? Li vle di nou vrèman regrèt tout bagay mal nou te fè. Pa egzanp, si w t ap mennen yon vi ki imoral nan domèn seksyèl, donk, w ap bezwen repanti. E menmsi w fè tout sa w kapab pou w fè sa ki dwat pandan tout vi w, ou toujou bezwen repanti paske nou tout peche e nou bezwen mande Bondye padon. — Women 3:23; 5:12.

13. Ki sa “kase tèt tounen” vle di?

13 Èske sa sifi pou w annik regrèt sa w te fè? Non. Pyè te di ou bezwen “kase tèt tounen” tou. Sa vle di ou bezwen rejte tout vye konduit ou te genyen anvan, epi ou bezwen kòmanse fè sa ki dwat. Ann pran yon egzanp: Imajine ou pral yon kote pou premye fwa. Apre yon ti tan, ou rann ou kont ou prale nan yon move direksyon. Ki sa w t ap fè? Pa gen dout, ou t ap ralanti, ou t ap kanpe, ou t ap kase tèt tounen epi ou t ap pran bon direksyon an. Menm jan an tou, toutpandan w ap etidye Labib ou ka rann ou kont gen kèk abitid oswa kèk bagay nan lavi w ou bezwen chanje. Se pou w dispoze “kase tèt tounen”, sa vle di, se pou w dispoze fè chanjman ki nesesè yo, epi ou bezwen kòmanse fè sa ki dwat.

VWE LAVI W BAY BONDYE

Yon etidyan Labib k ap fè yon priyè pou l vwe lavi l bay Bondye.

Èske w pwomèt Jewova w ap sèvi l?

14. Ki jan w vwe lavi w bay Bondye?

14 Yon lòt etap ki enpòtan ou bezwen suiv anvan w batize se vwe lavi w bay Jewova. Lè w vwe lavi w bay Jewova, ou fè yon priyè kote ou pwomèt li se li menm sèl w ap adore e w ap fè volonte l vin bagay ki pi enpòtan nan lavi w. — Detewonòm 6:15.

15, 16. Ki sa k pouse yon moun vwe lavi l bay Bondye?

15 Lè w pwomèt Jewova se li menm sèl w ap sèvi, se tankou ou pwomèt pou w pase tout rès vi w ak yon moun ou renmen. Imajine yon gason renmen ak yon fi. Toutpandan gason an ap aprann konn fi a pi byen, l ap vin renmen l e l ap vle marye avè l. Menm lè se yon desizyon ki enpòtan anpil, gason an ap dispoze aksepte responsablite sa a paske li renmen fi a.

16 Toutpandan w ap aprann konnen Jewova, w ap vin renmen l e w ap vle fè tout sa w kapab pou w sèvi l. Sa ap pouse w fè yon priyè pou w pwomèt li w ap sèvi l. Labib fè konnen nenpòt moun ki vle suiv Jezi dwe “nye tèt li”. (Mak 8:34.) Ki sa sa vle di? Sa vle di ou mete obeyisans w ap bay Jewova a nan premye plas nan lavi w. Volonte Jewova pi enpòtan pase dezi w genyen ak objektif ou. — Li 1 Pyè 4:2.

PINGA W PÈ

17. Poukisa kèk moun pa vwe lavi yo bay Jewova?

17 Gen kèk moun ki pa vwe lavi yo bay Jewova paske yo pè pou yo pa rive kenbe pwomès yo fè pou yo sèvi l la. Yo pa ta renmen desevwa Jewova, oswa yo ka di tèt yo si yo pa vwe lavi yo bay Jewova, donk, Jewova pap mande yo kont pou sa yo fè.

18. Ki sa k ap ede w venk kèlkeswa laperèz ou genyen pou w pa desevwa Jewova?

18 Lanmou ou genyen pou Jewova ap ede w venk kèlkeswa laperèz ou genyen pou w pa desevwa l. Piske w renmen l, w ap fè tout sa w kapab pou w kenbe pwomès ou te fè l la (Eklezyas 5:4; Kolosyen 1:10). Ou pap panse li twò difisil pou w fè volonte Jewova. Apot Jan te ekri: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” — 1 Jan 5:3.

19. Poukisa ou pa dwe pè vwe lavi w bay Jewova?

19 Ou pa bezwen pafè pou w vwe lavi w bay Jewova. Li pa janm atann pou nou fè plis pase sa nou ka fè (Sòm 103:14). L ap ede w fè sa ki dwat (Ezayi 41:10). Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e “l ap fè tout bagay mache byen nan lavi w”. — Pwovèb 3:5, 6.

FÈ DEKLARASYON PIBLIK POU W KA SOVE

20. Apre w fin vwe lavi w bay Bondye, ki pwochen etap la?

20 Èske w panse ou pare pou w vwe lavi w bay Jewova? Apre w fin vwe lavi w bay Jewova, ou pare pou pwochen etap la. Ou bezwen batize.

21, 22. Ki jan w ka fè yon “deklarasyon piblik” konsènan lafwa w?

21 Fè kowòdonatè gwoup ansyen nan kongregasyon w lan konnen ou vwe lavi w bay Jewova e ou ta renmen batize. Apre sa, l ap mande kèk ansyen pou yo egzamine ansèyman de baz Labib yo avè w. Si yo wè w pare, y ap fè w konnen ou kapab batize nan pwochen asanble oswa kongrè Temwen Jewova yo ap òganize. Nan asanble a, ap gen yon diskou k ap esplike sans batèm nan genyen. Lè sa a, oratè k ap bay diskou a ap poze moun ki pral batize yo de kesyon senp. Lè w reponn kesyon sa yo, w ap fè yon “deklarasyon piblik” konsènan lafwa w. — Women 10:10.

22 Apre sa, y ap batize w. Y ap plonje w nèt anba dlo. Batèm nan ap montre tout moun ou vwe lavi w bay Jewova e kounye a ou se Temwen Jewova.

SIYIFIKASYON BATÈM OU AN

23. Ki sa sa vle di batize “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an”?

23 Jezi te di disip li yo t ap batize “nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an”. (Li Matye 28:19.) Ki sa sa vle di? Sa vle di ou rekonèt otorite Jewova ak wòl Jezi jwe nan objektif Bondye, e sa vle di tou ou rekonèt fason Bondye sèvi ak lespri sen l pou l akonpli volonte l. — Sòm 83:18; Matye 28:18; Galat 5:22, 23; 2 Pyè 1:21.

Yon disip k ap batize pou l senbolize ve l te fè Bondye a.

Lè w batize, ou montre ou vle fè volonte Bondye.

24, 25. a) Ki siyifikasyon batèm nan? b) Sou ki sa nou pral pale nan dènye chapit la?

24 Batèm se yon bagay ki enpòtan anpil. Lè yo plonje w anba dlo a, sa vle di ou mouri parapò ak ansyen vi ou t ap mennen an oswa ou abandone l. Lè w sot nan dlo a, w ap kòmanse yon lòt vi kote w ap fè volonte Bondye. Sa montre w ap kontinye sèvi Jewova depi kounye a. Sonje ou pa vwe lavi w bay ni yon moun, ni yon òganizasyon, ni yon travay. Se bay Jewova ou vwe lavi w.

25 Ve ou fè a ap ede w vin gen yon relasyon sere ak Bondye (Sòm 25:14). Sa pa vle di yon moun ap sove senpleman paske li batize. Men sa apot Pòl te ekri: “Kontinye travay pou pwòp delivrans nou, avèk krent ak anpil respè.” ​(Filipyen 2:12). Batèm nan se jis yon kòmansman. Men, ki jan w ka rete pwòch ak Jewova? Dènye chapit ki nan liv sa a ap reponn kesyon sa a.

REZIME

VERITE NO 1: ÈSKE M DWE BATIZE?

“Gade! Men gen yon dlo la a, ki sa k anpeche m batize?” — Travay 8:36.

Poukisa w dwe batize e kòman w ta dwe batize?

Batèm nan montre ou abandone ansyen fason w te konn viv la e w kòmanse yon lòt vi pou w fè volonte Bondye.

  • Matye 28:19, 20

    Ou dwe batize pou w sèvi Jewova.

  • Sòm 40:8

    Batèm nan montre lòt moun ou vle sèvi Bondye.

  • Matye 3:16

    Menm jan ak Jezi, ou dwe antre nèt oswa plonje nèt anba dlo.

VERITE NO 2: JEWOVA PA JANM MANDE W FÈ PLIS PASE SA W KA FÈ

“Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” — 1 Jan 5:3.

Poukisa w pa dwe pè vwe lavi w bay Jewova?

  • Sòm 103:14; Ezayi 41:10

    Ou pa oblije pafè pou w vwe lavi w bay Jewova. L ap ede w fè sa ki dwat.

  • Kolosyen 1:10

    Lanmou w gen pou Jewova ap ede w venk laperèz ou genyen pou w pa desevwa l.

VERITE NO 3: ETAP KI MENNEN NAN BATÈM

“O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” — Sòm 40:8.

Ki sa w dwe fè pou w vwe lavi w bay Jewova?

  • Jan 17:3

    ETIDYE PAWÒL BONDYE A

    Aprann konnen Jewova ak Jezi. Plis ou aprann konnen yo se plis w ap vin renmen yo.

  • Ebre 11:6

    BATI LAFWA W

    Mete tout konfyans ou nan pwomès Bondye fè yo ak nan pouvwa sakrifis Jezi a genyen pou l sove nou anba peche ak lanmò.

  • Travay 3:19

    REPANTI

    Sa vle di ou dwe vrèman regrèt tout bagay mal ou te konn fè.

    KASE TÈT TOUNEN

    Sa vle di ou dwe rejte kèlkeswa move konduit ou genyen epi ou dwe fè sa ki dwat.

  • 1 Pyè 4:2

    VWE LAVI W

    Ou vwe lavi w bay Jewova lè w fè yon priyè kote ou pwomèt li w ap adore l e w ap fè volonte l vin bagay ki pi enpòtan nan lavi w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje