BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 19 p. 22
  • Fè efò pou w touche kè moun yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè efò pou w touche kè moun yo
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Chèche touche kè moun yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Se pou w ankourajan e se pou w pozitif
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 19 p. 22

LESON 19

Fè efò pou w touche kè moun yo

Vèsè biblik.

Pwovèb 3:1.

SA POU W FÈ: Ede moun k ap koute w yo konprann enpòtans sa y ap aprann nan genyen e pou yo aji ann amoni avè l.

FASON POU W FÈ SA:

  • Ede moun k ap koute w yo egzamine tèt yo. Poze kèk kesyon pou w ede moun k ap koute w yo egzamine santiman yo.

  • Ankouraje yo gen bon mobil. Ankouraje moun k ap koute w yo pou yo analize rezon ki pouse yo fè bon aksyon. Ede yo vin gen mobil ki pi bon yo, sètadi lanmou pou Jewova, pou pwochen yo ak pou ansèyman biblik yo. Rezone ak yo, pa kritike yo. Olye w fè yo wont, yo dwe santi yo ankouraje apre prezantasyon w lan e yo motive pou yo fè tout sa yo kapab.

  • Atire atansyon yo sou Jewova. Montre fason ansèyman ak prensip ki nan Bib la ansanm ak kòmandman yo reflete kalite Bondye genyen yo ak lanmou l gen pou nou. Ankouraje yo pou yo pran santiman Jewova an konsiderasyon e pou yo fè l plezi.

    Konsèy pratik.

    Sonje se Jewova ki rale moun yo. Sèvi ak Pawòl li a pou w ankouraje moun k ap koute w yo.

NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

Lè sa posib, poze kesyon pou w wè ki sa moun k ap koute w la kwè toutbon. Suiv santiman l gen sou vizaj li ak ton vwa l pou w ka wè ki sa l santi toutbon. Men, ou dwe gen pasyans. Petèt w ap bezwen moun nan fè w konfyans anvan l di w sa l santi toutbon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje