BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 15 p. 18
  • Pale ak konviksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pale ak konviksyon
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Pale ak konviksyon
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Enstwi moun k ap koute w yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 15 p. 18

LESON 15

Pale ak konviksyon

Vèsè biblik.

1 Tesalonisyen 1:5.

SA POU W FÈ: Montre w kwè toutbon sa w ap di a se laverite e w kwè sa w ap di a enpòtan.

FASON POU W FÈ SA:

  • Byen prepare. Etidye sijè a jiskaske w konprann ki jan ide ki nan Ekriti yo ka mennen nan yon sèl konklizyon ki lojik. Eseye sèvi ak kèk mo senp pou w prezante pwen prensipal ki nan sijè a. Konsantre w sou fason y ap ede moun k ap koute w yo. Priye pou w jwenn lespri sen.

    Konsèy pratik.

    Lè w ap prepare prezantasyon w lan, repete l awotvwa pou w ka gen ide yo byen klè nan lespri w e pou w ka amelyore l.

  • Sèvi ak mo ki montre w gen konviksyon. Olye w repete mo yo egzakteman jan yo ye nan rechèch ou te fè nan piblikasyon yo, sèvi ak pwòp mo pa w. Chwazi mo ki montre w gen asirans nan sa w ap di a.

  • Pale ak tout kè w e avèk senserite. Pale ak yon volim vwa ki apwopriye. Kote sa pa yon pwoblèm, gade moun k ap koute w yo nan je pou w kenbe kontak ak yo.

    Konsèy pratik.

    Pa konfonn pale ak konviksyon ak lè yon moun manke tak, lè l vle fè kwè se sa l di ki bon oswa lè l ap fòse moun. Menm lè w ap pale ak senserite, ankouraje moun k ap koute w yo yon fason ki demontre lanmou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje