BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w08 1/7 p. 14
  • Èske se “ yon non moun pa dwe pwononse ” ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske se “ yon non moun pa dwe pwononse ” ?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès Jewova ye?
    Repons Bib la bay
  • A4 Non Bondye nan Liv ki te ekri ann ebre yo
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Non Bondye: fason yo itilize l epi siyifikasyon l
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Non Bondye
    Reveye n! — 2017
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
w08 1/7 p. 14

Èske se “ yon non moun pa dwe pwononse ” ?

GEN yon konstriksyon ki bò kot rivyè Sen Lwi nan Misouri ki se moniman ki pi wo ki gen Ozetazini. Yo rele l Gateway Arch. Li mezire 192 mèt. Bò kot konstriksyon sa a, gen yon legliz ki pa wo menm jan avè l yo rele Ansyen Katedral la.

Men ki jan yo dekri achitekti galri ki mennen anndan legliz la nan yon ti liv moun ki responsab legliz la fè : “ Pa anlè galri a, nan mitan yon pòsyon nan fasad la ki fèt an triyang, yo grave non Bondye, non moun pa dwe pwononse a, an gwo lèt, nan lang ebre. ”(The Story of the Old Cathedral.) Nan foto a, kat lèt nan alfabèt ebre yo יהוה (YHWH) ki reprezante non Bondye a parèt klè. Yo rele kat lèt sa yo Tetragram.

Lè yo te bati katedral la nan ane 1834, moun nan dyosèz Sen Lwi yo dwe te panse li enpòtan pou yo mete kat lèt ki reprezante non sa a yon kote moun ka wè l. Men, poukisa gen moun ki panse se yon non “ moun pa dwe pwononse ” ?

Gen yon ansiklopedi ki esplike sa k te pase nan sizyèm syèk anvan epòk nou an, yon ti tan apre Juif yo te fin retounen sot ann egzil Babilòn. Men sa l di : “ Anpil moun te kòmanse bay non Yawe a [Tetragram nan plis vwayèl yo te ajoute yo] yon respè espesyal e yo te kòmanse ranplase l ak mo ADONAYI a [Seyè] oswa mo ELOYIM nan [Bondye]. [...] Avèk letan, sa te lakòz moun bliye vrè pwononsyasyon non Yawe a. ” ​(New Catholic Encyclopedia.) Konsa, moun yo te sispann itlilize non Bondye. Finalman, pwononsyasyon egzak la te pèdi e non an te vin yon non moun pa ka pwononse.

Byenke nou pa kapab konnen ki jan yo te konn pwononse non Bondye egzakteman, sa k enpòtan sèke nou pwoche pi pre l lè nou itilize non l. Si w se yon gason, èske w ta renmen zanmi w yo rele w “ mesye ” ? Si w se yon fi èske w ta renmen yo rele w “ madam ” oubyen “ matmwazèl ” ? Oubyen èske w ta prefere yo rele w nan non w ? Menmsi moun k ap rele w la ta pale yon lòt lang e li pa ta pwononse non w kòrèkteman, ou t ap toujou prefere li rele w nan non w, pa vre ? Se menm bagay la pou Bondye. Li vle pou nou itilize non l, Jewova.

An kreyòl, se “ Jewova ” pifò moun di. Èske li pa t ap nòmal pou tout moun ki renmen Bondye sèvi ak non sa a pou yo pale avèk li yon fason pou yo pwoche bò kote l ? Jan Labib di sa : “ Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. ” — Jak 4:8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje