BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 15/9 p. 3-6
  • Ide ki opoze yo itil

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ide ki opoze yo itil
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • BYENFÈ N AP JWENN
  • Devlope kapasite w genyen pou w anseye
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Jewova ap rasanble fanmi l
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • “ Akonpli ministè w nèt ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Inite kretyen yo genyen an bay Bondye glwa
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 15/9 p. 3-6

Ide ki opoze yo itil

Èske w dakò Jezi se pi gwo Anseyan ki te pase sou tè a? Petèt, ou eseye imite kèk nan fason li te konn anseye. Pa egzanp, fason l te konn sèvi ak kesyon ansanm ak egzanp. Sepandan, èske w te rann ou kont li te konn sèvi ak ide ki opoze lè l ap anseye?

Gen anpil moun ki sèvi ak ide ki opoze lè y ap pale. Petèt nou konn fè sa tou san n pa menm rann nou kont. Pa egzanp, nou ta gendwa di: “Moun yo di tout fwi yo mi, men, sa yo toujou vèt.” Oswa: “Tifi sa a te timid anpil lè l te piti, men, kounye a, li fasil pou l fè zanmi.”

Nan egzanp nou sot bay yo, toudabò, nou bay yon ide, apre sa, nou itilize kèk ekspresyon tankou men, sepandan, okontrè, oswa yon lòt bò pou n entwodui yon ide ki opoze. Nou gendwa vin ak yon ide ki opoze tou lè n ajoute yon enfòmasyon sou ide a. Lè n pale konsa, sa n ap di yo ap natirèl epi n ap kapab ede lòt moun konprann yo.

Li bon pou n rekonèt enpòtans ide ki opoze yo genyen menmsi yo pa itilize yo souvan nan kèk lang ak kèk kilti. Sa k fè sa? Se paske nou jwenn anpil ide ki opoze nan Pawòl Bondye te fè ekri a. Byen souvan, Jezi te konn sèvi ak ide ki opoze. Sonje pawòl sa yo li te di: “Lè yon moun limen yon lanp, li pa mete l anba yon pànye, men li mete l sou yon etajè.” “Mwen pa vini pou m aboli [Lalwa], men mwen vini pou m akonpli [l].” “Nou tande yo te di: ‘Ou pa dwe fè adiltè.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi...” “Nou tande yo te di: ‘Je pou je, dan pou dan.’ Men mwen menm, men sa m di nou: Pa kenbe tèt ak yon moun ki mechan. Okontrè, si yon moun ba w yon kalòt sou bò figi dwat ou, vire lòt bò a ba li.” — Mat. 5:15, 17, 27, 28, 38, 39.

Nou jwenn anpil ide ki opoze konsa nan lòt liv nan Bib la. Yo kapab ede n konprann yon pwen oswa ede n wè ki pi bon fason pou n fè yon bagay. Si w se yon paran, reflechi sou ide ki opoze ki vin annapre a: “Nou menm papa, pa irite pitit nou, men kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman l bay.” ​(Efe. 6:4). Apot Pòl te ka annik di pou yon papa (oswa yon manman) leve piti li nan disiplin Bondye bay, sa ki t ap saj e ki t ap laverite. Sepandan, mesaj li a vin pi klè lefètke l te sèvi ak yon ide ki opoze lè l di: ‘Pa irite yo, men kontinye leve yo nan avètisman Jewova bay.’

Annapre, men sa Pòl te di nan menm chapit la: “Nou gen yon lit n ap mennen, men se pa kont lèzòm, ki fèt ak chè ak san, se kont [...] espri mechan yo ki nan syèl la.” ​(Efe. 6:12). Petèt, ide ki opoze sa a te ede w konprann jis nan ki pwen ou gen yon gwo lit w ap mennen. Se pa kont lèzòm w ap mennen lit sa a, men, se kont espri mechan yo.

BYENFÈ N AP JWENN

Nan menm liv Efezyen an, n ap jwenn anpil lòt vèsè kote Pòl te sèvi ak ide ki opoze. Lè n reflechi sou yo, sa kapab ede n rive konprann pwen Pòl te vle fè pase yo, e petèt, y ap fè n wè sa n dwe fè yon fason ki pi klè.

Nou kapab twouve sa enteresan epi itil pou n analize tablo ki mache ak atik sa a ki montre kèk ide ki opoze nou jwenn nan chapit 4 ak chapit 5 liv Efezyen an. Toutpandan w ap li chak ide ki opoze, panse ak pwòp vi pa w. Mande tèt ou: ‘Onètman, ki atitid mwen genyen? Ki jan m reyaji lè m nan yon sitiyasyon konsa oswa lè m nan yon sitiyasyon ki sanble ak yon sitiyasyon konsa? Ki pati nan de ide ki opoze sa yo lòt moun t ap panse ki sanble avè m?’ Si w ta rann ou kont gen youn nan ide ki opoze sa yo ki fè w wè yon bagay lakay ou ou dwe chanje, eseye aplike sa w aprann nan. Kite ide ki opoze sa a ede w.

Nou kapab sèvi ak tablo a lè n ap fè adorasyon an fanmi tou. Toudabò, moun nan fanmi an kapab li ide ki opoze yo. Annapre, youn nan yo kapab site premye pati ide ki opoze a, epi l kite lòt moun nan fanmi an eseye wè si yo sonje sa ki di nan dezyèm pati a. Sa ka fè nou vin gen yon bèl konvèsasyon an fanmi sou fason nou kapab pi byen aplike dezyèm pati ide ki opoze a. Vrèmanvre, lè n egzamine ide ki opoze yo nan fason sa a, sa kapab ede jèn yo ansanm ak moun ki aje yo pou yo konpòte yo antanke kretyen nan fanmi yo ak lòt kote.

Èske w sonje dezyèm pati ide ki opoze sa a?

Toutpandan n ap vin pi byen konprann enpòtans ide ki opoze yo genyen, li kapab vin pi fasil pou n idantifye yo nan Bib la e nou kapab wè jan sa vrèman itil pou n sèvi ak yo nan travay predikasyon an. Pa egzanp, nou kapab di yon moun nou rankontre lakay li: “Gen anpil moun ki di chak moun gen yon nanm imòtèl, sepandan, gade ki sa Pawòl Bondye a di.” Oswa, nou kapab di yon etidyan: “Pifò moun ki abite nan zòn nan kwè Bondye ak Jezi fè yon sèl, sepandan, ki sa n wè Bib la di? E ou menm, ki sa w kwè?”

Vrèmanvre, Ekriti yo chaje ak anpil ide ki opoze youn ak lòt ki kapab itil nou e ki kapab ede nou mache nan chemen Bondye a. Nou kapab sèvi ak ide ki opoze yo pou n ede lòt moun konnen verite ki nan Bib la.

Kèk ide ki opoze ki nan Efezyen chapit 4 ak 5

Eseye sèvi ak tablo sa a nan adorasyon an fanmi an.

‘Nou pa dwe kite yo fè n fè ale vini poutèt n al koute moun ki sèvi ak trik ak riz pou twonpe nou.’ — 4:14.

“Men, etan n ap di laverite, annou grandi nan tout bagay grasa lanmou, ann amoni ak sila a ki se tèt la, anpalan de Kris.” — 4:15.

“Lespri [moun yo] nan fènwa [...] akoz kè yo ki ensansib.” — 4:18, 19.

“Men, se pa yon moun konsa nou te aprann Kris te ye, si vrèmanvre nou te tande l k ap pale e si li te anseye nou.” — 4:20, 21.

“Nou dwe voye ansyen pèsonalite a jete, pèsonalite ki ann akò ak konduit nou te genyen anvan an.” — 4:22.

“[Men,] nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an, e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a.” — 4:23, 24.

“Se pou moun k ap vòlè a sispann vòlè.” — 4:28.

“Men se pou l travay di pito, pou l fè bon travay ak men l.” — 4:28.

“Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou.” — 4:29.

“Men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun.” — 4:29.

“Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun e sispann fè kèlkeswa mechanste a.” — 4:31.

“Men, se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen konpasyon ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l.” — 4:32.

“Depi se fònikasyon, salte sou kèlkeswa fòm nan, oswa avaris, nou pa dwe menm pale de yo nan mitan nou.” — 5:3.

“Men okontrè, nou dwe lapriyè pou nou di Bondye mèsi.” — 5:4.

“Gen yon lè se fènwa nou te ye.” — 5:8.

“Men kounye a nou se limyè ann inyon ak Seyè a.” — 5:8.

“Se pou nou sispann patisipe nan travay ki pa pwodui anyen, travay ki gen rapò ak fènwa.” — 5:11.

“Men okontrè, se pou nou fè tout moun wè sa yo ye.” — 5:11.

“Donk, byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj.” — 5:15.

“Men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — 5:15, 16.

“Se sa k fè, sispann aji tankou moun ki pa gen bonsans.” — 5:17.

“Men kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye.” — 5:17.

“Pa soule tèt nou ak bwason ki gen alkòl, sa mennen nan debòch.” — 5:18.

“Men kontinye ranpli nou ak lespri.” — 5:18.

“Pou [Kris] ka fè kongregasyon an vin bèl anpil nan je l, san l pa gen ni tach, ni pli, ni okenn bagay ki sanble ak sa.” — 5:27.

“Men, pou l ka vin sen, e pou l ka vin san defo.” — 5:27.

“Pa gen moun ki janm rayi pwòp kò l.” — 5:29.

“Men, li nouri l e li ancheri l, menm jan Kris fè pou kongregasyon an.” — 5:29.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje