BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 42.1-7
  • Ki sa Bib la di konsènan seliba ak maryaj?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di konsènan seliba ak maryaj?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Maryaj se yon kado Bondye ki renmen nou an ban nou
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Konsèy ki saj pou moun ki selibatè ak moun ki marye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Maryaj se yon kado Bondye bay
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Apre jou maryaj la
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 42.1-7
Leson 42. Yon sè selibatè ak de moun ki marye k ap pale ak kè kontan nan yon restoran.

LESON 42

Ki sa Bib la di konsènan seliba ak maryaj?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Nan kèk kilti moun yo panse yon moun pap gen kè kontan si l pa marye. Poutan, se pa tout moun ki marye ki gen kè kontan, ni se pa tout moun ki selibatè ki pa gen kè kontan. An reyalite Bib la montre ni maryaj ni seliba se kado Jewova bay.

1. Ki avantaj yon moun genyen lè l selibatè?

Bib la di: “Yon moun ki marye byen fè […], men, yon moun ki pa marye ap fè pi byen toujou.” (Li 1 Korentyen 7:32, 33, 38.) Nan ki sans yon moun ki selibatè fè pi byen pase yon moun ki marye? Moun ki selibatè yo pa gen pou yo pran swen yon mari oswa yon madanm, sa vin fè an jeneral yo vin gen plis libète. Pa egzanp, gen nan yo ki rive fè plis nan travay predikasyon an e ki rive fè yon seri bagay enteresan, tankou vwayaje al nan yon lòt peyi pou yo preche bon nouvèl la. Sa k pi enpòtan an, sèke yo kapab pase plis tan nan yon seri aktivite k ap ede yo vin pi pwòch ak Jewova.

2. Ki avantaj ki genyen lè de moun marye selon lalwa?

Menm jan ak seliba, maryaj pèmèt moun jwenn anpil avantaj ki san parèy. Bib la di: “De pi bon pase youn.” (Eklezyas 4:9). Kretyen ki aplike prensip ki nan Bib la nan maryaj yo kapab wè verite sa a aklè. Selon lalwa, de moun ki marye fè pwomès pou youn renmen lòt, pou youn respekte lòt e pou youn demontre afeksyon pou lòt. Konsa, byen souvan, yo santi yo pi byen e yo pi an sekirite pase moun ki annik ap viv ansanm san yo pa marye. E pitit yo santi yo pi byen e yo pi an sekirite tou.

3. Ki jan Jewova wè maryaj?

Lè Jewova t ap marye de premye moun yo li te di: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li.” (Jenèz 2:24). Jewova vle pou yon mari ak madanm renmen youn lòt epi ret atache youn ak lòt pou tout vi yo. Li pèmèt divòs pou yon sèl rezon, se lè youn nan moun ki marye yo fè adiltè. Lè sa a, Jewova bay moun ki inosan an dwa pou l deside si l ap divòsea (Matye 19:9). Jewova pap dakò pou yon kretyen gen plis pase yon mari oswa yon madanm. — 1 Timote 3:2.

FOUYE PLIS

Aprann ki jan w ka gen kè kontan e ki jan w ka fè kè Jewova kontan kit ou pa marye, kit ou marye.

4. Byen pwofite seliba a ki se yon kado

Jezi te konsidere seliba kòm yon kado (Matye 19:11, 12). Li Matye 4:23, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan Jezi te byen pwofite sitiyasyon l antanke moun ki pa marye pou l sèvi Papa l e pou l ede lòt moun?

Kretyen ki pa marye yo ka gen kè kontan lè yo byen pwofite sitiyasyon yo antanke moun ki pa marye menm jan ak Jezi. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Selibatè ki fidèl yo (3:11)

  • Ki jan kretyen ki pa marye yo ka byen pwofite sitiyasyon yo?

Èske w te konnen?

Bib la pa bay laj pou moun marye. Men, li pa ankouraje yon moun pou l marye pandan l “twò jèn”, peryòd kote gwo dezi seksyèl li genyen ka anpeche l pran bon desizyon. — 1 Korentyen 7:36.

5. Byen chwazi moun w ap marye avè l la

Youn nan pi gwo desizyon w ap gen pou w pran lavi w se chwazi ak kiyès w ap marye. Li Matye 19:4-6, 9, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa yon kretyen pa ta dwe kouri marye?

Bib la ka ede w konnen ki kalite ki kapab fè yon moun vin yon bon mari oswa yon bon madanm. Sa k pi enpòtan an, se pou w chèche yon moun ki renmen Jewovab. Li 1 Korentyen 7:39 ak 2 Korentyen 6:14. Epi reponn kesyon sa yo:

  • Poukisa se ak kretyen parèy nou sèlman nou dwe marye?

  • Ki jan w panse Jewova t ap santi l si nou ta marye ak yon moun ki pa renmen l?

Yon gwo towo bèf ak yon ti bourik k ap soufri anba yon jouk an bwa.

Si yo mete de bèt ki diferan anpil anba menm jouk, y ap soufri. Menm jan an tou, yon kretyen ki marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova ap gen anpil pwoblèm.

6. Se pou w gen menm pwennvi ak Jewova sou maryaj

Nan Izrayèl tan lontan an, gen yon seri mesye ki te konn divòse ak madanm yo paske mesye sa yo se tèt yo sèlman yo te wè. Li Malachi 2:13, 14, 16, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa Jewova rayi lè gen moun ki divòse pou rezon ki pa nan Bib la?

Yon fi ki gen lapenn k ap gade mari l k ap kite kay la. Tipitit fi yo a tris anpil e li sere manman l nan bra l.

Adiltè ak divòs fè ni mari oswa madanm ki inosan an, ni timoun yo soufri.

Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Maryaj dwe dire pou toutan (4:30)

  • Si w marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova, ki sa w ka fè pou maryaj ou reyisi?

7. Obeyi prensip Jewova bay konsènan maryaj yo

Yon moun gendwa bezwen fè anpil efò pou l obeyi prensip Jewova bay anrapò ak maryajc. Men, ou mèt sèten Jewova ap beni moun ki obeyi prensip sa yo. Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Ou kapab respekte prensip Jewova bay anrapò ak maryaj yo (4:14)

Li Ebre 13:4, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske w panse prensip Jewova bay sou maryaj yo rezonab? Sa k fè se konsa w reponn?

Jewova atann pou kretyen yo anrejistre maryaj yo oswa divòs yo devan Leta, jan pifò peyi mande pou sa fèt. Li Tit 3:1, epi reponn kesyon sa a:

  • Si w marye, èske w sèten Leta rekonèt maryaj ou?

SI YON MOUN TA MANDE W: “Èske de moun pa ka annik viv ansanm, san yo pa oblije marye?”

  • Ki repons ou t ap bay?

SA W TE APRANN

Ni seliba, ni maryaj se kado Jewova bay. Ni moun ki selibatè, ni moun ki marye ka gen kè kontan si yo viv ann amoni ak volonte Jewova.

Revizyon

  • Ki jan w ka byen pwofite sitiyasyon w antanke moun ki pa marye?

  • Poukisa Bib la di se ak yon kretyen menm jan avèk nou sèlman nou dwe marye?

  • Ki sèl rezon Bib la bay pou moun divòse?

Objektif

APRANN PLIS

Ki sa sa vle di pou yon moun marye nan Seyè a sèlman?

“Kesyon lektè yo poze” (Toudegad 1ye jiyè 2004)

Gade de videyo ki ka ede w pran bon desizyon anrapò ak frekantasyon ak maryaj.

Preparasyon pou maryaj (11:53)

Gade poukisa yon frè santi sa Jewova ba li gen plis valè lontan pase tout sa l te kite dèyè.

Mwen te espere l ap aprann laverite (1:56)

Sou ki sa yon moun ta dwe reflechi anvan l deside divòse oswa separe?

“Onore maryaj: Yon dispozisyon Bondye pran” (Toudegad desanm 2018)

a Gade nòt 4 la ki pale sou separasyon de moun ki marye san pa gen youn ladan yo ki fè adiltè.

b Nan kèk kilti, se paran yo ki chwazi mari oswa madanm pou pitit yo. Lè konsa, sa k plis enterese paran ki gen lanmou yo se chwazi yon moun ki renmen Jewova. Yo pap chwazi yon moun pou lajan li posede, ni pou pozisyon l nan sosyete a.

c Si w ap viv ak yon moun san ou pa marye avèk li, se ou menm ki pou deside si w ap kite l oubyen si w ap marye avè l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje