SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KIYÈS TEMWEN JEWOVA YO YE?
Ki kalite moun Temwen Jewova yo ye?
Nou se yon òganizasyon entènasyonal ki pa gen rapò ak okenn lòt relijyon. Malgre syèj mondyal nou an se Ozetazini li ye, pifò Temwen Jewova yo ap viv nan lòt peyi. Nou anviwon uit milyon Temwen Jewova, e nou etidye Labib ak lòt moun nan plis pase 230 peyi. Nou fè sa pou nou fè sa Jezi te mande disip li yo lè l te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon.” — Matye 24:14.
Kèlkeswa kote n ap viv, nou obeyi lalwa, toutpandan nou pa mele nan politik. Nou fè sa paske nou vle obeyi lòd Jezi te bay kretyen yo lè l te di pou yo “pa fè pati monn nan”. Konsa, nou pa antre nan politik e nou pa patisipe nan lagè (Jan 15:19; 17:16). Pandan Dezyèm Gè mondyal la, yo te mete Temwen Jewova yo nan prizon, yo te matirize yo, e yo te fè yo lòt bagay ki pi mal toujou paske yo pa t vle mele nan sa k t ap pase yo. Men sa yon ansyen evèk alman te ekri konsènan Temwen Jewova yo: “Yo t ap gen rezon si yo ta di se yo menm sèlman konsyans yo pa t pèmèt yo patisipe nan aktivite militè nan Twazyèm Reich la.”
“[Temwen Jewova yo] gen anpil detèminasyon pou yo fè sa ki dwat. Moun sa yo pa egoyis, e nou ta kapab mete yo menm nan pi gwo pòs politik ki genyen yo, men nou pap janm rive fè sa. [...] Yo respekte otorite ki nan gouvènman yo, men yo kwè se sèl Wayòm Bondye a ki ka rezoud tout pwoblèm lèzòm genyen.” — Yon jounal ki rele Nová Svoboda, Repiblik tchèk.
Poutan, Temwen Jewova yo pa mete kò yo apa. Men sa Jezi te mande Bondye pou disip li yo nan yon priyè li te fè: “Mwen pa mande w pou w retire yo nan monn nan.” (Jan 17:15). Se sa k fè ou kapab wè Temwen Jewova yo lè y ap travay, lè y ap achte oswa lè yo pral lekòl nan zòn kote yo rete.