BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 15/7 p. 32
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Forè
    Reveye n! — 2023
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 15/7 p. 32
Forè Biriya a ki nan Galile.

Forè Biriya a ki nan Galile.

ÈSKE W TE KONNEN?

Èske te gen anpil pyebwa nan Izrayèl tan lontan an jan Bib la sanble fè konn sa?

BIB la fè konnen gen kèk zòn nan Latè pwomiz ki te “gen anpil” pyebwa (1 Wa 10:27; Joz. 17:15, 18, NW). Sepandan, jodi a, lè n ap gade jan anpil kote nan peyi sa a pa gen okenn pyebwa vre, gen kèk moun ki kapab mande si se konsa sa te ye vre.

Yon gwo grap fig sikomò.

Yon gwo grap fig sikomò.

Gen yon liv ki fè konnen “nan Izrayèl tan lontan an te gen plis rak bwa lontan pase jan sa ye jodi a”. (Life in Biblical Israel.) Bwapen Alèp (Pinus halepensis), pye sapen (Quercus calliprinos) ak terebent (Pistacia palaestin) se plant natirèl sa yo sitou ki te konn pouse sou tèt mòn yo. Nan zòn ki rele Chefela a, zòn kote pye mòn ki twouve yo ant gwoup mòn prensipal la ak kot lanmè Meditèrane a ye a, te chaje ak pye fig sikomò tou (Ficus sycomorus).

Gen yon liv ki fè konnen kounye a gen kèk kote ann Izrayèl ki pa gen okenn pyebwa ditou (Plants of the Bible). Ki sa k lakòz sa? Pou liv la esplike jan sa rive fèt tikras pa tikras, li di: “Lèzòm pa janm sispann aji sou vejetasyon natirèl yo sitou pou yo jwenn plis espas pou yo fè elvaj bèt ak kote pou bèt manje, men tou, pou yo jwenn materyèl pou fè konstriksyon ak chabon pou yo fè dife.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje