BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • Leson 31. Jezi Kris antanke Wa nan syèl la ki devan glwa Jewova.

      LESON 31

      Ki sa Wayòm Bondye a ye?

      Mesaj ki pi enpòtan ki nan Bib la gen rapò ak Wayòm Bondye a. Jewova pral sèvi ak Wayòm sa a pou l fè sa l te gen nan lide l pou tè a depi okòmansman an. Ki sa Wayòm sa a ye? Ki jan nou fè konnen l ap dirije kounye a? Ki sa l deja fè e ki sa l pral fè alavni? Leson sa a ak de leson ki vin apre yo pral reponn kesyon sa yo.

      1. Ki sa Wayòm Bondye a ye, e kiyès ki Wa ladan l?

      Wayòm nan se yon gouvènman Jewova mete sou pye. Se Jezi Kris ki Wa nan Wayòm sa a, e l ap dirije detan l nan syèl la (Matye 4:17; Jan 18:36). Men sa Bib la di konsènan Jezi: “Li va dirije [...] antanke wa pou toutan.” (Lik 1:32, 33). Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral dirije tout moun sou tè a.

      2. Kiyès ki pral dirije ak Jezi?

      Jezi pa pral dirije poukont li. “Moun ki soti nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon [...] gen pou yo dirije tè a antanke wa.” (Revelasyon 5:9, 10). Konbyen moun ki pral dirije ak Kris? Soti depi lè Jezi te sou tè a rive jodi a, plizyè milyon moun vin disip li. Men, se 144 000 moun ladan yo sèlman ki pral nan syèl la pou yo dirije ak Jezi. (Li Revelasyon 14:1-4.) Wayòm nan pral dirije tout lòt disip Jezi yo ki sou tè a. — Sòm 37:29.

      3. Nan ki sans gouvènman Bondye a pi bon pase gouvènman lèzòm yo?

      Menm lè moun k ap dirije yo eseye fè bon bagay, yo pa gen pouvwa pou yo fè tout sa yo ta renmen fè. Rive yon lè, lòt moun pral ranplase yo e moun sa yo ka pa wè enterè moun y ap dirije yo. Men, okenn moun pap ranplase Jezi, Wa nan Wayòm Bondye a. Bondye “tabli yon wayòm ki pap janm kraze”. (Dànyèl 2:44.) Jezi pral dirije tout tè a e li pap nan patipri. Li gen lanmou, li gen bonte ak jistis. E li pral montre moun li pral dirije yo ki jan pou youn trete lòt menm jan an, sa vle di pou youn trete lòt avèk lanmou, bonte e yon fason ki jis. — Li Ezayi 11:9.

      FOUYE PLIS

      Gade poukisa Wayòm Bondye a pi bon pase tout gouvènman lèzòm yo.

      Jezi Kris k ap dirije detan l sou twòn li nan syèl la. Moun k ap dirije avè l yo chita dèyè l. Jewova dèyè yo e li klere anpil.

      4. Yon gouvènman ki gen pouvwa pral dirije tout tè a

      Jezi gen plis pouvwa pou l dirije pase tout moun ki dirije gouvènman lèzòm yo nan tout listwa. Li Matye 28:18, epi reponn kesyon sa a:

      • Ki diferans ki genyen ant pouvwa Jezi genyen antanke Wa a ak pouvwa moun k ap dirije yo genyen an?

      Gouvènman lèzòm yo chanje souvan, e chak gouvènman ap dirije yon kote sou tè a. Men, e Wayòm Bondye a? Li Dànyèl 7:14, epi reponn kesyon sa yo:

      • Poukisa se yon bon bagay sa ye dèske “yo pap detwi” Wayòm Bondye a?

      • Poukisa se yon bon bagay sa ye lefètke Wayòm Bondye a pral dirije tout tè a?

      5. Gouvènman lèzòm yo merite pou yo ranplase yo

      Poukisa Wayòm Bondye a dwe ranplase gouvènman lèzòm yo? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

      VIDEYO: Ki sa Wayòm Bondye a ye? — Yon pati nan videyo a (1:41)

      • Ki rezilta moun jwenn depi lè se lèzòm k ap dirije?

      Li Eklezyas 8:9, epi reponn kesyon sa yo:

      • Dapre ou menm, èske toutbonvre Wayòm Bondye a dwe ranplase gouvènman lèzòm yo? Poukisa se konsa w reponn?

      6. Moun ki pral dirije nan Wayòm Bondye a konprann nou

      Lefètke Jezi, Wa nou an, te viv antanke moun sou tè a, li “ka konprann feblès nou”. (Ebre 4:15.) Jewova te chwazi 144 000 gason ak fi fidèl ki pral dirije ansanm ak Jezi yo “nan tout tribi, nan tout lang, nan tout pèp ak nan tout nasyon”. — Revelasyon 5:9.

      • Esplike jan w santi w lè w konnen Jezi ak moun ki pral dirije avè l yo konprann jan nou santi nou e yo konprann pwoblèm nou.

      Gason ak fi ki fidèl, ki gen esperans pou y al nan syèl, nan diferan epòk e ki soti divès kote.

      Jewova chwazi gason ak fi ki soti tout kote pou yo dirije ak Jezi.

      7. Lwa Wayòm Bondye a bay yo pi bon pase lwa gouvènman lèzòm yo

      Gouvènman lèzòm yo fè yon seri lwa nan objektif pou yo ede sitwayen yo e pou yo pwoteje yo. Wayòm Bondye a tou bay moun l ap dirije yo lwa pou yo suiv. Li 1 Korentyen 6:9-11, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki jan w panse monn nan pral ye lè tout moun ap suiv direksyon Bondye bay sou fason pou moun viva?

      • Èske w panse li rezonab pou Bondye atann pou moun Wayòm li an ap dirije yo suiv lwa sa yo? Poukisa?

      • Ki sa k montre moun ki pap suiv lwa sa yo kounye a ka vin suiv yo pi devan? — Gade vèsè 11.

      Yon polisye k ap fè trafik nan yon kafou ki gen anpil machin ak anpil moun. Moun tout laj ap travèse lari a.

      Gouvènman lèzòm yo fè lwa nan objektif pou yo ede sitwayen yo e pou yo pwoteje yo. Wayòm Bondye a bay lwa ki pi bon pase lwa lèzòm yo pou ede moun l ap dirije yo e pou pwoteje yo.

      SI YON MOUN TA DI W: “Ki sa Wayòm Bondye a ye?”

      • Ki jan w t ap reponn?

      SA W TE APRANN

      Wayòm Bondye a se yon gouvènman reyèl ki nan syèl la ki pral dirije tout tè a.

      Revizyon

      • Ki moun ki pral dirije nan Wayòm Bondye a?

      • Sa k fè Wayòm Bondye a pi bon pase tout gouvènman lèzòm yo?

      • Bay kèk bagay Jewova atann pou moun Wayòm li an ap dirije yo fè.

      Objektif

      APRANN PLIS

      Gade ki kote Jezi te di Wayòm nan ye.

      “Èske se nan kè nou Wayòm Bondye a ye?” (Atik sou Entènèt)

      Poukisa Temwen Jewova yo pito fidèl ak Wayòm Bondye a pase yo fidèl ak gouvènman lèzòm yo?

      Yo te montre se pou Wayòm Bondye a yo ye (1:43)

      Gade ki sa Bib la di sou 144 000 moun Jewova chwazi pou dirije ak Jezi yo.

      “Ki moun ki pral nan syèl?” (Atik sou Entènèt)

      Gade ki sa k te fè yon fi ki te nan prizon vin gen konviksyon se sèl Bondye ki ka fè gen jistis nan monn nan.

      “Fason m te jwenn solisyon enjistis” (Reveye n! novanm 2011)

      a Nou pral pale sou kèk nan lwa Bondye bay sou fason pou moun viv nan seksyon 3 a.

  • Wayòm Bondye a deja ap dirije!
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • Leson 32. Jezi Kris, Wa nan syèl la, kenbe yon baton ki sanble ak baton wa yo konn genyen e l ap dirije tè a.

      LESON 32

      Wayòm Bondye a deja ap dirije!

      Wayòm Bondye a kòmanse dirije nan syèl la an 1914. E se nan menm ane sa a dènye jou gouvènman lèzòm yo te kòmanse. Ki jan nou fè konn sa? Ann egzamine kèk pwofesi nan Bib la e ann egzamine fason monn nan ye ak fason moun yo ye depi 1914.

      1. Ki sa pwofesi ki nan Bib la aprann nou?

      Liv Dànyèl la ki nan Bib la fè konnen Wayòm Bondye a t ap kòmanse dirije nan fen yon peryòd ki rele “sèt tan”. (Dànyèl 4:16, 17). Plizyè syèk apre sa, Jezi te pale de menm peryòd sa a kòm “tan ki fikse pou nasyon yo”, e li te fè konnen li poko fini (Lik 21:24). Jan nou pral wè sa, sèt tan sa yo te fini nan ane 1914.

      2. Ki jan monn nan ye e ki jan moun yo ye depi 1914?

      Men sa disip Jezi yo te mande Jezi: “Ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” (Matye 24:3). Pou Jezi te reponn yo, li te anonse plizyè bagay ki t apral fèt lè l kòmanse dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la. Pami bagay sa yo t ap gen lagè, rate manje ak tranblemanntè. (Li Matye 24:7.) Mete sou sa, Bib la te anonse fason moun yo t ap ye nan “dènye jou yo” ki t ap fè tan yo “difisil pou moun sipòte”. (2 Timote 3:1-5.) Se sitou depi 1914 nou ka wè monn nan ak moun yo vin konsa.

      3. Poukisa bagay yo vin difisil konsa nan monn nan depi lè Wayòm Bondye a kòmanse dirije?

      Yon ti tan apre Jezi fin Wa nan Wayòm Bondye a, li fè lagè nan syèl la ak Satan ak demon yo. Satan pèdi gè a. Bib la fè konnen “yo pimpe l sou tè a, e yo pimpe zanj li yo sou tè a avèk li”. (Revelasyon 12:9, 10, 12.) Satan fache anpil paske li konnen yo pral detwi l. Se sa k fè, li lakòz gen anpil pwoblèm ak anpil soufrans sou tout tè a. Sa fè nou konprann poukisa bagay yo difisil konsa nan monn nan. Wayòm Bondye a pral rezoud tout pwoblèm sa yo.

      FOUYE PLIS

      Gade ki jan nou rive konnen Wayòm nan te kòmanse dirije an 1914 e gade ki efè sa ta dwe gen sou nou.

      4. Kalkil dat sou sa Bib la te anonse montre Wayòm Bondye a kòmanse dirije an 1914

      Gade VIDEYO a.

      VIDEYO: Wayòm Bondye a kòmanse dirije an 1914 (5:02)

      Bondye te fè Nebikadneza, wa nan Babilòn nan tan lontan an, fè yon rèv kote l te montre l sa k t apral pase alavni. Rèv sa a ak esplikasyon Dànyèl te bay sou li montre li gen rapò ni ak rèy Nebikadneza a ni ak Wayòm Bondye a. Li Dànyèl 4:17a.

      Li Dànyèl 4:20-26, epi sèvi ak tablo a pou w reponn kesyon ki vin apre yo:

      • A) Ki sa Nebikadneza te wè nan rèv li a? — Gade vèsè 20 ak 21.

      • B) Ki sa k t ap gen pou rive pyebwa a? — Gade vèsè 23.

      • C) Ki sa k t ap gen pou rive nan fen “sèt tan” yo? — Gade vèsè 26.

      Rapò rèv sou pyebwa a genyen ak Wayòm Bondye a

      PWOFESI A (Dànyèl 4:20-36)

      Dominasyon

      A) Yon gwo pyebwa

      Yon pyebwa ki wo anpil.

      Yo kanpe dominasyon an

      B) “Koupe pyebwa a”, epi kite “sèt tan pase”

      Chouk yon pyebwa yo sèke ak fè e ak kuiv.

      Dominasyon an rekòmanse

      C) “W ap rejwenn wayòm ou an ankò”

      Yon pyebwa ki wo anpil.

      Premye fwa pwofesi sa a te akonpli...

      • D) Kiyès pyebwa a te reprezante? — Gade vèsè 22.

      • E) Ki jan dominasyon l lan te kanpe? — Li Dànyèl 4:29-33.

      • F) Ki sa k te rive Nebikadneza nan fen “sèt tan” yo? — Li Dànyèl 4:34-36.

      PREMYE FWA PWOFESI A TE AKONPLI

      Dominasyon

      D) Nebikadneza, wa Babilòn

      Wa Nebikadneza ki kanpe yon fason ki montre li gen ògèy.

      Yo kanpe dominasyon an

      E) Apre 606 anvan epòk nou an, Nebikadneza te pèdi tèt li e li te vin pa kapab dirije pandan sèt ane

      Nebikadneza ki bese atè k ap manje zèb tankou yon bèt.

      Dominasyon an rekòmanse

      F) Nebikadneza retounen nan nòmal li e li rekòmanse dirije

      Wa Nebikadneza ki kanpe ak de men l anlè.

      Dezyèm fwa pwofesi sa a te akonpli...

      • G) Kiyès pyebwa a te reprezante? — Li 1 Kwonik 29:23.

      • H) Ki jan dominasyon yo a te kanpe? Ki jan nou fè konnen dominasyon sa a te kanpe toujou pandan Jezi te sou tè a? — Li Lik 21:24.

      • I) Ki lè e ki kote dominasyon sa a te rekòmanse?

      DEZYÈM FWA PWOFESI SA A TE AKONPLI

      Dominasyon

      G) Wa Izrayèl ki te reprezante dominasyon Bondye yo

      Plizyè wa izrayelit ki vin youn apre lòt ki chita sou twòn. Reyon limyè klere sou yo.

      Yo kanpe dominasyon an

      H) Yo detwi Jerizalèm. Wa ki te konn dirije ann Izrayèl yo te sispann dirije pandan 2520 an

      Yon dife ki detwi vil Jerizalèm tan lontan an nan ane 607 anvan epòk nou an. 2520 an pase apre sa.

      Dominasyon an rekòmanse

      I) Jezi kòmanse dirije nan syèl la antanke Wa nan Wayòm Bondye a

      Jezi k ap dirije tè a detan l chita sou twòn li nan syèl la an 1914. Gen reyon limyè k ap sot sou li.

      Konbyen tan sèt tan yo dire?

      Yon pati nan Bib la ede nou konprann yon lòt pati. Pa egzanp, liv Revelasyon an fè konnen twa tan edmi egal 1 260 jou (Revelasyon 12:6, 14). Sèt tan egal de fwa twa tan edmi, sa vle di 2 520 jou. Pafwa, yon jou reprezante yon ane nan Bib la (Ezekyèl 4:6). E se sa k rive nan pwofesi ki nan liv Dànyèl la konsènan sèt tan yo. Yo reprezante 2 520 ane.

      5. Monn nan chanje depi 1914

      Gade VIDEYO a.

      VIDEYO: Monn nan chanje depi 1914 (1:10)

      Jezi te anonse jan monn nan t ap ye lè l fin Wa. Li Lik 21:9-11, epi reponn kesyon sa a:

      • Kiyès nan bagay sa yo ou wè ki rive oubyen ou tande ki rive?

      Apot Pòl te fè konnen fason moun yo t ap ye nan dènye jou dominasyon lèzòm nan. Li 2 Timote 3:1-5, epi reponn kesyon sa a:

      • Èske w wè moun yo konsa jodi a?

      Foto ki ansanm: Foto ki montre fason monn nan t ap ye ak fason moun yo t ap ye nan dènye jou yo. 1. Yon chèf militè ki sou yon estrad ki leve men l e k ap pale byen fò. 2. Yon seri bilding ki kraze apre yon tranblemanntè. 3. Avyon degè. 4. Yon seri moun ki gen kach nen nan figi yo k ap mache nan lari. 5. Tou jimèl nan Nouyòk yo k ap pran dife apre atak teworis la. 6. Yon mesye k ap pran dwòg. 7. Yon mari k ap rele sou madanm li e ki leve pwen l pou l bat li. 8. Plizyè kalite dwòg ak bwason ki gen alkòl. 9. De medam ki gen rad alamòd ak bijou sou yo k ap fè yon sèlfi. 10. Yon didje ki devan yon foul moun nan yon konsè. 11. Yon moun ki nan yon manifestasyon ki pral voye yon kòktèl moloktòv.

      6. Montre w kwè Wayòm Bondye a ap dirije kounye a

      Li Matye 24:3, 14, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki travay enpòtan ki montre Wayòm Bondye a ap dirije kounye a?

      • Ki jan w ka patisipe nan travay sa a?

      Wayòm Bondye a ap dirije kounye a, e jou kote l pral pran kontwòl tè a nèt la prèske rive. Li Ebre 10:24, 25, epi reponn kesyon sa a:

      • Ki sa nou chak ta dwe fè tank “nou wè se pwoche jou a ap pwoche”?

      Foto ki ansanm: 1. Yon etidyan Labib k ap asiste yon reyinyon Temwen Jewova yo. 2. Menm etidyan sa a k ap preche yon moun li konnen.

      Ki sa w t ap fè si w ta konn yon bagay ki ka ede lòt moun e ki ka sove lavi yo?

      SI YON MOUN TA MANDE W: “Sa k fè Temwen Jewova yo pale de 1914 konsa?”

      • Ki sa w t ap reponn?

      SA W TE APRANN

      Pwofesi nan Bib la, kalkil dat ak fason monn nan ye montre Wayòm Bondye a deja ap dirije. Nou montre nou kwè sa lè nou preche konsènan Wayòm Bondye a ak lè nou asiste reyinyon yo.

      Revizyon

      • Ki sa k te rive nan fen sèt tan Bib la te anonse nan liv Dànyèl la?

      • Ki sa k fè w sèten Wayòm Bondye a te kòmanse dirije an 1914?

      • Ki sa w ka fè pou w montre ou kwè Wayòm Bondye a deja ap dirije?

      Objektif

      APRANN PLIS

      Gade ki sa kèk istoryen ak lòt moun di konsènan chanjman ki fèt nan monn nan depi 1914.

      “Moman kote moun yo vin san moral” (Reveye n! avril 2007)

      Gade ki jan pwofesi nou jwenn nan Matye 24:14 la chanje lavi yon mesye.

      “M te renmen bezbòl plis pase tout bagay!” (Toudegad no 3 2017)

      Ki jan nou fè konnen pwofesi ki nan Dànyèl chapit 4 la ap pale de Wayòm Bondye a?

      “Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije? (Premye pati)” (Toudegad 1ye oktòb 2014)

      Ki sa k montre “sèt tan” yo pale de yo nan Dànyèl chapit 4 la fini an 1914?

      “Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije? (Dezyèm pati)” (Toudegad 1ye novanm 2014)

      a Gade de dènye atik ki nan seksyon Aprann plis nan leson sa a.

  • Ki sa Wayòm Bondye a pral fè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • Leson 33. Moun k ap viv sou tè a ki vin yon paradi.

      LESON 33

      Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

      Wayòm Bondye a deja ap dirije nan syèl la. Talè li pral dirije tout tè a e li pral fè gwo chanjman sou li. Annou egzamine kèk bagay Wayòm Bondye a pral fè.

      1. Ki jan Wayòm Bondye a pral fè gen lapè ak jistis sou tè a?

      Jezi, ki Wa nan Wayòm Bondye a, pral detwi moun ki mechan yo ak gouvènman yo nan gè Amagedon an (Revelasyon 16:14, 16). Lè sa a, men ki pwomès nan Bib la ki pral reyalize: “Talè konsa, mechan yo pap la ankò.” (Sòm 37:10). Pa mwayen Wayòm nan, Jezi pral fè gen lapè ak jistis sou tout tè a. — Li Ezayi 11:4.

      2. Ki jan lavi a pral ye lè volonte Bondye ap fèt sou tout tè a?

      Lè Wayòm Bondye a pral dirije sou tè a, “moun ki jis yo [ap] posede tè a e [y ap] viv sou li pou toutan”. (Sòm 37:29.) Imajine sa! Tout moun sou tè a se pral bon moun e tout ap renmen Jewova e y ap renmen youn lòt! Pap gen pèsonn k ap malad e tout moun ap viv pou toutan.

      3. Ki sa Wayòm Bondye a pral fè lè l fin detwi mechan yo?

      Jezi pral dirije pou 1000 an lè l fin detwi mechan yo. Pandan peryòd sa a, li menm ak 144000 mil moun ki pral dirije ansanm avèk li yo pral ede moun sou tè a vin san peche. Nan fen mil an, tè a pral tounen yon bèl paradi, e tout moun k ap viv sou li ap gen kè kontan paske y ap obeyi lwa Jewova yo. Lè sa a, Jezi pral remèt Jewova, Papa l, Wayòm nan. “Non [Jewova pral] vin sen” nan yon nivo li pa t janm ye anvan sa (Matye 6:9, 10). Lè sa a, tout moun ap wè aklè Jewova se yon bon dirijan e li gen sousi pou moun l ap dirije yo. Apre sa, Jewova pral detwi Satan, demon yo ak kèlkeswa moun ki chwazi fè rebèl avè l (Revelasyon 20:7-10). Tout bon bagay Wayòm Bondye a pral fè yo ap dire pou toutan.

      FOUYE PLIS

      Gade poukisa nou ka gen konfyans Bondye pral sèvi ak Wayòm nan pou l reyalize tout pwomès Bib la fè pou lavni yo.

      4. Wayòm Bondye a pral elimine gouvènman lèzòm yo

      “Moun domine sou moun pou fè yo soufri.” (Eklezyas 8:9). Pa mwayen Wayòm nan, Jewova pral mete fen nan enjistis sa a.

      Li Dànyèl 2:44 ak 2 Tesalonisyen 1:6-8, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki sa Jewova ak Pitit Gason l lan, Jezi, pral fè moun k ap dirije yo ansanm ak moun k ap soutni moun sa yo?

      • Ki jan tout sa w konnen sou Jewova ak Jezi yo ba w garanti yo pap janm fè enjistis?

      Jezi k ap dirije tè a antanke Wa.

      5. Jezi se pi bon Wa ki ka genyen

      Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, Jezi pral fè anpil bon bagay pou moun li pral dirije sou tè a. Gade VIDEYO a pou w wè ki jan Jezi deja montre li vle ede moun e Bondye ba l pouvwa pou l fè sa.

      VIDEYO: Jezi te montre sa Wayòm nan pral fè (1:13)

      Lè Jezi te sou tè a li te bay yon apèsi sou sa Wayòm nan pral fè. Pami benediksyon ki vin apre yo, kiyès ladan yo ou plis ap tann ki pou reyalize? Li vèsè ki mache ak chak benediksyon.

      LÈ JEZI TE SOU TÈ A LI TE . . .

      PANDAN JEZI NAN SYÈL LA LI PRAL . . .

      • gen kontwòl sou lanati — Mak 4:36-41.

      • repare tout dega lèzòm lakòz nan anviwònman an. — Ezayi 35:1, 2.

      • fè mirak pou l bay plizyè milye moun manje. — Matye 14:17-21.

      • elimine grangou sou tout tè a. — Sòm 72:16.

      • geri anpil moun ki te malad. — Lik 18:35-43.

      • fè tout moun gen yon bon sante. — Ezayi 33:24.

      • fè moun mouri tounen viv ankò. — Lik 8:49-55.

      • elimine lanmò epi resisite moun ki te mouri yo. — Revelasyon 21:3, 4.

      6. Wayòm Bondye a ap fè nou gen yon bèl avni

      Grasa Wayòm nan, lèzòm pral viv jan Jewova te vle pou yo viv la. Y ap viv pou toutan sou tè a ki pral tounen yon paradi. Gade VIDEYO a pou w wè ki jan Jewova ap reyalize objektif li pa mwayen Jezi, Pitit Gason l lan.

      VIDEYO: Yon apèsi sou bèl bagay ki pral rive yo (4:38)

      Li Sòm 145:16, epi reponn kesyon sa a:

      • Ki jan sa fè w santi w lè w konnen Jewova pral “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”?

      GEN MOUN KI DI: “Si nou met tèt nou ansanm nou ka rezoud pwoblèm monn nan.”

      • Ki pwoblèm gouvènman lèzòm yo pa ka rezoud se Wayòm Bondye a ki pral rezoud yo?

      SA W TE APRANN

      Wayòm Bondye a pral fè sa Bondye te vle l fè a. Li pral fè tout tè a tounen yon paradi ki gen bon moun sèlman ladan l e k ap adore Jewova pou toutan.

      Revizyon

      • Ki jan Wayòm Bondye a pral fè non Jewova vin sen?

      • Sa k fè nou ka kwè Wayòm Bondye a pral reyalize tout pwomès ki nan Bib la?

      • Nan tout sa Wayòm Bondye a pral fè yo ki sa ou plis ap tann ki pou reyalize?

      Objektif

      APRANN PLIS

      Gade pou w wè ki sa Amagedon ye.

      “Ki sa lagè Amagedon an ye?” (Atik sou Entènèt)

      Aprann sa k pral rive pandan peryòd 1000 an Jezi pral dirije antanke wa a, e tousuit apre peryòd sa a.

      “Ki sa k pral rive nan Jou Jijman an?” (Toudegad oktòb-desanm 2012)

      Gade ki jan fanmi yo ka imajine ki jan lavi yo pral ye nan Paradi a.

      Imajine w nan Paradi a (1:50)

      Gade ki jan yon militan politik te jwenn repons li t ap chèche yo nan atik ki gen tit “Gen anpil kesyon ki t ap boulvèse m” nan.

      “Labib chanje lavi moun” (Toudegad jiyè-septanm 2012)

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje