BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 4
  • Kiyès Bondye ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kiyès Bondye ye?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
  • Ki non Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Èske w konn non Bondye epi w itilize l?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 4
Leson 4. Yon imaj syèl la ki chaje zetwal ki klere ak galaksi yo pran pa mwayen yon teleskòp.

LESON 04

Kiyès Bondye ye?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Depi lèzòm egziste, y ap adore anpil dye ak anpil deyès. Men, Bib la fè konnen gen yon Dye ki “gen plis glwa pase tout lòt dye yo”. (2 Kwonik 2:5.) Kiyès Dye sa a ye? E ki sa k fè l gen plis glwa pase tout lòt dye moun ap adore yo? Nan leson sa a, ou pral aprann kiyès Bondye di li ye.

1. Ki jan Bondye rele, e ki jan nou fè sèten li vle nou konn non l?

Bondye prezante tèt li ban nou nan Bib la. Li di: “Mwen se Jewova. Se non pa m.” ​(Li Ezayi 42:5, 8.) “Jewova” se fason yo tradui yon non ebre ki sanble vle di “Li fè vin tounen”. Jewova vle nou konn non l (Egzòd 3:15). Ki jan nou fè sèten li vle sa? Li mete non l plis pase 7000 fwa nan Bib laa! Jewova “se vrè Dye a ni nan syèl la ni sou tè a”. — Detewonòm 4:39.

2. Ki sa Bib la di nou sou Jewova?

Bib la fè konnen pami tout dye lèzòm ap adore yo, se Jewova ki sèl vrè Dye a. Sa k fè sa? Gen plizyè rezon ki fè sa. Jewova gen tout otorite, e se li menm sèl “ki nan pi gwo pozisyon an e ki gen pouvwa sou tout tè a”. (Li Sòm 83:18.) Li “Toupisan”, sa vle di li gen pouvwa pou l fè kèlkeswa sa l chwazi fè a. Se li menm ki “kreye tout bagay”, ni linivè ni tout sa k ap viv sou tè a (Revelasyon 4:8, 11). Jewova pa menm jan ak okenn lòt moun, paske l te toujou egziste e l ap egziste pou toutan. — Sòm 90:2.

FOUYE PLIS

Chèche konnen diferans ki genyen ant tit Bondye genyen yo ak non li. Apre sa, gade ki fason li fè w konn non l ak rezon ki fè l fè sa.

Yon mesye k ap gade syèl la lannuit. Non Jewova ki sou syèl la.

3. Bondye gen anpil tit, men li gen yon sèl non

Pou w ka wè diferans ki genyen ant tit yon moun genyen ak non li, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Li gen anpil tit, men li gen yon sèl non (0:41)

  • Ki diferans ki genyen ant yon tit tankou “seyè” ak yon non?

Bib la fè konnen moun adore anpil dye ak anpil seyè. Li Sòm 136:1-3, epi reponn kesyon sa a:

  • Kiyès ki “Dye ki anlè tout lòt dye yo” e ki “Seyè ki sou tèt tout lòt seyè yo”?

4. Jewova vle w konn non l e li vle w sèvi avè l

Ki sa k montre Jewova vle w konn non l? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Èske Bondye gen yon non? — Yon pati nan videyo a (3:11)

Yon foto ki montre yon sèn nan videyo ‘Èske Bondye gen yon non? — Yon pati nan videyo a’. Yon mesye k ap gade non Bondye, Jewova, ki parèt nan Sòm 83:18 nan Bib wa Jak ki te parèt nan ane 1611 lan.
  • Èske w panse Jewova vle moun konn non l? Poukisa?

Jewova vle moun sèvi ak non l. Li Women 10:13, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Sa k fè l enpòtan pou nou sèvi ak non Bondye ki se Jewova?

  • Ki jan w santi w lè yon moun sonje non w epi l sèvi ak non w?

  • Ki jan w panse Jewova santi l lè w sèvi ak non l?

5. Jewova vle w pwoche pi pre l

Soten, yon dam ki moun Kanbòj, di li vin gen yon kè kontan li pa t janm gen anvan sa lè l te vin konnen non Bondye. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

VIDEYO: Mwen t ap chèche vrè Dye a (8:18)

Foto ki ansanm ki montre sèn nan videyo ‘Mwen t ap chèche vrè Dye a.’ 1. Soten ki chita anba yon pyebwa nan yon rakbwa, li leve je l gade syèl la epi li priye vrè Dye a. 2. Herold k ap montre Soten non Bondye se Jewova.
  • Ki efè sa te gen sou Soten lè l te vin konn non Bondye?

An jeneral, ou chèche konn non yon moun anvan w vin zanmi l. Li Jak 4:8a, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

  • Ki sa Jewova envite w pou w fè?

  • Lè w chèche konn non Bondye epi w sèvi ak non l, ki jan sa fè w santi w pi pwòch avè l?

GEN MOUN KI DI: “Se yon sèl Bondye a ki genyen, donk, ou ka rele l jan w vle.”

  • Èske w kwè non Bondye se Jewova?

  • Ki jan w t ap ede yon moun konprann Bondye vle nou sèvi ak non l?

SA W TE APRANN

Sèl vrè Dye a rele Jewova. Li vle nou konnen non sa a, e li vle nou sèvi avè l pou n ka vin pwòch li.

Revizyon

  • Sa k fè Jewova diferan ak tout lòt dye moun yo ap adore yo?

  • Poukisa nou dwe sèvi ak non Bondye?

  • Ki sa k montre Jewova vle w vin pwòch avè l?

Objektif

APRANN PLIS

Gade senk rezon ki fè nou ka sèten Bondye egziste.

“Èske Bondye egziste?” (Atik sou Entènèt)

Gade sa k fè li lojik pou nou kwè Bondye te toujou egziste.

“Kiyès ki te fè Bondye?” (Toudegad, 1ye out 2014)

Gade pou w wè sa k fè nou dwe sèvi ak non Bondye menmsi nou pa konn ki jan yo te konn pwononse l nan tan lontan.

“Kiyès Jewova ye?” (Atik sou Entènèt)

Èske l enpòtan pou nou konn non Bondye? Ann wè sa k fè nou ka di se yon sèl non l genyen.

“Konbyen non Bondye genyen?” (Atik sou Entènèt)

a Pou w jwenn plis enfòmasyon sou siyifikasyon non Bondye e sou rezon ki fè yo pa mete l nan kèk tradiksyon Labib, gade Apendis A4 ki nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje