BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th p. 3
  • Lèt Kolèj santral la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lèt Kolèj santral la
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Yon fason nou ka sèvi ak bwochi La Bible — Quel est son message?
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Annou sèvi ak bwochi pou nou rive touche ni lespri ni kè
    Ministè Wayòm nan — 1998
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! pou n kòmanse etid nan papòt kay
    Ministè Wayòm nan — 2015
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th p. 3

Lèt Kolèj santral la

“Se anseyan nou ta dwe ye.” (Ebre 5:12). Nou imajine sa! Jewova, pi bon Anseyan ki gen nan linivè a, mande nou pou n aprann lòt moun konnen l! Nenpòt asiyasyon nou genyen pou n anseye laverite sou Jewova, kit se nan fanmi nou, kit se nan kongregasyon an oswa nan travay predikasyon an, se yon privilèj ki gen anpil valè e se yon gwo responsablite. Ki jan n ka rive fè sa?

Nou jwenn repons lan nan pawòl apot Pòl te ekri Timote a. Men sa l te di: “Kontinye konsantre w sou lekti an piblik, sou egzòtasyon ak ansèyman w ap bay.” Pòl te ajoute: “Lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” (1 Tim. 4:13, 16). Ou gen yon mesaj k ap sove lavi moun pou w anonse. Kidonk, li enpòtan anpil pou w amelyore fason w li ak fason w anseye. Yo te prepare bwochi sa a pou ede w fè sa. Ann pale sou kèk pwen enteresan ki gen ladan l.

Vèsè biblik.

Nan chak paj, yo site yon vèsè ki se yon prensip biblik ki gen rapò ak leson an oswa ki se yon egzanp sou jan n ka aplike pwen n ap travay la.

Konsèy pratik.

Gen konsèy pratik ki gen rapò ak pwen prensipal n ap egzamine a.

NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Gen konsèy ki sitou gen rapò ak travay predikasyon an. Nou ka itilize pifò lòt pwen ki gen nan bwochi a ni nan travay predikasyon an ni lè n ap anseye sou estrad la.

Jewova se “Gran Pwofesè” a (Eza. 30:20). Toutpandan bwochi sa a pral ede w vin pi maton antanke lektè e antanke anseyan, pa janm bliye se nan men Jewova mesaj n ap bay la soti e se li menm k ap rale moun yo vin jwenn li (Jan 6:44). Kidonk, toujou priye pou w jwenn lespri sen. Santi w alèz pou w sèvi ak Pawòl Bondye a. Atire atansyon sou Jewova, pa janm atire atansyon sou ou. Fè bonjan efò pou w ede moun k ap koute w yo renmen Jewova ak tout kè yo.

Ou gen privilèj pou w anseye mesaj ki pi enpòtan lèzòm potko janm tande anvan sa. Nou gen konfyans w ap reyisi depi w konte sou “fòs Bondye bay” la. — 1 Pyè 4:11.

Anseyan parèy ou yo,

Kolèj santral Temwen Jewova yo

Yon frè k ap bay yon diskou; yon sè k ap preche; yon frè k ap bay temwayaj nan travay li; yon adolesan k ap fè yon prezantasyon devan klas li.
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje