BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 4 p. 4
  • Labib chape anba degradasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Labib chape anba degradasyon
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Bib la chape anba efò moun fè pou yo chanje mesaj ki ladan l lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 4 p. 4

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | LABIB — YON LIV KI CHAPE ANBA ANPIL DANJE

Labib chape anba deteryorasyon

DANJE KI TE GENYEN: Ni moun ki t ap ekri Labib yo ni moun ki t ap rekopye l yo se papiris ak pachemen yo te itilize kòm prensipal materyèl pou yo te ekri Labiba (2 Timote 4:13). Sa k fè materyèl sa yo te mete Labib an danje?

Papiris chire fasil, li pa mal pou l pèdi koulè, e li vin fen byen fasil. Richard Parkinson ak Stephen Quirke se de ejiptològ, men sa yo di: “Avèk letan, yon fèy papiris ka deteryore jiskaske se ti zo fèy yo ki rete oubyen li ka vin tounen yon pil pousyè. Lè yo sere yon woulo papiris, li ka vin fè mwezi, li ka deteryore akoz imidite e lè yo sere l anba tè, bèt ka manje l, sitou tèmit.” Gen kèk papiris ki deteryore byen vit lè yo fin jwenn yo paske yo te ekspoze yo twò lontan nan limyè oubyen nan imidite.

Pachemen an dire pi lontan pase papiris la, men li menm tou l ap deteryore si yo manyen l mal oubyen si yo ekspoze l nan tanperati ki ekstrèm, nan imidite oubyen nan limyèb. Gen ti bèt ki renmen manje pachemen an tou. Se sa k fè, dapre sa yon liv fè konnen lè yon ansyen dokiman oubyen yon ansyen maniskri rive “chape se yon eksepsyon se pa yon règ”. (Everyday Writing in the Graeco-Roman East.) Konsa, si Bib la te deteryore, mesaj ki ladan l lan t ap disparèt.

FASON BIB LA CHAPE: Lwa Juif la te mande chak wa pou l “kopye sa k nan liv Lalwa a nan yon woulo”, liv sa a te gen senk premye liv nan Bib la (Detewonòm 17:18). Anplis de sa, moun ki te pwofesyonèl nan kopye lalwa yo tèlman te fè anpil maniskri, nan premye syèk epòk nou an, yo te ka jwenn Ekriti yo nan sinagòg yo toupatou ann Izrayèl, yo te jwenn yo menm nan Masedwàn ki te byen lwen (Lik 4:16, 17; Travay 17:11). Ki jan kèk nan maniskri sa yo ki te la byen lontan te chape jis yo rive jwenn nou jodi a?

1. Yon po ann ajil; 2. Yon moso nan Woulo Lanmè Mòt yo

Yo te pwoteje maniskri yo rele Woulo Lanmè Mòt yo pandan plizyè syèk nan krich ki fèt ann ajil yo te sere nan gwòt nan yon klima ki sèch.

Yon gwòt kote yo te jwenn kèk maniskri Labib

Men sa Philip W. Comfort, yon espesyalis nan Nouvo Testaman an di: “Tout moun te konnen Juif yo kòm moun ki te gen abitid sere woulo ki gen Ekriti yo nan po oswa nan krich pou yo te ka pwoteje yo.” Sa klè, kretyen yo te kontinye ak menm abitid sa a. Se sa k fè yo te jwenn kèk ansyen maniskri Bib la nan kèk krich ki fèt ann ajil, nan plaka ki fè nwa, nan kèk gwòt ak kèk kote ki te vrèman sèch.

REZILTA SA BAY: Gen plizyè milye nan maniskri Bib la ki rive jis jodi a, gen ladan yo ki gen plis pase 2 000 an. Pa gen okenn lòt ansyen tèks ki gen tout maniskri sa yo ki la depi tout tan sa a.

a Papiris se yon materyèl yo konn itilize pou yo ekri, yo fè l ak yon plant ki pouse nan dlo ki gen menm non an. Yo fè pachemen ak po bèt.

b Pa egzanp, se sou pachemen yo te ekri kopi ofisyèl Deklarasyon endepandans Etazini ki gen siyati sou li a. Jodi a, mwens pase 250 ane apre, li tèlman deteryore se apèn si yo ka li sa k ekri sou li.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje