BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 27
  • Ki jan lanmò Jezi kapab sove nou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan lanmò Jezi kapab sove nou?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Ranson an: pi gwo kado Bondye bay la
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Ranson an: pi gwo kado Bondye bay
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ann kontinye montre n gen rekonesans pou ranson an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 27
Leson 27. Y ap desann kò Jezi sou poto a.

LESON 27

Ki jan lanmò Jezi kapab sove nou?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Nou peche, nou soufri e nou mouri paske Adan ak Èv, de premye moun ki te egziste sou tè a, te dezobeyi Bondyea. Men, nou pa sanzespwa. Jewova te voye Pitit Gason l lan sou tè a pou l te ka vin mouri pou nou yon fason pou n te kapab delivre anba peche ak lanmò. Bib la fè konnen Jezi te bay yon ranson lè l te mouri a. Yon ranson se pri yo peye pou yo libere yon moun. Pri Jezi te peye a se lavi l antanke yon moun ki pafè. (Li Matye 20:28.) Lefètke Jezi te pafè, li te gen dwa viv sou tè a pou toutan, men lè Jezi te aksepte mouri, li te dakò pèdi dwa sa a, konsa li te ban nou posiblite pou n vin jwenn tout sa Adan ak Èv te pèdi yo. Jezi te montre tou jis nan ki pwen li menm ak Jewova renmen nou. Leson sa a pral ede w gen plis rekonesans dèske Jezi te aksepte mouri pou nou.

1. Ki jan lanmò Jezi ede nou jodi a?

Lefètke nou se pechè, nou fè anpil bagay Jewova pa renmen. Men, si nou vrèman regrèt peche nou fè, nou mande Jewova padon nan non Jezi e nou fè tout sa nou kapab pou nou pa fè peche sa yo ankò, nou ka vin bon zanmi ak Bondye (1 Jan 2:1). Bib la di: “Kris, yon moun ki jis, te mouri yon sèl fwa pou moun ki enjis, pou l te ka delivre yo anba peche, e pou l te ka mennen nou bay Bondye.” — 1 Pyè 3:18.

2. Ki jan lanmò Jezi pral ede nou alavni?

Jewova te voye Jezi sou tè a pou l te ka bay lavi l antanke moun pafè “dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an”. (Jan 3:16.) Talè konsa, grasa lanmò Jezi, Jewova pral elimine tout move bagay lèzòm ap sibi akoz dezobeyisans Adan an. Sa vle di si nou demontre lafwa nan sakrifis Jezi a, n ap gen posiblite pou n viv ak kè kontan pou toutan nan yon paradi sou tè a. — Ezayi 65:21-23.

FOUYE PLIS

Chèche pi byen konprann rezon ki fè Jezi te dakò mouri, epi gade ki fason lanmò Jezi ede w.

3. Lanmò Jezi libere nou anba peche ak lanmò

Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Poukisa Jezi te mouri? — Premye pati (2:01)

  • Ki sa Adan te pèdi lè l te dezobeyi Bondye a?

Li Women 5:12, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki konsekans peche Adan an genyen sou ou?

Li Jan 3:16, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa Jewova te voye Pitit li a sou tè a?

A. Foto ki ansanm: 1. Adan, apre l fin dezobeyi Bondye. 2. Yon sèkèy kèk moun ap pote pandan yon antèman. Foto ki ansanm: A. Adan, apre l fin dezobeyi Bondye. B. Jezi Kris. B. Foto ki ansanm: 1. Jezi Kris. 2. Moun ki gen laj diferan, ki pa gen menm edikasyon, ki soti nan divès ras ak divès kilti.
  1. Adan te yon moun pafè, li te dezobeyi Bondye, e sa te lakòz lèzòm eritye peche ak lanmò.

  2. Jezi te yon moun pafè e li te obeyi Bondye. Grasa Jezi, lèzòm kapab vin pafè e yo kapab viv pou toutan.

4. Lanmò Jezi kapab ede tout moun

Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Poukisa Jezi te mouri? — Dezyèm pati (2:00)

  • Ki jan lanmò yon sèl moun kapab ede tout moun?

Li 1 Timote 2:5, 6, epi reponn kesyon sa a:

  • Adan te yon moun pafè, men akoz peche l te fè a, tout moun vin eritye peche ak lanmò. Jezi te yon moun pafè tou. Nan ki sans Jezi te bay “yon ranson egalego”?

5. Ranson an se kado Jewova ba ou

Zanmi Jewova yo konsidere ranson an kòm yon kado Jewova ba yo chak. Pa egzanp, li Galat 2:20, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan apot Pòl te montre li te konsidere ranson an kòm yon kado Jewova ba li?

Lè Adan te peche a, ni li menm ni desandan l yo te kondane pou yo mouri. Men, Jewova te voye Pitit Gason l lan vin mouri yon fason pou w ka viv ak kè kontan pou toutan.

Pandan w ap li vèsè ki annapre yo, imajine ki jan Jewova te santi l lè Pitit li a t ap soufri a. Li Jan 19:1-7, 16-18, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan w santi w lè w konnen sakrifis Jewova ak Jezi te fè pou ou a?

SI YON MOUN TA MANDE W: “Ki jan yon moun fè mouri pou tout moun nan?”

  • Ki repons ou t ap bay?

SA W TE APRANN

Grasa lanmò Jezi, nou kapab jwenn padon nan men Jewova pou peche nou e nou kapab viv ak kè kontan pou toutan.

Revizyon

  • Poukisa Jezi te mouri?

  • Nan ki sans lavi Jezi antanke moun pafè se yon ranson egalego?

  • Ki jan lanmò Jezi kapab ede w?

Objektif

APRANN PLIS

Aprann poukisa yo di lavi Jezi te bay antanke moun pafè a se yon ranson.

“Nan ki sans sakrifis Jezi a se yon ‘ranson pou anpil moun’?” ​(Atik sou Entènèt)

Aprann ki sa nou bezwen fè pou n sove.

“Ki jan Jezi sove nou?” (Atik sou Entènèt)

Èske Jewova kapab padone peche, menm peche ki grav yo?

“Repons Bib la bay” (Toudegad 1ye me 2013)

Gade ki jan sa yon mesye aprann sou sakrifis Kris la ede l chanje pèsonalite l.

“Mwen pa esklav vyolans ankò” (Atik sou Entènèt)

a Peche pa sèlman vle di fè sa ki mal, men peche vle di tou nou vin gen tandans fè sa ki mal, paske nou soti nan Adan ak Èv.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje