BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 8 p. 11
  • Sèvi ak egzanp ki touche kè moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvi ak egzanp ki touche kè moun
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • “ Li pa t pale avèk yo san l pa pran egzanp ”
    “Vin suiv mwen”
  • “ Li pa t pale avèk yo san li pa pran egzanp ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Ann imite Gran Anseyan an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Bay egzanp sou pwen prensipal yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 8 p. 11

LESON 8

Sèvi ak egzanp ki touche kè moun

Vèsè biblik.

Matye 13:34, 35.

SA POU W FÈ: Amelyore ansèyman w lè w sèvi ak egzanp ki senp ki touche kè moun yo e k ap anseye yo pwen enpòtan yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Chwazi egzanp ki senp. Menm jan ak Jezi, sèvi ak bagay moun yo byen konnen pou w esplike bagay ki enpòtan, e sèvi ak bagay ki fasil pou w esplike bagay ki difisil. Pa bay detay ki pa nesesè k ap fè egzanp lan parèt konplike. Asire w ide ki nan egzanp ou pran an vrèman gen rapò ak leson w ap anseye a yon fason pou moun k ap koute w yo pa vin distrè akoz kèk detay ki pa gen sans.

    Konsèy pratik.

    Suiv sa k ap pase. Gade moun ki toutotou w yo, etidye piblikasyon kretyen yo epi koute anseyan ki maton yo. Pandan w ap fè sa, note tout egzanp ou ka itilize pou w amelyore ansèyman w. Konsève egzanp sa yo nan yon dosye.

  • Panse ak moun k ap koute w yo. Chwazi egzanp ki gen rapò ak aktivite moun k ap koute w yo e k ap enterese yo. Veye pou egzanp ou pran yo pa fè yo santi yo jennen oswa pou yo pa blese santiman yo.

  • Atire atansyon sou pwen prensipal la. Sèvi ak egzanp ki gen rapò ak pwen prensipal yo, ou pa bezwen bay egzanp sou ti detay yo. Asire w moun k ap koute w yo pap sèlman sonje egzanp lan, men tou, ansèyman ki nan egzanp lan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje